< Lik 2 >

1 Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete.
U one dane izađe naredba cara Augusta da se provede popis svega svijeta.
2 Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie.
Bijaše to prvi popis izvršen za Kvirinijeva upravljanja Sirijom.
3 Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.
Svi su išli na popis, svaki u svoj grad.
4 Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David,
Tako i Josip, budući da je bio iz doma i loze Davidove, uziđe iz Galileje, iz grada Nazareta, u Judeju - u grad Davidov, koji se zove Betlehem -
5 pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.
da se podvrgne popisu zajedno sa svojom zaručnicom Marijom koja bijaše trudna.
6 Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche.
I dok se bili ondje, navršilo joj se vrijeme da rodi.
7 Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.
I porodi sina svoga, prvorođenca, povi ga i položi u jasle jer za njih nije bilo mjesta u svratištu.
8 Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.
A u tom kraju bijahu pastiri: pod vedrim su nebom čuvali noćnu stražu kod svojih stada.
9 Konsa yon zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz.
Anđeo im Gospodnji pristupi i slava ih Gospodnja obasja! Silno se prestrašiše.
10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.
No anđeo im reče: “Ne bojte se! Evo javljam vam blagovijest, veliku radost za sav narod!
11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.
Danas vam se u gradu Davidovu rodio Spasitelj - Krist, Gospodin.
12 Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”
I evo vam znaka: naći ćete novorođenče povijeno gdje leži u jaslama.”
13 Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:
I odjednom se anđelu pridruži silna nebeska vojska hvaleći Boga i govoreći:
14 “Glwa a Bondye nan pi wo a, e sou latè a, lapè pami lèzòm ki fè L kontan yo.”
“Slava na visinama Bogu, a na zemlji mir ljudima, miljenicima njegovim!”
15 Li te rive ke lè zanj yo te kite yo pou retounen nan syèl, ke bèje yo te kòmanse di youn ak lòt: “Alò, annou ale toudwat Bethléhem pou wè bagay sa a ke Bondye fè nou konprann nan.”
Čim anđeli otiđoše od njih na nebo, pastiri stanu poticati jedni druge: “Hajdemo dakle do Betlehema. Pogledajmo što se to dogodilo, događaj koji nam obznani Gospodin.”
16 Yo te fè vit pou rive e te twouve chemen pou rive kote Marie avèk Joseph, avèk pitit ki te kouche nan manjwa a.
I pohite te pronađu Mariju, Josipa i novorođenče gdje leži u jaslama.
17 Alò, lè yo te wè sa, yo te fè konnen pawòl ki te livre a yo konsènan pitit sila a.
Pošto sve pogledaše, ispripovijediše što im bijaše rečeno o tom djetetu.
18 Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.
A svi koji su to čuli divili se tome što su im pripovijedali pastiri.
19 Men Marie te kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.
Marija u sebi pohranjivaše sve te događaje i prebiraše ih u svome srcu.
20 Bèje yo te retounen e yo t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.
Pastiri se zatim vratiše slaveći i hvaleći Boga za sve što su čuli i vidjeli kako im je bilo rečeno.
21 Lè uit jou te fin pase avan sikonsizyon Li te fèt, yo te bay Li non Jésus, menm non ki te bay pa zanj yo avan Li te plase nan vant lan.
Kad se navršilo osam dana da bude obrezan, nadjenuše mu ime Isus, kako ga je bio prozvao anđeo prije njegova začeća.
22 Lè jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a.
Kad se zatim po Mojsijevu Zakonu navršiše dani njihova čišćenja, poniješe ga u Jeruzalem da ga prikažu Gospodinu -
23 (Jan li ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout mal ki premye ouvri vant lan va rele sen a Bondye”),
kao što piše u Zakonu Gospodnjem: Svako muško prvorođenče neka se posveti Gospodinu! -
24 epi pou ofri yon sakrifis selon sa ki te pale nan Lalwa Senyè a, “yon pè toutrèl, oswa, de jenn pijon.”
i da prinesu žrtvu kako je rečeno u Zakonu Gospodnjem: dvije grlice ili dva golubića.
25 Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li.
Živio tada u Jeruzalemu čovjek po imenu Šimun. Taj čovjek, pravedan i bogobojazan, iščekivaše Utjehu Izraelovu i Duh Sveti bijaše na njemu.
26 Li te revele a li menm ke li pa t ap wè lanmò avan ke li te wè Kris a Senyè a.
Objavio mu Duh Sveti da neće vidjeti smrti dok ne vidi Pomazanika Gospodnjega.
27 Konsa, li te nan Lespri a lè l te antre nan tanp lan nan menm lè paran Jésus yo te pote pitit la, pou akonpli pou Li koutim Lalwa a.
