< Matye 22 >
1 Ankò Jésus te reponn yo e pale ak yo an parabòl. Li te di:
又開口用比喻對他們說:
2 “Wayòm syèl la tankou yon wa ki fè yon fèt maryaj pou fis li.
「天國好比一個國王,為自己的兒子辦婚宴。
3 Li te voye esklav li yo deyò pou rele sila yo ki te envite nan fèt maryaj la, men yo pa t dakò vini.
他打發僕人去召被請的人來赴宴,他們卻不願意來。
4 “Ankò li voye lòt esklav pou di: “Gade, mwen prepare anpil manje. Bèf avèk anpil lòt bèt gra gen tan fin kòche. Tout bagay prè. Vini nan fèt maryaj la.
又派其他的僕人去,說:你們對被請的人說:看,我已預備好了我的盛宴,我的公牛和肥畜都宰殺了,一切都齊備了,你們來赴婚宴吧!
5 “Men yo pa t okipe li. Yo fè wout yo. Youn ale nan chan li, yon lòt pou okipe afè l.
他們卻不理:有的往自己的田裏去了,有的作自己的生意去了;
6 Konsa, rès yo te sezi esklav li yo, e te maltrete e touye yo.
其餘的竟拿住他的僕人凌辱後殺死了。
7 Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.
國王於是動了怒,派自已軍隊消滅了那些殺人的兇手,焚毀了他們的城市。
8 “Apre, li te di a esklav li yo: ‘Maryaj la prepare, men sila ki te envite yo pa dign.
然後對僕人說:婚宴已經齊備了,但是被請的人都不配。
9 Pou sa, ale nan gran wout yo, epi tout sila nou twouve la yo, envite yo nan fèt maryaj la.’
如今你們到各路口去,凡是你們所遇到的,都請來赴婚宴。
10 “Konsa, esklav sila yo te ale deyò nan lari yo pou te ranmase tout sa yo te twouve, ni mechan, ni bon, epi chan maryaj la te ranpli avèk moun envite yo.
那些僕人就出去到大路,凡遇到的,無論壞人或好人,都召集了來,婚宴上就滿了坐席的人。
11 “Men lè wa a te vini pou wè sila ki te vini yo, li twouve yon nonm ki pa abiye avèk vètman maryaj la.
國王進來巡視坐席客人,看見那裏有一個沒有穿婚宴禮服的人,
12 Li te di li: ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Moun nan pa t kab menm pale.
便對他說:朋友,你怎麼到這裏來,不穿婚宴禮服? 那人默默無語。
13 “Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan.
國王遂對僕人說:你們捆起他的手和腳來,把他丟在外面的黑暗中;在那裏要有哀號和切齒。
14 Paske gen anpil moun k ap resevwa apèl la, men pa anpil moun kap chwazi.”
因為被居的人多,被選的人少。」
15 Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo.
那時,法利賽人去商討怎樣叫耶穌入圈套。
16 Yo te voye disip pa yo ansanm avèk Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn.
他們遂派自己的門徒和黑落德黨人到衪跟前說:「師傅,我們知道你是真誠的,按真理教授天主的道路,不顧忌任何人,因為你不看人的情面。
17 Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?”
如今請你告訴你們:你以為如何?給凱撒納稅,可以不可以?」
18 Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye!
耶穌看破他們的惡意,就說:「假善人,你們為什麼要試探我?
19 Montre M kòb ke nou sèvi pou peye taks la.” Yo te pote bay Li yon denye.
拿一個稅幣給我看看!」他們便遞給衪一塊「德納」。
20 Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”
耶穌對他們說:「這肖像和名號是誰的? 」
21 Yo reponn Li: “Se pou César”. Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”
他們對衪說:「凱撒的」。耶穌對他們說:「那麼,凱撒的,就應歸還凱撒;天主的,就應歸還天主。」
22 Lè yo tande sa, yo te etone e yo te kite Li ale.
他們聽了大為驚異,遂離開衪走了。
23 Nan menm jou sa a, kèk nan Sadiseyen yo (ki di pa gen rezirèksyon) te vin kote L pou poze L kesyon.
在那一天,否認的撤杜賽人,來到衪跟前,問衪說:
24 Yo te di: “Mèt, Moïse te di: ‘Si yon nonm mouri, li pa gen pitit, frè li, nan fanmi ki pi prè a va marye avèk madanm li, pou l elve yon Pitit pou frè li.’
「師傅,梅瑟說誰若死了沒有兒子,他的弟弟就應娶他的女人為妻,給他哥哥立嗣。
25 Konsa, te gen sèt frè avèk nou. Premye a te marye. Li mouri san fè Pitit e li te kite madanm li pou frè l la.
在我們中曾有兄弟七人:第一個娶了妻沒有子嗣就死了,遺下妻子給他的的弟弟;
26 Konsa tou, dezyèm lan, twazyèm nan, jouk rive nan setyèm frè a.
連第二個與第三個,直到第七個都是這樣。
27 An dènye lye, fanm nan te mouri.
最後,那婦人也死了。
28 Konsa nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske yo tout te genyen l.”
那麼在復活的時候,他是七人中那一個的妻子?因為都曾娶過她。」
29 Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.
耶穌回答他們說:「你們了錯了,不明瞭經書,也不明瞭天主的能力,
30 Paske nan rezirèksyon an, yo pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo.
因為復活的時候,也不娶,也不嫁,好像在天上的天使一樣。
31 Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou:
關於死人復活,你們不曾念過天主對你們所說
32 ‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”
『我是亞巴郎的天主,依撒格的天主及雅各伯的天主』的話嗎? 他不是死人的,而是活人的天主。」
33 Lè foul la te tande sa, yo te etone de jan Li te enstwi a.
民眾聽了,就都驚訝衪的道理。
34 Men lè Farizyen yo te tande ke Li gen tan fè Sadiseyen yo sispann pale, yo te reyini ansanm.
法利賽人聽說耶穌使撤杜塞人閉口無言,就聚在一起;
35 Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv.
他們中有一個法學士試探他,發問說:
36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?”
「師傅,法律中那條誡命是最大的? 」
37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.
耶穌對他們說:「『你應全心,全靈,全意,愛上主你的天主。』
38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an.
這是最大也是第一條誡命。
39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.
第二條與此相似:你應當愛近人如你自己。
40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”
全部法律和先知都繫於這兩條誡命。
41 Alò, pandan Farizyen yo te ansanm, Jésus te poze yo yon kesyon.
法利賽人聚在一起時,耶穌問他們
42 Li te mande yo: “Kisa nou panse de Kris la? Se Fis a kilès Li ye?” Yo te reponn Li: “Fis a David la”.
說:「關於默西亞,你們以為如何? 衪是誰的兒子? 」他們回答說:「達味的。
43 Li te di yo: “Ebyen, ki jan konsa ke nan Lespri a, David te rele Li ‘Senyè’ lè li te di:
耶穌對他們說:「怎麼達味受聖神的感動,稱衪為主說:
44 “SENYÈ a di a Senyè mwen an, ‘Chita sou men dwat Mwen, jouk lè Mwen mete lènmi ou yo anba pye ou’?
「上主對我主說:你坐在我右邊,等我把你的仇敵放在你腳下? 』
45 “Si David li menm rele Li ‘Senyè’, kijan Li fè kapab Pitit Li?”
那麼,如果達味稱衪為王,衪怎會是達味的兒子? 」
46 Pèsòn pa t kapab reponn Li yon mo, ni yo pa t tante mande Li anyen depi jou sa a.
沒有人能回答衪一句話。從那天以後,沒有誰再敢問衪。