< Lik 12 >
1 Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.
In the mean time great multitudes of people being gathered together about Him, so that they trode upon one another, He began to say to his disciples, Beware of the leaven of the pharisees, which is hypocrisy: for there is nothing concealed,
2 “Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen.
which shall not be discovered; nor hidden which shall not be known.
3 Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou twati kay yo.
Therefore whatsoever ye have said in darkness shall be heard in the light: and what ye have spoken in the ear in closets shall be proclaimed on the house-tops.
4 “Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè.
Now I say unto you, my friends, Be not afraid of them, that can only kill the body, and after that have nothing more that they can do.
5 “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li! (Geenna )
But I will shew you whom ye should fear, ---Fear Him, who after He hath killed, hath power to cast into hell; yea, I say unto you, fear Him. (Geenna )
6 “Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye.
Are not five sparrows sold for two assaries, and not one of them is forgotten before God.
7 Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
Nay the very hairs of your head are all numbered. Be not therefore afraid; ye are of more worth than many sparrows.
8 “Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo;
But I say unto you, Whosoever shall own me before men, the Son of man will also own him before the angels of God.
9 men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.
But he, that disowneth me before men, shall be disowned before the angels of God.
10 “Epi Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, li va padone; men sila ki fè blasfèm kont Lespri Sen an, p ap padone.
And whosoever shall speak a word against the Son of man, it may be forgiven him; but unto him, that blasphemeth the holy Spirit, it shall not be forgiven.
11 “Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di;
And when they bring you before the synagogues, and magistrates, and powers, be not solicitous how or what defence to make, or what to say:
12 paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”
for the holy Spirit shall teach you at that very time what ye ought to say.
13 Yon moun nan foul la te di Li: “Mèt, pale frè m nan pou divize eritaj la avè m.”
And one among the multitude said to Him, Master, speak to my brother to divide the inheritance with me: but He said unto him,
14 Men Li te di li: “Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?”
Man, who set me over you as a judge or divider?
15 Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”
And He said unto them, See to it that ye beware of covetousness; for a man's life consisteth not in the abundance of his possessions.
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
And He spake a parable to them, saying, The ground of a certain rich man brought forth plentifully:
17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
and he reasoned within himself, saying, What shall I do? for I have not room to lay up my corn.
18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo.
And he said, This I will do: I will pull down my barns, and build larger ones; and there I will bestow all my products and my goods.
19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
And I will say to my soul, Soul, thou hast plenty of goods laid up for many years, take thine ease, eat, drink, and be merry.
20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
But God said unto him, Thou fool, this night shall thy soul be required of thee; then whose shall those things be which thou hast provided?
21 “Konsa se mesye la kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
So is he that heapeth up treasure for himself, and is not rich towards God.
22 Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou.
And He said to his disciples, Therefore I say unto you, be not anxious for your life, what ye shall eat; nor for the body, what ye shall put on:
23 Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.
the life is more than food, and the body than raiment.
24 “Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.
Consider the ravens: they neither sow nor reap; they have neither store-house nor barn, and yet God feedeth them: how much more worth are ye than the fowls?
25 “Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li?
And which of you by all his thought can add one moment to his life?
26 Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?
If then ye cannot do even the lest, why are ye so anxious about the rest?
27 “Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menmSalomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo.
Consider the lilies, how they grow; they toil not, neither do they spin: and yet I tell you, that even Solomon in all his glory was not arrayed like one of these.
28 Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!
Now if God so clothe the grass which is to day in the field, and to-morrow is cast into the furnace, how much more will He clothe you, O ye of little faith?
29 “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pakontinye enkyete nou.
And seek ye not what ye shall eat, or what ye shall drink; neither be ye in careful suspense:
30 Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo.
for all these things the nations of the world seek after; but your Father knoweth that ye have need of these things.
31 Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.
Seek ye therefore the kingdom of God, and all these shall be super-added unto you.
32 “Pa krent, ti bann nan, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
Fear not, little flock; for it is your Father's pleasure to give you the kingdom.
33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.
Sell what ye have, and give alms: provide yourselves bags which wax not old, a never-failing treasure in the heavens, where no thief approacheth nor moth corrupteth:
34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
for where your treasure is, there will your heart be also.
35 “Rete abiye tout tan, byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.
Let your loins be girt, and your lights burning, and
36 “Fè tankou mesye k ap tann mèt yo lè l retounen apre fèt maryaj la, pou yo kapab ouvri pòt la imedyatman lè l fin frape.
ye yourselves like men waiting for their lord's return from a wedding, that they may immediately open the door to him, when he comes and knocks.
