< Matye 26 >
1 Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo:
예수께서 이 말씀을 다 마치시고 제자들에게 이르시되
2 “Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”
너희의 아는 바와 같이 이틀을 지나면 유월절이라 인자가 십자가에 못 박히기 위하여 팔리우리라 하시더라
3 Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la.
그 때에 대제사장들과 백성의 장로들이 가야바라 하는 대제사장의 아문에 모여
4 Epi yo te fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li.
예수를 궤계로 잡아 죽이려고 의논하되
5 Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”
말하기를 민요가 날까 하노니 명절에는 말자 하더라
6 Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre la,
예수께서 베다니 문둥이 시몬의 집에 계실 때에
7 yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.
한 여자가 매우 귀한 향유 한 옥합을 가지고 나아와서 식사하시는 예수의 머리에 부으니
8 Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: “Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa?
제자들이 보고 분하여 가로되 무슨 의사로 이것을 허비하느뇨
9 Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”
이것을 많은 값에 팔아 가난한 자들에게 줄 수 있었겠도다 하거늘
10 Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay.
예수께서 아시고 저희에게 이르시되 너희가 어찌하여 이 여자를 괴롭게 하느냐 저가 내게 좋은 일을 하였느니라
11 Paske malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan.
가난한 자들은 항상 너희와 함께 있거니와 나는 항상 함께 있지 아니하리라
12 Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l pou prepare Mwen pou lantèman.
이 여자가 내 몸에 이 향유를 부은 것은 내 장사를 위하여 함이니라
13 Anverite, Mwen di nou ke nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt.”
내가 진실로 너희에게 이르노니 온 천하에 어디서든지 이 복음이 전파되는 곳에는 이 여자의 행한 일도 말하여 저를 기념하리라 하시니라
14 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo.
그 때에 열둘 중에 하나인 가룟 유다라 하는 자가 대제사장들에게 가서 말하되
15 Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?” Yo te peze bay li trant pyès ajan.
내가 예수를 너희에게 넘겨 주리니 얼마나 주려느냐 하니 그들이 은 삼십을 달아 주거늘
16 Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
저가 그 때부터 예수를 넘겨 줄 기회를 찾더라
17 Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”
무교절의 첫 날에 제자들이 예수께 나아와서 가로되 유월절 잡수실 것을 우리가 어디서 예비하기를 원하시나이까
18 Li te di yo: “Ale nan vil la a yon sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou “Lè Mwen prèske rive. M ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo.”’”
가라사대 성 안 아무에게 가서 이르되 선생님 말씀이 내 때가 가까웠으니 내 제자들과 함께 유월절을 네 집에서 지키겠다 하시더라 하라 하신대
19 Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la.
제자들이 예수의 시키신대로 하여 유월절을 예비하였더라
20 Alò, lè fènwa te vin rive, Jésus te lonje sou tab la avèk douz disip yo.
저물 때에 예수께서 열두 제자와 함께 앉으셨더니
21 Pandan yo t ap manje, Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.
저희가 먹을 때에 이르시되 내가 진실로 너희에게 이르노니 너희 중에 한 사람이 나를 팔리라 하시니
22 Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: “Asireman, se pa mwen menm, Senyè?”
저희가 심히 근심하여 각각 여짜오되 주여 내니이까
23 Li te reponn: “Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an.
대답하여 가라사대 나와 함께 그릇에 손을 넣는 그가 나를 팔리라
24 Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
인자는 자기에게 대하여 기록된 대로 가거니와 인자를 파는 그 사람에게는 화가 있으리로다 그 사람은 차라리 나지 아니하였더면 제게 좋을 뻔하였느니라
25 Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?” Li te reponn li: “Se ou menm ki di l.”
예수를 파는 유다가 대답하여 가로되 랍비여 내니이까 대답하시되 네가 말하였도다 하시니라
26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”
저희가 먹을 때에 예수께서 떡을 가지사 축복하시고 떼어 제자들을 주시며 가라사대 받아 먹으라 이것이 내 몸이니라 하시고
27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout;
또 잔을 가지사 사례하시고 저희에게 주시며 가라사대 너희가 다 이것을 마시라
28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo.
이것은 죄 사함을 얻게 하려고 많은 사람을 위하여 흘리는 바 나의 피 곧 언약의 피니라
29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”
그러나 너희에게 이르노니 내가 포도나무에서 난 것을 이제부터 내 아버지의 나라에서 새 것으로 너희와 함께 마시는 날까지 마시지 아니하리라 하시니라
30 Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.
