< Matye 28 >
1 Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.
Na skonání pak soboty, když již svitalo na první den toho téhodne, přišla Maria Magdaléna, a druhá Maria, aby pohleděly na hrob.
2 Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li.
A aj, země třesení stalo se veliké. Nebo anděl Páně sstoupiv s nebe a přistoupiv, odvalil kámen ode dveří, a posadil se na něm.
3 Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
A byl oblíčej jeho jako blesk, a roucho jeho bílé jako sníh.
4 Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.
A pro strach jeho zděsili se strážní, a učiněni jsou jako mrtví.
5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a.
I odpověděv anděl, řekl ženám: Nebojte se vy, neboť vím, že Ježíše ukřižovaného hledáte.
6 Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.”
Neníť ho tuto; nebo vstalť jest, jakož předpověděl. Poďte, vizte místo, kdež ležel Pán.
7 “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”
A rychle jdouce, povězte učedlníkům jeho, že vstal z mrtvých. A aj, předchází vás do Galilee, tam jej uzříte. Aj, pověděl jsem vám.
8 Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.
I vyšedše rychle z hrobu s bázní a s radostí velikou, běžely, aby učedlníkům jeho zvěstovaly.
9 Pandan yo t ap w ale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo. Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L.
Když pak šly zvěstovati učedlníkům jeho, aj, Ježíš potkal se s nimi, řka: Zdrávy buďte. A ony přistoupivše, chopily se noh jeho, a klaněly se jemu.
10 Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”
Tedy dí jim Ježíš: Nebojtež se. Jděte, zvěstujte bratřím mým, ať jdou do Galilee, a tamť mne uzří.
11 Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a.
Když pak ony odešly, aj, někteří z stráže přišedše do města, oznámili předním kněžím všecko, co se stalo.
12 Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo.
Kteřížto shromáždivše se s staršími, a uradivše se, mnoho peněz dali žoldnéřům,
13 Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi.
Řkouce: pravte, že učedlníci jeho nočně přišedše, ukradli jej, když jsme my spali.
14 Si sa ta gen tan rive nan zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”.
A uslyší-liť o tom hejtman, myť ho spokojíme, a vás bezpečny učiníme.
15 Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
A oni vzavše peníze, učinili, jakž naučeni byli. I rozhlášeno jest slovo to u Židů až do dnešního dne.
16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a.
Jedenácte pak učedlníků šli do Galilee na horu, kdež jim byl uložil Ježíš.
17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.
A uzřevše ho, klaněli se jemu. Ale někteří pochybovali.
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.
A přistoupiv Ježíš, mluvil jim, řka: Dána jest mi všeliká moc na nebi i na zemi.
19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.
Protož jdouce, učte všecky národy, křtíce je ve jméno Otce i Syna i Ducha svatého,
20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.” (aiōn )
Učíce je zachovávati všecko, což jsem koli přikázal vám. A aj, já s vámi jsem po všecky dny, až do skonání světa. Amen. (aiōn )