< Mak 6 >

1 Jésus te kite la. Li te vini nan pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li.
et egressus inde abiit in patriam suam et sequebantur illum discipuli sui
2 Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?”
et facto sabbato coepit in synagoga docere et multi audientes admirabantur in doctrina eius dicentes unde huic haec omnia et quae est sapientia quae data est illi et virtutes tales quae per manus eius efficiuntur
3 Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.
nonne iste est faber filius Mariae frater Iacobi et Ioseph et Iudae et Simonis nonne et sorores eius hic nobiscum sunt et scandalizabantur in illo
4 Konsa, Jésus te di yo: “Yon pwofèt pa janm san onè sof ke nan pwòp vil pa L, pami pwòp fanmi li e nan pwòp kay Li.”
et dicebat eis Iesus quia non est propheta sine honore nisi in patria sua et in cognatione sua et in domo sua
5 Li pa t kab fè anpil mirak la, malgre Li te poze men Li sou kèk moun malad, e Li te geri yo.
et non poterat ibi virtutem ullam facere nisi paucos infirmos inpositis manibus curavit
6 Li te etone pa enkredilite yo. Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon.
et mirabatur propter incredulitatem eorum
7 Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo.
et circumibat castella in circuitu docens et convocavit duodecim et coepit eos mittere binos et dabat illis potestatem spirituum inmundorum
8 Konsa, Li te avèti yo ke yo pa t pou pran anyen pou vwayaj la sof ke yon baton; ni pen, ni yon sak, ni lajan pou mete nan senti yo;
et praecepit eis ne quid tollerent in via nisi virgam tantum non peram non panem neque in zona aes
9 men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.
sed calciatos sandaliis et ne induerentur duabus tunicis
10 Li te di yo: “Nenpòt kote nou antre nan yon kay, rete la jouk lè nou kite vil la.
et dicebat eis quocumque introieritis in domum illic manete donec exeatis inde
11 Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la, souke retire menm pousyè ki anba pye nou kon temwayaj kont yo. Asireman mwen di ou, l ap pi tolerab pou Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a!”
et quicumque non receperint vos nec audierint vos exeuntes inde excutite pulverem de pedibus vestris in testimonium illis
12 Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti.
et exeuntes praedicabant ut paenitentiam agerent
13 Yo t ap chase anpil move lespri, yo t ap onksyone malad yo avèk lwil, e t ap geri yo.
et daemonia multa eiciebant et unguebant oleo multos aegrotos et sanabant
14 Wa Hérode te tande de bagay sa yo pwiske non Li te deja vini byen koni. Moun t ap di ke Jean Baptiste te gen tan leve soti nan lanmò, ki fè L vin gen pouvwa pou fè tout mirak sa yo.
et audivit Herodes rex manifestum enim factum est nomen eius et dicebat quia Iohannes Baptista resurrexit a mortuis et propterea inoperantur virtutes in illo
15 Men lòt t ap di: “Li menm se Élie”. Lòt t ap di: “Li se yon pwofèt, kon youn nan ansyen pwofèt yo”.
alii autem dicebant quia Helias est alii vero dicebant propheta est quasi unus ex prophetis
16 Men lè Hérode te tande sa, Li t ap di: “Jean, tèt de sila ke m te fin koupe a, gen tan resisite!”
quo audito Herodes ait quem ego decollavi Iohannem hic a mortuis resurrexit
17 Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l.
ipse enim Herodes misit ac tenuit Iohannem et vinxit eum in carcere propter Herodiadem uxorem Philippi fratris sui quia duxerat eam
18 Paske Jean t ap di a Hérode: “Li pa pèmèt pou ou gen madanm a frè ou”.
dicebat enim Iohannes Herodi non licet tibi habere uxorem fratris tui
19 Konsa, Hérodias te gen yon kont avèk li, e te vle mete L a lanmò men l pa t kab fè l;
Herodias autem insidiabatur illi et volebat occidere eum nec poterat
20 Paske Hérode te pè Jean, pwiske li te konnen ke li te yon nonm ladwati ki sen, e li te pwoteje l. Lè Hérode te konn koute l, li te konn byen twouble; men li te bay li plezi pou koute l.
Herodes enim metuebat Iohannem sciens eum virum iustum et sanctum et custodiebat eum et audito eo multa faciebat et libenter eum audiebat
21 Men yon jou okazyon an te vin parèt pandan fèt nesans Hérode. Li te ofri yon gwo fèt pou gwo chèf dirijan avèk kòmandan militè yo nan Galilée.
et cum dies oportunus accidisset Herodes natalis sui cenam fecit principibus et tribunis et primis Galilaeae
22 Lè fi a Hérodias la te vini pou kont li e te danse, li te fè Hérode kontan ak tout vizitè li yo nan fèt la. Konsa Wa a te di fi a: “Mande mwen nenpòt sa ou vle, e m ap bay ou li”.
cumque introisset filia ipsius Herodiadis et saltasset et placuisset Herodi simulque recumbentibus rex ait puellae pete a me quod vis et dabo tibi
23 Li te sèmante a li menm: “Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, jiska mwatye wayòm mwen an”.
et iuravit illi quia quicquid petieris dabo tibi licet dimidium regni mei
24 Konsa, li te ale deyò e te mande manman l: “Kisa mwen dwe mande?” Epi li te di l: “Tèt a Jean Baptiste”.
quae cum exisset dixit matri suae quid petam et illa dixit caput Iohannis Baptistae
25 Lapoula, li te vini avèk vitès devan Wa a avèk yon demann. Li te di: “Mwen vle ke ou ban mwen koulye a menm, tèt a Jean Baptiste sou yon plato”.
