< Lik 24 >

1 Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo.
Pierwszego [dnia] tygodnia wczesnym rankiem przyszły do grobu, niosąc wonności, które przygotowały, a z nimi i inne [kobiety];
2 Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan,
I zastały kamień odwalony od grobowca.
3 men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a Senyè Jésus a.
A wszedłszy [do środka], nie znalazły ciała Pana Jezusa.
4 Pandan yo te twouble akoz sa, vwala sibitman, de mesye te kanpe toupre yo a ak yon abiman briyan.
A gdy zakłopotały się z tego powodu, nagle dwaj mężowie stanęli przy nich w lśniących szatach.
5 Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè. Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo?
I przestraszone, schyliły twarze ku ziemi, a [oni] powiedzieli do nich: Dlaczego szukacie żyjącego wśród umarłych?
6 Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a?
Nie ma go tu, ale powstał [z martwych]. Przypomnijcie sobie, jak wam mówił, gdy był jeszcze w Galilei:
7 Li t ap di ke fòk Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”
Syn Człowieczy musi być wydany w ręce grzesznych ludzi i ukrzyżowany, a trzeciego dnia zmartwychwstać.
8 Konsa yo te sonje pawòl Li yo.
I przypomniały sobie jego słowa.
9 Yo te retounen soti nan tonm nan e te bay rapò a tout bagay sa yo a onz yo ak tout lòt yo.
A wróciwszy od grobu, oznajmiły to wszystko jedenastu i wszystkim pozostałym.
10 Alò, se te Marie Magdala, Jeanne, Marie, manman a Jacques; anplis, lòt fanm ki te avèk yo, ki t ap pale apòt yo bagay sa yo.
A były to: Maria Magdalena i Joanna, Maria, [matka] Jakuba, i inne z nimi, które opowiedziały to apostołom.
11 Men pawòl sa yo te parèt a yo menm tankou foli, e yo te refize kwè yo.
Lecz ich słowa wydały im się niczym baśnie i nie uwierzyli im.
12 Men Pierre te leve, e te kouri nan tonm nan. Lè l te bese pou gade ladann, li te wè sèlman twal lèn ki te sèvi pou vlope a; epi li te sòti pou rive lakay li byen etone de sa ki te pase a.
Wtedy Piotr wstał i pobiegł do grobu. A gdy się nachylił, zobaczył płótna leżące osobno i odszedł, dziwiąc się temu, co się stało.
13 E konsa, de nan yo t ap prale menm jou sa nan yon vil yo te rele Emmaüs, ki te anviwon a onz kilomèt de Jérusalem.
A tego samego dnia dwaj z nich szli do wioski zwanej Emmaus, która była [oddalona] o sześćdziesiąt stadiów od Jerozolimy.
14 Yo t ap pale youn ak lòt sou tout bagay sa yo ki te fèt.
I rozmawiali ze sobą o tym wszystkim, co się stało.
15 Pandan yo t ap pale ak diskite, Jésus Li menm te pwoche, e te kòmanse mache fè wout la ansanm avèk yo.
A gdy tak rozmawiali i wspólnie się zastanawiali, sam Jezus przybliżył się i szedł z nimi.
16 Men zye pa yo te anpeche yo rekonèt Li.
Lecz ich oczy były zakryte, żeby go nie poznali.
17 Li te di yo: “Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?”
I zapytał ich: Cóż to za rozmowy prowadzicie między sobą w drodze? [Dlaczego] jesteście smutni?
18 Youn nan yo ke yo te rele Cléopas, te reponn e te di Li: “Èske se ou sèl k ap vizite Jérusalem ki pa konnen sa ki te pase isit la nan jou sa yo?”
A jeden [z nich], któremu było na imię Kleofas, odpowiedział mu: Czy jesteś tylko przychodniem w Jerozolimie i nie wiesz, co się tam w tych dniach stało?
19 Li te di yo: “Ki bagay”? Epi yo te di Li: “Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la.
I zapytał ich: O czym? A oni mu odpowiedzieli: O Jezusie z Nazaretu, który był prorokiem potężnym w czynie i słowie przed Bogiem i całym ludem;
20 Kijan chèf prèt yo avèk dirijan nou yo te livre li kondane a lanmò, e te krisifye Li.
Jak naczelni kapłani i nasi przywódcy wydali go na śmierć i ukrzyżowali.
21 Men nou t ap espere ke se te Li ki t ap fè redanmsyon Israël a. Anplis de tout sa, se twazyèm jou a depi bagay sa yo te fèt.
A my spodziewaliśmy się, że on odkupi Izraela. Lecz po tym wszystkim dziś już trzeci dzień, jak to się stało.
22 Men osi, kèk fanm pami nou te etone nou. Lè yo te nan tonm nan bonè maten an,
Nadto niektóre z naszych kobiet zdumiały nas: były wcześnie rano przy grobie;
23 epi pa t twouve kò Li, yo te vin di ke yo te wè yon aparisyon de zanj ki te di ke Li te vivan.
