< Lik 22 >
1 Alò, fèt Pen San Ledven an ki rele Pak Jwif la, t ap pwoche.
Now the feast of unleavened bread, which is called the Passover, was approaching.
2 Konsa, Chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan yo ta kapab mete L a lanmò; paske yo te pè pèp la.
The chief priests and the scribes sought how they might put him to death, for they feared the people.
3 Konsa, Satan te antre nan Judas ki te rele Iscariot, ki te konte pami douz yo.
Satan entered into Judas, who was also called Iscariot, who was counted with the twelve.
4 Li te sòti, e te diskite avèk chèf prèt avèk ofisye yo sou jan li ta kapab trayi Li a yo menm.
He went away and talked with the chief priests and captains about how he might deliver him to them.
5 Yo te kontan, e te vin dakò pou bay li lajan.
They were glad, and agreed to give him money.
6 Donk, li te antann li avèk yo, e te kòmanse chache yon bon okazyon pou livre Li bay yo kote pa t gen foul moun.
He consented and sought an opportunity to deliver him to them in the absence of the multitude.
7 Alò, te rive premye jou Pen San Ledven an pandan lè yo te oblije fè sakrifis jenn mouton an.
The day of unleavened bread came, on which the Passover must be sacrificed.
8 Li te voye Pierre avèk Jean e te di: “Ale prepare Pak la pou nou pou nou kab manje li.”
Jesus sent Peter and John, saying, “Go and prepare the Passover for us, that we may eat.”
9 Yo te mande li: “Ki kote Ou vle nou prepare l?”
They said to him, “Where do you want us to prepare?”
10 Li te di yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, yon mesye k ap pote yon vaz dlo va vin rankontre nou. Swiv li pou antre nan kay kote li antre a.”
He said to them, “Behold, when you have entered into the city, a man carrying a pitcher of water will meet you. Follow him into the house which he enters.
11 Nou va di a mèt kay la: “Mèt la di nou, ‘Kote chanm vizitè a kote Mwen kapab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’
Tell the master of the house, ‘The Teacher says to you, “Where is the guest room, where I may eat the Passover with my disciples?”’
12 Epi li va montre nou yon gwo chanm anlè, byen founi. Prepare li la.”
He will show you a large, furnished upper room. Make preparations there.”
13 Yo te pati e te twouve tout bagay jan li te di yo a. Yo te prepare Pak la.
They went, found things as Jesus had told them, and they prepared the Passover.
14 Lè lè a te rive, Li te repoze a tab, e apòt yo te avè L.
When the hour had come, he sat down with the twelve apostles.
15 Li te di yo: “Mwen te seryezman anvi manje Pak sa a avèk nou avan Mwen soufri;
He said to them, “I have earnestly desired to eat this Passover with you before I suffer,
16 paske Mwen di nou, Mwen p ap janm manje li ankò, jiskaske li vin akonpli nan wayòm Bondye a.”
for I tell you, I will no longer by any means eat of it until it is fulfilled in God’s Kingdom.”
17 Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm.
He received a cup, and when he had given thanks, he said, “Take this and share it among yourselves,
18 Paske Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”
for I tell you, I will not drink at all again from the fruit of the vine, until God’s Kingdom comes.”
19 Lè L te fin pran yon pen e te beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”
He took bread, and when he had given thanks, he broke and gave it to them, saying, “This is my body which is given for you. Do this in memory of me.”
20 Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se akò nèf de san Mwen an ki vide nèt pou nou.
Likewise, he took the cup after supper, saying, “This cup is the new covenant in my blood, which is poured out for you.
21 Men gade, men la a sila ki trayi Mwen an; li la avè M sou tab la.
But behold, the hand of him who betrays me is with me on the table.
22 Paske anverite, Fis a Lòm nan va ale jan sa te deja detèmine a. Men malè a moun ki trayi Li a!”
The Son of Man indeed goes as it has been determined, but woe to that man through whom he is betrayed!”
23 Konsa, yo te kòmanse diskite pami yo kilès nan yo ke li ta kapab ye pou ta fè bagay sa a.
They began to question among themselves which of them it was who would do this thing.
24 Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran.
A dispute also arose among them, which of them was considered to be greatest.
25 Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’.
He said to them, “The kings of the nations lord it over them, and those who have authority over them are called ‘benefactors.’
26 Men se pa konsa pou nou menm, men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a.
But not so with you. Rather, the one who is greater among you, let him become as the younger, and one who is governing, as one who serves.
27 Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.
For who is greater, one who sits at the table, or one who serves? Isn’t it he who sits at the table? But I am among you as one who serves.
