< Mak 2 >
1 Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.
過了一些日子,耶穌又進了葛法翁,人聽說他在家裏,
2 Byen vit anpil moun te rasanble devan pòt la pou jis lè pa t gen plas ankò, e Li te pale pawòl la bay yo.
就聚來了許多人,以致連門前也不能再容納,他就對他們講道。
3 Epi yo te pote bay Li yon paralitik ki te pote pa kat mesye.
那時,有人帶著一個癱子到他這裏來,由四個人抬著;
4 Yo pa t kab rive bò kote L akoz foul la. Konsa, yo te retire twati kay la, e lè yo te fin fouye yon twou, yo te lonje palèt la desann sou li avèk mesye paralize ki te kouche a.
但因為人眾多,不能送到面前,就在耶穌所在之處,拆開了房頂;拆穿之後,把床縋下去,癱子在上面躺著。
5 Jésus, lè L te wè lafwa yo, te di a paralitik la: “Fis Mwen, peche ou yo padone.”
耶穌一見他們的信心,就對癱子說:「孩子! 你的罪赦了。」
6 Men te gen kèk nan skrib yo ki te chita la ki te rezone nan kè yo:
那時,有幾個經師坐在那裏,心裏忖度說:「
7 “Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?”
怎麼這人這樣說話呢﹖他說了褻瀆的話;除了天主一個外,誰能赦罪呢﹖」
8 Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap refleshi konsa, te di yo: “Poukisa nou ap rezone sou bagay sa yo konsa nan kè nou?
耶穌憑自己的神力,即刻認透了他們私自這樣忖度,遂向他們說:「你們心中為什麼這樣忖度呢﹖
9 Kisa ki pi fasil pou di a paralitik la: ‘Peche ou yo padone’, oubyen leve pran palèt ou e mache?’
什麼比較容易呢﹖是對癱子說:你們的罪赦了;還是說:起來,拿你的床走﹖
10 Men pou nou ka konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo” —Li te di a paralitik la:
但為叫你們知道:人子在地上有權柄赦罪──遂對癱子說:
11 “Mwen di ou leve, pran palèt ou e ale lakay ou.”
我給你說:起來,拿你的床,回家去罷!」
12 Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap bay glwa a Bondye. Yo t ap di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa”.
那人遂起來,立刻拿起床,當著眾人的面走出去了,以致眾人大為驚愕,遂光榮天主說:「我們從未見過這樣的事!」
13 Li te ale deyò ankò bò kote lanmè a. Tout foul la te vin kote Li, e Li t ap enstwi yo.
耶穌又出去,到了海邊,群眾都到他跟,前他便教訓他們。
14 Pandan Li t ap pase, Li te wè Lévi, fis a Alphée a, ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”! Konsa, li te leve pou swiv Li.
當他前行時,看見阿耳斐的兒子肋未坐在稅關上,便向他說:「你跟隨我罷!」肋未就起來跟隨了耶穌。
15 Li te vin rive pandan Li te sou tab lakay li a, ke anpil kolektè kontribisyon avèk pechè yo t ap dine avèk Jésus ak disip Li yo. Yo te anpil, e yo t ap swiv Li.
當耶穌在肋未家中坐席的時候,有許多稅吏和罪人,也與耶穌和他的門徒一起坐席,因為己有許多人跟隨了他。
16 Lè skrib ak Farizyen yo te wè ke Li t ap manje avèk pechè ak ajan kontribisyon yo, yo te kòmanse di a disip Li yo: “Poukisa L ap manje e bwè avèk ajan kontribisyon yo avèk pechè yo?”
法利賽黨的經師看見耶穌與罪人和稅吏一起吃飯,就對他的門徒說:「怎麼,他與罪人和稅吏一起吃喝﹖」
17 Lè L te tande sa, Jésus te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. Mwen pa t vini pou rele moun ki jis yo, men pechè yo”.
耶穌聽了,就對他們說:「不是健康的人需要醫生,而是有病的人;我不是來召義人,而是召罪人。」
18 Disip a Jean avèk Farizyen yo t ap fè jèn, epi yo te vin di L: “Poukisa disip a Jean avèk disip a Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè L?”
當時,若翰的門徒和法利賽人正在禁食。有人來向耶耶穌說:「為什麼若翰的門徒和法利賽人的門徒禁食,而你的門徒卻不禁食呢﹖」
19 Jésus te di yo: “Pandan jenn gason k ap marye a avèk yo, èske patisipan fèt yo fè jèn? Non, depi jennonm nan la, yo pa kapab fè jèn.
耶穌對他們說:「伴郎豈能在新郎還與他們在一起的時候禁食﹖他們與新郎在一起的時候,決不能禁食。
20 Men jou yo ap vini lè jennonm nan va retire de yo. Konsa, nan jou sa a, ya fè jèn.
但日子將要來到:當新郎從他們中被劫去時,在那一天,他們就要禁食了。
21 “Pèsòn pa koud yon moso twal ki poko lave sou yon vye rad, pou lè l fin lave, twal nèf la pa sere e separe de li; nèf la va kite ansyen an, e rad la va vin chire pi mal.
沒有人將未漂過的布補在舊衣服上的;不然,補上的那一塊新布要扯裂了舊的,破, 綻就更加壞了。
22 E pèsòn pa mete diven nèf nan ansyen veso kwi; otreman, diven an va pete kwi a e diven an va vin pèdi, ansanm ak kwi a; men diven nèf toujou ale nan veso kwi ki fre.”
也沒有人把酒裝在舊皮囊裏的;不然酒漲破了皮囊,酒和皮囊都喪失了;而是新酒應裝在新皮囊裏。」
23 Konsa, li te vin rive ke pandan Li t ap pase nan chan sereyal yo nan Saba a, pandan disip Li yo t ap ale, yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal.
有一次,正當安息日,耶穌從麥田裏路過,他的門徒在行路時掐食起麥罄來。
24 Farizyen yo t ap di Li: “Gade la, poukisa y ap fè sa ki pa pèmi nan Saba”?
法利賽人向耶穌說:「你看! 他們為什麼做安息日做的事﹖」
25 Li te di yo: “Èske nou pa janm li sa ke David te fè lè li te nan bezwen e te vin grangou, li menm avèk moun pa l yo?
耶穌對他們說:「你們從未讀過:達味在急迫中和同他一起的人,在饑餓時所作的事嗎﹖
26 Kijan li te antre menm nan kay Bondye a nan tan wo prèt la Abiathar? Jan li te manje pen konsakre a ki pa pèmi pou pèsòn manje sof ke prèt yo, e li te bay li osi a sila ki te avè l yo?”
當厄貝雅塔爾作大司祭時,達味怎樣進了天主的殿,吃了除祭司外,誰也不許吃的供餅,並且還給了同他一起的人﹖」
27 Jésus te di yo: “Saba a te fèt pou lòm, e pa lòm pou Saba a.
耶穌又對他們說:「安息日是為了人立的,並不是人為了安息日;
28 Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.”
所以,人子也是安息日的主。」