< Matye 7 >

1 “Pa jije pou nou menm pa vin jije.
Criticise not, that you may not be criticised.
2 Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.
For with what criticism you criticise, you will be criticised: and with what measure you measure, it will be measured unto you.
3 E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an?
But why do you see the mote which is in the eye of your brother, and do not recognize the beam which is in your own eye?
4 O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w?
Or how will you say to your brother, Permit me, I will cast out the mote from your eye; and behold, there is a beam in your own eye?
5 Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.
O hypocrite, first cast out the beam from your own eye, and then you will see clearly to cast out the mote from the eye of your brother.
6 “Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.
Give not that which is holy to the dogs, neither cast your pearls before the swine, lest they may trample them under their feet, and having turned round tear you to pieces.
7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri.
Ask, and it shall be given unto you; seek, and ye shall find; knock, and it shall be opened unto you.
8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri.
For every one asking receives; and the one seeking finds; and to the one knocking it shall be opened.
9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon moso pen, l ap bay li yon wòch?
What man is there of you, whom, if his son shall ask bread, he will give him a stone?
10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv?
And if he may ask a fish, whether will he give him a serpent?
11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
Therefore if you, being evil, know how to give good gifts to your children, how much more shall your Father who is in the heavens give good things to them that ask Him?
12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
Therefore all things whatsoever you may wish that the people may do unto you, do ye even so unto them: for this is the law and the prophets.
13 “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm.
Enter ye in through the narrow gate: because wide is the gate and broad is the way, that leadeth to destruction, and many there are, who are going in through it.
14 Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
Because narrow is the gate, and contracted the way, that leadeth into life, and few there are who find it.
15 “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye.
But beware of false prophets, who come to you in sheep's clothing, but inwardly they are rapacious wolves.
16 Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb.
You shall know them by their fruits. Do the people gather the grape-bunches from thorns, or figs from thistles?
17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi.
So every good tree produces good fruits; and a corrupt tree produces evil fruits.
18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi.
A good tree is not able to produce evil fruits, neither is a corrupt tree able to produce beautiful fruits.
19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. (questioned)
Every tree not producing beautiful fruit is cut down and cast into the fire.
20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.
Therefore you shall know them perfectly by their fruits.
21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la.
Not every one saying to me, Lord, Lord, shall enter into the kingdom of the heavens; but he that doeth the will of my Father who is in the heavens.
22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’
Many will say to me in that day, Lord, Lord, have we not prophesied in thy name, and in thy name cast out demons, and in thy name done many mighty works?
23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
Then I will confess unto them that I never knew you: depart from me, ye who work iniquity.
24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.
Then every one who hears these words of mine, and does them, I will liken him unto a wise man, who built his house upon the rock.
25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.
And the rain came down, and the rivers came, and the winds blew, and fell against that house; and it did not fall; for it was founded upon the rock.
26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab.
And every one hearing these words of mine, and doing them not, shall be likened unto a foolish man, who built his house upon the sand.
27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
And the rain came down, and the rivers came, and the winds blew, and beat against that house; and it fell: and great was the fall of it.
28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a.
And it came to pass when Jesus finished these discourses, the multitudes were astonished at His teaching:
29 Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.
for He was teaching them as one having authority, and not as the scribes.

< Matye 7 >