< Matye 5 >
1 Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L.
А кад Он виде народ, попе се на гору, и седе, и приступише Му ученици Његови.
2 Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:
И отворивши уста своја учаше их говорећи:
3 “Beni se sila yo ki malere an espri; paske wayòm syèl la se pou yo.
Благо сиромашнима духом, јер је њихово царство небеско;
4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt; yo va konsole.
Благо онима који плачу, јер ће се утешити;
5 Beni se sila yo ki enb; yo va resevwa tout latè kòm eritaj.
Благо кроткима, јер ће наследити земљу;
6 Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati; yo va satisfè.
Благо гладнима и жеднима правде, јер ће се наситити;
7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd; yo va resevwa mizerikòd.
Благо милостивима, јер ће бити помиловани;
8 Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt; yo va wè Bondye.
Благо онима који су чистог срца, јер ће Бога видети;
9 Beni se sila yo ki fè lapè; yo va rele yo fis Bondye.
Благо онима који мир граде, јер ће се синови Божји назвати;
10 Beni se sila yo ki te pèsekite pou ladwati; wayòm syèl la se pou yo.
Благо прогнанима правде ради, јер је њихово царство небеско.
11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen.
Благо вама ако вас узасрамоте и успрогоне и кажу на вас свакојаке рђаве речи лажући, мене ради.
12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.
Радујте се и веселите се, јер је велика плата ваша на небесима, јер су тако прогонили пророке пре вас.
13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
Ви сте со земљи; ако со обљутави, чим ће се осолити? Она већ неће бити низашта, осим да се проспе напоље и да је људи погазе.
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache.
Ви сте видело свету; не може се град сакрити кад на гори стоји.
15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la.
Нити се ужиже свећа и меће под суд него на свећњак, те светли свима који су у кући.
16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
Тако да се светли ваше видело пред људима, да виде ваша добра дела, и славе Оца вашег који је на небесима.
17 “Pa panse ke Mwen te vini pou aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli.
Не мислите да сам ја дошао да покварим закон или пророке: нисам дошао да покварим, него да испуним.
18 Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve.
Јер вам заиста кажем: докле небо и земља стоји, неће нестати ни најмање словце или једна титла из закона док се све не изврши.
19 Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la.
Ако ко поквари једну од ових најмањих заповести и научи тако људе, најмањи назваће се у царству небеском; а ко изврши и научи, тај ће се велики назвати у царству небеском.
20 Paske m ap di nou ke si ladwati nou pa depase sila a skrib avèk Farizyen yo, nou p ap janm antre nan wayòm syèl la.
Јер вам кажем да ако не буде већа правда ваша него књижевника и фарисеја, нећете ући у царство небеско.
21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’.
Чули сте како је казано старима: Не убиј; јер ко убије, биће крив суду.
22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè. (Geenna )
А ја вам кажем да ће сваки који се гневи на брата свог низашта, бити крив суду; а ако ли ко рече брату свом: Рака! Биће крив скупштини; а ко рече: Будало! Биће крив паклу огњеном. (Geenna )
23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou,
Зато дакле ако принесеш дар свој к олтару, и онде се опоменеш да брат твој има нешто на те,
24 kite ofrann ou an la devan lotèl a e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.
Остави онде дар свој пред олтаром, и иди пре те се помири с братом својим, па онда дођи и принеси дар свој.
25 “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon.
Мири се са супарником својим брзо, док си на путу с њим, да те супарник не преда судији, а судија да те не преда слузи и у тамницу да те не ставе.
26 Anverite Mwen di nou, nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”
Заиста ти кажем: нећеш изаћи оданде док не даш до последњег динара.
27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’;
Чули сте како је казано старима: Не чини прељубе.
28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
А ја вам кажем да сваки који погледа на жену са жељом, већ је учинио прељубу у срцу свом.
29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. (Geenna )
А ако те око твоје десно саблажњава, ископај га и баци од себе: јер ти је боље да погине један од удова твојих неголи све тело твоје да буде бачено у пакао. (Geenna )
30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.” (Geenna )
И ако те десна рука твоја саблажњава, одсеци је и баци од себе: јер ти је боље да погине један од удова твојих неголи све тело твоје да буде бачено у пакао. (Geenna )
31 “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’
Тако је казано: Ако ко пусти жену своју, да јој да књигу распусну.
32 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.
А ја вам кажем да сваки који пусти жену своју, осим за прељубу, наводи је те чини прељубу; и који пуштеницу узме прељубу чини.
33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’.
Још сте чули како је казано старима: Не куни се криво, а испуни шта си се Господу заклео.
34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye;
А ја вам кажем: не куните се никако: ни небом, јер је престо Божји;
35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a.
Ни земљом, јер је подножје ногама Његовим; ни Јерусалимом, јер је град великог Цара.
36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa.
Ни главом својом не куни се, јер не можеш длаке једне беле или црне учинити.
37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
Дакле нека буде ваша реч: да - да; не - не; а шта је више од овог, ода зла је.
38 “Nou konn tande ke yo konn di: ‘Zye pou zye e dan pou dan’;
Чули сте да је казано: Око за око, и зуб за зуб.
39 men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou.
А ја вам кажем да се не браните ода зла, него ако те ко удари по десном твом образу, обрни му и други;
40 Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou.
И који хоће да се суди с тобом и кошуљу твоју да узме, подај му и хаљину.
41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt.
И ако те потера ко један сат, иди с њиме два.
42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.
Који иште у тебе, подај му; и који хоће да му узајмиш, не одреци му.
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’
Чули сте да је казано: Љуби ближњег свог, и мрзи на непријатеља свог.
44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo,
А ја вам кажем: љубите непријатеље своје, благосиљајте оне који вас куну, чините добро онима који на вас мрзе и молите се Богу за оне који вас гоне;
45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
Да будете синови Оца свог који је на небесима; јер Он заповеда свом сунцу, те обасјава и зле и добре, и даје дажд праведнима и неправеднима.
46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou?
Јер ако љубите оне који вас љубе, какву плату имате? Не чине ли то и цариници?
47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
И ако Бога називате само својој браћи, шта одвише чините? Не чине ли тако и незнабошци?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
Будите ви дакле савршени, као што је савршен Отац ваш небески.