< Lik 16 >

1 Alò, Li t ap osi di a disip yo: “Te gen yon sèten mesye rich ki te gen yon jeran. Konsa, yon rapò te vin rive ke li t apgaspiye byen li yo.
耶稣向门徒讲了一个故事:“从前有个财主,有人指控他的管家浪费主人的财物。
2 Li te rele li, e te di li: ‘Kisa ke m tande sou ou la a? Bay yon kontwòl sou jerans ou, paske ou pa kab jeran ankò.’
主人把管家叫来,对他说:‘我听说了关于你的事情,怎么会这样?把你管的账目拿来,你不能再做管家了。’
3 “Jeran an te di a pwòp tèt li: ‘Kisa m ta fè, paske mèt mwen ap retire jerans lan nan men mwen? Mwen pa gen ase fòs pou m fouye, e mwen wont mande lacharite.
管家心想:‘主人不让我继续做管家,我又该做什么呢?去锄地没有力气!去讨饭又太羞耻了!
4 Mwen konnen kisa mwen va fè, pou lè yo retire m nan jerans lan, pou moun yo kab resevwa m lakay pa yo a.’
对了,我知道该做什么了。这样做,如果我不再当管家,就会有人让我去他们家做工。’
5 “Konsa, li te rele chak moun ki te dwe mèt li a. Li te kòmanse di a premye a: ‘Konbyen ou dwe mèt mwen an?’
于是他找来欠他主人债的人。他问第一个人:‘你欠我主人多少?’
6 “Li te di: ‘San mezi lwil’. E li te di li: ‘Pran nòt ou e chita byen vit pou ekri senkant.’
那人说:‘一百桶油。’管家说:‘那快坐下来,拿着你的欠条,把它改成五十桶。’
7 “Answit, li te di a yon lòt: ‘Epi konbyen ou dwe? “Li te reponn: ‘San mezi ble.’ E li te di li: ‘Pran nòt ou pou ekri katreven.’
他又问另外一人:‘你欠多少?’那人说:‘一百包麦子。’管家说:‘给你欠条,改成八十包。’
8 “Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pasefis a limyè yo. (aiōn g165)
他的主人夸奖了这位不诚实的管家,称他做事机警,因为现世之子在对待彼此的时候,比光之子更狡诈。 (aiōn g165)
9 “Mwen di nou: “Fè zanmi pou tèt nou pa mwayen arichès enjis yo; pou lè l echwe, yo kapab resevwa nou nan kay ki etènèl yo. (aiōnios g166)
我告诉你们,用现世的财富去结交你的朋友,这样当你失去钱财后,就可以进入永恒之家。 (aiōnios g166)
10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
如果你在极小的事情上可以获得信任,大事也是如此。如果你在极小的事情上不诚实,大事也会不诚实。
11 “Donk, si nou pa fidèl nan sèvisrichès enjis yo, kilès ki va konfye nou vrè richès yo.
如果你在现世财富方面不值得信任,谁还会把真实的财富托付给你们?
12 Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?
如果你们对别人的东西不忠心,谁还把自己的东西交给你们呢?
13 “Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”
一个仆人不能服侍两个主人,他必会喜欢一人,讨厌另一人,或忠于一人而背离另一人。你们不能同时服侍上帝和金钱。”
14 Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.
视财如命的法利赛人听见这些话,便开始嘲笑耶稣。
15 Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, menBondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.
但耶稣对他们说:“你们在人前自称善人,上帝却知道你们在想什么。因为人所看中的,正是上帝所憎恶的。
16 “Lalwa avèk pwofèt yo te pwoklame jiska Jean. Depi lè sa a bòn nouvèl a wayòm Bondye a preche, e tout moun ap fòse antre ladann.
律法和先知所写的,持续到约翰为止。此后所传递的就是上帝之国的福音,人人都努力想要挤进上帝之国。
17 Men li pi fasil pou syèl la avèk tè a vin disparèt pase pou yon sèl mak oubyen lèt Lalwa ta anile.
但相比天地终会消散,律法文字中哪怕是最小的一个点,也更不容易消失。
18 “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.
如果你休妻另娶,就犯了奸淫之罪。如果你娶了被休之妻,同样也是犯了奸淫之罪。
19 “Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak lèn fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.
从前有一个财主很富有,总是身穿紫袍和精致的麻衣,过着奢华无度的日子。
20 “Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare tekouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng.
有个满身长疮的乞丐名叫拉撒路,他经常坐在财主门口,
21 Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.
希望用财主饭桌上掉下的残渣充饥,甚至还有狗跑来舔他的疮。
22 “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan senAbraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere.
后来乞丐死了,天使们将他送到亚伯拉罕那里。财主也死了,被埋在土里。
23 Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. (Hadēs g86)
财主在阴间受尽折磨,于是向上望去,看到了亚伯拉罕和他身边的拉撒路。 (Hadēs g86)
24 Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.
于是财主喊着说:‘我父亚伯拉罕啊,可怜可怜我吧!派拉撒路来用手指蘸点水,冰冰我的舌头!我在这火焰炙烤的太难熬了。’
25 “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè.
但亚伯拉罕回复道:‘我的孩子,想想你生前享过的福,那时拉撒路过着穷苦的生活。现在他在这里过得很舒适,你就要受苦。
26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
不仅如此,我们和你们之间还隔着一道深渊,从我这边根本无法去你那边,你们那边也无法到我们这边。’
27 “Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m—
财主说:‘我父啊,那么求你派拉撒路到我父亲的家里去,
28 Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’
因为我有五个兄弟,他可以警告他们,免得他们最终也到这痛苦之地。’
29 “Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’
亚伯拉罕说:‘摩西和先知都在他们那边,你的兄弟应该听他们的。’
30 “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’
财主说:‘不行啊,我父亚伯拉罕。如果出现在他们面前的人是死而复生,他们必定会悔改!’
31 “Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.
亚伯拉罕对他说:‘如果他们不听从摩西和先知的话,就算有人死而复生,他们也不会信服。’”

< Lik 16 >