< Lik 7 >

1 Lè Li te fin konplete tout diskou Li a nan tande a pèp la, Li te ale Capernaüm.
ויהי אחרי כלותו לדבר את כל דבריו באזני העם ויבא אל כפר נחום׃
2 Epi esklav a yon sèten santenye, ke li te renmen anpil, te malad e te prèt pou mouri.
ועבד לאחד משרי המאות חלה למות והוא יקר לו מאד׃
3 Lè li te tande afè Jésus a, chèf santenye a te voye kèk nan Jwif ansyen yo pou mande Li vin sove lavi a esklav li a.
וישמע את שמע ישוע וישלח אליו מזקני היהודים וישאל מאתו לבוא ולהושיע את עבדו׃
4 Lè yo te rive kote Jésus, yo te sipliye L avèk tout kè yo. Yo te di: “Li merite pou Ou ta fè sa pou li.
ויבאו אל ישוע ויתחננו לו מאד ויאמרו ראוי הוא אשר תעשה בקשתו׃
5 Paske li renmen nasyon nou an. Se te li ki te bati sinagòg nou an.”
כי אהב עמנו הוא והוא בנה לנו את בית הכנסת׃
6 Jésus te pran wout la avèk yo. Lè Li te vin prè kay la, santenye a te voye zanmi yo pou di L: “Senyè, pa twouble tèt Ou plis, paske mwen pa dign pou Ou ta antre menm anba twati kay mwen.
וילך אתם ישוע ויהי כאשר קרב אל הבית וישלח אליו שר המאה על ידי רעיו לאמר לו בי אדני אל נא תטריח את עצמך כי אינני כדי שתבוא בצל קורתי׃
7 Pou rezon sa a, mwen pa t menm konsidere ke m te dign pou m te vin kote Ou. Men sèlman di yon mo e sèvitè mwen an va geri.
ובעבור זאת גם את עצמי לא חשבתי ראוי לבוא אליך אך דבר נא דבר וירפא נערי׃
8 Paske mwen tou se yon moun plase anba otorite, avèk sòlda yo anba m. Mwen di a sila a: ‘Ale’, e li ale, e a yon lòt ‘Vini’, e li vini; e a esklav mwen ‘Fè sa’, e li tou fè l.”
כי גם אנכי איש נתון תחת השלטון יש תחת ידי אנשי צבא ואמרתי לזה לך והלך ולזה בוא ובא ולעבדי עשה זאת ועשה׃
9 Alò, lè Jésus te tande sa, Li te etone de li. Li te vire di foul ki t ap swiv Li a: “Mwen di nou, pa menm an Israël Mwen pa t twouve yon si gran lafwa.”
וישמע ישוע את דבריו ויתמה עליו ויפן ויאמר אל ההמון ההלך אחריו אמר אני לכם גם בישראל לא מצאתי אמונה גדולה כזאת׃
10 Epi lè sila ki te voye yo te vin retounen, yo te twouve esklav la an bòn sante.
וישובו השלוחים אל הבית וימצאו את העבד החלה והוא נרפא׃
11 Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun.
ויהי ממחרת וילך אל עיר ושמה נעים ורבים מתלמידיו הלכים אתו והמון עם רב׃
12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l.
הוא קרב אל שער העיר והנה מוציאים מת בן יחיד לאמו והיא אלמנה ועמה רבים מעם העיר׃
13 Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.”
וכראות אתה האדון נכמרו רחמיו עליה ויאמר לה אל תבכי׃
14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!”
ויגש ויגע בארון והנשאים עמדו ויאמר עלם אמר אני אליך קומה׃
15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.
ויתעודד המת ויחל לדבר ויתנהו לאמו׃
16 Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!
ותאחז כלם רעדה וישבחו את האלהים ויאמרו כי נביא גדול קם בקרבנו וכי פקד האלהים את עמו׃
17 Rapò sila a konsènan Li te gaye toupatou nan Juda ak tout landwa nan distri yo.
ויצא הדבר הזה בכל יהודה ובכל הככר׃
18 Disip a Jean yo te bay li rapò konsènan tout bagay sa yo.
ותלמידי יוחנן הגידו לו את כל אלה׃
19 Konsa, li te rele de nan disip li yo, e te voye yo kote Senyè a pou mande: “Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?”
