< Mak 4 >
1 Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a. Yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita. Tout foul la te kanpe atè bò lanmè a.
Un Viņš atkal iesāka mācīt pie jūras, un daudz ļaužu pie Viņa sapulcējās, tā ka Viņš laivā kāpis nosēdās uz jūras un visi ļaudis stāvēja jūrmalā.
2 Konsa, Li te enstwi yo anpil bagay an parabòl. Li t ap di yo nan ansèyman li;
Un Viņš tiem daudz mācīja caur līdzībām un Savā mācībā uz tiem sacīja:
3 “Koute! Yon moun ki t ap simen te ale deyò pou simen grenn.
“Klausiet: redzi, sējējs izgāja sēt.
4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la pou zwazo yo vin manje l nèt.
Un notikās, sējot cits krita ceļmalā, un tie putni apakš debess nāca un to apēda.
5 “Lòt grenn te tonbe nan wòch kote pa t gen anpil tè. Byen vit, li te leve, paske tè a pa t gen pwofondè.
Un cits krita uz akmenāju, kur tam nebija daudz zemes, un uzdīga tūdaļ, tāpēc ka tam nebija dziļas zemes.
6 Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te fennen.
Bet kad saule bija uzlēkusi, tad tas savīta un nokalta, tāpēc ka nebija saknes.
7 “Lòt grenn tonbe pami pikan yo. Pikan yo leve toufe li, e li pa t bay donn.
Un cits krita starp ērkšķiem, un tie ērkšķi uzauga un to nomāca, un tas nenesa augļus.
8 “Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”
Un cits krita uz labu zemi un nesa augļus, kas augtin auga, un cits nesa trīsdesmitkārtīgi, cits sešdesmit kārtīgi un cits simtkārtīgi.”
9 Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”.
Un Viņš uz tiem sacīja: “Kam ausis ir dzirdēt, tas lai dzird.”
10 Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.
Un kad Viņš viens pats bija, tad tie, kas līdz ar tiem divpadsmit pie Viņa bija, Viņu vaicāja šās līdzības dēļ
11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.
Un Viņš uz tiem sacīja: “Jums ir dots, zināt Dieva valstības noslēpumu; bet tiem, kas ārā, viss tas notiek caur līdzībām,
12 Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”
Ka tie redzot redz un nenomana, un dzirdot dzird un nesaprot; ka tie neatgriežas, un grēki tiem netop piedoti.”
13 Li te di yo: “Èske nou pa konprann parabòl sila a? Alò kijan nou va konprann tout parabòl yo?
Un Viņš uz tiem sacīja: “Vai jūs šo līdzību nesaprotat? Kā tad jūs sapratīsiet visas tās citas līdzības?
14 “Moun k ap simen an simen pawòl la.
Tas sējējs sēj to vārdu.
15 Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande. Men byen vit, Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.
Bet šie ir tie, kas ceļmalā, kur tas vārds top sēts, un kad tie to ir dzirdējuši, tad tūdaļ sātans nāk un to vārdu noņem, kas viņu sirdīs ir sēts.
16 “E nan yon jan ki sanble ak sa, sila yo se yo menm ki te simen kote ki plen wòch yo. Lè yo fin tande pawòl la, byen vit, yo resevwa l avèk jwa.
Un tāpat tie, kas uz to akmenāju sēti, ir tie, kas to vārdu dzirdējuši, tūdaļ to uzņem ar prieku.
17 Men yo pa gen rasin fon nan yo menm. Yo la pou yon ti tan. Lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la, lapoula yo vin chite.
Bet tiem nav saknes iekš sevis, bet tik kādu laiku tie ir ticīgi. Kad bēdas un vajāšana uziet tā vārda dēļ, tad viņi tūdaļ ņem apgrēcību.
18 “Lòt yo se sila yo ki te te simen pami pikan yo. Se yo ki te tande pawòl yo,
Un kas starp ērkšķiem sēti, ir tie, kas to vārdu dzird,
19 men tout pwoblèm mond sa a ak sediksyon richès yo, avèk lanvi pou lòt bagay toufe pawòl la, pou li pa donnen fwi. (aiōn )
Un šīs pasaules rūpes un bagātības viltība un citas kārības iemetās un noslāpē to vārdu un tas paliek neauglīgs. (aiōn )
20 “Sila ki te te simen nan bon tè a, se yo menm ki te tande pawòl la, yo te aksepte li, e yo te vin bay fwi trant, swasant e menm san fwa.”
