< Mak 14 >

1 Alò, Pak Jwif la avèk Pen San Ledven an, t ap fète nan de jou. Konsa, chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan pou yo ta sezi L pa riz pou touye Li.
天後就是逾越節和無酵節,司祭長和經師設法要怎樣用詭計捉拿耶穌,而把他殺害,
2 Paske yo t ap di: “Pa pandan fèt la, otreman sa kab fè pèp la fè twoub.”
因為他們說:「不要在節慶內,怕民間發生暴動。」
3 Pandan Li te Béthanie lakay Simon, lepre a, e yo te chita sou tab la, yon fanm te vini avèk yon bokal alabat ranpli avèk nard, ki te koute byen chè. Fanm nan te kraze bokal la, e te vide li sou tèt Jésus.
耶穌在伯達尼癩病人西滿家裏,正坐席的時候,來了一個女人,拿著一玉瓶珍貴的純「納爾多」香液。她打破玉瓶,就倒在耶穌頭上。
4 Men kèk moun te mekontan e te pale youn ak lòt: “Poukisa l ap gaspiye pafen sila a?
有些人頗不滿意,就彼此說:「為什麼要這樣浪費香液﹖
5 Paske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l.
這香液原可以賣三百多塊銀錢,施捨給窮人! 」他們對那女人很生氣。
6 Men Jésus te di: “Lese li. Poukisa nou ap twouble li? Li fè M yon bon zèv.
耶穌卻說:「由她罷! 你們為什麼叫她難受﹖她在我身上做了一件善事,
7 Paske malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan.
因為你們常有窮人同你們在一起,你們幾時願意,就能給他們行善;但是我,你們卻不常有。
8 Li fè sa li ta kapab. Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an.
她己做了她能做的:提前撫摸了我的身體,是為安葬之事。
9 Anverite Mwen di nou: Nenpòt kote ke bòn nouvèl la ta preche nan tout lemonn, sa ke fanm sa a fè a, li va pale nan memwa li.”
我實在告訴你們:將來福音無論傳到全世界什麼地方,必要述說她所作的事,來紀念她。」
10 Judas Iscariot, ki te youn nan douz yo, te ale bò kote chèf prèt yo pou li ta kapab trayi Jésus a yo menm.
於是,那十二人中之一,猶達斯依斯加略,去見司祭長,要把耶穌交與他們。
11 Yo te kontan lè yo te tande sa, e te pwomèt li lajan. Konsa, li t ap chache kijan pou trayi Li nan yon moman favorab.
他們聽了以後,不勝欣喜,許下給他銀錢;他就找尋良機,將耶穌交出。
12 Nan premye jou Pen San Ledven an, lè jenn mouton Pak la t ap touye kon sakrifis la, disip Li yo te di Li: “Kote Ou vle nou ale fè preparasyon pou Ou kapab manje Pak la?”
無酵節的第一天,即宰殺逾越節羔羊的那一天,門徒對耶穌說:「你願我們往那裏去,給你預備吃逾越節晚餐﹖」
13 Li te voye de nan disip Li yo. Li te di yo: “Antre nan vil la, e yon mesye k ap pote yon krich dlo ap rankontre nou. Swiv li.
耶穌就打發兩個門徒,對他們說:「你們往城裏去,必有一個拿著水罐的人迎面而來,你們就跟著他去;
14 Epi nenpòt kote li antre, di a mèt kay la: Mèt la mande: ‘Kote chanm vizitè Mwen an, pou M kab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’
他無論進入那裏,你們就對那家主說:師傅問:我同我的門徒吃逾越節冕餐的客廳在那裏﹖
15 Li menm va montre nou yon gran chanm anlè, byen founi e prè. Prepare pou nou la.”
他必指給你們一間鋪設好了的寬大樓廳,你們就在那裏為我們預備罷!」
16 Konsa, disip yo te sòti e te vini nan vil la. Yo te twouve l jan ke Li te eksplike yo a. Konsa, yo te prepare Pak la la.
