< Mak 8 >
1 Nan jou sa yo, lè te gen ankò yon gwo foul ki pa t gen anyen pou yo manje, Jésus te rele disip Li yo. Li te di yo:
В те дни, когда собралось весьма много народа и нечего было им есть, Иисус, призвав учеников Своих, сказал им:
2 “Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje.
жаль Мне народа, что уже три дня находятся при Мне, и нечего им есть.
3 Si Mwen voye yo lakay yo grangou, y ap fennen nan wout la, e gen nan yo ki sòti yon bon distans.”
Если не евшими отпущу их в домы их, ослабеют в дороге, ибо некоторые из них пришли издалека.
4 Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?
Ученики Его отвечали Ему: откуда мог бы кто взять здесь в пустыне хлебов, чтобы накормить их?
5 Li te mande yo: “Konbyen moso pen nou genyen?” Yo te di Li: “Sèt”.
И спросил их: сколько у вас хлебов? Они сказали: семь.
6 Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la.
Тогда велел народу возлечь на землю; и, взяв семь хлебов и воздав благодарение, преломил и дал ученикам Своим, чтобы они раздали; и они раздали народу.
7 Anplis yo te genyen kèk ti pwason. Lè L fin beni yo, Li te kòmande sa yo anplis pou separe bay.
Было у них и немного рыбок: благословив, Он велел раздать и их.
8 Yo te manje e yo te satisfè. Yo te ranmase sèt gwo panyen plen avèk moso kase ki te rete.
И ели, и насытились; и набрали оставшихся кусков семь корзин.
9 Te gen anviwon kat mil ki te la. Konsa, Li te voye yo ale.
Евших же было около четырех тысяч. И отпустил их.
10 Nan menm moman sa a, Li te antre nan kannòt la avèk disip Li yo, pou te rive nan peyi yo rele Dalmanutha a.
И тотчас войдя в лодку с учениками Своими, прибыл в пределы Далмануфские.
11 Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.
Вышли фарисеи, начали с Ним спорить и требовали от Него знамения с неба, искушая Его.
12 Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.”
И Он, глубоко вздохнув, сказал: для чего род сей требует знамения? Истинно говорю вам, не дастся роду сему знамение.
13 Lè L fin kite yo, Li te monte kannòt la pou te ale lòtbò.
И, оставив их, опять вошел в лодку и отправился на ту сторону.
14 Yo te bliye pran pen, e pa t gen plis ke yon moso nan kannòt la avèk yo.
При сем ученики Его забыли взять хлебов и кроме одного хлеба не имели с собою в лодке.
15 Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”
А Он заповедал им, говоря: смотрите, берегитесь закваски фарисейской и закваски Иродовой.
16 Konsa, yo te kòmanse diskite youn avèk lòt pwoblèm ke yo pa t gen pen an.
И, рассуждая между собою, говорили: это значит, что хлебов нет у нас.
17 Jésus te konprann sa byen, e te di yo: “Poukisa nou ap pale afè pen an? Èske nou poko wè ni konprann? Èske nou gen kè di?
Иисус, уразумев, говорит им: что рассуждаете о том, что нет у вас хлебов? Еще ли не понимаете и не разумеете? Еще ли окаменено у вас сердце?
18 Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje
Имея очи, не видите? имея уши, не слышите? и не помните?
19 lè Mwen te kase senk pen yo pou senk mil moun, konbyen panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?” Yo te di Li: “Douz”.
Когда Я пять хлебов преломил для пяти тысяч человек, сколько полных коробов набрали вы кусков? Говорят Ему: двенадцать.
20 “Epi lè Mwen te kase sèt pou kat mil moun yo, konbyen gwo panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?” Yo te di li: “Sèt”.
А когда семь для четырех тысяч, сколько корзин набрали вы оставшихся кусков. Сказали: семь.
21 Li te mande yo: “Èske nou poko menm konprann?”
И сказал им: как же не разумеете?
22 Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.
Приходит в Вифсаиду; и приводят к Нему слепого и просят, чтобы прикоснулся к нему.
23 An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”
Он, взяв слепого за руку, вывел его вон из селения и, плюнув ему на глаза, возложил на него руки и спросил его: видит ли что?
24 Konsa, li te leve tèt li gade e te di: “Mwen wè moun. Konsi mwen wè yo tankou pyebwa k ap mache toupatou.”
Он, взглянув, сказал: вижу проходящих людей, как деревья.
25 Ankò Li te mete men Li sou zye li. Li te gade byen fiks, e li te vin restore. Konsa, li te wè tout bagay byen klè.
Потом опять возложил руки на глаза ему и велел ему взглянуть. И он исцелел и стал видеть все ясно.
26 Li te voye li lakay li e te di: “Pa menm antre nan vil la.”
И послал его домой, сказав: не заходи в селение и не рассказывай никому в селении.
27 Jésus te sòti avèk disip Li yo pou lantre nan vilaj Césarée Philippe. Sou wout la Li te diskite ak disip Li yo. Li te mande yo: “Kilès moun yo di ke Mwen ye?”
И пошел Иисус с учениками Своими в селения Кесарии Филипповой. Дорогою Он спрашивал учеников Своих: за кого почитают Меня люди?
28 Yo te di Li: “Jean Baptiste, e kèk lòt Élie, men lòt, youn nan pwofèt yo”.
Они отвечали: за Иоанна Крестителя; другие же - за Илию; а иные - за одного из пророков.
29 Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”
Он говорит им: а вы за кого почитаете Меня? Петр сказал Ему в ответ: Ты Христос.
30 Konsa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn anyen sou Li menm.
И запретил им, чтобы никому не говорили о Нем.
31 Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rechte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò.
И начал учить их, что Сыну Человеческому много должно пострадать, быть отвержену старейшинами, первосвященниками и книжниками, и быть убиту, и в третий день воскреснуть.
32 Li t ap pale bagay la byen klè. Konsa, Pierre te mennen L akote e te kòmanse repwoche L.
И говорил о сем открыто. Но Петр, отозвав Его, начал прекословить Ему.
33 Men lè l te vire gade dèyè, Li te wè disip Li yo, e Li te repwoche Pierre, e te di l: “Mete ou dèyè M, Satan! Paske ou p ap mete panse ou sou enterè Bondye a, men enterè lòm.”
Он же, обратившись и взглянув на учеников Своих, воспретил Петру, сказав: отойди от Меня, сатана, потому что ты думаешь не о том, что Божие, но что человеческое.
34 Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen.
И, подозвав народ с учениками Своими, сказал им: кто хочет идти за Мною, отвергнись себя, и возьми крест свой, и следуй за Мною.
35 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.
Ибо кто хочет душу свою сберечь, тот потеряет ее, а кто потеряет душу свою ради Меня и Евангелия, тот сбережет ее.
36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tou lemonn men l pèdi nanm li?
Ибо какая польза человеку, если он приобретет весь мир, а душе своей повредит?
37 Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.
Или какой выкуп даст человек за душу свою?
38 “Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”
Ибо кто постыдится Меня и Моих слов в роде сем прелюбодейном и грешном, того постыдится и Сын Человеческий, когда приидет в славе Отца Своего со святыми Ангелами