Un kas uz to labo zemi sēti, ir tie, kas to vārdu dzird un pieņem un augļus nes, cits trīsdesmitkārtīgi, cits sešdesmitkārtīgi, cits simtkārtīgi.”
21 Konsa Li t ap di yo: “Èske yon lanp pote pou mete anba yon panyen oubyen anba yon kabann? Èske yo pa pote li pou mete li sou yon chandelye?
Un Viņš uz tiem sacīja: “Vai svece top iededzināta, lai to liek apakš pūra, vai apakš galda? Vai ne tāpēc, lai to liek uz lukturi?
22 Paske anyen pa kache, sof ke pou revele, ni anyen pa an sekrè, sof ke pou parèt nan limyè.
Jo nekas nav apslēpts, kas nebūtu nācis gaismā; un nekas nenotiek slepeni, kas netaptu zināms.
23 Si yon moun gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
Jo kam ausis ir dzirdēt, tas lai dzird.”
24 E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou ki tande.
Un Viņš uz tiem sacīja: “Pieraugāt, ko jūs dzirdat. Ar kādu mēru jūs mērojat, mēros jums, un pieliks jums vēl klāt.
25 Paske a nenpòt moun ki genyen, l ap resevwa anplis, e a nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men li.”
Jo kam ir, tam taps dots; un kam nav, no tā arī taps atņemts, kas tam ir.”
26 E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè.
Un Viņš sacīja: “Dieva valstība ir tāpat, kā kāds cilvēks sēklu met zemē.
27 Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen.
Un guļ un ceļas, nakti un dienu; un tā sēkla uzdīgst un uzaug, tā ka viņš pats to nenomana.
28 Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la.
Jo zeme pati no sevis nes augļus, papriekš stiebru, tad vārpu, tad pilnus kviešus iekš vārpas.
29 Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”
Un kad tie augļi ienākušies, tad viņš tūdaļ cirpi sūta, jo tas pļaujamais laiks ir klātu.”
30 Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li?
Un Viņš sacīja: “Kam mēs Dieva valstību līdzināsim? Jeb caur kādu līdzību mēs to nozīmēsim?
31 Li tankou yon grenn moutad ke lè l simen nan tè, li pi piti pase tout grenn ki sou latè.
Itin kā sinepju graudiņš, kas zemē sēts, mazākais no visām sēklām virs zemes.
32 Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch, pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”
Un kad tas ir sēts, tad tas augtin aug un top lielāks pār visiem stādiem un dabū lielus zarus, tā ka putni apakš debess viņa pavēnī var ligzdas taisīt.”
33 Ak anpil parabòl konsa, Li te pale pawòl la avèk yo nan limit yo ta kapab tande l pou konprann.
Un caur daudz tādām līdzībām Viņš uz tiem to vārdu runāja, tā ka tie to varēja saprast.
34 Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.
Un bez līdzībām Viņš uz tiem neko nerunāja; bet Saviem mācekļiem Viņš visu īpaši izstāstīja.
35 Nan jou sa a, lè lannwit vin rive, Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò”.
Un Viņš uz tiem sacīja tanī dienā, kad vakars metās: “Pārcelsimies uz viņu malu.”
36 Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.
Un tos ļaudis atstājuši, tie Viņu ņēma līdz, tā kā Viņš laivā bija, un tur vēl citas laivas bija pie Viņa.
37 Konsa, te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kase sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt.
Un liela vētra cēlās, un viļņi gāzās laivā, tā ka tā laiva jau pildījās.
38 Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen. Yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”
Un Viņš laivas galā uz spilvena gulēja; un tie Viņu modina un saka uz Viņu: “Mācītāj, vai Tu nebēdā, ka ejam bojā?”
39 Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.
Un uzmodies Viņš apdraudēja vēju un sacīja uz jūru: “Klusu, mierā!” Un vējš nostājās, un jūra palika it klusu.
40 Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? Jiska prezan, nou poko gen lafwa?”
Un Viņš uz tiem sacīja: “Kam jūs esat tik bailīgi? Kā jums nav ticības?”
41 Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”
Un tie ļoti izbijās un sacīja savā starpā: “Kas Tas tāds? Jo vējš un jūra Viņam paklausa.”