門徒去了,來到城裏,所遇見的,正如耶穌給他們所說的;他們就預備了逾越節晚餐。
17 Lè li te fènwa, li te vini avèk douz yo.
到了晚上,耶穌同那十二人來了。
18 Pandan yo te chita a tab e t ap manje, Jésus te di: “Anverite, Mwen di nou ke youn nan nou va trayi Mwen; li menm k ap manje avè M.”
他們坐席吃飯時,耶穌說:「我實在告訴你們:你們中有一個與我同食的要負賣我。」
19 Yo te kòmanse tris. Yo t ap mande Li youn pa youn: “Asireman se pa mwen!”
他們就都憂悶起來,一個一個地問他說:「難道是我嗎﹖」
20 Li te di yo: “Se youn nan douz yo; youn ki tranpe manje l nan veso ansanm avè M nan.
耶穌對他們說:「是十二人中的一個,同我一起在盤子裏蘸的那一個人。
21 Paske Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke sa ekri sou Li a; men malè a nonm sa a, pa li menm Fis a Lòm nan trayi a. Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
人子固然要按照著他所記載的而去,但是負賣人子的那人是有禍的! 那人若沒有生,為他更好。」
22 Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.”
他們正在吃的時候,耶穌拿起餅來,祝福了,擘開,遞給他們說:「你們拿去吃罷! 這是我的身體。」
23 Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann.
又拿起杯來,祝謝了, 遞給他們,他們都從杯中喝了。
24 Konsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun.
耶穌對他們說:「這是我的血,新約的血,為大眾流出來的。
25 Anverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”
我實在告訴你們:我決不再喝這葡萄汁了,直到我在天主的國裏喝新酒的那天。」
26 Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.
他們唱完聖詠,就出來,往橄欖山去了。
27 Jésus te di yo: “Akoz Mwen menm, nou tout va fè lachit aswe a; paske sa ekri: ‘Mwen va frape bèje atè a, e mouton yo va gaye’.
耶穌對他們說:「你們都要跌倒,因為有記載說:『我要打擊牧人,羊群就要四散。』
28 “Men apre M fin leve, M ap prale devan nou Galilée.”
但我復活後,要在你們以先,到加里肋亞去。」
29 Men Pierre te di Li: “Menm si tout moun chite; mwen menm, m p ap fè sa.”
伯多祿對他說:「即使眾人都要跌倒,我卻不然。」
30 Jésus te di l: “Anverite, Mwen di ou, ke, nan menm nwit sa a, ou va nye Mwen twa fwa avan kòk la gen tan chante de fwa.”
耶穌就向他說:「我實在告訴你:就在今天,這一夜裏,雞叫兩遍以前,你要三次不認我。」
31 Men Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.
伯多祿更加激烈地說:「即使我該同你一起死,我也決不會不認你。」眾人也都這樣說了。
32 Yo te vini nan yon plas yo te rele Gethsémané. Li te di disip Li yo: “Chita isit la jouk lè ke M fin priye.”
他們來到一個名叫革責瑪尼的莊園裏;耶穌對門徒說:「你們坐在這裏,等我去祈禱。」
33 Li te pran avè L Pierre, Jacques, ak Jean, e Li te kòmanse trè enkyete, e twouble.
遂帶著伯多祿、雅各伯和若望與他同去;他開始驚懼恐怖,
34 Li te di yo: “Nanm Mwen gen yon tristès pwofon; jis nan pwen pou M mouri. Rete la e veye toujou.”
便對他們說:「我的心靈悲傷得要死;你們留在這裏,且要醒寤。」
35 Li te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou lè sa a ta kapab pase de Li.
耶穌往前走了不遠,俯伏在地祈求,如果可能,使這時辰離他而去,
36 Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”
說:「阿爸! 父啊! 一切為你都可能:請給我免去這杯罷! 但是,不要照我所願意的,而要照你所願意的。」
37 Li vini e twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Simon, èske w ap dòmi? Èske ou pa t kapab rete veye pou yon sèl èdtan?
