< Matye 14 >
1 Nan lè sa a, Hérode, tetrak la, te tande nouvèl a Jésus.
Ngalesosikhathi uHerodi umtetrarki wezwa indumela kaJesu,
2 Konsa, Li te di a sèvitè pa li yo: “Se Jean Baptiste sa a ye. Li gen tan leve soti vivan nan lanmò. Se pou sa li kapab fè tout mirak sa yo.”
wasesithi ezincekwini zakhe: Lo nguJohane uMbhabhathizi; yena uvukile kwabafileyo, kungakho-ke imisebenzi yamandla isebenza kuye.
3 Paske lè Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe.
Ngoba uHerodi wayembambile uJohane wambopha wamfaka entolongweni, ngenxa kaHerodiyasi umkaFiliphu umfowabo;
4 Paske Jean t ap di li ke li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm.
ngoba uJohane wayethe kuye: Kawuvunyelwa ukuba laye.
5 Epi malgre ke Hérode te vle touye li, li te pè pèp la paske yo te konsidere li kon yon pwofèt.
Njalo efuna ukumbulala, wesaba ixuku, ngoba lalimphatha njengomprofethi.
6 Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan.
Kodwa kwathi kugcinwa usuku lokuzalwa kukaHerodi, indodakazi kaHerodiyasi yagida phakathi kwabo, yamthokozisa uHerodi.
7 Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li.
Ngakho wathembisa ngesifungo ukuyinika loba yini ezayicela.
8 Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”
Kodwa yona, isilayiwe ngunina, yathi: Ngiphe lapha emganwini ikhanda likaJohane uMbhabhathizi.
9 Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo.
Inkosi yasisiba losizi, kodwa ngenxa yezifungo langalabo ababehlezi layo ekudleni yalaya ukuthi inikwe.
10 Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an.
Yasithuma yamquma uJohane ikhanda entolongweni.
11 Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l.
Ikhanda lakhe laselilethwa ngomganu, lanikwa intombi; njalo yona yalisa kunina.
12 Disip li yo te vin pran kò a e te antere l. Apre, yo te ale bay rapò a Jésus.
Kwasekusiza abafundi bakhe bathatha isidumbu, basingcwaba; basebesuka bambikela uJesu.
13 Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
UJesu esezwile wasuka lapho ngomkhumbi waya endaweni eyinkangala eyedwa; kodwa amaxuku ekuzwa amlandela ngenyawo evela emizini.
14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.
UJesu esephumile wabona ixuku elikhulu, waba lesihelo ngabo, wasilisa abagulayo babo.
15 Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”
Kwathi sekuhlwile abafundi bakhe beza kuye, bathi: Lindawo iyinkangala, lesikhathi sesihambile; liyekele ixuku lihambe, ukuze baye emizaneni bazithengele ukudla.
16 Men Jésus te di yo: “Yo pa bezwen ale. Nou menm, bay yo manje!”
Kodwa uJesu wathi kubo: Kakuswelekanga ukuthi bahambe; banikeni lina ukuthi badle.
17 Yo te di Li: “Nou gen sèlman senk pen ak de grenn pwason.”
Kodwa bathi kuye: Kasila lapha ngaphandle kwezinkwa ezinhlanu lenhlanzi ezimbili.
18 Li te di: “Pote yo ban Mwen!”
Wasesithi: Ziletheni lapha kimi.
19 Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la.
Waselaya amaxuku ukuthi ahlale phansi etshanini, wathatha izinkwa ezinhlanu lenhlanzi ezimbili, wakhangela phezulu ezulwini, wabusisa, esezihlephule wabanika abafundi izinkwa, labafundi bapha amaxuku.
20 Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz panyen byen plen.
Basebesidla bonke, basutha; badobha imvuthu ezazisele, izitsha ezigcweleyo ezilitshumi lambili.
21 Te gen anviwon senk-mil gason ki te manje san konte fanm avèk timoun.
Lalabo abasebedlile babengamadoda angaba zinkulungwane ezinhlanu, ngaphandle kwabesifazana labantwana.
22 Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale.
Njalo uJesu wahle wacindezela abafundi bakhe ukuthi bangene emkhunjini, njalo bamqalele ukuya ngaphetsheya, esayekela amaxuku ahambe.
23 Apre li te voye foul la ale, Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li.
Kwathi eseyekele amaxuku ahamba, wenyukela entabeni eyedwa ukuze akhuleke; kwathi sekuhlwile, wayeyedwa lapho.
24 Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen move.
Kodwa umkhumbi wawusuphakathi kolwandle, utshukunyiswa ngamagagasi; ngoba umoya wawuphambene labo.
25 Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a.
Kwathi ngesikhathi somlindo wesine wobusuku uJesu weza kubo, ehamba phezu kolwandle.
26 Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz.
Kodwa kwathi abafundi bembona ehamba phezu kolwandle bethuka, bathi: Lithonga. Basebekhala ngokwesaba.
27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
Kodwa uJesu wahle wakhuluma labo, wathi: Manini isibindi; yimi; lingesabi.
28 Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”
UPetro wasemphendula wathi: Nkosi, uba kunguwe, ngilaya ukuthi ngize kuwe phezu kwamanzi.
29 Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus.
Wasesithi: Woza. UPetro wasesehla emkhunjini wahamba phezu kwamanzi, ukuze aye kuJesu.
30 Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”
Kodwa ebona umoya olamandla wesaba; wathi eseqala ukutshona wakhala, wathi: Nkosi, ngisindisa!
31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?”
Njalo uJesu wahle welula isandla, wambamba, wathi kuye: Wena olokukholwa okuncinyane, uthandabuzelani?
32 Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann.
Sebengenile emkhunjini, umoya wathula.
33 Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Fis Bondye a!”
Abasemkhunjini basebesiza bamkhonza bathi: Ngeqiniso wena uyiNdodana kaNkulunkulu.
34 Lè yo te fin travèse, yo te rive atè nan Génésareth.
Kwathi sebechaphile bafika elizweni leGenesaretha.
35 Lè moun nan plas sa yo te rekonèt Li, yo te voye nouvèl nan tout ozanviwon an, e yo te pote bay Li tout sila ki te malad yo.
Esemazi amadoda akuleyondawo athumela ilizwi kuso sonke lesosigaba esizingelezeleyo, aletha kuye bonke abagulayo.
36 Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te touche L yo te geri nèt.
Basebemncenga, ukuthi bathinte nje umphetho wesembatho sakhe; njalo bonke abathintayo basiliswa.