< Matye 27 >
1 Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.
清晨时分,所有的祭司长和民间长老都聚集在一起,商议怎样治死耶稣。
2 Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.
他们把他绑起来,押去交给总督彼拉多。
3 Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo.
此刻,出卖耶稣的犹大见耶被稣定了罪,就后悔了,把那三十块银子还给祭司长和长老,说:
4 Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.” Men yo te reponn l: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”
“我有罪了!我出卖了无辜之人的血!”他们说:“这是你的问题,跟我们有什么关系?”
5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan santyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.
犹大把银子丢进神庙,然后跑到一个地方吊死了。
6 Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.”
祭司长把银子拾起来,说:“这是带血的钱币,不可放在殿库里。”
7 Konsa, yo te mete tèt yo ansanm. Avèk kòb la, yo te achte yon chan yo te rele Chan Kanari a pou yon simityè pou etranje yo.
他们商议之后,就用那些钱买了陶匠的田地,用作异教徒的坟地。
8 Pou rezon sa a, yo rele chan sa a Chan San an, jiska jodi a.
那块田地被称为“血田。”
9 Epi sa ki te pale pa pwofèt Jérémie a te akonpli, sa ki te di: “Yo te pran trant pyès ajan, pri sou Sila a ke yo te etabli yon pri; ke kèk nan fis Israël te etabli,
这应验了耶利米先知所说:“他们拿了三十个银币,这就以色列人给他估算的价钱,
10 epi yo te bay yo pou Chan Kanari a jan Senyè a te dirije m nan.”
他们用这三十个银币买下陶匠的田,正如主所传来的指示。”
11 Alò, Jésus te kanpe devan gouvènè a, e gouvènè a te kesyone L konsa: “Èske ou se Wa a Jwif yo”? Jésus te reponn li: “Se konsa ou di a.”
耶稣站在总督面前,总督问他:“你是犹太人的王吗?”耶稣回答:“这是你说的。”
12 Lè Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo, Li pa t reponn.
祭司长和长老控告他的时候,他却不回答。
13 Konsa, Pilate te di L: “Èske ou pa tande konbyen bagay yo temwaye kont Ou?”
彼拉多又问他:“他们作证指控你那么多事,你没有听见吗?”
14 Li pa t reponn li menm a yon sèl akizasyon. Gouvènè a te byen etone pou sa.
耶稣一句话也不回答他,令总督非常诧异。
15 Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo.
每逢这时候,总督都会一个惯例,让民众根据自己的意愿,决定释放一名囚犯。
16 Nan moman sa a, yo te gen yon move prizonye byen rekonèt, yo te rele Barabbas.
这时监狱中有个声名狼藉的囚犯,名叫巴拉巴。
17 Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus ke yo rele Kris la?”
民众聚集的时候,彼拉多问他们:“你们要我释放谁?巴拉巴或是称为基督的耶稣呢?”
18 Paske li te byen konprann ke se jalouzi ki te fè yo livre Li.
(他知道他们是因为嫉妒才把耶稣交上来。)
19 Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”
彼拉多坐在审判台上的时候,他的妻子派人来说:“你们不要对这无辜之人做任何事,因为今天我因为梦到他而受了很多的苦。”
20 Men chèf prèt yo avèk lansyen yo te konvenk yo pou mande pou Barabbas, e pou mete Jésus a lanmò.
祭司长和长老怂恿民众,叫他们去要求释放巴拉巴,将耶稣处死。
21 Men gouvènè a te reponn e te di yo: “Kilès nan de sa yo nou ta vle m lage bannou?” E yo te di: “Barabbas!”
总督问他们:“这两个人,你们要我释放哪一个?”他们说:“巴拉巴!”
22 Pilate te di: “E kisa pou mwen ta fè avèk Jésus ke yo rele Kris la?” E yo te di: “Krisifye Li!”
彼拉多对他们说:“那么,我怎样处置那被称为弥赛亚的耶稣呢?”他们齐声说:“把他钉上十字架!”
23 Li te di: “Poukisa, ki mal Li fè?” Men yo te kontinye rele pi fò: “Krisifye Li!”
彼拉多说:“为什么呢?他做了什么恶事呢?”众人更加大声喊叫:“把他钉上十字架!”
24 Konsa, lè Pilate te wè ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap fè tenten, li te pran dlo pou te lave men li devan pèp la, e te di: “Mwen inosan a san Nonm sila a; fè l nou menm”.
彼拉多见局势已定,民众正在酝酿骚动,就拿起水在民众面前洗手,说:“让此人流血与我无关,这是你们的决定。”
25 Tout pèp la te reponn e te di: “Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”
民众回答:“让他流血的责任,归在我们和我们子孙的身上吧。”
26 Konsa, li te lage Barabbas pou yo; men li te fè yo bat Jésus avèk fwèt, epi li te livre Li pou L te krisifye.
于是彼拉多释放了巴拉巴,鞭打了耶稣鞭,再把他送去钉上十字架。
27 Epi sòlda a gouvènè yo te pran Jésus ale nan pretwa a (lakou gad la), e te rasanble tout kowòt la (yon bann sòlda Women) pou antoure Li.
总督的士兵把耶稣带到军营,召集全队士兵来到他面前。
28 Yo te retire rad sou Li, e te abiye Li avèk yon vètman wouj.
他们脱去他的衣服,给他披上朱红色的外袍,
29 Epi lè yo fin trese yon kouwòn avèk bwa pikan, yo te mete li sou tèt Li, ak yon wozo nan men dwat Li. Yo te bese ajenou devan L pou te moke L. Yo te di L: “Salitasyon, Wa a Jwif yo!”
又用荆棘编成冠冕,戴在他的头上,把一根芦苇放在他的右手,跪在他面前戏弄他说:“犹太人之王万岁!”