耶穌回來,見他們睡著了,就對伯多祿說:「西滿! 你睡覺嗎﹖你不能醒寤一個時辰嗎﹖
38 Kontinye veye e priye pou ou pa antre nan tantasyon. Lespri a dispoze, men chè la fèb.”
你們醒寤祈禱罷! 免陷於誘惑。心神固然切願,但肉體卻軟弱。」
39 Konsa, yon lòt fwa Li te ale priye, e te di menm mo yo.
耶穌又去祈禱,說了同樣的話。
40 Ankò, Li te vini e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. Ni yo pa t konnen kisa pou yo ta di Li.
他又回來,見他們仍是睡著,因為他們的眼睛沈重,也不知道要回答他什麼。
41 Li te vini yon twazyèm fwa e te di yo: “Dòmi toujou e pran repo nou. Sa sifi. Lè a fin rive. Gade, Fis a Lòm nan ap trayi pou rive nan men pechè yo.
他第三次回來,對他們說:「你們還睡下去嗎﹖還安息嗎﹖夠了! 時辰到了,看,人子就要被交付在罪人手中了。
42 Leve! An ale nou! Gade, sila a ki trayi M nan parèt.”
起來! 我們去罷! 看,那負賣我的來近了。」
43 Nan menm moman an, pandan Li toujou t ap pale, Judas, youn nan douz yo, te vin parèt, akonpanye pa yon foul avèk nepe ak baton ki te sòti nan chèf prèt yo, avèk skrib yo, ak ansyen yo.
耶穌還說話的時候,那十二人中之一的猶達斯,遂即到了,同他一起的,還有帶著刀劍棍棒的群眾,是由司祭長、經師和長老那裏派來的。
44 Alò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.”
那出賣耶穌人,會給他們一個暗號說:「我口親誰,誰就是;你們拿住他,小心帶去。」
45 Lè l rive, l ale lapoula bò kote Li, e te di: “Mèt!”, e te bo Li.
猶達斯一來,便立刻到耶穌跟前說:「辣彼!」遂口親了他。了
46 Yo te mete men sou Li e te sezi Li.
他們就向耶穌下手,拿住了他。
47 Men yon sèten mesye nan sila ki te kanpe la yo te rale nepe li. Li te frape esklav a wo prèt la, e te koupe retire zòrèy li.
站在旁邊的人中,有一個拔出劍來,砍了大司祭的僕人一劍,削下了他的一個耳朵。
48 Jésus te reponn e te di yo: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta kab kont yon vòlè?
耶穌開口對他們說:「你們帶著刀劍棍棒出來拿我,如同對付強盜一樣;
49 Chak jou Mwen te avèk nou nan tanp la ap enstwi, e nou pa t janm sezi M. Men sa fèt pou Ekriti yo kapab akonpli.”
我天天在你們當中,在聖殿裏施教,你們沒有拿我;但這是為應驗經上的話。」
50 Konsa, yo tout te kouri kite Li.
門徒都撇下他逃跑了。
51 Yon sèten jennonm t ap swiv Li, abiye sèl ak yon dra lèn ki kouvri kò l toutouni. Jennom yo te sezi li,
那時,有一個少年人,赤身披著一塊麻布,跟隨耶穌,人們也抓住了他;
52 men li te rale kò l pou l kite dra a, e chape toutouni.
但撇下麻布,赤著身子逃走了。
53 Yo te mennen Jésus ale vè wo prèt la. Tout chèf prèt avèk ansyen yo, ak skrib yo te reyini ansanm.
他們把耶穌帶到大司祭那裏,所有的司祭長、長老和經師也都聚集在那裏。
54 Pierre te swiv Li a yon distans, jouk L antre nan lakou wo prèt la. Li te chita avèk ofisye yo e t ap chofe kò li bò kote dife a.
伯多祿遠遠地跟著耶穌,直到大司祭的庭院裏面,同差役們坐在一起,烤火取暖。
55 Alò, chèf prèt yo avèk tout konsèy la t ap eseye twouve temwayaj kont Jésus, pou mete L a lanmò. Men yo pa t twouve anyen.
司祭長和全體公議會,尋找證據反對耶穌,為把他處死,卻沒有找著。
56 Paske anpil t ap bay fo temwayaj kont Li, men temwayaj yo pa t koresponn.
原來有許多人造假證據告他,但那些證據各不相符。
57 Kèk te kanpe e te bay fo temwayaj kont Li. Yo t ap di:
有幾個人站起來,作假見證告他說:「
58 “Nou te tande Li di: ‘Mwen va detwi tanp sa ki fèt avèk men, e nan twa jou, mwen va bati yon lòt ki fèt san men.’”
