< Matye 19 >

1 Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an.
و چون عیسی این سخنان را به اتمام رسانید، از جلیل روانه شده، به حدودیهودیه از آن طرف اردن آمد.۱
2 Gran foul yo te swiv Li, e Li te geri yo la.
و گروهی بسیار ازعقب او آمدند و ایشان را در آنجا شفا بخشید.۲
3 Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”
پس فریسیان آمدند تا او را امتحان کنند وگفتند: «آیا جایز است مرد، زن خود را به هر علتی طلاق دهد؟»۳
4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl,
او در جواب ایشان گفت: «مگرنخوانده‌اید که خالق در ابتدا ایشان را مرد و زن آفرید،۴
5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè?
و گفت از این جهت مرد، پدر و مادرخود را رها کرده، به زن خویش بپیوندد و هر دویک تن خواهند شد؟۵
6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”
بنابراین بعد از آن دونیستند بلکه یک تن هستند. پس آنچه را خداپیوست انسان جدا نسازد.»۶
7 Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”
به وی گفتند: «پس از بهر‌چه موسی‌امر فرمود که زن را طلاقنامه دهند و جدا کنند؟»۷
8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye.
ایشان را گفت: «موسی به‌سبب سنگدلی شما، شما را اجازت داد که زنان خود را طلاق دهید. لیکن از ابتدا چنین نبود.۸
9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”
و به شما می‌گویم هر‌که زن خود را بغیر علت زناطلاق دهد و دیگری را نکاح کند، زانی است و هرکه زن مطلقه‌ای را نکاح کند، زنا کند.»۹
10 Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”
شاگردانش بدو گفتند: «اگر حکم شوهر بازن چنین باشد، نکاح نکردن بهتر است!»۱۰
11 Men Li te di yo: “Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay.
ایشان را گفت: «تمامی خلق این کلام را نمی پذیرند، مگر به کسانی که عطا شده است.۱۱
12 Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”
زیرا که خصی‌ها می‌باشند که از شکم مادر چنین متولدشدند و خصی‌ها هستند که از مردم خصی شده‌اند و خصی‌ها می‌باشند که بجهت ملکوت خدا خود را خصی نموده‌اند. آنکه توانایی قبول دارد بپذیرد.»۱۲
13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.
آنگاه چند بچه کوچک را نزد او آوردند تادستهای خود را بر ایشان نهاده، دعا کند. اماشاگردان، ایشان را نهیب دادند.۱۳
14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”.
عیسی گفت: «بچه های کوچک را بگذارید و از آمدن نزد من، ایشان را منع مکنید، زیرا ملکوت آسمان از مثل اینها است.»۱۴
15 Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.
و دستهای خود را بر ایشان گذارده از آن جا روانه شد.۱۵
16 Konsa, youn moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?” (aiōnios g166)
ناگاه شخصی آمده، وی را گفت: «ای استادنیکو، چه عمل نیکو کنم تا حیات جاودانی یابم؟» (aiōnios g166)۱۶
17 Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”
وی را گفت: «از چه سبب مرا نیکو گفتی و حال آنکه کسی نیکو نیست، جز خدا فقط. لیکن اگربخواهی داخل حیات شوی، احکام را نگاه دار.»۱۷
18 Li te mande Li: “Kilès nan yo?” Jésus te reponn li: “Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj.
بدو گفت: «کدام احکام؟» عیسی گفت: «قتل مکن، زنا مکن، دزدی مکن، شهادت دروغ مده،۱۸
19 Onore papa ou avèk manman ou, epi renmen pwochen ou tankou tèt ou.”
و پدر و مادر خود را حرمت دار و همسایه خود را مثل نفس خود دوست دار.»۱۹
20 Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”
جوان وی را گفت: «همه اینها را از طفولیت نگاه داشته‌ام. دیگر مرا چه ناقص است؟»۲۰
21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”
عیسی بدو گفت: «اگر بخواهی کامل شوی، رفته مایملک خود رابفروش و به فقراء بده که در آسمان گنجی خواهی داشت؛ و آمده مرا متابعت نما.»۲۱
22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
چون جوان این سخن را شنید، دل تنگ شده، برفت زیرا که مال بسیار داشت.۲۲
23 Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la.
عیسی به شاگردان خود گفت: «هرآینه به شما می‌گویم که شخص دولتمند به ملکوت آسمان به دشواری داخل می‌شود.۲۳
24 Ankò, Mwen di nou: Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”
و باز شمارا می‌گویم که گذشتن شتر از سوراخ سوزن، آسانتر است از دخول شخص دولتمند درملکوت خدا.»۲۴
25 Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”
شاگردان چون شنیدند، بغایت متحیر گشته، گفتند: «پس که می‌تواند نجات یابد؟»۲۵
26 Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
عیسی متوجه ایشان شده، گفت: «نزدانسان این محال است لیکن نزد خدا همه‌چیزممکن است.»۲۶
27 Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”
آنگاه پطرس در جواب گفت: «اینک ما همه‌چیزها را ترک کرده، تو را متابعت می‌کنیم. پس ما را چه خواهد بود؟»۲۷
28 Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.
«عیسی ایشان را گفت: «هرآینه به شما می‌گویم شما که مرا متابعت نموده‌اید، در معاد وقتی که پسر انسان بر کرسی جلال خود نشیند، شما نیز به دوازده کرسی نشسته، بر دوازده سبط اسرائیل داوری خواهید نمود.۲۸
29 “Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl. (aiōnios g166)
و هر‌که بخاطر اسم من، خانه هایا برادران یا خواهران یا پدر یا مادر یا زن یافرزندان یا زمینها را ترک کرد، صد چندان خواهدیافت و وارث حیات جاودانی خواهد گشت. (aiōnios g166)۲۹
30 Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”
لیکن بسا اولین که آخرین می‌گردند و آخرین، اولین!۳۰

< Matye 19 >