< Mak 15 >

1 Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, ansanm ak tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus, e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.
As soon as it was morning, the chief priests took counsel with the elders, scribes, and the whole Sanhedrin. They bound Jesus, led him away, and handed him over to Pilate.
2 Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”
So Pilate asked him, “Are yoʋ the king of the Jews?” Jesus answered him, “Yoʋ have said it yoʋrself.”
3 Chèf prèt yo te akize L byen sevè sou anpil bagay.
Then the chief priests accused him of many things.
4 Pilate t ap kesyone L toujou. Li te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”
So Pilate asked him again, “Do yoʋ make no answer? See how many things they are testifying against yoʋ!”
5 Men Jésus pa t reponn anplis, jiskaske Pilate te etone.
But Jesus made no further answer, so Pilate was amazed.
6 Alò, nan fèt la, li te konn lage pou yo, yon prizonye ki chwazi selon demann pa yo.
Now at the feast Pilate would release one prisoner for the people, whomever they requested.
7 Epi te gen yon mesye yo rele Barabbas, ki te vin pran prizon, ansanm avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Mesye sa yo, te responsab touye moun.
And there was a man named Barabbas who was in prison with his fellow insurrectionists who had committed murder in the insurrection.
8 Foul la te pwoche Pilate, e te kòmanse mande l fè sa ke li te gen abitid fè pou yo a.
So the crowd cried out and began to ask Pilate to do what he had always done for them.
9 Pilate te reponn yo. Li te mande: “Èske nou vle ke m ta lage pou nou Wa a Jwif yo?”
Pilate answered them, “Do you want me to release for you the king of the Jews?”
10 Paske li te byen konprann ke chèf prèt yo te livre Li akoz jalouzi.
(For he knew that the chief priests had handed Jesus over out of envy.)
11 Men chèf prèt yo te chofe foul la pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.
But the chief priests stirred up the crowd to have Pilate release for them Barabbas instead.
12 Epi Pilate te reponn yo ankò: “Ebyen, kisa pou m ta fè avèk Li menm ke nou rele Wa Jwif yo?”
In response Pilate said to them again, “What then do you want me to do with the man you call King of the Jews?”
13 Konsa, yo te rele fò: “Krisifye Li!”
They cried out again, “Crucify him!”
14 Men Pilate t ap di yo: “Poukisa? Ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”
Pilate said to them, “Why? What evil has he done?” But they cried out all the more, “Crucify him!”
15 Akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo. Lè li te fin fè yo bat Jésus ak fwèt, li te livre L, pou L ta krisifye.
Then Pilate, wishing to satisfy the crowd, released for them Barabbas. But he scourged Jesus and handed him over to be crucified.
16 Sòlda yo te pran L antre nan lakou a (sa vle di Pretwa a). Yo te rele ansanm yon kowòt Women antye.
So the soldiers led him away into the palace (that is, the governor's headquarters) and called together the entire cohort of soldiers.
17 Yo te abiye Li an mov, e lè yo te fin trese yon kouwòn zepin, yo te mete l sou tèt Li.
They clothed him with a purple robe, and they twisted together a crown of thorns and put it on him.
18 Konsa, yo te kòmanse salye Li: “Sali, Wa a Jwif yo!”
Then they began to salute him: “Hail, King of the Jews!”
19 Yo te kontinye bat tèt Li avèk yon wozo, yo te krache sou Li. Yo te mete yo ajenou, epi yo te bese devan Li.
They kept beating him on the head with a reed, spitting on him, and bending down on their knees to pay homage to him.
20 Lè yo te fin moke L, yo retire vètman mov la, e te mete pwòp rad Li sou Li. E yo te mennen Li deyò pou krisifye Li.
When they had finished mocking him, they stripped him of the purple robe and put his own garments back on him. Then they led him out to crucify him.
21 Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.
Now a certain man from Cyrene, Simon, the father of Alexander and Rufus, was passing by on his way in from the countryside. The soldiers pressed him into service, forcing him to carry Jesus' cross,
22 Konsa, yo te mennen Li nan plas Golgotha, ki tradwi kon Plas A Zo Bwatèt.
and they brought Jesus to the place called Golgotha (which means, “Place of the Skull”).