我們曾聽他說過:我要拆毀這座用手建造的聖殿,三天內要另建一座不用手建造的。」
59 Epi menm nan sa a, temwayaj yo pa t koresponn.
連他們的這證據也不相符合。
60 Wo prèt la te leve. Li te vini devan, e te kesyone Jésus. Li te di: “Èske ou pa reponn kesyon yo? Kisa ke moun sa yo ap temwaye konsa kont ou yo?”
於是,大司祭起來,站在中間,問耶穌說:「這些人作證反對你的事,你什麼也不回答嗎﹖」
61 Men Li te rete an silans, e pa t reponn yo. Ankò wo prèt la te poze L kesyon e t ap di Li: “Èske Ou menm se Kris la, Fis a Sila Ki Beni an?”
耶穌卻不作聲,什麼也不回答。大司祭又問他說:「你是默西亞,那應受讚顉者的兒子嗎﹖」
62 Jésus te reponn li: “Se Mwen. Nou va wè Fis a Lòm nan vin chita bò dwat Pwisans lan, e vini avèk nwaj nan syèl yo.”
耶穌說:「我是,並且你們要看見人子,坐在大的右邊,乘著天上的雲彩降來。」
63 Konsa, wo prèt la te chire rad li. Li te di: “Kisa nou bezwen kòm temwayaj ankò?
大司祭遂撕裂自己的衣服說:「何必還需要見證呢﹖
64 Nou tande blasfèm nan! Kisa sa sanble selon nou menm?” Konsa, yo tout te kondane Li, ke Li te merite lanmò.
你們都聽見褻瀆的話了,你們看著該怎樣﹖」眾人都判定他該死。
65 Epi kèk te kòmanse krache sou Li, e bat Li avèk kout pwen. Yo t ap di L: “Pwofetize!” Ofisye yo te fwape L ak kalòt nan figi.
有些人就開始向他吐唾沫,蒙起他的臉來,用拳頭打他,對他說:「你做先知罷!」差役且用巴掌打他。
66 Pierre te anba nan lakou tribinal la. Yon fi ki sèvi nan kay a wo prèt la te vini.
伯多祿在下面庭院裏時,來了一個大司祭的使女,
67 E lè l wè Pierre ki t ap chofe kò l, li byen gade l e te di: “Ou te la tou avèk Jésus, Nazareyen an.”
看見伯多祿烤火,就注視他說:「你也是和那個納匝肋耶穌的。」
68 Men Li te demanti sa, e te di: “Mwen pa menm konnen, ni konprann, kisa w ap pale a.” Epi li ale sou galeri deyò a.
伯多祿卻否認說:「我不知道,也不明白你說什麼。」他遂走出去,到了門廊,雞就叫了。
69 Sèvant kay la te wè li e te kòmanse di ankò a sila ki te la yo: “Sila a se youn nan yo!”
那使女看見他,就又給站在旁邊的人說:「這也是他們中間的人。」
70 Men ankò, li t ap demanti sa a. E apre kèk tan, sila ki te la yo t ap di ankò a Pierre: “Asireman ou se youn nan yo, paske ou menm osi se yon Galilyen.”
伯多祿又不認了。過了一會兒,站在旁邊的人又再對伯多祿說:「你確是他們中間的,因為你也是個納匝肋人。」
71 Men li te kòmanse bay madichon e joure: “Mwen pa konnen nonm sila a ke n ap pale a.”
伯多祿就開始詛咒,並發誓說:「我不認得你們說的這個人。」
72 Imedyatman, kòk la te chante pou dezyèm fwa a. E Pierre te sonje jan Jésus te di l la: “Avan kòk la chante de fwa, ou va nye M twa fwa.” Nan sonje sa a, li te kòmanse kriye.
立時雞叫了第二遍。伯多祿遂想起耶穌給他所說的話:「雞叫兩遍以前,你要三次不認我。」就放聲大哭起來。

< Mak 14 >