이에 저희가 찬미하고 감람산으로 나아가니라
31 Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: ‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’
때에 예수께서 제자들에게 이르시되 오늘 밤에 너희가 다 나를 버리리라 기록된 바 내가 목자를 치리니 양의 떼가 흩어지리라 하였느니라
32 Men lè M leve, M ap prale devan nou Galilée.”
그러나 내가 살아난 후에 너희보다 먼저 갈릴리로 가리라
33 Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm, mwen menm, mwen p ap fè bak.”
베드로가 대답하여 가로되 다 주를 버릴지라도 나는 언제든지 버리지 않겠나이다
34 Jésus te di li: “Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”
예수께서 가라사대 내가 진실로 네게 이르노니 오늘 밤 닭 울기 전에 네가 세 번 나를 부인하리라
35 Pierre te di Li: “Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou.
베드로가 가로되 내가 주와 함께 죽을지언정 주를 부인하지 않겠나이다 하고 모든 제자도 이와 같이 말하니라
36 Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”
이에 예수께서 제자들과 함께 겟세마네라 하는 곳에 이르러 제자들에게 이르시되 내가 저기 가서 기도할 동안에 너희는 여기 앉아 있으라 하시고
37 Li te pran avè L Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès.
베드로와 세베대의 두 아들을 데리고 가실새 고민하고 슬퍼하사
38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”.
이에 말씀하시되 내 마음이 심히 고민하여 죽게 되었으니 너희는 여기 머물러 나와 함께 깨어 있으라 하시고
39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”
조금 나아가사 얼굴을 땅에 대시고 엎드려 기도하여 가라사대 내 아버지여 만일 할만하시거든 이 잔을 내게서 지나가게 하옵소서 그러나 나의 원대로 마옵시고 아버지의 원대로 하옵소서 하시고
40 Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab veye avè M pandan yon sèl èdtan?
제자들에게 오사 그 자는 것을 보시고 베드로에게 말씀하시되 너희가 나와 함께 한 시 동안도 이렇게 깨어 있을 수 없더냐
41 Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a byen dispoze, men chè la fèb.”
시험에 들지 않게 깨어 있어 기도하라 마음에는 원이로되 육신이 약하도다 하시고
42 Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, ke volonte Ou fèt.”
다시 두 번째 나아가 기도하여 가라사대 내 아버지여 만일 내가 마시지 않고는 이 잔이 내게서 지나갈 수 없거든 아버지의 원대로 되기를 원하나이다 하시고
43 Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou.
다시 오사 보신즉 저희가 자니 이는 저희 눈이 피곤함일러라
44 Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.
또 저희를 두시고 나아가 세 번째 동일한 말씀으로 기도하신 후
45 Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo.
이에 제자들에게 오사 이르시되 이제는 자고 쉬라 보라 때가 가까웠으니 인자가 죄인의 손에 팔리우느니라
46 Leve, annou ale. Men gade, sila k ap trayi Mwen an gen tan rive!”
일어나라 함께 가자 보라 나를 파는 자가 가까이 왔느니라
47 Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo.
말씀하실 때에 열둘 중에 하나인 유다가 왔는데 대제사장들과 백성의 장로들에게서 파송된 큰 무리가 검과 몽치를 가지고 그와 함께 하였더라
48 Konsa, sila ki t ap trayi Li a te deja bay yo yon sinyal. Li te di: “Sila ke m bo a, se Li menm. Sezi Li.”
예수를 파는 자가 그들에게 군호를 짜 가로되 내가 입맞추는 자가 그이니 그를 잡으라 하였는지라
49 Touswit, Li te ale kote Jésus. Li te di: “Bonswa Rabbi (Mèt)!” e li te bo Li.
곧 예수께 나아와 랍비여 안녕하시옵니까 하고 입을 맞추니
50 Jésus te di Li: “Zanmi M, poukisa ou vini la.” Konsa yo vin mete men yo sou Li, e te sezi Li.
예수께서 가라사대 친구여 네가 무엇을 하려고 왔는지 행하라 하신대 이에 저희가 나아와 예수께 손을 대어 잡는지라
51 Epi konsa, youn nan yo ki te avèk Jésus te rale nepe l, te voye l e koupe zòrèy a esklav gran prèt la.
예수와 함께 있던 자 중에 하나가 손을 펴 검을 빼어 대제사장의 종을 쳐 그 귀를 떨어뜨리니
52 Alò, Jésus te di l: “Remete nepe ou nan plas li; paske tout sila ki leve nepe yo, y ap peri pa nepe.
이에 예수께서 이르시되 네 검을 도로 집에 꽂으라 검을 가지는 자는 다 검으로 망하느니라
53 Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke douz lejyon (sa vle di 72,000) zanj?
너는 내가 내 아버지께 구하여 지금 열두 영 더 되는 천사를 보내시게 할 수 없는 줄로 아느냐
54 Men kijan konsa, pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”
내가 만일 그렇게 하면 이런 일이 있으리라 한 성경이 어떻게 이루어지리요 하시더라
55 Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M.
