< Matye 15 >

1 Apre sa, kèk Farizyen ak Skrib ki te sòti Jérusalem te vin kote Jésus pou mande L:
Tedaj so k Jezusu prišli pisarji in farizeji, ki so bili iz Jeruzalema, rekoč:
2 “Poukisa disip ou yo vyole tradisyon a lansyen nou yo? Paske yo pa lave men yo lè yo manje pen.”
»Zakaj tvoji učenci prestopajo izročila starešin? Kajti kadar jedo kruh, si ne umijejo svojih rok.«
3 Li te reponn yo: “E poukisa nou menm vyole kòmandman Bondye a pou koz a tradisyon nou yo?
Toda odgovoril jim je in rekel: »Zakaj vi prav tako s svojim izročilom prestopate Božjo zapoved?
4 Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”
Kajti Bog je zapovedal, rekoč: ›Spoštuj svojega očeta in mater‹ in: ›Kdor preklinja očeta ali mater, naj življenje konča s smrtjo.‹
5 Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye,
Toda vi pravite: ›Kdorkoli bo rekel svojemu očetu ali svoji materi: ›To je dar, s čimerkoli bi ti mogoče imel korist od mene, ‹
6 li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.
in ne spoštuje svojega očeta ali svoje matere, bo prost. Tako ste s svojim izročilom naredili Božjo zapoved brez učinka.
7 Nou menm ipokrit; anverite, Ésaïe te bay pwofesi sou nou lè l te di:
Vi hinavci, Izaija je dobro prerokoval o vas, rekoč:
8 Pèp sa a onore M avèk lèv yo, men kè yo byen lwen Mwen.
›Ti ljudje se s svojimi usti bližajo k meni in me spoštujejo s svojimi ustnicami, toda njihovo srce je daleč od mene.‹
9 An ven yo adore M; lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.
Toda zaman me obožujejo, učeč nauke človeških zapovedi.«
10 Apre sa, Li te rele foul akote Li a, e Li te di yo: “Tande e konprann;
In poklical je množico ter jim rekel: »Poslušajte in razumite:
11 Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”
›Ni to, kar gre v usta, [kar] omadežuje človeka, temveč to, kar prihaja iz ust, to omadežuje človeka.‹«
12 Alò, disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Èske Ou konnen ke Farizyen yo te blese lè yo te tande pawòl sa a?”
Tedaj so prišli njegovi učenci in mu rekli: »Ali veš, da so bili farizeji, potem ko so slišali to govorjenje, užaljeni?«
13 Men Li te reponn yo e di: “Chak plant ke Papa M pa plante, ap vin rache.
Toda odgovoril je in rekel: »Vsaka rastlina, ki je ni vsadil moj nebeški Oče, bo izkoreninjena.
14 Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”
Pustite jih pri miru. Slepi voditelji slepih so. Če pa slepi vodi slepega, bosta oba padla v jarek.«
15 Pierre te reponn, e te di L: “Eksplike nou parabòl sa a.”
Potem je odgovoril Peter in mu rekel: »Pojasni nam to prispodobo.«
16 Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan?
Jezus pa je rekel: »Ali ste tudi vi še vedno brez razumevanja?
17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine?
Ali še vedno ne razumete, da karkoli vstopi pri ustih, gre v trebuh in je vrženo ven, v zunanje stranišče?
18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
Toda te besede, ki izvirajo iz ust, prihajajo iz srca in te omadežujejo človeka.
19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.
Kajti iz srca izvirajo zle misli, umori, zakonolomstva, prešuštva, tatvine, kriva pričevanja, bogokletja.
20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
To so stvari, ki omadežujejo človeka, toda jesti z neumitimi rokami človeka ne omadežuje.«
21 Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa Tyr ak Sidon.
Potem je Jezus odšel od tam in odšel v tirske in sidónske kraje.
22 Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”
In glej, ženska iz Kánaana je prišla iz teh istih krajev ter vpila k njemu, rekoč: »Usmili se me, oh Gospod, ti Davidov Sin. Moja hči je boleče nadlegovana od hudiča.«
23 Men Li pa t reponn li yon mo. Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.
Toda on ji ni odgovoril niti besede. In prišli so njegovi učenci ter ga rotili, rekoč: »Pošlji jo proč, ker vpije za nami.«
24 Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”
Toda odgovoril je in rekel: »Nisem poslan [k nikomur], razen k izgubljenim ovcam Izraelove hiše.«
25 Men fanm nan te vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”
Potem je prišla in ga oboževala, rekoč: »Gospod, pomagaj mi.«
26 Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”
Toda odgovoril je in rekel: »Ni primerno vzeti kruha otrokom in ga vreči psom.«
27 Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”
Ona pa je rekla: »Res je, Gospod, vendar psi jedo od drobtinic, ki padajo z mize njihovih gospodarjev.«
28 Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.
Tedaj je Jezus odgovoril in ji rekel: »Oh žena, velika je tvoja vera, zgodi naj se ti, kakor hočeš.« In njena hči je bila ozdravljena od točno tiste ure.
29 Lè Li kite la, Jésus te ale bò kote Lanmè Galilée a. Li te monte yon mòn e Li te chita la.
In Jezus je odšel od tam ter prišel v bližino Galilejskega morja in odšel na goro ter se tam usedel.
30 Gran foul la te vin kote Li. Yo t ap mennen avèk yo sila ki te bwete, kokobe, avèg, bèbè ak anpil lòt. Yo te depoze yo bò kote pye Li e Li te geri yo.
In k njemu so prišle velike množice, ki so imele s seboj tiste, ki so bili hromi, slepi, nemi, pohabljeni ter mnoge druge in polagali so jih k Jezusovim stopalom in jih je ozdravil,
31 Konsa, foul la te vin etone lè yo te wè bèbè pale, kokobe restore, bwete mache, avèk avèg yo ki te wè e yo te bay glwa a Bondye Israël la.
do take mere, da se je množica čudila, ko so videli nemega spregovoriti, pohabljenega biti zdravega, hromega hoditi in slepega videti. In slavili so Izraelovega Boga.
32 Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”
Potem je Jezus svoje učence poklical k sebi in rekel: »Sočutje imam do množice, ker že tri dni vztrajajo z menoj in nimajo nič za jesti; in ne bom jih poslal proč tešče, da na poti ne oslabijo.«
33 Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”
In njegovi učenci so mu rekli: »Od kod naj imamo v divjini tako veliko kruha, za nasičenje tako velike množice?«
34 Jésus te mande yo: “Konbyen pen nou genyen”? Yo te di: “Sèt, avèk kèk ti pwason.”
In Jezus jim reče: »Koliko hlebov imate?« Rekli so: »Sedem in nekaj majhnih rib.«
35 Li te kòmande foul la chita atè.
In velel je množici, naj séde na tla.
36 Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la.
In vzel je sedem hlebov in ribe ter se zahvalil in jih razlomil ter dal svojim učencem, učenci pa množici.
37 Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran panyen byen plen.
In vsi so jedli ter bili nasičeni in pobrali so od ostankov obeda, kar je ostalo, sedem polnih košar.
38 Sila ki te manje yo te kat mil gason plis fanm avèk timoun.
In teh, ki so jedli, je bilo štiri tisoč mož, poleg žensk in otrok.
39 Apre Li voye foul la ale, Li te monte nan yon kannòt e te ale nan rejyon Magadan nan.
In odpustil je množico ter stopil na ladjo in prišel v magadánske kraje.

< Matye 15 >