ויקרא אליו יוחנן שנים מתלמידיו וישלחם אל ישוע לאמר לו האתה הוא הבא אם נחכה לאחר׃
20 Lè mesye yo te rive a Li menm, yo te di: “Jean-Baptiste voye nou kote Ou menm pou mande ‘Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?’”
ויבאו אליו האנשים ויאמרו יוחנן המטביל שלחנו אליך לאמר האתה הוא הבא אם נחכה לאחר׃
21 Nan menm lè sa a, Li te geri anpil moun avèk maladi, afliksyon, ak move lespri; epi Li te bay vizyon a anpil moun ki te avèg.
בעת ההיא רפא רבים מחליים ומנגעים ומרוחות רעות ולעורים רבים נתן ראות עינים׃
22 Li te reponn e te di yo: “Ale bay rapò a Jean sou sa nou wè ak tande. ‘Avèg yo vin wè, bwate yo vin mache, lepre yo vin pwòp, soud yo tande, mò yo leve, e malere yo gen bòn nouvèl la preche a yo menm.
ויען ישוע ויאמר להם לכו והגידו ליוחנן את אשר ראיתם ואשר שמעתם כי עורים ראים ופסחים מתהלכים ומצרעים מטהרים וחרשים שומעים ומתים קמים ועניים מתבשרים׃
23 Beni se sila ki pa pran ofans akoz Mwen.’”
ואשרי אשר לא יכשל בי׃
24 Lè mesaje a Jean yo te sòti, Li te kòmanse pale a foul la sou Jean: “Kisa nou te ale nan dezè a pou wè? Yon wozo k ap souke pa van?
ויהי כאשר הלכו להם שלוחי יוחנן ויחל לדבר אל המון העם על אדות יוחנן ויאמר מה זה יצאתם המדברה לראות הקנה אשר ינוע ברוח׃
25 Men kisa nou te ale pou wè? Yon nonm abiye an twal swa? Gade byen, sila ki abiye byen bèl e ki viv nan richès yo se nan palè wayal yo ye.
ואם לא מה זה יצאתם לראות האיש לבוש בגדי עדנים הנה המלבשים בגדי תפארת והמענגים בחצרות המלכים המה׃
26 Men kisa nou te ale wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou, se youn ki plis ke yon pwofèt.
ועתה מה זה יצאתם לראות אם לראות איש נביא הן אני אמר לכם כי אף גדול הוא מנביא׃
27 “Se li menm sou sila yo te ekri a: ‘Veye byen, Mwen voye, mesaje Mwen devan fas Ou, ki va prepare chemen Ou an devan Ou.’
זה הוא אשר כתוב עליו הנני שלח מלאכי לפניך ופנה דרכך לפניך׃
28 “Mwen di nou, pami sila ki ne de fanm yo, nanpwen youn ki pi gran ke Jean; malgre sila ki pi piti nan wayòm Bondye a, pi gran pase li.”
כי אמר אני לכם אין איש בילודי אשה גדול מיוחנן המטביל אך הקטן במלכות האלהים גדול הוא ממנו׃
29 Lè tout pèp la avèk kolektè kontribisyon yo te tande sa, yo te rekonèt jistis Bondye; akoz yo te batize avèk batèm Jean an.
וכל העם והמכסים כשמעם הצדיקו את האלהים ויטבלו בטבילת יוחנן׃
30 Men Farizyen yo avèk avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.
אך הפרושים ובעלי התורה נאצו את עצת האלהים על נפשם ולא נטבלו על ידו׃
31 “A kisa Mwen kapab konpare lèzòm nan jenerasyon sila a, e ak kisa yo sanble?
ויאמר האדון עתה אל מי אדמה את אנשי הדור הזה ואל מי הם דמים׃
32 Yo tankou timoun ki chita nan plas mache a, e k ap rele youn lòt; epi yo di: ‘Nou te jwe flit la pou ou, e ou pa t danse; nou te chante yon antèman, e ou pa t kriye.’