28 Nou menm se sila yo ki te kanpe avè M nan touteprèv Mwen yo.
“But you are those who have continued with me in my trials.
29 Epi menm jan an ke Papa M ban Mwen yon wayòm, Mwen bannou li,
I confer on you a kingdom, even as my Father conferred on me,
30 pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.
that you may eat and drink at my table in my Kingdom. You will sit on thrones, judging the twelve tribes of Israel.”
31 Simon, Simon, veye byen. Satan mande pèmisyon pouvannen ou tankou ble.
The Lord said, “Simon, Simon, behold, Satan asked to have all of you, that he might sift you as wheat,
32 Men Mwen tepriye pou ou, pou lafwa ou pa pèdi; e pou ou, nan lè ke ou retounen ankò, kab bay frè ou yo fòs.”
but I prayed for you, that your faith wouldn’t fail. You, when once you have turned again, establish your brothers.”
33 Men li te di Li: “Senyè, avèk Ou, mwen prepare pou m ale ni nan prizon, ni a lanmò!”
He said to him, “Lord, I am ready to go with you both to prison and to death!”
34 Li te reponn: “Mwen di ou, Pierre, ke kòk la p ap gen tan chante jodi a avan ou di twa fwa ke ou pa rekonèt Mwen.”
He said, “I tell you, Peter, the rooster will by no means crow today until you deny that you know me three times.”
35 Li te di yo: “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.
He said to them, “When I sent you out without purse, bag, and sandals, did you lack anything?” They said, “Nothing.”
36 Li te di yo ankò: “Men koulye a, nenpòt moun ki gen yon bous, fòk li pran l avè l; menm jan an tou, yon sak. E nenpòt moun ki pa gen, fòk li vann manto li, pou achte youn nepe.
Then he said to them, “But now, whoever has a purse, let him take it, and likewise a bag. Whoever has none, let him sell his cloak, and buy a sword.
37 Paske Mwen di nou ke sa ki ekri a oblije akonpli nan Mwen. ‘E Li te konte pami malfektè yo.’ Paskesa ki gen referans a Mwen menm nan gen pou ranpli.”
For I tell you that this which is written must still be fulfilled in me: ‘He was counted with transgressors.’ For that which concerns me is being fulfilled.”
38 Yo te di: “Senyè, gade, men de nepe.” E Li te di yo: “Sa sifi.”
They said, “Lord, behold, here are two swords.” He said to them, “That is enough.”
39 Li te sòti, e te kontinye kòm abitid Li, vè Mòn Olivye a. Disip Li yo osi te swiv Li.
He came out and went, as his custom was, to the Mount of Olives. His disciples also followed him.
40 Lè L te rive la, Li te di yo: “Priye pou nou pa antre nan tantasyon.”
When he was at the place, he said to them, “Pray that you don’t enter into temptation.”
41 Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye.
He was withdrawn from them about a stone’s throw, and he knelt down and prayed,
42 Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, rete tas sa a sou Mwen; malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”
saying, “Father, if you are willing, remove this cup from me. Nevertheless, not my will, but yours, be done.”
43 Alò, yon zanj syèl la te parèt a Li menm pou bay Li fòs.
An angel from heaven appeared to him, strengthening him.
44 Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.
Being in agony, he prayed more earnestly. His sweat became like great drops of blood falling down on the ground.
45 Lè L te leve soti nan lapriyè, Li te vin kote disip yo e te twouve yo nan dòmi akoz tristès yo.
When he rose up from his prayer, he came to the disciples and found them sleeping because of grief,
46 Li te di yo: “Poukisa nou ap dòmi? Leve e priye pou nou pa antre nan tantasyon.”
and said to them, “Why do you sleep? Rise and pray that you may not enter into temptation.”
47 Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L.
While he was still speaking, a crowd appeared. He who was called Judas, one of the twelve, was leading them. He came near to Jesus to kiss him.
48 Men Jésus te di li: “Judas, èske w ap trayi Fis a Lòm nan avèk yon bo?”
But Jesus said to him, “Judas, do you betray the Son of Man with a kiss?”
49 Lè sila ki te antoure Li yo te wè sa ki t ap fèt la, yo te di: “Senyè, èske n ap frape avèk nepe a”?
When those who were around him saw what was about to happen, they said to him, “Lord, shall we strike with the sword?”
50 Konsa, youn nan yo te frape esklav a wo prèt la, e te koupe zòrèy dwat li.
A certain one of them struck the servant of the high priest, and cut off his right ear.
51 Men Jésus te reponn e te di: “Anmwens, kite m fè sa a” epi Li te touche zòrèy la, e te geri li.
But Jesus answered, “Let me at least do this”—and he touched his ear and healed him.
