< Matye 13 >

1 Nan jou sa a, Jésus te sòti nan kay la e te chita bò kote lanmè a.
و در همان روز، عیسی از خانه بیرون آمده، به کناره دریا نشست۱
2 Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a.
و گروهی بسیار بر وی جمع آمدند، بقسمی که او به کشتی سوار شده، قرار گرفت و تمامی آن گروه بر ساحل ایستادند؛۲
3 Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn.
و معانی بسیار به مثلها برای ایشان گفت: «وقتی برزگری بجهت پاشیدن تخم بیرون شد.۳
4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo.
و چون تخم می‌پاشید، قدری در راه افتاد ومرغان آمده، آن را خوردند.۴
5 Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè.
و بعضی برسنگلاخ جایی که خاک زیاد نداشت افتاده، بزودی سبز شد، چونکه زمین عمق نداشت،۵
6 Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen.
وچون آفتاب برآمد بسوخت و چون ریشه نداشت خشکید.۶
7 Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo.
و بعضی در میان خارها ریخته شد وخارها نمو کرده، آن را خفه نمود.۷
8 Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa.
و برخی درزمین نیکو کاشته شده، بار آورد، بعضی صد وبعضی شصت و بعضی سی.۸
9 Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”
هر‌که گوش شنوادارد بشنود.»۹
10 Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”
آنگاه شاگردانش آمده، به وی گفتند: «ازچه جهت با اینها به مثلها سخن می‌رانی؟»۱۰
11 Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt.
درجواب ایشان گفت: «دانستن اسرار ملکوت آسمان به شما عطا شده است، لیکن بدیشان عطانشده،۱۱
12 Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l.
زیرا هر‌که دارد بدو داده شود و افزونی یابد. اما کسی‌که ندارد آنچه دارد هم از او گرفته خواهد شد.۱۲
13 Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann.
از این جهت با اینها به مثلها سخن می گویم که نگرانند و نمی بینند و شنوا هستند ونمی شنوند و نمی فهمند.۱۳
14 Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di: ‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann; nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.
و در حق ایشان نبوت اشعیا تمام می‌شود که می‌گوید: “به سمع خواهید شنید و نخواهید فهمید و نظر کرده، خواهید نگریست و نخواهید دید.۱۴
15 Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò. Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo; otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’
زیرا قلب این قوم سنگین شده و به گوشها به سنگینی شنیده‌اند و چشمان خود را بر هم نهاده‌اند، مبادابه چشمها ببینند و به گوشها بشنوند و به دلهابفهمند و بازگشت کنند و من ایشان را شفا دهم.”۱۵
16 “Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande.
لیکن خوشابه‌حال چشمان شما زیرا که می‌بینند و گوشهای شما زیرا که می‌شنوند۱۶
17 Anverite, Mwen di nou ke anpil pwofèt ak moun ladwati te vle wè sa ke nou menm wè a, men yo pa t janm wè; e pou tande sa ke nou tande a, men yo pa t tande l.
زیرا هرآینه به شما می‌گویم بسا انبیا وعادلان خواستند که آنچه شما می‌بینید، ببینندو ندیدند و آنچه می‌شنوید، بشنوند ونشنیدند.۱۷
18 “Pou sa, tande parabòl moun ki t ap simen an.
پس شما مثل برزگر را بشنوید.۱۸
19 Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la.
کسی‌که کلمه ملکوت را شنیده، آن را نفهمید، شریرمی آید و آنچه در دل او کاشته شده است می‌رباید، همان است آنکه در راه کاشته شده است.۱۹
20 Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa;
و آنکه بر سنگلاخ ریخته شده، اوست که کلام را شنیده، فی الفور به خشنودی قبول می‌کند،۲۰
21 men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite.
و لکن ریشه‌ای در خود ندارد، بلکه فانی است و هرگاه سختی یا صدمه‌ای به‌سبب کلام بر او وارد آید، در ساعت لغزش می‌خورد.۲۱
22 Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi. (aiōn g165)
و آنکه در میان خارها ریخته شد، آن است که کلام را بشنود واندیشه این جهان و غرور دولت، کلام را خفه کند و بی‌ثمر گردد. (aiōn g165)۲۲
23 Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”
و آنکه درزمین نیکو کاشته شد، آن است که کلام را شنیده، آن را می‌فهمد و بارآور شده، بعضی صد و بعضی شصت و بعضی سی ثمر می‌آورد.»۲۳
24 Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: “Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li.