A nie znalazłszy jego ciała, przyszły, mówiąc, że miały widzenie aniołów, którzy powiedzieli, iż on żyje.
24 Kèk nan sila ki te avèk nou yo te ale nan tonm nan, e te twouve li vrèman menm jan ke fanm yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L.”
Wówczas niektórzy z naszych poszli do grobu i zastali [wszystko] tak, jak mówiły kobiety, ale jego nie widzieli.
25 Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo;
Wtedy on powiedział do nich: O głupi i serca nieskorego do wierzenia we wszystko, co powiedzieli prorocy!
26 Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?”
Czyż Chrystus nie musiał tego wycierpieć i wejść do swojej chwały?
27 Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
I zaczynając od Mojżesza i wszystkich proroków, wykładał im, co było o nim [napisane] we wszystkich Pismach.
28 Konsa, yo te pwoche vil kote yo t ap prale a, e Li te fè tankou Li t ap prale pi lwen.
I zbliżyli się do wsi, do której szli, a on zachowywał się tak, jakby miał iść dalej.
29 Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo.
Lecz oni go przymusili, mówiąc: Zostań z nami, bo zbliża się wieczór i dzień się już kończy. Wszedł więc, aby z nimi zostać.
30 Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li.
A gdy siedział z nimi [za stołem], wziął chleb, pobłogosławił i łamiąc, podawał im.
31 Answit zye yo te vin ouvri e yo te rekonèt Li; epi Li te disparèt devan zye yo.
Wtedy otworzyły się im oczy i poznali go, lecz on zniknął im z oczu.
32 Yo te di youn ak lòt: “Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?”
I mówili między sobą: Czy nasze serce nie pałało w nas, gdy rozmawiał z nami w drodze i otwierał nam Pisma?
33 Epi yo te leve menm lè a; yo te retounen Jérusalem, e yo te twouve onz yo reyini ansanm avèk sila ki te avèk yo.
A wstawszy o tej godzinie, wrócili do Jerozolimy i zastali zgromadzonych jedenastu i tych, którzy z nimi [byli].
34 Yo te di yo ke Senyè a vrèman leve, e te parèt a Simon.
Ci mówili: Pan naprawdę zmartwychwstał i ukazał się Szymonowi.
35 Yo te kòmanse pataje sa ki te pase nan wout la, ak jan yo te vin konnen Li nan kase pen an.
Oni zaś opowiedzieli, co się stało w drodze i jak go poznali przy łamaniu chleba.
36 Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”
A gdy to mówili, sam Jezus stanął pośród nich i powiedział do nich: Pokój wam.
37 Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.
A oni się zlękli i przestraszeni myśleli, że widzą ducha.
38 Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou?
I zapytał ich: Czemu się boicie i czemu myśli budzą się w waszych sercach?
39 Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.”
Popatrzcie na moje ręce i nogi, że to jestem ja. Dotknijcie mnie i zobaczcie, bo duch nie ma ciała ani kości, jak widzicie, że ja mam.
40 Lè l fin di sa, Li te montre yo men Li avèk pye Li.
Kiedy to powiedział, pokazał im ręce i nogi.
41 Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”
Lecz gdy oni z radości jeszcze nie wierzyli i dziwili się, zapytał ich: Macie tu coś do jedzenia?
42 Yo te bay Li yon mòso pwason boukannen.
I podali mu kawałek pieczonej ryby i plaster miodu.
43 Li te pran l e te manje l devan yo.
A on wziął i jadł przy nich.
44 Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”
Potem powiedział do nich: To są słowa, które mówiłem do was, będąc jeszcze z wami, że musi się wypełnić wszystko, co jest o mnie napisane w Prawie Mojżesza, u Proroków i w Psalmach.
45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo.
Wtedy otworzył ich umysły, żeby rozumieli Pisma.
46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a.
I powiedział im: Tak jest napisane i tak Chrystus musiał cierpieć, i trzeciego dnia zmartwychwstać;
47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.
I w jego imieniu ma być głoszona pokuta i przebaczenie grzechów wszystkim narodom, począwszy od Jerozolimy.
48 Nou menm se temwen a bagay sa yo.
A wy jesteście tego świadkami.
49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
A oto ja ześlę na was obietnicę mego Ojca, a wy zostańcie w mieście Jerozolimie, aż będziecie przyobleczeni mocą z wysoka.
50 Li te mennen yo deyò jiska Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo.
I wyprowadził ich aż do Betanii, a podniósłszy ręce, błogosławił ich.
51 Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la.
A gdy ich błogosławił, rozstał się z nimi i został uniesiony w górę do nieba.
52 Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa.
A oni oddali mu pokłon i wrócili do Jerozolimy z wielką radością.
53 Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.
I byli zawsze w świątyni, chwaląc i błogosławiąc Boga. Amen.

< Lik 24 >