< Matye 17 >
1 Sis jou pita, Jésus te pran Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo.
Gakapiteje mobha shita, a Yeshu gubhaatolilenje a Petili na a Yakobho na a Yowana apwabho, gubhajombokenje ku shitumbi shashileu.
2 Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.
Kweneko, a Yeshu gubhapindikwishe lubhombo pa meyo gabhonji, kumeyo kwabho kwashinkung'anyima malinga lyubha na nngubho yabho puyaliji yanawe malinga shilangaya.
3 Epi konsa, gade, yo te wè Moïse ak Elie ki t ap pale avèk Li.
A Musha na a Eliya gubhaakoposhelenje, gubhalinginji nkubheleketa na a Yeshu.
4 Pierre te di a Jésus: “Senyè, se bon pou nou isit la. Si Ou vle, m ap fè twa tabènak isit la; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.”
Penepo a Petili gubhaalugulile a Yeshu, “Mmakulungwa, shankonja uwe kubha apano! Mpingaga shinjenje mabhanda gatatu, limo lyenu na lina lya a Musha na lina lya a Eliya.”
5 Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”
Pubhaliji nkubheleketa nneyo, liunde lya nawe likwaaunishilangaga, lilobhe gulipilkanishe koposhela nniundemo, “Jweneju ni mwanangu jungumpinga, anonyela, mumpilikanilanje.”
6 Lè disip Li yo te tande sa, yo te tonbe sou figi yo byen sezi avèk laperèz.
Bhaajiganywa bhakapilikananjeje nneyo gubhagwilenje namanguku, gubhajogopenje kaje.
7 Jésus te vin kote yo. Li te touche yo, e te di: “Leve, e pa pè.”
A Yeshu gubhaajendelenje, nikwaakwayanga, gubhashite, “Nnjimangane, nnajogopanje!”
8 Lè yo leve zye yo, yo pa t wè pèsòn sof ke Jésus ki te la pou kont Li.
Bhakalolanjeje kunani bhangammonanga mundu juna, ikabhe a Yeshu jikape.
9 Pandan yo t ap desann mòn nan, Jésus te kòmande yo: “Pa pale pèsòn afè vizyon sila a jiskaske Fis a Lòm nan fin leve soti nan lanmò.”
Bhai, pubhalinginji bhalielelanga kopoka kushitumbi, a Yeshu gubhaalimbiyenje bhalinkuti, “Nnannugulilanje mundu indu imwiibhweninji, mpaka Mwana juka Mundu pashayuywe.”
10 Epi disip Li yo te mande L: “E poukisa Skrib yo toujou di ke Elie oblije vini avan?”
Kungai bhaajiganywa bhabho gubhaabhushiyenje, “Pakuti bhaajiganya bha Shalia bhakutinji inapinjikwa bhatandubhe kuika a Eliya?”
11 Li te reponn yo: “Elie ap vini e l ap restore tout bagay.
A Yeshu gubhaajangwilenje, “Kweli, a Eliya shibhaishe kualaya indu yowe.
12 Men Mwen di nou ke Elie te vini deja, e yo pa t rekonèt li, men yo te fè avè l sa ke yo te pito. Menm jan an, Fis a Lòm nan ap soufri nan men yo.”
Ikabheje ngunakummalanjilanga, a Eliya bhaaishe bhanganyabho bhangaamanyanga, ikabhe bhashinkwaatendelanga mwaapinjilenje. Nneyo peyo mwana juka Mundu apinga potekwa mmakono gabhonji.”
13 Konsa, disip yo te vin konprann ke Li t ap pale de Jean Baptiste.
Penepo bhaajiganywa bhala gubhamumanyinji kuti bhatendaga kwaabhalanjilanga ga a Yowana Bhabhatisha.
14 Lè yo rive bò kote foul la, yon mesye te vin tonbe sou jenou devan Li. Li te di L:
Bhakaikangananjeje ku bhandu bhagumbelenje bhala, bhandu bhamo gubhaajendele a Yeshu, nikwaatindibhalila,
15 “Senyè, gen pitye pou fis mwen an. Li se yon epileptik; li byen malad. Souvan li tonbe nan dife a, e pafwa menm nan dlo.
gubhashite, “Mmakulungwa, mummonele shiya mwanangu ashikola shialala, numbe analaga kaje, papagwinji anagwila pa moto eu mmashi.
16 Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”
Nashinkumpeleka kubhaajiganywa bhenu ikabheje bhangakombolanga kunshoya.”
17 Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”
A Yeshu gubhajangwile, “Alu lubheleko lwangali ngulupai na lwa puganika! Shindame na mmanganya mpaka shakani? Shinikakatimile na mmanganya mpaka shakani? Munnjiyenajonji akuno mwanajo,”
18 Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.
Bhai, a Yeshu gubhankalipile liokajo, nigwanshoshile mwana jula, gwalamile malanga gala.
19 Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”
Kungai bhaajiganywa gubhaajendelenje a Yeshu shintemela, gubhaabhushiyenje, “Pakuti uwe twangakombola kunshoya lioka jula?”
20 Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.
A Yeshu gubhaajangwilenje, “Kwa ligongo lya ungakulupalila gwenunji. Kweli ngunakummalanjilanga, ibhaga shinkolanje ngulupai, nkali jajishoko malinga mbeju ja aladali, shinkombolanje kushilugulila nkali ashi shitumbishi, ‘Shokapa ujende akula,’ shishijende. Shakwa shoshowe shikaakomboleka kungwenunji.”
21 Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.”
Ikabheje lioka jwa nnei akashoka ila kwa tabha na juga.
22 Pandan yo t ap rasanble Galilée, Jésus te di yo: “Fis a Lòm nan prèt pou livre nan men a lèzòm.
Pubhalinginji pamo ku Galilaya, a Yeshu gubhaalugulilenje, “Mwana juka Mundu apinga kamuywa ku bhandunji.
23 Yo va touye Li, e Li va leve nan twazyèm jou a.” Yo te byen tris.
Bhapinga kummulaganga, ikabheje lyubha lya tatu shayuywe.” Bhaajiganywa gubhainjikenje kaje.
24 Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”
A Yeshu na bhaajiganywa bhabho bhakaikanganeje ku Kapalanaumu, bhakamula koli ja liekalu bhala gubhaajendelenje a Petili, gubhaabhushiyenje, “Bhuli, bhaajiganya bhenunji bhalilipa koli ja Liekalu?”
25 Li te reponn: “Wi”. Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”
A Petili gubhajangwile, “Elo, bhalilipa.” Bhai a Petili bhakajinjileje nnyumba, bhakanabhe bheleketa lilobhe, a Yeshu gubhaabhushiye, “A Shimoni, mmwe nkubhona bhuli? Ashimpalume bha shilambolyo bhanalonganga koli kwa ashigani? Kwa ashaayene shilambo eu ku bhajeninji?”
26 Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante.
A Petili gubhajangwile, “Kopoka ku bhajeninji.” A Yeshu gubhaalugulile, “Bhai monaga nneyo, bhashilambo bhakaalipanga koli.
27 Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”
Ikabheje tunaatumbayanje, nnjende kulitanda nkatambishe ndowana, shamaki shatandubhe tanjilajo muntole, munng'unukule kang'wa, nkatimo shimwiimane mmbiya ya koli. Ntole nkaapanganje pangunne na mmayene.”