< Mak 9 >

1 Jésus te di yo: “Anverite Mwen di nou, gen kèk moun nan sila ki kanpe la yo ki p ap goute lanmò jouk lè yo fin wè wayòm Bondye a rive avèk pouvwa.”
Jeesus ütles neile: „Ma ütlen teile tõtt: mõni neist, kes siin seisab, ei sure enne, kui näeb Jumala riigi võimsat tulekut.“
2 Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm.
Kuue päeva pärast võttis Jeesus Peetruse, Jaakobuse ja Johannese endaga kaasa ja viis nad kõrgele mäele, et omaette olla. Tema välimus muutus täiesti.
3 Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè.
Tema riided särasid erevalgelt, valgemalt, kui keegi maa peal suudab riiet pleegitada.
4 Konsa, Élie ak Moïse te parèt devan yo ansanm, e yo t ap pale avèk Jésus.
Siis ilmusid nende ette ka Eelija ja Mooses ning vestlesid Jeesusega.
5 Pierre te reponn pou di Jésus: “Mèt, se bon pou nou isit la; annou fè twa tabènak, youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Élie.”
Peetrus hakkas rääkima ja ütles: „Rabi, meil on siin nii hea olla! Peaksime varjualused tegema − ühe sinule, ühe Moosesele ja ühe Eelijale.“
6 Paske li pa t konnen ki repons pou bay, akoz kè yo te plen avèk laperèz.
(Tegelikult ei teadnud ta, mida öelda, sest nad kõik olid väga kohkunud!)
7 Konsa, yon nwaj te fòme ki te vin mete yo nan fon lonbraj, e yon vwa te vin sòti nan nwaj la, “Sa se Fis Mwen; koute Li!”
Siis kattis neid pilv ja pilvest kostis hääl, mis ütles: „See on minu Poeg, keda ma armastan. Kuulake teda!“
8 Nan menm moman sa a, yo te gade toupatou e pa t wè pèsòn avèk yo ankò, sof ke Jésus sèl.
Seejärel, kui nad jälgisid, ei olnud järsku enam kedagi. Ainult Jeesus oli nendega koos.
9 Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.
Kui nad mäe otsast alla tulid, ütles Jeesus, et nad ei räägiks nähtust mitte kellelegi enne, kui nad on näinud inimese Poja surnuist üles tõusvat.
10 Yo te reflechi anpil sou pawòl sa a, e te diskite youn avèk lòt sou sa sa vle di: “leve soti nan lanmò an”.
Nad jätsid selle enda teada, kuid nad vaidlesid omavahel, mida tähendas surnuist üles tõusmine.
11 Yo te mande Li: “Poukisa skrib yo di ke Élie oblije vini avan an?”
„Miks väidavad vaimulikud õpetajad, et kõigepealt peab tulema Eelija?“küsisid nad tema käest.
12 Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?
„Tõsi on, et Eelija tuleb kõigepealt, et kõik ette valmistada, “vastas Jeesus. „Aga miks siis öeldakse Pühakirjas, et inimese Poeg peab nii palju kannatama ja teda põlatakse?
13 Men Mwen di nou Élie vrèman gen tan vini, e yo te fè l sa ke yo te pito, jan ke sa ekri sou li a.”
Aga ma ütlen teile, et Eelija on tulnud ja nad ahistasid teda, kuidas tahtsid, just nad Pühakiri ette kuulutas.“
14 Lè yo te retounen kote disip yo, yo te wè yon gwo foul ki te antoure yo, e kèk skrib ki t ap diskite avèk yo.
Kui nad teiste jüngrite juurde tagasi jõudsid, nägid nad, et nende ümber oli suur rahvahulk ja mõned vaimulikud õpetajad vaidlesid nendega.
15 Imedyatman, lè tout foul la te wè Li, yo te etone, e yo te kouri vini salye Li.
Kohe kui rahvas Jeesust nägi, haaras neid täielik aukartus ja nad jooksid teda tervitama.