37 Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis.
Happy are those servants, whom the master when he cometh shall find watching: verily I say unto you, that he will gird himself, and make them sit down, and will come and serve them.
38 Menm si l vini nan dezyèm oubyen twazyèm lè nwit lan, e li twouve yo konsa, se beni esklav sa a va ye.
And if he come in the second watch, or in the third watch, and find them so, happy indeed are those servants.
39 “Men, byen konnen sa, ke si mèt kay la te konnen a kilè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay la.
And this ye know, that if the master of a house had known at what hour the thief would come, he would have watched, and not have suffered his house to be broke open:
40 Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa ta sipoze.
therefore be ye also ready; for the Son of man cometh at a season that ye think not of.
41 “Pierre te di: ‘Senyè, èske W ap bay parabòl sa pou nou, oubyen pou tout lòt yo tou?’”
Then said Peter unto Him, Lord, dost thou speak this parable to us only, or to all others likewise?
42 Senyè a te reponn: “Alò, kilès ki se jeran fidèl e abil ke mèt li va mete an chaj tout lòt sèvitè yo, pou bay yo manje yo nan lè li dwe fèt?
And the Lord said, Who is indeed that faithful and wise steward, whom his master will set over his family to give out the measure of food in due season?
43 Beni se esklav sila a ke mèt la twouve ap fè sa lè l vini an.
Happy is that servant, whom his lord, when he cometh, shall find so doing.
44 Anverite Mwen di nou ke li va mete li an chaj de tout byen li yo.
Verily I tell you, that he will set him over all that he hath.
45 “Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou;
But if that servant say in his heart, My lord delayeth his coming; and begin to beat the men and maid-servants, and drink, and to be drunken:
46 mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.
the lord of that servant will come on a day in which he does not expect him, and at a time which he is not aware of; and will cut him asunder, and appoint him his portion with the unfaithful.
47 “Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt.
And that servant, who knew his master's will, and did not prepare himself to do according to his will, shall be beaten with many stripes;
48 Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk. “Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.
but he that knew it not, and did things deserving stripes, shall be beaten with few: for to whomsoever much is given, of him will much be required; and to whom men have committed much, of him they will demand the more.
49 “Mwen vini pou voye dife sou latè; e kijan Mwen ta kontan si li te deja limen!
I am come to send fire on the earth, and how do I desire that it were already kindled?
50 “Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!
for I have a baptism to be baptized with, and how I am straitened till it be accomplished?
51 “Èske nou sipoze ke Mwen te vini pou bay lapè sou latè? Mwen di nou non, men olye sa, divizyon.
Do ye think that I am come to give peace on the earth? I tell you, nay; but rather division.
52 Paske depi koulye a, senk moun nan yon kay va divize, twa kont de, e de kont twa.
For from this time there shall be five in one family divided, three against two and two against three:
53 Yo va divize, papa kont fis, e fis kont papa; manman kont fi, e fi kont manman; bèlmè kont bèlfi, e bèlfi kont bèlmè.”
the father will be against the son, and the son against the father; the mother against the daughter, and the daughter against the mother; the mother-in-law against her daughter-in-law, and the daughter-in-law against her mother-in-law.
54 Li t ap di anplis a foul la: “Lè nou wè yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di: ‘L ap fè lapli’, e se konsa sa rive.
He said also to the people, When ye see a cloud rising from the west, ye presently say, there is a shower coming, and so it proves:
55 Epi lè nou wè yon van sid k ap soufle, nou di: ‘L ap fè chalè’, e se konsa sa rive.
and when ye observe the south-wind blowing, ye say there will be heat, and it cometh to pass.
56 Ipokrit nou ye! Nou konnen kijan pou nou analize aparans a tè a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?
Ye hypocrites, ye know how to discern the face of the earth and of the heavens, and why do ye not discern the present time?
57 ““Poukisa nou menm pou kont nou pa jije sa ki bon?
and why do ye not even of yourselves judge what is right?
58 Paske pandan nou ap rive devan majistra avèk advèsè nou, menm nan wout la, fè yon efò pou antann avè l; pou li pa mennen nou devan jij la, e jij la livre nou a ofisye jistis la, k ap jete nou nan prizon.
When thou art going with thine adversary to the magistrate, endeavour while thou art in the way to be discharged, least he force thee to the judge, and the judge deliver thee to the officer, and the officer carry thee to prison.
59 Mwen di nou, nou p ap sòti la jiskaske nou fin peye dènye santim nan.”
I tell thee, thou shalt not come out from thence, till thou hast paid the very last mite.