و مثلی دیگر بجهت ایشان آورده، گفت: «ملکوت آسمان مردی را ماند که تخم نیکو درزمین خود کاشت:۲۴
25 Men pandan ouvriye li yo t ap dòmi, lènmi li yo te vin simen zèb pikan pami ble a, e ale.
و چون مردم در خواب بودند دشمنش آمده، در میان گندم، کرکاس ریخته، برفت.۲۵
26 Men lè ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou.
و وقتی که گندم رویید و خوشه برآورد، کرکاس نیز ظاهر شد.۲۶
27 Epi esklav a mèt tè yo te vin di l: ‘Mèt, èske nou pa t simen bon semans nan chan ou an? Kijan konsa li vin plen avèk zèb pikan sa yo.’
پس نوکران صاحب‌خانه آمده، به وی عرض کردند: “ای آقامگر تخم نیکو در زمین خویش نکاشته‌ای؟ پس ازکجا کرکاس بهم رسانید؟”۲۷
28 “Epi Li te di yo: ‘Yon lènmi te fè sa!’ E esklav yo te di li: ‘Ou pa vle nou ale ranmase yo?’
ایشان را فرمود: “این کار دشمن است.” عرض کردند: “آیامی خواهی برویم آنها را جمع کنیم؟”۲۸
29 “Men li te di yo: ‘Non, paske pandan nou ap ranmase zèb pikan yo, nou kab derasinen ble a tou.
فرمود: “نی، مبادا وقت جمع کردن کرکاس، گندم را باآنها برکنید.۲۹
30 Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men ranmase ble a pou mete li nan depo mwen.’”
بگذارید که هر دو تا وقت حصاد باهم نمو کنند و در موسم حصاد، دروگران راخواهم گفت که اول کرکاسها را جمع کرده، آنهارا برای سوختن بافه‌ها ببندید اما گندم را در انبارمن ذخیره کنید.”» مثل دانه خردل۳۰
31 Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li.
بار دیگر مثلی برای ایشان زده، گفت: «ملکوت آسمان مثل دانه خردلی است که شخصی گرفته، در مزرعه خویش کاشت.۳۱
32 Malgre grenn sa a pi piti pase tout lòt grenn yo, lè li vin grandi, li pi gran pase tout lòt plant nan jaden an, e te vin fè yon pyebwa kote tout zwazo ki vole anlè vin fè nich nan branch li yo.”
وهرچند از سایر دانه‌ها کوچکتر است، ولی چون نمو کند بزرگترین بقول است و درختی می‌شودچنانکه مرغان هوا آمده در شاخه هایش آشیانه می گیرند.»۳۲
33 Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”
و مثلی دیگر برای ایشان گفت که ملکوت آسمان خمیرمایه‌ای را ماند که زنی آن را گرفته، در سه کیل خمیر پنهان کرد تا تمام، مخمر گشت.۳۳
34 Tout bagay sa yo, Jésus te pale a foul la an parabòl, epi Li pa t pale avèk yo san parabòl.
همه این معانی را عیسی با آن گروه به مثلهاگفت و بدون مثل بدیشان هیچ نگفت،۳۴
35 Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di: “Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl; Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”
تا تمام گردد کلامی که به زبان نبی گفته شد: «دهان خودرا به مثلها باز می‌کنم و به چیزهای مخفی شده ازبنای عالم تنطق خواهم کرد.»۳۵
36 Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”
آنگاه عیسی آن گروه را مرخص کرده، داخل خانه گشت و شاگردانش نزد وی آمده، گفتند: «مثل کرکاس مزرعه را بجهت ما شرح فرما.»۳۶
37 Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan.
در جواب ایشان گفت: «آنکه بذر نیکومی کارد پسر انسان است،۳۷
38 Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki fis a mechan an.
