< Matye 8 >

1 Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li.
כשירד ישוע מהגבעה הלך אחריו קהל גדול.
2 Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.
אדם חולה בצרעת בא לקראתו, נפל על ברכיו והתחנן:”אדוני, אם רק תרצה, תוכל לרפא אותי.“
3 Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp.
ישוע נגע באיש ואמר:”ודאי שאני רוצה. הירפא!“ומיד נעלמה הצרעת.
4 Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”
”אל תספר על כך לאיש“, אמר לו ישוע.”לך מיד אל הכהן והראה לו שנרפאת. אל תשכח לקחת איתך קורבן טהרה, כפי שציווה משה על בני־ישראל, כדי שכולם יראו שנרפאת!“
5 Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf sentiwon Women te vin sipliye Li:
כשהגיע ישוע לכפר־נחום, בא אליו קצין רומאי והתחנן לפניו שירפא את משרתו הצעיר, השוכב משותק על מיטתו וסובל כאבים נוראיים.
6 “Senyè, sèvitè mwen an kouche paralize lakay mwen. L ap soufri anpil.”
7 Jésus Li te di li: “M ap vin geri li.”
”כן“, השיב ישוע.”אבוא לרפא אותו.“
8 Men sentiwon an te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri.
”אדוני“אמר הקצין,”אני לא ראוי שתבוא אל ביתי, וגם אין צורך בכך. רק צווה שמשרתי יירפא, והוא יירפא.
9 Paske mwen menm tou se yon moun anba otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”
כיצד אני יכול להיות בטוח בכך? הרי אני איש צבא ורגיל לקבל פקודות מהממונים עלי, ואף לתת פקודות לחיילים תחת פיקודי. אם אני אומר לחייל אחד:’לך‘, הוא הולך. אם אני אומר לחייל אחר’בוא‘, הוא בא. ואם אני אומר למשרתי:’עשה עבודה זאת או אחרת‘, הוא עושה אותה.“
10 Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël.
דברי הקצין הפליאו את ישוע. הוא פנה אל הקהל ואמר:”בכל ישראל לא ראיתי אמונה גדולה כזאת!
11 Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la;
אני אומר לכם שגויים רבים, כמו הקצין הזה, יבואו מכל העולם וישבו במלכות השמים יחד עם אברהם, יצחק ויעקב.
12 men fis yo a wayòm lan ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”
ורבים – שלמענם הוכנה המלכות – יגורשו לחושך, למקום של בכי וייסורים.“
13 Jésus te di a sentiwon an: “Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou jan ou kwè a.” Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.
לאחר מכן אמר ישוע לקצין הרומאי:”לך עתה לביתך; הדבר שהאמנת בו נעשה!“ובאותה שעה נרפא המשרת.
14 Lè Jésus te antre lakay Pierre, Li te wè bèlmè li kouche malad sou kabann li avèk lafyèv.
כשבא ישוע לביתו של שמעון, ראה את חמותו של שמעון שוכבת במיטתה וקודחת מחום.
15 Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li.
ישוע נגע בידה, ומיד ירד החום. היא קמה ממיטתה והכינה להם אוכל.
16 Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te geri tout malad yo.
באותו ערב הובאו אל ישוע מספר אנשים אחוזי־שדים. במילה אחת מפיו של ישוע ברחו כל השדים, והחולים נרפאו.
17 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: “Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”
מעשה זה הגשים את נבואת ישעיהו:”חלינו הוא נשא ומכאובינו סבלם.“
18 Lè Jésus te wè yon foul t ap antoure l, Li te pase lòd pou pati ale lòtbò lanmè a.
כשראה ישוע את הקהל הרב שהתאסף סביבו, הורה לתלמידיו להתכונן לעבור לצד השני של הכינרת.
19 Yon sèten skrib te parèt. Li te di L: “Mèt, m ap swiv ou nenpòt kote ou ale.”
באותו זמן ניגש אליו איש דת אחד ואמר:”רבי, לכל מקום שתלך, אלך אחריך!“
20 Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”
אולם ישוע ענה לו:”השועלים מתגוררים במחילות האדמה, ולציפורים יש קנים. אולם לבן־האדם אין מקום להניח את ראשו.“
21 Yon lòt nan disip Li yo te di Li: “Senyè, kite mwen premyèman ale antere papa m.”
תלמיד אחר אמר לישוע:”אדוני, הרשה לי קודם לקבור את אבי ואחר כך אלך אחריך.“
22 Men Jésus te di li: “Swiv Mwen. Kite mò yo antere mò parèy yo.”
אולם ישוע ענה לו:”לך אחרי עכשיו! והנח למתים (מבחינה רוחנית) לדאוג למתים שלהם.“
23 Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li.
לאחר מכן נכנסו ישוע ותלמידיו לסירה והחלו לשוט אל הצד השני של הכינרת.
24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi.
לפתע התחוללה סערה נוראה, והגלים הגבוהים הציפו את הסירה. ואילו ישוע ישן.
25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”
התלמידים ניגשו אל ישוע והעירו אותו בבהלה:”אדוננו, הצל אותנו! אנחנו טובעים!“
26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
אולם ישוע ענה:”חסרי־אמונה שכמוכם! מדוע אתם פוחדים כל־כך?“הוא קם ונזף ברוח, ופקד על הים להירגע. מיד פסקה הסערה; הרוח שקטה והים נרגע.
27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
התלמידים הנדהמים שאלו זה את זה:”מיהו האיש הזה שאפילו הרוח והים נשמעים לו?“
28 Lè li te rive lòtbò nan peyi Gadarenyen yo, de moun ki te gen move lespri te rankontre li pandan yo t ap soti nan tonm yo. Yo te tèlman vyolan ke pèsòn pa t kapab pase nan chemen sa a.
בהגיעם אל ארץ הגדריים, באו לקראתם שני אנשים אחוזי־שדים. השניים התגוררו בבית־הקברות והיו מסוכנים כל כך, עד שאיש לא העז לעבור באזור ההוא.
29 Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?”
השניים צעקו אל ישוע:”מה אתה רוצה מאתנו, בן־האלוהים? אסור לך עדיין לייסר אותנו!“
30 A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje.
במרחק מה משם רעה עדר חזירים,
31 Epi lespri yo te kòmanse sipliye Li konsa: “Si ou ap mete nou deyò, voye nou nan bann kochon sa yo.”
והשדים ביקשו:”אם אתה מגרש אותנו, שלח אותנו לפחות אל תוך החזירים האלה.“
32 Li te di yo: “Ale!” Yo te pati e te ale nan kochon yo. Lapoula, tout bann kochon yo te kouri desann falèz la, tonbe nan lanmè, pou mouri nan dlo a.
ישוע הסכים, וציווה עליהם:”הסתלקו!“השדים יצאו מהאנשים ונכנסו בחזירים, ואלה דהרו מיד במדרון ההר ישר אל תוך הים, וטבעו.
33 Gadyen yo te kouri ale antre nan vil la kote yo te fè rapò tout bagay sa yo, ansanm avèk sa ki te rive moun move lespri yo.
הרועים ברחו אל העיר הקרובה וסיפרו על מה שקרה,
34 Konsa, tout vil la te soti pou rankontre Jésus. Lè yo te wè L, yo te sipliye Li pou kite peyi yo a.
וכל אנשי העיר יצאו מיד לראות את ישוע, וביקשו ממנו לעזוב את האזור ולא להטריד אותם.

< Matye 8 >