52 Jésus te di a chèf prèt avèk ofisye a tanp ki te vini kont Li yo: “Nou vini avèk nepe ak baton tankou nou t ap vini kont yon vòlè?
Jesus said to the chief priests, captains of the temple, and elders, who had come against him, “Have you come out as against a robber, with swords and clubs?
53 Pandan ke Mwen te avèk nou chak jou nan tanp lan, nou pa t mete men sou Mwen; men lè sa a avèk pouvwa tenèb la se lè pa nou an.”
When I was with you in the temple daily, you didn’t stretch out your hands against me. But this is your hour, and the power of darkness.”
54 Lè yo te fin arete Li, yo te mennen L ale, e te fè L rive lakay wo prèt la. Men Pierre t ap swiv a yon distans.
They seized him and led him away, and brought him into the high priest’s house. But Peter followed from a distance.
55 Apre yo te fin sanble dife nan mitan lakou tribinal la, e te chita ansanm, Pierre te chita pami yo.
When they had kindled a fire in the middle of the courtyard and had sat down together, Peter sat among them.
56 Alò, yon fi ki t ap sèvi, lè l te wè li nan limyè dife a, li te gade l toupre, e te di: “Mesye sa a te avè L tou, wi.”
A certain servant girl saw him as he sat in the light, and looking intently at him, said, “This man also was with him.”
57 Men Li te demanti sa, e te di: “Fanm, mwen pa konnen Li.”
He denied Jesus, saying, “Woman, I don’t know him.”
58 Yon ti jan pita, yon lòt te wè l, e te di: “Ou menm se youn nan yo tou.” Men Pierre te di: “Mesye, se pa mwen!”
After a little while someone else saw him and said, “You also are one of them!” But Peter answered, “Man, I am not!”
59 Apre anviwon yon èdtan te fin pase, yon lòt mesye te kòmanse ensiste, e te di: “Sètènman mesye sa a te avè l tou, paske li se yon Galileyen.”
After about one hour passed, another confidently affirmed, saying, “Truly this man also was with him, for he is a Galilean!”
60 Men Pierre te di: “Mesye, mwen pa konnen anyen de sa w ap pale a!” E lapoula, pandan li te toujou ap pale, yon kòk te chante.
But Peter said, “Man, I don’t know what you are talking about!” Immediately, while he was still speaking, a rooster crowed.
61 Senyè a te vire gade Pierre. E Pierre te sonje pawòl a Senyè a, jan li te di li a: “Avan kòk la chante jodi a, ou va renye M twa fwa.”
The Lord turned and looked at Peter. Then Peter remembered the Lord’s word, how he said to him, “Before the rooster crows you will deny me three times.”
62 Li te sòti deyò, e te kriye byen amè.
He went out, and wept bitterly.
63 Alò mesye ki te kenbe Jésus yo t ap moke Li, e bat Li,
The men who held Jesus mocked him and beat him.
64 Konsa, yo te mare kouvri zye Li avèk yon twal, e te di L: “Pwofetize non; se kilès ki frape Ou a?”
Having blindfolded him, they struck him on the face and asked him, “Prophesy! Who is the one who struck you?”
65 Yo t ap di anpil lòt bagay kont Li, avèkblasfèm.
They spoke many other things against him, insulting him.
66 Lè li te fè jou, Konsèy Ansyen a pèp la te reyini, ni chèf prèt avèk skrib yo. Yo te mennen Li nan chanm konsèy la, e t ap di:
As soon as it was day, the assembly of the elders of the people were gathered together, both chief priests and scribes, and they led him away into their council, saying,
67 “Si Ou menm se Kris la, di nou sa a.” Men Li te di yo: “Si Mwen di nou, nou p ap kwè;
“If you are the Christ, tell us.” But he said to them, “If I tell you, you won’t believe,
68 epi si Mwen poze nou yon kesyon, nou p ap reponn, ni lage M ale.
and if I ask, you will in no way answer me or let me go.
69 Men depi koulye a, Fis a Lòm nan va chita sou men dwat a pwisans Bondye a.”
From now on, the Son of Man will be seated at the right hand of the power of God.”
70 Konsa, yo tout te di: “Alò, Ou menm se Fis Bondye a?” Li te reponn yo: “Ou pale sa, paske, Mwen Se.”
They all said, “Are you then the Son of God?” He said to them, “You say it, because I am.”
71 Answit yo te di: “Kisa nou bezwen anplis kòm temwayaj? Paske nou tande sa nou menm nan pwòp bouch Li!”
They said, “Why do we need any more witness? For we ourselves have heard from his own mouth!”