Ponukan od Duha, dođe u Hram. I kad roditelji uniješe dijete Isusa da obave što o njemu propisuje Zakon,
28 Epi li te ranmase li nan bwa li. Li te beni Bondye, e te di:
primi ga on u naručje, blagoslovi Boga i reče:
29 “Koulye a Senyè, W ap kite sèvitè Ou a pati anpè selon pawòl Ou.
“Sad otpuštaš slugu svojega, Gospodaru, po riječi svojoj, u miru!
30 Paske zye m gen tan wè delivrans Ou,
Ta vidješe oči moje spasenje tvoje,
31 ke ou prepare devan tout nasyon yo;
koje si pripravio pred licem svih naroda:
32 “yon limyè revelasyon pou payen yo, epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”
svjetlost na prosvjetljenje naroda, slavu puka svoga izraelskoga.”
33 Papa L avèk manman L te etone de bagay ke yo t ap di sou Li yo.
Otac njegov i majka divili se što se to o njemu govori.
34 Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon.
Šimun ih blagoslovi i reče Mariji, majci njegovoj: “Ovaj je evo postavljen na propast i uzdignuće mnogima u Izraelu i za znak osporavan -
35 Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a kè anpil moun kapab vin revele.”
a i tebi će samoj mač probosti dušu - da se razotkriju namisli mnogih srdaca!”
36 Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la,
A bijaše neka proročica Ana, kći Penuelova, iz plemena Ašerova, žena veoma odmakla u godinama. Nakon djevojaštva živjela je s mužem sedam godina,
37 answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè.
a sama kao udovica do osamdeset i četvrte. Nije napuštala Hrama, nego je postovima i molitvama danju i noću služila Bogu.
38 Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.
Upravo u taj čas nadođe. Hvalila je Boga i svima koji iščekivahu otkupljenje Jeruzalema pripovijedala o djetetu.
39 Lè yo te fin acheve tout bagay selon Lalwa Senyè a, yo te retounen Galilée, nan pwòp vil pa yo, nan Nazareth.
Kad obaviše sve po Zakonu Gospodnjem, vratiše se u Galileju, u svoj grad Nazaret.
40 Pitit la te kontinye grandi, e Li t ap vin fò. Li te ogmante nan sajès, e gras Bondye te sou Li.
A dijete je raslo, jačalo i napunjalo se mudrosti i milost je Božja bila na njemu.
41 Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan fèt Pak Jwif la.
Njegovi su roditelji svake godine o blagdanu Pashe išli u Jeruzalem.
42 Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la.
Kad mu bijaše dvanaest godina, uziđoše po običaju blagdanskom.
43 Pandan yo t ap retounen, apre tout jou yo te pase, jenn gason an, Jésus te rete dèyè nan Jérusalem. Men paran Li yo pa t konnen sa.
Kad su minuli ti dani, vraćahu se oni, a dječak Isus osta u Jeruzalemu, a da nisu znali njegovi roditelji.
44 Yo te sipoze ke Li te pami lòt moun yo. Yo te vwayaje pandan yon jou, e yo te kòmanse ap chache Li pami manm fanmi avèk zanmi yo.
Uvjereni da je među suputnicima, odoše dan hoda, a onda ga stanu tražiti među rodbinom i znancima.
45 Lè yo pa t twouve Li, yo te retounen Jérusalem pou chache Li.
I kad ga ne nađu, vrate se u Jeruzalem tražeći ga.
46 Konsa apre twa jou, yo te twouve Li nan tanp lan. Li t ap chita pami mèt yo, pou tande yo, e poze yo kesyon.
Nakon tri dana nađoše ga u Hramu gdje sjedi posred učitelja, sluša ih i pita.
47 Tout sila ki te tande Li yo te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.
Svi koji ga slušahu bijahu zaneseni razumnošću i odgovorima njegovim.
48 Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”
Kad ga ugledaše, zapanjiše se, a majka mu njegova reče: “Sinko, zašto si nam to učinio? Gle, otac tvoj i ja žalosni smo te tražili.”
49 Li te di yo: “Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M te oblije lakay Papa M?”
A on im reče: “Zašto ste me tražili? Niste li znali da mi je biti u onome što je Oca mojega?”
50 Men yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.
Oni ne razumješe riječi koju im reče.
51 Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.
I siđe s njima, dođe u Nazaret i bijaše im poslušan. A majka je njegova brižno čuvala sve ove uspomene u svom srcu.
52 Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.
A Isus napredovaše u mudrosti, dobi i milosti kod Boga i ljudi.

< Lik 2 >