< Mak 10 >
1 Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.
І, вставши звідтіля, приходить у гряницї Юдейська через той бік Йордану; і знов сходять ся люде до Него, й своїм звичаєм знов навчав їх.
2 Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.
І приступивши Фарисеї, питали! Його: Чи годить ся чоловікові з жінкою розводитись? спокушуючи Його.
3 Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”
Він же, озвавшись, рече їм: Що заповідав вам Мойсей?
4 Yo te di: “Moïse te bay dwa pou yon mesye ekri yon sètifika pou l divòse ak li, epi voye l ale.”
Вони ж сказали: Мойсей дозволив написати розвідний лист, та й відпустити.
5 Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a.
І озвавшись Ісус, рече їм: Ради жорстокости серця вашого написав вам заповідь сю.
6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl.
З почину ж творення - чоловіком і жінкою створив їх Бог.
7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li,
Тим покине чоловік батька свого й матір, і пригорнеть ся до жінки своєї,
8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè.
і будуть у двох тіло одно; то вже їх більш не двоє, а одно тіло.
9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
Оце ж, що Бог злучив, чоловік нехай не розлучуе.
10 Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò.
А в господї знов ученики Його про се питали Ного.
11 E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li.
І рече їм: Хто розведеть ся з жінкою своєю, і оженить ся з иншою, робить перелюб з нею.
12 E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”
І коли жінка розведеть ся з чоловіком своїм, та вийде за иншого, робить перелюб.
13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.
І приношено Йому дїтей, щоб приторкнувсь до них; ученики ж заказували тим, що приносили.
14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo.
Побачивши ж Ісус, прогнівив ся, і рече їм: Дайте дітям приходити до мене, й не бороніть їм; таких бо царство Боже.
15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”
Істино глаголю вам: Хто не прийме царства Божого, як мала дитина, не ввійде в него.
16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.
І, обнявши їх, положив руки на них, і благословив їх.
17 Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?” (aiōnios )
І, як виходив Він у дорогу, прибіг один, і втавши перед Ним на коліна, питав Його: Учителю благий, що робити менї, щоб життє вічне наслїдувати? (aiōnios )
18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl.
Ісус же рече йому: Чого мене звеш благим? Ніхто не благий, тільки один, Бог.
19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”
Заповідї знаєш: Не роби перелюбу. Не вбивай. Не кради. Не сьвідкуй криво. Не обижай. Поважай батька твого й матір.
20 Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”
Він же, озвавшись, каже Йому: Учителю, се все я хоронив з малку мого.
21 Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”
Ісус же, поглянувши на него, уподобав його, й рече йому: Одного тобі не достає: ійди, що маєш, продай і дай убогим, і мати меш скарб на небі; і прийди, та й іди слїдом за мною, взявши хрест.
22 Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.
Він же, зажурившись од слова сього, пійшов сумуючи: мав бо достатки великі.
23 Jésus te gade toupatou e te di a disip li yo: “Ala sa ap difisil pou sila ki gen anpil richès antre nan wayòm Bondye a!”
І позирнувши Ісус округи, рече ученикам своїм: Як тяжко багацтва маючим у царство Боже ввійти!
24 Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a!
Ученики ж вжахнулись од словес Його. Ісус же, знов озвавшись, рече їм: Діти, як тяжко вповаючим на багацтва в царство Боже ввійти!
25 L ap pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
Легше верблюдові кріз ушко голки пройти, ніж багатому в царство Боже ввійти.
26 Yo te menm pi etone. Yo te di l: “Ebyen, kilès ki kab sove?”
Вони ж, надто здивувались, говорячи між собою: То хто ж може спастись?
27 Tou ap gade yo Jésus te di: “Avèk moun, sa pa posib, men li pa konsa avèk Bondye. Paske tout bagay posib avèk Bondye.”
Споглянувши ж на них Ісус, рече: У людей неможливе, та не в Бога; все бо можливе в Бога.
28 Pierre te kòmanse di L: “Gade, nou gen tan kite tout bagay e te swiv Ou.”
І почав Петр говорити Йому: Ось ми покинули все, та й пійшли слїдом за Тобою.
29 Jésus te di: “Anverite Mwen di nou, ‘Nanpwen pèsòn ki kite kay li, oswa frè li, oswa sè li ak pitit li, ni manman ni papa, oswa jaden li pou koz Mwen ak pou koz levanjil la,
Озвав ся ж Ісус і рече: Істино глаголю вам: Нема чоловіка, що покинув домівку, або братів, або сестер, або батька, або матір, або жінку, або дїтей, або поля ради мене і євангелиї,
30 men ke l ap resevwa san fwa plis koulye a, nan tan sila a, kay, frè, sè ansanm avèk pèsekisyon yo; e nan laj k ap vini an, lavi etènèl. (aiōn , aiōnios )
та й не прийняв у сотеро тепер, часу сього, серед гонення, домівок, і братів, і сестер, і матїрок, і дїтей, і земель, а в віку будучому життє вічне. (aiōn , aiōnios )
31 Men anpil moun ki premye ap vin dènye; e dènye yo va vin premye.
Многі ж перві будуть останнї, а останні перві.
32 Yo te sou wout la pou ale Jérusalem e Jésus t ap mache pi devan yo. Yo te etone, e sila ki te swiv yo te pè anpil. Ankò Li te rele douz yo akote e te kòmanse di yo kisa ki ta vin rive Li.