דמים הם לילדים הישבים בשוק וקראים זה אל זה ואמרים חללנו לכם בחלילים ולא רקדתם קוננו לכם קינה ולא בכיתם׃
33 Paske Jean-Baptiste te vinisan manje pen, ni bwè diven; epi nou di ke li te gen yon dyab!
כי בא יוחנן המטביל לחם לא אכל ויין לא שתה ואמרתם שד בו׃
34 Fis a Lòm nan vini nan manje, ak bwè; epi nou di: ‘Gade, yon nonm ki manje twòp, yon moun sou, yon zanmi a kolektè kontribisyon avèk pechè yo!
ובא בן האדם והוא אכל ושתה ואמרתם הנה זולל וסבא ורע למוכסים ולחטאים׃
35 Men sajès lajistifye pa tout pitit li yo.
ותצדק החכמה על ידי כל בניה׃
36 Alò, youn nan Farizyen yo t ap mande L pou dine avèk li. Konsa, Li te antre lakay Farizyen an, e te rete sou tab la.
ויבקש ממנו אחד מן הפרושים לאכל אתו לחם ויבא אל בית הפרוש ויסב׃
37 E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat.
והנה אשה אחת בעיר והיא חטאת שמעה כי הוא מסב בית הפרוש ותבא פך שמן המור׃
38 Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an.
ותעמד לרגליו מאחריו ותבך ותחל להרטיב את רגליו בדמעות ותנגב אתן בשערות ראשה ותשק את רגליו ותמשח אתן בשמן׃
39 Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”
וירא הפרוש הקרא אתו ויאמר בלבו אלו היה זה נביא כי עתה ידע ידע מי היא זאת ואי זו היא הנגעת בו כי אשה חטאת היא׃
40 Jésus te reponn li: “Simon, Mwen gen yon bagay pou di ou.” Li te di: “Pale, Mèt.”
ויען ישוע ויאמר אליו שמעון דבר לי אליך ויאמר רבי דבר׃
41 Yon sèten moun ki prete lajan te gen de zòm ki te dwe l: youn te dwe l senk-sandenye, epi lòt la, senkant.
שני חיבים היו לנשה אחד האחד חיב לו דינרים חמש מאות והשני דינרים חמשים׃
42 Lè yo pa t kapab repeye, avèk gras, li te padone yo toulède. Pou sa, kilès nan yo k ap renmen li plis?”
ויהי באשר לא השיגה ידם לשלם וישמט את שניהם ועתה אמר נא מי משניהם ירבה לאהבה אתו׃
43 Simon te reponn e te di: “Mwen sipoze ke se sila ke li te padone plis la.” “Li te di li: “Ou jije byen”.
ויען שמעון ויאמר אחשב כי האיש ההוא אשר הרבה להשמיט לו ויאמר אליו כן שפטת׃
44 Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon: “Èske ou wè fanm sa a? Mwen te antre lakay ou. Ou pa t ban M dlo pou pye Mwen, men li mouye pye M avèk dlo zye li, e li te siye yo avèk cheve li.
ויפן אל האשה ויאמר אל שמעון הראית את האשה הזאת הנה באתי אל ביתך ומים על רגלי לא נתת והיא הרטיבה את רגלי בדמעות ותנגב בשערותיה׃
45 Ou pa t bo M; men li menm, depi lè M antre a li pa sispann bo pye Mwen.
נשיקה לא נשקתני והיא מאז באתי לא חדלה מנשק את רגלי׃
46 Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.
בשמן לא משחת את ראשי והיא בשמן המור משחה את רגלי׃
47 “Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”
לכן אני אמר אליך נסלחו לה חטאתיה הרבות כי הרבה אהבה ואשר נסלח לו מעט הוא אהב מעט׃
48 Answit Li te di li: “Peche ou yo padone”.
ויאמר אליה נסלחו לך חטאתיך׃
49 Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: “Ki moun sa ye ki menm padone peche?”
ויחלו המסבים עמו לאמר בלבם מי הוא זה אשר גם יסלח חטאים׃
50 Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”
ויאמר אל האשה אמונתך הושיעה לך לכי לשלום׃

< Lik 7 >