cumque introisset statim cum festinatione ad regem petivit dicens volo ut protinus des mihi in disco caput Iohannis Baptistae
26 Malgre ke Wa a te byen tris akoz sèman an, men akoz vizitè li yo, li pa t gen kouraj pou l refize l.
et contristatus rex propter iusiurandum et propter simul recumbentes noluit eam contristare
27 Imedyatman Wa a te voye yon gad avèk lòd pou vini avèk tèt li. Li te ale, e te fè yo koupe tèt li nan prizon an.
sed misso speculatore praecepit adferri caput eius in disco et decollavit eum in carcere
28 Konsa yo te pote tèt li sou yon plato pou te bay fi a, e fi a te bay li a manman l.
et adtulit caput eius in disco et dedit illud puellae et puella dedit matri suae
29 Lè disip li yo te tande sa, yo te vin pran kò l, e te mete l nan yon tonm.
quo audito discipuli eius venerunt et tulerunt corpus eius et posuerunt illud in monumento
30 Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.
et convenientes apostoli ad Iesum renuntiaverunt illi omnia quae egerant et docuerant
31 Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje.
et ait illis venite seorsum in desertum locum et requiescite pusillum erant enim qui veniebant et rediebant multi et nec manducandi spatium habebant
32 Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo.
et ascendentes in navi abierunt in desertum locum seorsum
33 Konsa, lè pèp la te wè ke yo t ap prale, anpil moun te rekonèt yo. Yo te kouri jwenn yo apye, sòti nan tout vil yo, epi yo te rive avan yo.
et viderunt eos abeuntes et cognoverunt multi et pedestre et de omnibus civitatibus concurrerunt illuc et praevenerunt eos
34 Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.
et exiens vidit multam turbam Iesus et misertus est super eos quia erant sicut oves non habentes pastorem et coepit docere illos multa
35 Lè li te deja byen ta, disip Li yo te vin kote Li. Yo te di: “Plas sa a byen izole, e li deja fin byen ta.
et cum iam hora multa fieret accesserunt discipuli eius dicentes desertus est locus hic et iam hora praeterivit
36 Voye yo ale pou yo kapab ale nan landwa pa yo avèk vil pa yo pou achte kèk manje pou tèt yo.”
dimitte illos ut euntes in proximas villas et vicos emant sibi cibos quos manducent
37 Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?”
et respondens ait illis date illis manducare et dixerunt ei euntes emamus denariis ducentis panes et dabimus eis manducare
38 Li te di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade!” Lè yo konnen, yo di: “Senk pen ak de pwason”.
et dicit eis quot panes habetis ite et videte et cum cognovissent dicunt quinque et duos pisces
39 Konsa, Li te kòmande yo pou chita pa gwoup nan zèb vèt la.
et praecepit illis ut accumbere facerent omnes secundum contubernia super viride faenum
40 Yo te chita pa gwoup de santèn, e pa gwoup de senkantèn.
et discubuerunt in partes per centenos et per quinquagenos
41 Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.
et acceptis quinque panibus et duobus piscibus intuens in caelum benedixit et fregit panes et dedit discipulis suis ut ponerent ante eos et duos pisces divisit omnibus
42 Yo tout te manje, e yo te satisfè.
et manducaverunt omnes et saturati sunt
43 Yo te ranmase douz panyen byen plen avèk moso kase yo; e anplis, pwason.
et sustulerunt reliquias fragmentorum duodecim cofinos plenos et de piscibus
44 Te gen senk-mil mesye ki te manje pen yo.
erant autem qui manducaverunt quinque milia virorum
45 Konsa, Jésus te fè disip Li yo antre nan kannòt la pou ale devan Li lòtbò vè Bethsaïda, pandan Li menm t ap voye foul la ale.
et statim coegit discipulos suos ascendere navem ut praecederent eum trans fretum ad Bethsaidam dum ipse dimitteret populum
46 Lè Li fin di yo orevwa, Li te ale nan mòn nan pou priye.
et cum dimisisset eos abiit in montem orare
47 Lè lannwit te rive, kannòt la te nan mitan lanmè a, e Jésus te atè pou kont Li.
et cum sero esset erat navis in medio mari et ipse solus in terra
48 Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.
et videns eos laborantes in remigando erat enim ventus contrarius eis et circa quartam vigiliam noctis venit ad eos ambulans super mare et volebat praeterire eos
49 Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò;
at illi ut viderunt eum ambulantem super mare putaverunt fantasma esse et exclamaverunt
50 pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
omnes enim eum viderunt et conturbati sunt et statim locutus est cum eis et dixit illis confidite ego sum nolite timere
51 Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi.
et ascendit ad illos in navem et cessavit ventus et plus magis intra se stupebant
52 Akoz yo pa t reyisi gen okenn konprann nan afè pen yo, kè yo te di.
non enim intellexerant de panibus erat enim cor illorum obcaecatum
53 Lè yo te fin travèse lòtbò, yo te rive atè nan Génésareth e te mare kannòt la atè.
et cum transfretassent pervenerunt in terram Gennesareth et adplicuerunt
54 Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo.
cumque egressi essent de navi continuo cognoverunt eum
55 Konsa, pèp la te kouri toupatou nan tout peyi a, e te kòmanse pote sila ki te malad yo sou palèt nan plas kote Li te ye a.
et percurrentes universam regionem illam coeperunt in grabattis eos qui se male habebant circumferre ubi audiebant eum esse
56 Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.
et quocumque introibat in vicos vel in villas aut civitates in plateis ponebant infirmos et deprecabantur eum ut vel fimbriam vestimenti eius tangerent et quotquot tangebant eum salvi fiebant

< Mak 6 >