16 E Li te mande yo: “Kisa nou ap diskite avèk yo la a?”
„Mille üle te nendega vaidlete?“küsis Jeesus neilt.
17 Epi yon moun nan foul la te reponn Li: “Mèt, mwen te pote bay Ou fis Mwen an, ki gen yon move lespri ki fè l bèbè;
Üks inimene rahva seast vastas: „Rabi, ma tõin oma poja sinu juurde. Tal on kuri vaim, kes ei lase tal rääkida.
18 epi lè li sezi l, li voye li atè. Li kimen nan bouch e manje dan l; kò li vin tou rèd. Mwen te pale disip Ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
Kui vaim ta enda võimusesse haarab, heidab ta tema maha, nii et ta ajab suust vahtu välja, kiristab hambaid ja jääb kangeks. Palusin su jüngritel kurja vaimu temast välja ajada, aga nad ei suutnud seda teha.“
19 Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”
„Sina uskmatu rahvas!“vastas Jeesus. „Kui kaua ma pean siin teie keskel olema? Kui kaua ma pean teid taluma? Tooge ta siia minu juurde!“
20 Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.
Niisiis tõid nad ta Jeesuse juurde. Kui kuri vaim nägi Jeesust, heitis ta poisi kohe krampides maha, kus poiss keerles ja ajas suust vahtu välja.
21 Jésus te mande papa li: “Depi kilè bagay sa a konn rive li?” Li te di: “Depi li timoun.
„Kui kaua tal see juba on?“küsis Jeesus poisi isalt. „Väikesest peale, “vastas isa.
22 Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”
„Vaim heidab ta sageli tulle, et teda surnuks põletada, või vette, et teda ära uputada. Palun halasta meie peale ja aita, kui sa suudad.“
23 Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”
„Miks sa ütled „kui sa suudad“?“vastas Jeesus. „Kes usub, selle päralt on kõik vägi!“
24 Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”
„Ma usun sinusse, “hüüdis mees kohe. „Aita, et ma ei oleks uskmatu.“
25 Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”
Jeesus, nähes, et rahvahulk lähenes, käskis kurja vaimu: „Sina, vaim, kes teed inimese kurdiks ja tummaks: ma käsin sul tulla temast välja ja mitte kunagi enam tagasi tulla.“
26 Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”
Vaim karjatas ja heitis poisi rasketes krampides maha. Siis tuli vaim poisist välja ja poiss jäi temast maha nagu surnu, nii et paljud arvasid, et ta on surnud.
27 Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.
Kuid Jeesus võttis poisil käest ja aitas ta üles ning poiss tõusis püsti.
28 Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”
Hiljem, kui Jeesus oli läinud majja sisse, küsisid jüngrid temalt omaette olles: „Miks meie ei suutnud kurja vaimu välja ajada?“
29 Li te di yo: “Kalite sila a p ap kab sòti pa anyen, sof ke lapriyè.”
„Seda sugu ei saa muidu välja ajada kui vaid palvega, “ütles Jeesus neile.
30 Depi la yo te ale pase nan tout Galilée, e Li pa t vle ke pèsòn konnen anyen sou sa.
Nad lahkusid ja läksid läbi Galilea. Jeesus ei tahtnud, et keegi teaks, kus ta on,
31 Paske Li t ap enstwi disip Li yo e t ap di yo: “Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm, e yo va touye Li. Epi lè Li fin touye, L ap resisite ankò twa jou pita.”
sest ta õpetas oma jüngreid. „Inimese Poeg reedetakse ja antakse ametivõimude kätte, “rääkis ta neile. „Ta tapetakse, kuid kolme päeva pärast tõuseb ta jälle surnuist üles.“
32 Men yo pa t konprann pawòl sila a, e yo te pè mande L.
Nad ei saanud aru, mida see tähendas, ning nad olid liiga hirmul, et temalt selle kohta küsida.
33 Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?”
Nad jõudsid Kapernauma ja kui nad olid majas, kus nad peatusid, küsis Jeesus neilt: „Millest te tee peal rääkisite?“
34 Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.