Були ж вони в дорозї, ідучи в Єрусалим, і випередив їх Ісус; й вжахнули ся вони; і, йдучи за ним, лякались. І, взявши знов дванайцятьох, почав їм глаголати, що Йому станеть ся:
33 “Byen gade, nou ap monte Jérusalem. Fis a Lòm nan va livre a chèf prèt yo avèk skrib yo. Yo va kondane Li a lanmò, e yo va livre li a payen yo.
Що ось ідемо в Єрусалим, і Син чоловічий буде виданий архиєреям та письменникам, і осудять вони Його на смерть, і видадуть Його поганам;
34 Epi y ap moke L, krache sou Li, bay Li gwo kout fwèt, e touye L. Twa jou pita, L ap resisite.”
і насьміхати муть ся з Него, й бити муть Його, й плювати муть на Него, і вбють Його; й третього дня воскресне.
35 Jacques, Jean, avèk de fis Zébédée yo te vin kote L. Yo te di L: “Mèt, nou vle ke Ou fè pou nou nenpòt sa ke nou mande Ou”.
І приступають до Него Яков та Иоан, сини Зеведеєві, кажучи: Учителю, хочемо, щоб, про що просити мем, зробив нам.
36 Li te di yo: “Kisa nou vle M fè pou nou”?
Він же рече їм: Що хочете, щоб зробив вам?
37 Yo te di L: “Bannou dwa pou nou kapab chita nan glwa Ou, youn sou bò dwat Ou, e youn sou bò gòch Ou nan glwa Ou.”
Вони ж кажуть Йому: Дай нам, щоб один по правицї в Тебе, а один по лївицї в Тебе сидїли ми в славі Твоїй.
38 Men Jésus te di yo: “Nou pa konnen sa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke M ap bwè a, oubyen batize avèk batèm ke Mwen ap batize a?”
Ісус же рече їм: Не знаєте, чого просите. Чи зможете пити чашу, яку я пю, і хрещеннєм, яким я хрещу ся, хрестити ся?
39 Yo te di L: “Nou kapab”. Jésus te reponn yo: “Tas ke M ap bwè a, nou ap bwè. Epi nou ap batize avèk menm batèm ke M ap batize a.
Вони ж кажуть Йому: Можемо. Ісус же рече їм: Ви-то чашу, яку я пю, пити мете, й хрещеннєм, яким я хрещусь, хрестити метесь;
40 Men pou chita bò dwat Mwen, oubyen bò gòch Mwen an, sila a se pa pa M nan pou M ta bay, men se pou sila ke li te prepare yo.”
тільки ж, щоб сидїти вам по правицї в мене й по лївицї в мене, се не єсть моє дати, а кому приготовлено.
41 Lè yo tande sa, dis lòt yo te kòmanse santi ke yo te mekontan avèk Jacques ak Jean.
І почувши десять, почали ремствувати на Якова та Иоана.
42 Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo.
Ісус же, покликавши їх, рече їм: Ви знаєте, що котрі, здаєть ся, князюють над поганами, панують над ними, й великі їх управляють ними.
43 Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou.
Не так же буде в вас; нї, хто хоче стати ся великим між вами, нехай буде слугою вам;
44 Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout.
і хто хоче між вами стати ся першим, нехай буде усїм рабом.
45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”
Бо й Син чоловічий не прийшов, щоб служено Йому, а служити й дати душу свою викуп за многих.
46 Konsa yo te rive Jéricho. E pandan Li t ap kite Jéricho avèk disip Li yo, ansanm ak yon gwo foul la, yon avèg ki t ap mande, ki te rele Bartimée, fis a Timée, te chita akote wout la.
І приходять у Єрихон; і як виходив Він із Єрихону, й ученики Його, й багато народу, син Тимеїв, Вартимей слїпий, сидїв над шляхом, просячи.
47 Lè l tande ke se te Jésus, Nazareyen an, li te kòmanse kriye fò e te di: “Jésus, Fis a David la, gen pitye pou mwen!”
І, почувши, що се Ісус Назарянин, почав кричати й казати: Сину Давидів Ісусе, помилуй мене.
48 Konsa, anpil moun t ap pale ak li sevèman pou li ta pe la, men li te kriye pi fò: “Fis a David la: gen pitye pou mwen!”
І сварили на него многі, щоб мовчав; він же ще більше кричав: Сину Давидів, помилуй мене.
49 Konsa, Jésus te rete la, e te di: “Rele Li.” Yo te rele avèg la. Yo te di l: “Pran kouraj! Leve kanpe! L ap rele ou!”
І, зупинившись Ісус, звелїв його покликати. І покликали сліпого, говорячи йому: Бодрись, устань; кличе тебе.
50 Li te jete akote gwo vètman li, te vòltije kanpe byen vit, e te rive kote Jésus.
Він же, скинувши одежу свою, встав і приступив до Ісуса.
51 Jésus te reponn li, e te di l: “Kisa ou vle M fè pou ou?” Mesye avèg la te di L: “Rabouni (ki vle di Mèt), mwen vle wè ankò!”
І, озвавшись, рече йому Ісус: Що хочеш, щоб зробив тобі? Слїпий же каже Йому: Учителю, щоб прозрів.
52 Jésus te di l: “Ale! Lafwa ou fè ou geri.” Lapoula, li te wè ankò, e li t ap swiv Li sou wout la.
Ісусже рече йому: Іди, віра твоя спасла тебе. І зараз прозрів він, й пійшов слідом за Ісусом дорогою.