< Matye 4 >

1 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan.
Then Jesus was led up by the Spirit into the wilderness to be tempted by the devil.
2 Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou.
And when he had fasted forty days and forty nights, he was hungry afterward.
3 Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”
And the tempter came and said to him, "If you are the Son of God, command that these stones become bread."
4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
But he answered and said, "It is written, 'Humankind cannot live by bread alone, but by every word that proceeds out of the mouth of God.'"
5 Apre sa, Satan te mennen Li antre nan vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan.
Then the devil took him into the holy city. He set him on the pinnacle of the temple,
6 Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri: ‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e ‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen pou ke Ou pa ta menm frape pye Ou kont yon wòch’”.
and said to him, "If you are the Son of God, throw yourself down, for it is written, 'He will put his angels in charge of you.' and, 'In their hands they will lift you up, so that you will not strike your foot against a stone.'"
7 Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.
Jesus said to him, "Again, it is written, 'Do not test the Lord your God.'"
8 Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo.
Again, the devil took him to a very high mountain, and showed him all the kingdoms of the world, and their glory.
9 Li te di Li: “Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”
And he said to him, "I will give you all of these things, if you will fall down and worship me."
10 Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.
Then Jesus said to him, "Go away, Satan. For it is written, 'You are to worship the Lord your God, and serve him only.'"
11 Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, zanj yo te vini sèvi Li.
Then the devil left him, and look, angels came and served him.
12 Alò lè Jésus te tande ke Jean te arete, Li te retire kò li pou L antre Galilée.
Now when he heard that John was delivered up, he withdrew into Galilee.
13 Lè Li kite Nazareth, Li te vin rete Capernanüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali.
And leaving Nazareth, he came and lived in Capernaum, which is by the sea, in the region of Zebulun and Naphtali,
14 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Esaïe te pale lè li te di:
that it might be fulfilled which was spoken through Isaiah the prophet, saying,
15 “Peyi Zabulon ak peyi Nephtali, toupre lanmè a, lòtbò Jourdain an, Galilée ki pou payen yo”
"The land of Zebulun and the land of Naphtali, toward the sea, beyond the Jordan, Galilee of the nations.
16 “Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè; e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a, sou yo menm yon limyè te vin parèt.”
The people sitting in darkness have seen a great light, and those living in the land and shadow of death, on them a light has dawned."
17 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di: “Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”
From that time on, Jesus began to preach and say, "Repent, for the kingdom of heaven is near."
18 Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.
And walking by the sea of Galilee, he saw two brothers: Simon, who is called Peter, and Andrew, his brother, casting a net into the sea; for they were fishermen.
19 Li te di yo: “Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun.”
And he said to them, "Come, follow me, and I will make you fishers of people."
20 Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.
And they immediately left their nets and followed him.
21 Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.
Going on from there, he saw two other brothers, James the son of Zebedee, and John his brother, in the boat with Zebedee their father, mending their nets, and he called them.
22 Imedyatman, yo te kite kannòt la avèk papa yo pou yo te swiv Li.
And they immediately left the boat and their father, and followed him.
23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
And Jesus went about in all Galilee, teaching in their synagogues, and preaching the Good News of the Kingdom, and healing every disease and every sickness among the people.
24 Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.
And the report about him went out into all Syria, and they brought to him all who were sick, afflicted with various diseases and torments, possessed with demons, and epileptics, and paralytics; and he healed them.
25 Gran foul la te swiv Li soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.
And large crowds from Galilee, and Decapolis, and Jerusalem, and Judea, and from beyond the Jordan followed him.

< Matye 4 >