23 Yo te eseye bay Li diven mele avèk myrr; men Li pa t pran li.
Then they gave him wine to drink, mixed with myrrh, but he did not take it.
24 Epi yo te krisifye Li e te divize vètman Li yo pami yo menm. Yo te fè tiraj osò pou yo detèmine sa ke yo chak ta pran.
And they crucified him. Then they divided his garments, casting lots for them to see who would take what.
25 Se te nan twazyèm lè ke yo te krisifye Li a.
It was the third hour when they crucified him.
26 Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.
The inscription of the charge against him was written as follows: “The King of the Jews.”
27 Konsa, yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li.
With him they crucified two robbers, one on his right and one on his left.
28 Epi konsa, Lekriti sen an te akonpli ki te di: “Epi Li te konte pami malfektè yo.”
So the Scripture was fulfilled that says, “He was numbered with the lawless.”
29 Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou.
Those who passed by reviled him, shaking their heads and saying, “Ha! Yoʋ who would destroy the temple and build it in three days,
30 Sove tèt Ou, e desann sou kwa a!”
save yoʋrself and come down from the cross!”
31 Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.”
In the same way the chief priests also, along with the scribes, were mocking him among themselves, saying, “He saved others, but he cannot save himself.
32 “Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.
Let the Christ, the king of Israel, come down now from the cross, so that we may see it and believe him.” The men who were crucified with him were also insulting him.
33 Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.
From the sixth hour until the ninth hour, there was darkness over the whole land.
34 Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”
And at the ninth hour Jesus cried out with a loud voice, “Eloi, Eloi, lima sabachthani?” which means, “My God, my God, why have yoʋ forsaken me?”
35 Lè kèk nan moun ki te la yo tande sa, yo te di: “Gade, L ap rele Élie.”
When some of those standing nearby heard this, they said, “Behold, he is calling for Elijah.”
36 Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”
Then a man ran and filled a sponge with sour wine, put it on a reed, and gave it to him to drink, saying, “Leave him alone. Let us see if Elijah comes to take him down.”
37 Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.
But Jesus let out a loud cry and breathed his last breath.
38 Vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.
Then the veil of the temple was torn in two from top to bottom.
39 Lè santenye Women nan, ki te kanpe tou dwat devan Li a, te wè jan Li te rann dènye souf Li a, li te di: “Anverite, nonm sila a se te Fis Bondye a.”
Now when the centurion who was standing in front of Jesus saw how he cried out and breathed his last breath, he said, “Truly this man was the Son of God.”
40 Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans. Pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, avèk Joset, e Salomé.
There were also some women looking on from a distance, among whom were Mary Magdalene, Mary the mother of James the younger and of Joses, and Salome.
41 Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.
These women had followed Jesus and provided for him when he was in Galilee. There were also many other women who had come up with him to Jerusalem.
42 Lè aswè te rive, akoz Jou Preparasyon an, sa vle di, jou avan Saba a,
When evening had come, since it was the day of Preparation (that is, the day before the Sabbath),
43 Joseph Arimathée te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.
Joseph of Arimathea, a respected council member, who was himself also waiting for the kingdom of God, came and boldly went in before Pilate to ask for Jesus' body.
44 Pilate te vle konnen si Li te gen tan mouri. Li te rele santenye Women an, e te mande l si li te mouri deja.
Pilate was surprised that Jesus was already dead, so he called the centurion over and asked him if Jesus had been dead for some time.
45 Konsa, lè l vin konprann sa selon santenye Women an, li te bay kò a a Joseph.
When he found out from the centurion that it was so, he granted the body to Joseph.
46 Joseph te pote yon twal lèn, te desann Li, e te vlope L nan twal lèn an. Li te mete L nan tonm ki te fouye nan wòch la, e li te woule yon gwo wòch kont antre a tonm nan.
After buying a linen cloth and taking him down, Joseph wrapped him in the linen cloth and laid him in a tomb that had been hewn in a rock. Then he rolled a stone against the entrance of the tomb.
47 Marie Magdala, avèk Marie, manman Joses te wè kote yo te mete Li.
And Mary Magdalene and Mary the mother of Joses saw where he was laid.

< Mak 15 >