그 때에 예수께서 무리에게 말씀하시되 너희가 강도를 잡는 것 같이 검과 몽치를 가지고 나를 잡으러 나왔느냐 내가 날마다 성전에 앉아 가르쳤으되 너희가 나를 잡지 아니하였도다
56 Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.
그러나 이렇게 된 것은 다 선지자들의 글을 이루려 함이니라 하시더라 이에 제자들이 다 예수를 버리고 도망하니라
57 Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.
예수를 잡은 자들이 끌고 대제사장 가야바에게로 가니 거기 서기관과 장로들이 모여 있더라
58 Men Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan li ta fini.
베드로가 멀찍이 예수를 좇아 대제사장의 집 뜰에까지 가서 그 결국을 보려고 안에 들어가 하속들과 함께 앉았더라
59 Epi chèf prèt yo avèk tout Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò.
대제사장들과 온 공회가 예수를 죽이려고 그를 칠 거짓 증거를 찾으매
60 Men yo pa t twouve okenn, malgre ke anpil fo temwayaj te vin prezante. Men pita, te gen de ki te vin prezante.
거짓 증인이 많이 왔으나 얻지 못하더니 후에 두 사람이 와서
61 Yo te di: “Nonm sa a te di: ‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”
가로되 이 사람의 말이 내가 하나님의 성전을 헐고 사흘에 지을 수 있다 하더라 하니
62 Konsa, wo prèt la te kanpe pou te di L: “Èske Ou p ap reponn? Kisa ke moun sa yo ap temwaye kont ou an?”
대제사장이 일어서서 예수께 묻되 아무 대답도 없느냐 이 사람들의 너를 치는 증거가 어떠하뇨 하되
63 Men Jésus te rete an silans. Epi wo prèt la te di L: “Mwen egzije Ou pa Bondye vivan an, pou di nou, si Ou menm se Kris La, Fis Bondye a.”
예수께서 잠잠하시거늘 대제사장이 가로되 내가 너로 살아 계신 하나님께 맹세하게 하노니 네가 하나님의 아들 그리스도인지 우리에게 말하라
64 Jésus te di li: “Ou te di li ou menm. Malgre sa, Mwen ap di nou, apre sa, nou va wè Fis a Lòm nan k ap chita sou men dwat Pwisan an e k ap vini sou nyaj ki nan syèl yo.”
예수께서 가라사대 네가 말하였느니라 그러나 내가 너희에게 이르노니 이 후에 인자가 권능의 우편에 앉은 것과 하늘 구름을 타고 오는 것을 너희가 보리라 하시니
65 Konsa wo prèt la te chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan.
이에 대제사장이 자기 옷을 찢으며 가로되 저가 참람한 말을 하였으니 어찌 더 증인을 요구하리요 보라 너희가 지금 이 참람한 말을 들었도다
66 Kisa nou panse?” Yo te reponn e te di: “Li merite lanmò!”
생각이 어떠하뇨 대답하여 가로되 저는 사형에 해당하니라 하고
67 Epi yo krache nan figi Li, e te bat Li avèk kout pwen. Lòt yo te souflete L.
이에 예수의 얼굴에 침 뱉으며 주먹으로 치고 혹은 손바닥으로 때리며
68 Yo te di: “Pwofetize pou nou, Ou menm Kris la! Kilès ki te frape Ou a?”
가로되 그리스도야 우리에게 선지자 노릇을 하라 너를 친 자가 누구냐 하더라
69 Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”
베드로가 바깥 뜰에 앉았더니 한 비자가 나아와 가로되 너도 갈릴리 사람 예수와 함께 있었도다 하거늘
70 Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”
베드로가 모든 사람 앞에서 부인하여 가로되 나는 네 말하는 것이 무엇인지 알지 못하겠노라 하며
71 Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”
앞문까지 나아가니 다른 비자가 저를 보고 거기 있는 사람들에게 말하되 이 사람은 나사렛 예수와 함께 있었도다 하매
72 Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”
베드로가 맹세하고 또 부인하여 가로되 내가 그 사람을 알지 못하노라 하더라
73 Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. Jan ou pale a devwale ou.”
조금 후에 곁에 섰던 사람들이 나아와 베드로에게 이르되 너도 진실로 그 당이라 네 말소리가 너를 표명한다 하거늘
74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!” Imedyatman, kòk la te chante.
저가 저주하며 맹세하여 가로되 내가 그 사람을 알지 못하노라 하니 닭이 곧 울더라
75 Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.
이에 베드로가 예수의 말씀에 닭 울기 전에 네가 세 번 나를 부인하리라 하심이 생각나서 밖에 나가서 심히 통곡하니라