< Mak 11 >
1 Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te bay komisyon a de nan disip Li yo.
Et cum appropinquarent Ierosolymæ, et Bethaniæ ad montem olivarum, mittit duos ex discipulis suis,
2 Li te di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Pandan n ap antre, nou ap twouve yon ti bourik mare, ki poko menm monte. Demare li e mennen l isit la.
et ait illis: Ite in castellum, quod contra vos est, et statim introeuntes illuc, invenietis pullum ligatum, super quem nemo adhuc hominum sedit: solvite illum, et adducite.
3 Si yon moun di nou: ‘Poukisa n ap fè sa?’, di l: ‘Senyè a gen bezwen li’. Konsa, l ap voye l vini isit la.”
Et si quis vobis dixerit: Quid facitis? dicite, quia Domino necessarius est: et continuo illum dimittet huc.
4 Yo te ale, e te twouve yon ti bourik mare toupre pòt la, deyò nan lari a, e yo te demare li.
Et abeuntes invenerunt pullum ligatum ante ianuam foris in bivio: et solvunt eum.
5 Konsa, kèk nan sila ki te la yo t ap di yo: “Kisa nou ap fè la a? N ap demare ti bourik la?”
Et quidam de illic stantibus dicebant illis: Quid facitis solventes pullum?
6 Yo te pale yo jan Jésus te di a, e yo te bay yo dwa pran l.
Qui dixerunt eis sicut præceperat illis Iesus, et dimiserunt eis.
7 Yo te pote ti bourik la bay Jésus. Yo te mete vètman yo sou li, e Li te chita sou li.
Et duxerunt pullum ad Iesum: et imponunt illi vestimenta sua, et sedit super eum.
8 Konsa, anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap poze branch fèy yo te koupe nan chan sou wout la.
Multi autem vestimenta sua straverunt in via: alii autem frondes cædebant de arboribus, et sternebant in via.
9 Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye fò: “Ozana! Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a!
Et qui præibant, et qui sequebantur clamabant, dicentes: Hosanna: Benedictus, qui venit in nomine Domini:
10 Beni se wayòm zansèt nou David, k ap vini an! Ozana nan pi wo a!”
benedictum quod venit regnum patris nostri David: Hosanna in excelsis.
11 Jésus te antre Jérusalem e te antre nan tanp lan. Lè Li te fin gade sou tout bagay, Li te kite la pou Béthanie avèk douz yo akoz ke lè a te deja fè tà.
Et introivit Ierosolymam in templum: et circumspectis omnibus, cum iam vespera esset hora, exiit in Bethaniam cum duodecim.
12 Nan demen, lè yo te kite Béthanie, Li te vin grangou.
Et alia die cum exirent a Bethania, esuriit.
13 Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi.
Cumque vidisset a longe ficum habentem folia, venit si quid forte inveniret in ea. et cum venisset ad eam, nihil invenit præter folia: non enim erat tempus ficorum.
14 E Li te pale a li: “Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!” E disip Li yo te tande l. (aiōn )
Et respondens dixit ei: Iam non amplius in æternum ex te fructum quisquam manducet. Et audiebant discipuli eius. (aiōn )
15 Konsa yo te rive Jérusalem. Li te antre nan tanp lan e te kòmanse voye deyò sila ki t ap achte ak vann nan tanp lan. Li te chavire tab a sila ki t ap chanje lajan yo ak chèz a sila ki t ap vann toutrèl yo.
Et veniunt in Ierosolymam. Et cum introisset in templum, cœpit eiicere vendentes, et ementes in templo: et mensas numulariorum, et cathedras vendentium columbas evertit.
16 Li pa t ap kite pèsòn pase nan tanp lan ki pote yon chaj.
et non sinebat ut quisquam transferret vas per templum:
17 Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo: “Èske li pa ekri: ‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”
et docebat, dicens eis: Nonne scriptum est: Quia domus mea, domus orationis vocabitur omnibus gentibus? Vos autem fecistis eam speluncam latronum.
18 Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li. Paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.
Quo audito principes sacerdotum, et Scribæ quærebant quomodo eum perderent: timebant enim eum, quoniam universa turba admirabatur super doctrina eius.
19 Lè aswè te rive, Li te kite vil la.
Et cum vespera facta esset, egrediebatur de civitate.
20 Pandan yo t ap pase lantre granmmaten an, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.
Et cum mane transirent, viderunt ficum aridam factam a radicibus.
21 Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: “Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.
Et recordatus Petrus, dixit ei: Rabbi, ecce ficus, cui maledixisti, aruit.
22 Jésus te reponn e te di yo: “Mete lafwa nan Bondye.
Et respondens Iesus ait illis: Habete fidem Dei.
23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive.
amen dico vobis, quia quicumque dixerit huic monti: Tollere, et mittere in mare, et non hæsitaverit in corde suo, sed crediderit, quia quodcumque dixerit, fiat, fiet ei.
24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.
Propterea dico vobis, omnia quæcumque orantes petitis, credite quia accipietis, et evenient vobis.
25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo.
Et cum stabitis ad orandum, dimittite si quis habetis adversus aliquem: ut et Pater vester qui in cælis est, dimittat vobis peccata vestra.
26 Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”
Quod si vos non dimiseritis: nec Pater vester, qui in cælis est, dimittet vobis peccata vestra.
27 Konsa, yo te rive ankò Jérusalem. E pandan Li t ap mache nan tanp lan, chèf prèt yo avèk skrib yo ak ansyen yo te vin kote L.
Et veniunt rursus Ierosolymam. Et cum ambularet in templo, accedunt ad eum summi sacerdotes, et Scribæ, et seniores:
28 Yo te di L: “Pa ki otorite W ap fè bagay sa yo; oubyen kilès ki te bay Ou otorite sa a pou fè bagay sa yo?”
et dicunt ei: In qua potestate hæc facis? et quis dedit tibi hanc potestatem ut ista facias?
29 Jésus te di yo: “M ap poze nou yon kesyon, e nou va reponn Mwen; epi konsa, Mwen menm, M ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo.
Iesus autem respondens, ait illis: Interrogabo vos et ego unum verbum, et respondete mihi: et dicam vobis in qua potestate hæc faciam.
30 Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oubyen nan lòm? Reponn Mwen.”
Baptismus Ioannis, de cælo erat, an ex hominibus? Respondete mihi.
31 Yo te rezone pami yo menm pou di: “Si nou di ‘nan syèl la’, l ap di poukisa nou pa t kwè li?
At illi cogitabant secum, dicentes: Si dixerimus, De cælo, dicet, Quare ergo non credidistis ei?
32 Men si nou di de lòm?” Konsa, yo te pè foul la, paske tout moun te konsidere ke Jean te vrèman yon pwofèt.
Si dixerimus, Ex hominibus, timemus populum. omnes enim habebant Ioannem quia vere propheta esset.
33 Yo te reponn Jésus e te di: “Nou pa konnen”. Konsa, Jésus te di yo: “Nonplis, Mwen p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo”.
Et respondentes dicunt Iesu: Nescimus. Et respondens Iesus ait illis: Neque ego dico vobis in qua potestate hæc faciam.