< Mak 1 >

1 Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, Fis Bondye a.
This is the beginning of the gospel of Jesus Christ, the Son of God.
2 Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la, “Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou, ki va prepare chemen nou;
As it is written in Isaiah the prophet, “Look, I am sending my messenger before your face, the one who will prepare your way.
3 Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’”
The voice of one calling out in the wilderness, 'Make ready the way of the Lord; make his paths straight.'”
4 Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.
John came, baptizing in the wilderness and preaching a baptism of repentance for the forgiveness of sins.
5 Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.
The whole country of Judea and all the people of Jerusalem went out to him. They were baptized by him in the Jordan River, confessing their sins.
6 Jean te abiye avèk pwal chamo. Yon sentiwon te antoure senti li, epi manje li se te krikèt avèk myèl sovaj.
John was wearing a coat of camel's hair and a leather belt around his waist, and he was eating locusts and wild honey.
7 Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li.
He proclaimed, “One will come after me who is more powerful than I; the strap of his sandals I am not worthy to stoop down and untie.
8 Mwen batize nou avèk dlo, men Li va batize nou avèk Lespri Sen an.”
I baptized you with water, but he will baptize you with the Holy Spirit.”
9 Nan jou sa yo, Jésus te sòti Nazareth nan Galilée, e te batize pa Jean nan Jourdain an.
It happened in those days that Jesus came from Nazareth in Galilee, and he was baptized by John in the Jordan River.
10 Nan menm moman ke Li te sòti nan dlo a, Li te wè syèl la vin louvri, e Lespri a kon yon toutrèl te vin desann sou Li.
As Jesus came up out of the water, he saw the heavens split open and the Spirit coming down on him like a dove.
11 Yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
A voice came out of the heavens, “You are my beloved Son. I am very pleased with you.”
12 Nan menm moman an Lespri a te pouse Li ale nan dezè a.
Then the Spirit compelled him to go out into the wilderness.
13 Konsa, Li te nan dezè a pou karant jou pandan Satan t ap tante Li. Li te avèk bèt sovaj yo, epi se zanj yo ki te okipe Li.
He was in the wilderness forty days, being tempted by Satan. He was with the wild animals, and the angels served him.
14 Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.
Now after John was arrested, Jesus came into Galilee proclaiming the gospel of God.
15 Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”
He said, “The time is fulfilled, and the kingdom of God is near. Repent and believe in the gospel.”
16 Pandan li t ap pase bò kote lanmè Galilée a, Li te wè Simon avèk André, frè a Simon an, ki t ap voye yon senn nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.
When he was walking beside the Sea of Galilee, he saw Simon and Andrew the brother of Simon casting a net in the sea, for they were fishermen.
17 Jésus te di yo: “Swiv Mwen, e M ap fè nou fè lapèch moun.”
Jesus said to them, “Come, follow me, and I will make you fishers of men.”
18 La menm, yo te kite senn yo pou te swiv Li.
Then immediately they left the nets and followed him.
19 Pi lwen Li te wè Jacques, fis Zébédée a, ak Jean, frè li a, ki t ap repare senn yo nan kannòt la.
As Jesus was walking on a little farther, he saw James son of Zebedee and John his brother; they were in the boat mending the nets.
20 Lapoula Li te rele yo, e yo te kite Zébédée, papa yo, nan kannòt la avèk sèvitè jounalye yo, e te sòti pou swiv Li.
He called them and they left their father Zebedee in the boat with the hired servants, and they followed him.
21 Yo te ale Capernaüm. Imedyatman nan Saba a, Li te antre nan sinagòg la pou l te kòmanse enstwi.
Then they came into Capernaum, and on the Sabbath, Jesus went into the synagogue and taught.
22 Yo te etone pou jan Li te enstwi a. Paske Li te enstwi kon yon moun ki te gen otorite, e pa kon skrib yo.
They were astonished at his teaching, for he was teaching them as someone who has authority and not as the scribes.
23 Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò
Just then a man in their synagogue who had an unclean spirit cried out,
24 pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”
saying, “What do we have to do with you, Jesus of Nazareth? Have you come to destroy us? I know who you are. You are the Holy One of God!”
25 Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”
Jesus rebuked the demon and said, “Be quiet and come out of him!”
26 Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.
The unclean spirit threw him down and went out from him while crying out with a loud voice.
27 Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”
All the people were amazed, so they asked each other, “What is this? A new teaching with authority? He even commands the unclean spirits and they obey him!”
28 Byen vit nouvèl la te kouri toupatou nan tout anviwon Galilée a.
The news about him went out everywhere into the whole region of Galilee.
29 Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.
After coming out of the synagogue, they came into the house of Simon and Andrew, along with James and John.
30 Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman an yo te pale avèk Li konsènan li.
Now Simon's mother-in-law was lying sick with a fever, and they told Jesus about her.
31 Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.
So he came, took her by the hand, and raised her up; the fever left her, and she started serving them.
32 Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo.
That evening, after the sun had set, they brought to him all who were sick or possessed by demons.
33 Tout vil la te rasanble devan pòt la.
The whole city gathered together at the door.
34 Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.
He healed many who were sick with various diseases and cast out many demons, but he did not allow the demons to speak because they knew him.
35 Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.
He got up very early, while it was still dark; he left and went out into a solitary place and there he prayed.
36 Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li.
Simon and those who were with him searched for him.
37 Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.
They found him and they said to him, “Everyone is looking for you.”
38 Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.”
He said, “Let us go elsewhere, out into the surrounding towns, so that I may preach there also. That is why I came out here.”
39 Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.
He went throughout all of Galilee, preaching in their synagogues and casting out demons.
40 Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.
A leper came to him. He was begging him; he knelt down and said to him, “If you are willing, you can make me clean.”
41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”.
Moved with compassion, Jesus reached out his hand and touched him, saying to him, “I am willing. Be clean.”
42 Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.
Immediately the leprosy left him, and he was made clean.
43 Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale.
Jesus strictly warned him and sent him away.
44 Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
He said to him, “Be sure to say nothing to anyone, but go, show yourself to the priest, and offer for your cleansing what Moses commanded, as a testimony to them.”
45 Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.
But he went out and began to spread the news widely, so much that Jesus could no longer enter a town openly but he stayed out in remote places. Yet people were still coming to him from everywhere.

< Mak 1 >