< Lik 18 >
1 Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te dwe priye, e pa dekouraje.
He also spoke a parable to them that they must always pray, and not give up,
2 Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa trespekte moun.
saying, "There was a judge in a certain city who did not fear God, and did not respect people.
3 “Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’
A widow was in that city, and she often came to him, saying, 'Give me justice against my adversary.'
4 “Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, nirespekte moun,
He would not for a while, but afterward he said to himself, 'Though I neither fear God, nor respect people,
5 menakoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’”
yet because this widow bothers me, I will give her justice, or else she will wear me out by her continual coming.'"
6 Epi Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di.
The Lord said, "Listen to what the unrighteous judge says.
7 Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?
Won't God avenge his chosen ones, who are crying out to him day and night, and yet he exercises patience with them?
8 “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”
I tell you that he will avenge them quickly. Nevertheless, when the Son of Man comes, will he find faith on the earth?"
9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba.
He spoke also this parable to certain people who were convinced of their own righteousness, and who despised all others.
10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
"Two men went up into the temple to pray; one was a Pharisee, and the other was a tax collector.
11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a.
The Pharisee stood and prayed to himself like this: 'God, I thank you, that I am not like other people, extortioners, unrighteous, adulterers, or even like this tax collector.
12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’
I fast twice a week. I give tithes of all that I get.'
13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
But the tax collector, standing far away, would not even lift up his eyes to heaven, but beat his breast, saying, 'God, be merciful to me, a sinner.'
14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
I tell you, this man went down to his house justified rather than the other; for everyone who exalts himself will be humbled, but he who humbles himself will be exalted."
15 Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.
Now they were also bringing their babies to him, that he might touch them. But when the disciples saw it, they rebuked them.
16 Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.
Jesus summoned them, saying, "Allow the little children to come to me, and do not hinder them, for the kingdom of God belongs to such as these.
17 “Anverite, Mwen di nou: ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”
Truly, I tell you, whoever does not receive the kingdom of God like a little child, he will in no way enter into it."
18 Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?” (aiōnios )
A certain ruler asked him, saying, "Good Teacher, what must I do to inherit everlasting life?" (aiōnios )
19 Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl.
Jesus asked him, "Why do you call me good? No one is good, except one—God.
20 Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”
You know the commandments: 'Do not commit adultery,' 'Do not murder,' 'Do not steal,' 'Do not give false testimony,' 'Honor your father and your mother.'"
21 Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.
And he said, "I have kept all these things from my youth up."
22 Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”
When Jesus heard it, he said to him, "You still lack one thing. Sell all that you have, and distribute it to the poor. You will have treasure in heaven. Come, follow me."
23 Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.
But when he heard these things, he became very sad, for he was very rich.
24 Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: “Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a!
And Jesus looked at him and said, "How hard it is for those who have riches to enter into the kingdom of God.
25 Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”
For it is easier for a camel to enter in through a needle's eye, than for a rich person to enter into the kingdom of God."
26 Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”
Those who heard it said, "Then who can be saved?"
27 Men Li te di: “Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”
But he said, "The things which are impossible with man are possible with God."
28 Konsa, Pierre te di: “Gade byen, nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”
And Peter said, "Look, we have left our own things and followed you."
29 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la,
He said to them, "Truly I tell you, there is no one who has left house, or wife, or brothers, or parents, or children, for the kingdom of God's sake,
30 ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.” (aiōn , aiōnios )
who will not receive many times more in this time, and in the world to come, everlasting life." (aiōn , aiōnios )
31 Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve.
He took the twelve aside, and said to them, "Look, we are going up to Jerusalem, and all the things that are written through the prophets concerning the Son of Man will be completed.
32 Paske Li va livre a etranje yo, e li va moke, maltrete, e y ap krache sou Li.
For he will be delivered up to the non-Jews, will be mocked, treated shamefully, and spit on.
33 Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”
They will scourge and kill him. On the third day, he will rise again."
34 Men disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.
They understood none of these things. This saying was hidden from them, and they did not understand the things that were said.
35 Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.
It happened, as he came near Jericho, a certain blind man sat by the road, begging.
36 Alò, li te tande foul la ki t ap pase, e te kòmanse mande kisa sa te ye.
Hearing a crowd going by, he asked what this meant.
37 Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.
They told him that Jesus of Nazareth was passing by.
38 Konsa, li te kòmanse rele fò, e te di: “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”
He called out, "Jesus, Son of David, have mercy on me."
39 Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”
Those who led the way rebuked him, that he should be quiet; but he shouted all the more, "Son of David, have mercy on me."
40 Jésus te kanpe, e te bay lòd pou yo voye l kote Li. Lè l te vin toupre, Li te kesyone l:
Standing still, Jesus commanded him to be brought to him. When he had come near, he asked him,
41 “Kisa ou vle M fè pou ou?” Epi Li te di: “Senyè, mwen vle vin wè ankò.”
"What do you want me to do?" He said, "Lord, that I may see again."
42 Jésus te di li: “Resevwa vizyon ou; lafwa ou fè ou geri.”
Jesus said to him, "Receive your sight. Your faith has healed you."
43 Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.
And immediately he received his sight, and followed him, glorifying God. All the people, when they saw it, praised God.