و مزرعه، این جهان است و تخم نیکو ابنای ملکوت و کرکاسها، پسران شریرند.۳۸
39 Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. (aiōn g165)
و دشمنی که آنها را کاشت، ابلیس است و موسم حصاد، عاقبت این عالم ودروندگان، فرشتگانند. (aiōn g165)۳۹
40 Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo. (aiōn g165)
پس همچنان‌که کرکاسها را جمع کرده، در آتش می‌سوزانند، همانطور در عاقبت این عالم خواهد شد، (aiōn g165)۴۰
41 Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste.
که پسر انسان ملائکه خود را فرستاده، همه لغزش دهندگان و بدکاران را جمع خواهند کرد،۴۱
42 L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo.
و ایشان را به تنور آتش خواهند انداخت، جایی که گریه و فشار دندان بود.۴۲
43 Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.
آنگاه عادلان در ملکوت پدر خود مثل آفتاب، درخشان خواهند شد. هر‌که گوش شنوا دارد بشنود.۴۳
44 “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
«و ملکوت آسمان گنجی را ماند، مخفی شده در زمین که شخصی آن را یافته، پنهان نمودو از خوشی آن رفته، آنچه داشت فروخت و آن زمین را خرید.۴۴
45 “Ankò, wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl.
«باز ملکوت آسمان تاجری را ماند که جویای مرواریدهای خوب باشد،۴۵
46 Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.
و چون یک مروارید گرانبها یافت، رفت و مایملک خود رافروخته، آن را خرید.۴۶
47 “Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason.
«ایض ملکوت آسمان مثل دامی است که به دریا افکنده شود و از هر جنسی به آن درآید،۴۷
48 Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo.
وچون پر شود، به کناره‌اش کشند و نشسته، خوبهارا در ظروف جمع کنند و بدها را دور اندازند.۴۸
49 Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo. (aiōn g165)
بدینطور در آخر این عالم خواهد شد. فرشتگان بیرون آمده، طالحین را از میان صالحین جدا کرده، (aiōn g165)۴۹
50 Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.
ایشان را در تنور آتش خواهندانداخت، جایی که گریه و فشار دندان می‌باشد.»۵۰
51 “Èske nou konprann tout bagay sa yo?” Yo reponn Li: “Wi”.
عیسی ایشان را گفت: «آیا همه این امور رافهمیده‌اید؟» گفتندش: «بلی خداوندا.»۵۱
52 Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”
به ایشان گفت: «بنابراین، هر کاتبی که در ملکوت آسمان تعلیم یافته است، مثل صاحب‌خانه‌ای است که از خزانه خویش چیزهای نو و کهنه بیرون می‌آورد.»۵۲
53 Lè Jésus te fini avèk parabòl sa yo, li kite la.
و چون عیسی این مثلها را به اتمام رسانید، از آن موضع روانه شد.۵۳
54 Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo?
و چون به وطن خویش آمد، ایشان را در کنیسه ایشان تعلیم داد، بقسمی که متعجب شده، گفتند: «از کجا این شخص چنین حکمت و معجزات را بهم رسانید؟۵۴
55 Se pa pitit a chapant la? Èske yo pa rele manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas?
آیا این پسر نجار نمی باشد؟ و آیا مادرش مریم نامی نیست؟ و برادرانش یعقوب و یوسف و شمعون ویهودا؟۵۵
56 Epi sè Li yo; èske yo tout pa avèk nou? Ebyen, kote nonm sa a twouve tout bagay sa yo?”
و همه خواهرانش نزد ما نمی باشند؟ پس این همه را از کجا بهم رسانید؟»۵۶
57 Konsa, yo te pran ofans de Li. Men Jésus te di yo: “Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.”
و درباره او لغزش خوردند. لیکن عیسی بدیشان گفت: «نبی بی‌حرمت نباشد مگر در وطن و خانه خویش.»۵۷
58 Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.
و به‌سبب بی‌ایمانی‌ایشان معجزه بسیار در آنجا ظاهر نساخت.۵۸

< Matye 13 >