< Matye 20 >
1 “Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmaten pou anplwaye ouvriye pou chan rezen li.
For the kingdom of heaven is like a man that is an householder, who went out early in the morning to hire labourers into his vineyard.
2 Lè li te fin antann li avèk ouvriye yo pou yon denye (frè kòb jounalye) pou jou a, li voye yo nan chan an.
And when he had agreed with the labourers for a penny a day, he sent them into his vineyard.
3 “Vè twazyèm lè, li te soti pou wè lòt moun san anyen pou fè, ki te kanpe nan mache a.
And he went out about the third hour, and saw others standing idle in the marketplace,
4 Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an, epi nenpòt bagay ki jis, m ap bannou.’ Konsa, yo ale.
And said to them; Go ye also into the vineyard, and whatever is right I will give you. And they went.
5 “Ankò li ale deyò vè sizyèm lè, nevyèm lè, e te fè menm bagay la.
Again he went out about the sixth and ninth hour, and did the same.
6 “Vè onzyèm lè, li te ale deyò e te twouve lòt moun ki tap kanpe. Li te di yo: ‘Poukisa nou kanpe la tout lajounen san fè anyen?’
And about the eleventh hour he went out, and found others standing idle, and saith to them, Why stand ye here all the day idle?
7 “Yo te reponn li: ‘Paske pèsòn pa anplwaye nou.’ “Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an.’
They say to him, Because no man hath hired us. He saith to them, Go ye also into the vineyard; and whatever is right, that shall ye receive.
8 “Lè aswè rive, mèt chan rezen an te di fòmann nan: ‘Rele ouvriye yo pou peye yo salè yo. Kòmanse avèk dènye ekip la, pou ale nan premye a.’
So when evening was come, the lord of the vineyard saith to his steward, Call the labourers, and give them their hire, beginning from the last to the first.
9 “Lè ouvriye ki te antre vè onzyèm lè yo te vini, yo chak te resevwa yon denye.
And when they came that were hired about the eleventh hour, they received every man a penny.
10 Konsa, lè sa ki te anplwaye anpremye yo te vini, yo te sipoze yo t ap resevwa plis, men yo chak te resevwa yon denye.
But when the first came, they supposed that they should receive more; and they likewise received every man a penny.
11 Alò, lè yo te resevwa l, yo te plenyen kont mèt tè a.
And when they had received it, they murmured against the master of the house,
12 Yo te di: ‘Moun sa yo te travay sèlman pou yon èdtan, men ou fè yo menm jan avèk nou ki pote tout fado a, avèk chalè ki t ap brile nou tout jounen an.’
Saying, These last have worked but one hour, and thou hast made them equal to us, who have borne the burden and heat of the day.
13 “Men li te reponn a youn nan yo: ‘Zanmi m, mwen pa fè ou okenn tò. Èske ou pa t vin dakò pou yon denye?
But he answered one of them, and said, Friend, I do thee no wrong: didst thou not agree with me for a penny?
14 Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Se volonte m pou bay moun sa menm fòs avèk ou.
Take that which is thine, and go thy way: I will give to this last, even as to thee.
15 Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
Is it not lawful for me to do what I will with my own? Is thy eye evil, because I am good?
16 “Konsa dènye a ap vin premye, e premye a ap vin dènye.”
So the last shall be first, and the first last: for many are called, but few chosen.
17 Lè Jésus te apèn parèt pou monte a Jérusalem, Li te pran douz disip yo akote pou kont yo. Pandan yo nan wout la, Li te di yo:
And Jesus going up to Jerusalem took the twelve disciples aside in the way, and said to them,
18 “Gade, n ap monte Jérusalem, epi Fis a Lòm nan ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò.
Behold, we go up to Jerusalem; and the Son of man shall be betrayed to the chief priests and to the scribes, and they shall condemn him to death,
19 Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi nan twazyèm jou a, L ap leve.”
And shall deliver him to the Gentiles to mock, and to scourge, and to crucify him: and the third day he shall rise again.
20 Manman a fis Zébédée yo te vin kote L avèk fis li yo. Li te bese devan L pou mande L yon favè.
Then came to him the mother of Zebedee’s children with her sons, worshipping him, and desiring a certain thing of him.
21 Li te di L: “Kisa ou vle?” Li te di L: “Pase lòd pou nan Wayòm ou an, de fis mwen yo kapab chita youn sou bò dwat Ou ak youn sou bò goch Ou.”
And he said to her, What wilt thou? She saith to him, Grant that these my two sons may sit, the one on thy right hand, and the other on the left, in thy kingdom.
22 Men Jésus te reponn: “Nou pa konnen kisa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke Mwen prè pou M bwè a?” Yo te di Li: “Nou kapab”.
But Jesus answered and said, Ye know not what ye ask. Are ye able to drink of the cup that I shall drink of, and to be baptized with the baptism that I am baptized with? They say to him, We are able.
23 Li te di yo: “Tas Mwen an nou ap bwè, men pou chita adwat Mwen, oubyen agoch Mwen, se pa Mwen ki pou bay li, men se pou sila papa M te prepare li yo.”
And he saith to them, Ye shall drink indeed of my cup, and be baptized with the baptism that I am baptized with: but to sit on my right hand, and on my left, is not mine to give, but it shall be given to them for whom it is prepared by my Father.
24 Konsa, lè dis yo te tande sa, yo te vin trè fache avèk de frè yo.
And when the ten heard it, they were moved with indignation against the two brethren.
25 Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.
But Jesus called them to him, and said, Ye know that the princes of the Gentiles exercise dominion over them, and they that are great exercise authority upon them.
26 “Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou.
But it shall not be so among you: but whoever will be great among you, let him be your minister;
27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou.
And whoever will be chief among you, let him be your servant:
28 Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”
Even as the Son of man came not to be ministered to, but to minister, and to give his life a ransom for many.
29 Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.
And as they departed from Jericho, a great multitude followed him.
30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”
And, behold, two blind men sitting by the way side, when they heard that Jesus passed by, cried out, saying, Have mercy on us, O Lord, thou Son of David.
31 Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.
And the multitude rebuked them, that they should hold their peace: but they cried the more, saying, Have mercy on us, O Lord, thou Son of David.
32 Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”
And Jesus stood still, and called them, and said, What will ye that I shall do to you?
33 Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.
They say to him, Lord, that our eyes may be opened.
34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.
So Jesus had compassion on them, and touched their eyes: and immediately their eyes received sight, and they followed him.