< Matye 16 >

1 Farizyen ak Sadiseyen yo te vin kote Jésus pou sonde L. Yo te mande Li pou bay yo yon sign ki sòti nan syèl la.
And the pharisees and sadducees came to Him, and captiously asked Him to shew them a sign from heaven.
2 Men Li te reponn yo: “Lè se nan aswè, nou di ‘l ap fè bon tan, paske syèl la wouj’.
But He answered them, In the evening ye say, It will be fair weather, for the sky is red:
3 Epi nan maten, ‘pral gen yon tanpèt jodi a, paske syèl la wouj e menasan.’ Ipokrit! Nou konn kalkile aparans syèl la, men nou pa konn disène sign nan tan sila yo?
and in the morning, It will be foul weather to-day, for the sky is red and lowring. Ye hypocrites, can ye distinguish the appearance of the sky, and not discern the signs of these times?
4 Yon jenerasyon mechan e adiltè ap chache yon sign, men yo p ap resevwa l, eksepte sign ki pou Jonas la.” Konsa, Li te sòti kite yo.
This wicked and degenerate race demand a sign; but no sign shall be given them, except that of the prophet Jonah. And so He left them and went away.
5 Lè disip yo te ale lòtbò lanmè a, yo te bliye pote pen.
Now when his disciples departed to the other side, they forgot to take bread with them:
6 Jésus te di yo: “Veye e fè atansyon pou ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
and therefore when Jesus said to them, Take heed and beware of the leaven of the pharisees and of the sadducees,
7 Yo te kòmanse diskite pami yo menm. Yo te di: “Se paske nou pa pote pen an.”
they said one to another, It is because we have taken no bread.
8 Men Jésus, okouran de sa, te di yo: “O moun ak ti lafwa piti yo, poukisa nou diskite pami nou ke nou pa gen pen?
And Jesus knowing their thoughts said to them, O ye of little faith, why do ye argue among yourselves, because ye have brought no bread?
9 Èske nou poko konprann ni sonje jiska prezan senk pen ki te pou senk mil mesye yo, e konbyen panyen nou te ranmase?
Do ye not yet understand, nor remember the five loaves divided among five thousand, and how many baskets ye took up?
10 Ni sèt pen ki te pou kat mil moun yo, e konbyen gran panyen nou te ranmase?
nor the seven loaves among four thousand, and how many baskets-full ye took away?
11 Kijan ke nou pa konprann ke Mwen pa t pale avèk nou pou afè pen? Men fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
How is it then that ye do not understand that I did not speak to you concerning bread, when I bid you to beware of the leaven of the pharisees and of the sadducees?
12 Konsa, yo te vin konprann ke Li pa t pale de ledven nan pen, men enstriksyon a Farizyen ak Sadiseyen yo.
Then they understood, that He did not bid them beware of the leaven of bread, but of the doctrine of the pharisees and of the sadducees.
13 Alò, lè Jésus te vini nan landwa Césarée de Philippe, Li te kòmanse mande disip Li yo: “Ki moun yo di ke Fis a Lòm nan ye?”
And when Jesus came into the parts of Cesarea Philippi, He asked his disciples, saying, Whom do men say that I, the Son of man, am?
14 Yo te di: “Kèk moun di ke se Jean Baptiste, lòt Elie, e lòt, Jérémie oswa youn nan pwofèt yo.”
And they answered, Some say thou art John the Baptist, others Elias, and others Jeremias, or one of the prophets.
15 Li te di yo: “Men nou menm, ki moun nou di Mwen ye?”
But, saith He unto them, whom do ye say that I am?
16 Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”
And Simon Peter answered and said, Thou art the Christ the Son of the living God.
17 Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la.
And Jesus replied and said unto him, Blessed art thou Simon son of Jonas, for flesh and blood hath not revealed it unto thee, but my Father who is in heaven.
18 Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li. (Hadēs g86)
And I also say unto thee, as thou art called Peter, so upon this rock, which thou hast confessed, will I build my church, and the gates of death shall not prevail against it. (Hadēs g86)
19 M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”
And I will give thee the keys of the kingdom of heaven, and whatsoever thou shalt bind on earth shall be bound in heaven, and whatsoever thou shalt loose on earth shall be loosed in heaven.
20 Apre sa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn ke se Kris la ke Li te ye.
Then charged He his disciples that they should tell no one that He was the Messiah.
21 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.
And from that time began Jesus to acquaint his disciples, that He must go to Jerusalem and suffer many things from the elders, and chief priests, and scribes; and be put to death, and be raised again on the third day.
22 Konsa, Pierre te mennen L akote. Li te di L: “Ke Bondye anpeche sa, Senyè! Sa p ap janm rive Ou.”
Then Peter took Him and began to expostulate with Him, saying, Be it far from thee, Lord: may this never be unto thee.
23 Men Li te vire bò kote Pierre: “Mete ou dèyè M Satan! Ou menm, ou se yon wòch chite pou Mwen. Ou pa mete tèt ou nan enterè Bondye, men nan enterè a lòm.”
But He turned and said unto Peter, Get thee behind me, Satan, thou art an offence to me; for thou regardest not the things of God, but those that be of men.
24 Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.
Then said Jesus to his disciples, If any one is willing to come after me, let him deny himself, and take up his cross, and follow me:
25 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li.
for he that would save his life shall lose it; but he that would lose his life for my sake shall find it.
26 Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
For what is a man profited, if he gain the whole world, and lose his own soul? or what shall a man give as a ransom for his soul?
27 “Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.
For the Son of man will come in the glory of his father, with his angels, and then he will recompense every one according to his practice.
28 “Anverite, Mwen di nou, gen nan nou ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jiskaske yo wè Fis a Lòm nan k ap vini nan wayòm Li an.”
And I tell you of a truth, there be some of those standing here, who shall not taste of death, till they have seen the Son of man coming in his kingdom.

< Matye 16 >