30 Yo te krache sou Li, yo te pran wozo a e te kòmanse bat Li nan tèt.
随后士兵向他吐唾沫,又拿起芦苇抽他的头。
31 Lè yo te fin moke L, yo te retire vètman wouj la sou Li, e te remete rad Li sou Li pou mennen L al krisifye.
戏弄完耶稣后,他们脱下他的外袍,给他穿回自己的衣服,带去钉十字架。
32 Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a.
他们出来的时候,遇见一个名叫西门的古利奈人,于是强迫他背上耶稣的十字架。
33 Lè yo te rive nan yon plas yo rele Golgotha, ki vle di Plas Zo Bwa Tèt La,
一行人来到一个名叫各各他的地方,意为“髑髅地”,
34 yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l.
把苦胆调和的酒给他喝,他尝了一口但没有喝。
35 Answit lè yo te fin krisifye L, yo te pataje vètman Li pami yo selon tiraj osò.
士兵把他钉上十字架,然后掷骰子分他的衣物。
36 Epi konsa, yo te chita e te kòmanse veye L la.
随后坐在那里看守他。
37 Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.
他们在耶稣头的上方钉了一块牌子,写着他的罪状:“这是犹太人的王——耶稣。”
38 Nan menm lè sa a, de vòlè te krisifye avè L, youn pa adwat Li, e youn pa agoch Li.
同时钉上十字架的还有两个强盗,一个在右,一个在左。
39 Sila yo ki t ap pase la yo t ap voye kout lang sou Li, e t ap souke tèt yo.
路过的人嘲笑他,摇着头说:
40 Yo t ap di: “Ou menm k ap detwi tanp lan pou rebati li nan twa jou a, sove pwòp tèt ou! Si ou se Fis Bondye a, sòti sou kwa a.”
“你不是承诺拆毁神庙,然后在三日之内将其再建吗?救救自己吧!如果你是上帝的儿子,那就从十字架下来吧!”
41 Epi menm jan an, chèf prèt yo avèk skrib ak lansyen yo t ap moke L e t ap di:
祭司长、宗教老师和长老也同样讥笑他,说:
42 “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove pwòp tèt Li. Si Li se Wa Israël la, koulye a, kite L sòti sou kwa a, e n ap kwè nan Li.
“他救了别人,却不能救自己。如果他是以色列的王,现在从十字架走下来,我们就信他。
43 Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vlè L; paske Li te di: ‘Mwen se Fis Bondye a’”.
他如此笃定地信上帝。如果上帝想要他活着,就让上帝现在救他吧,因为他说自己是上帝的儿子。”
44 Anplis, volè ki te krisifye avè L yo t ap voye menm ensilt yo sou Li.
和他一同钉十字架的强盗也都这样侮辱他。
45 Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).
从正午到下午三点钟,黑暗开始笼罩世界。
46 Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”
大约三点钟,耶稣大声呼叫:“以利,以利,拉马,撒巴各大尼?”(意思是“我的上帝,我的上帝,你为什么离弃我?”)
47 Epi kèk nan yo ki te kanpe la, lè yo te tande sa, yo te kòmanse di: “Nonm sa a ap rele Elie”.
站在那里的几个人听见了就说:“这个人在呼叫以利亚呢。”
48 E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè.
有一个人马上跑去拿海绵蘸满了酸酒,用芦苇递给他喝。
49 Men lòt yo te di: “Annou wè si Elie ap vin sove L”.
但其他的人说:“别管他,我们看看以利亚来不来救他。”
50 Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.
耶稣再次大声呼叫,然后就吐出了最后一口气。
51 Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann.
忽然,神庙里的幔子从上到下裂成两半,地动山摇,石头崩裂,
52 Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve.
坟墓裂开,许多生前做善事的死人也复活了。
53 Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.
待到耶稣复活之后,他们从坟墓中走出,进入圣城,在众人面前显化。
54 Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”
百夫长和一起看守耶稣的士兵们,看见地震和所发生的事情,十分惧怕,说:“这个人真是上帝之子。”
55 Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L.
有许多妇女在远远观看,她们从加利利开始就跟随耶稣并侍奉他。
56 Pami yo, te gen Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo.
她们中间有抹大拉的玛利亚、雅各和约西的母亲玛利亚、以及西庇太儿子的母亲。
57 Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus.
到了晚上,有一个来自亚利马太的富人前来,他名叫约瑟,是耶稣的门徒。
58 Mesye sila a te mande Pilate pou kò Jésus. Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.
这个人去见彼拉多,请求认领耶稣的身体,彼拉多同意了。
59 Epi Joseph te pran kò a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp.
约瑟领了耶稣的身体,用干净的细麻布裹好,
60 Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.
放在他从岩石上为自己新凿出来的坟墓里,然后滚来一块大石头挡住墓门,随后才离开。
61 Epi Marie ki te sòti Magdala te la avèk lòt Marie a, ki te chita anfas tonm lan.
抹大拉的玛利亚和另一位叫做玛利亚的女人都在那里,对着坟墓坐着。
62 Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate.
第二天,即过了“预备日”的那一天,祭司长和法利赛人去见彼拉多,说:
63 Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: ‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’
“大人,我们想起那个骗子,生前说过:‘三天之后,我要复活。’
64 Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a.”
请你下令把坟墓严密看守,直到第三天,免得他的门徒把他偷去,然后骗民众说:‘他从死人中复活了。’这会导致日后出现比之前更大的骗局。”
65 Pilate te di yo: “Nou genyen gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an.”
彼拉多对他们说:“你们带着卫兵,尽可能严密看守吧。”
66 Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon so sou wòch la.
祭司长和法利赛人于是到墓前的石头封好,又派卫兵把守,严密守住坟墓。