Aga nad ei öelnud midagi, sest nad olid vaielnud selle üle, kes on kõige tähtsam.
35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”
Jeesus istus maha ja kutsus kaksteist jüngrit kokku. „Kui keegi tahab olla esimene, peab ta olema viimane, kõigi teiste teenija, “rääkis ta neile.
36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo:
Ta võttis väikese lapse ja pani lapse nende keskele seisma. Siis võttis ta lapse sülle ja kallistas teda ning ütles jüngritele:
37 “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”
„Kes iganes võtab sellise lapse minu nimel vastu, võtab vastu mind, ja kes võtab vastu minu, ei võta vastu mind, vaid selle, kes minu on läkitanud.“
38 Jean te di Li: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase move lespri yo nan non Ou, e nou te eseye fè l sispann, paske li pa t ap swiv nou.”
Johannes ütles Jeesusele: „Rabi, me nägime kedagi sinu nimel kurje vaime välja ajamas. Üritasime teda takistada, sest ta ei ole meie hulgast.“
39 Men Jésus te di: “Pa anpeche li, paske pa gen moun k ap fè yon mirak nan non Mwen, e apre byen vit ki ka pale mal de Mwen.
„Ärge takistage teda, “vastas Jeesus. „Sest mitte keegi, kes teeb minu nimel imetegusid, ei saa samal ajal mind needa.
40 Paske sila ki pa kont nou an, li pou nou.
Kes ei ole meie vastu, on meie poolt.
41 Paske nenpòt moun ki bay nou yon tas dlo pou bwè akoz nou nan Kris yo, anverite Mwen di nou, li p ap pèdi rekonpans li.
Kes iganes annab karikatäie vett minu nimel, sest te kuulute Kristusele, ei jää oma tasust ilma, uskuge mind.
42 “Nenpòt moun ki fè youn nan pitit sa yo ki kwè vin chape tonbe, li t ap pi bon pou li si yo te mete yon gwo wòch moulen nan kou li, e jete l nan lanmè.
Aga kui keegi sunnib ühe neist väikestest, kes minusse usub, patustama, siis oleks talle parem, kui talle seotaks suur veskikivi kaela ja ta heidetaks merre.
43 “Si men nou fè nou chape tonbe, koupe l nèt; li pi bon pou nou ta antre nan lavi kokobe, pase avèk de men, pou nou ta jete nan twou san fon an, nan lanfè ki “pa kapab etenn nan, (Geenna g1067)
Kui su käsi sunnib sind patustama, lõika ta maha! Parem on minna vigasena igavesse ellu kui jõuda mõlema käega Gehennasse, tulle, mida ei saa kustutada. (Geenna g1067)
44 ‘kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.’
45 “E si pye nou fè nou chape tonbe, koupe li nèt; li pi bon pou nou antre nan lavi bwete, pase genyen tou de pye nou, e vin jete nan lanfè, (Geenna g1067)
Kui su jalg sunnib sind patustama, lõika ta maha! Parem on minna lombakana igavesse ellu kui jõuda kahel jalal Gehennasse. (Geenna g1067)
46 kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.
47 “Si zye nou fè nou chape tonbe, retire li jete; li pi bon pou nou antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl zye, pase jete nan lanfè avèk de zye. (Geenna g1067)
Kui su silm paneb sind patustama, õngitse ta välja! Parem on minna ainult ühe silmaga Jumala riiki, kui lasta end mõlema silmaga Gehennasse heita, (Geenna g1067)
48 Kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.
kus uss ei sure ja tuli ei kustu.
49 “Paske tout moun va vin sale ak dife, e chak sakrifis ap sizonnen ak sèl.
Kõiki „soolatakse“tulega.
50 “Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”
Sool on hea, aga kui see kaotab oma maitse, kuidas saab see jälle soolaseks? Te peate olema nagu sool ning elama üksteisega rahus.“

< Mak 9 >