< Lik 11 >

1 Li te rive ke pandan Li t ap priye nan yon sèten kote, lè L te fini, youn nan disip Li yo te di Li: Senyè, montre nou kijan pou nou priye, menm jan ke Jean osi te montre disip li yo.
Kubatendahali imwi inako Jesu haba kulapela muchibaka chimwi, mulutwana yenke chawamba kwali, “Simwine, tulute kulapela sina Johani mwaba lutili balutwani bakwe kulapela.”
2 Li te di yo: “Lè n ap priye, di: ‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen. Ke wayòm Ou kapab vini. Ke volonte ou kapab fèt sou latè a, menm jan kon nan syèl la.
Jesu chati kubali, “Hamulapela muwambe, 'Tayo, izina lyako lijolozwe. Mubuso wako ukeze.
3 Bannou chak jou pen nou pou jounen an.
Utuhe chinkwa chetu mwi izuba ne zuba.
4 Konsa, padone peche nou yo, paske nou menm osi padone tout sila ki dwe nou. Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”
Utu ondere zibi zetu, sina mutu ondera muntu ni muntu yowina mulandu kwetu. Sanzi ututwali mumuliko.”
5 Answit, Li te di yo: “Sipoze ke youn nan nou ta gen yon zanmi, e nou ale kote li a minwi pou di li: ‘Zanmi, prete m twa mòso pen.
Jesu chawamba kubali, “Njeni kwenu yowina mulikani, mi uyenda kwali hakati kamasiku, nokumuwambila, 'Mulikani, nikolotise zinkwa zotatwe', 6
6 Mwen gen yon zanmi ki vini, soti nan yon vwayaj, e mwen pa gen anyen pou mete devan l.’
chinga sikira mulikanangu kukazwa munzira, mi kanina chimwi cho kumuyumbula,
7 Depi anndan, li va di: ‘Pa deranje m! Pòt la fèmen deja. Pitit mwen yo avèk mwen menm deja nan kabann nan, e mwen pa kapab leve pou bay ou anyen.’
Yavena mukanti chamucho kuti, 'kanji uni katazi. Mulyango we yaliwa kale, mi bana bangu, bena neme, bena habulalo. Kani oli kubuka ni kukuha nchinkwa.'
8 Mwen di nou, menm si li p ap leve bay li anyen paske li se zanmi li, men akoz pèsistans li, l ap leve pou bay li kont sa li bezwen.
Nikuwambila, nihasabuki kuti akuhe nchinkwa, kakuli umulikani wakwe. Ibaka lyako lyo kundundamena kwako nosa swabi, mwabuke no kukuha zikwa zingi zosaka.
9 “Donk Mwen di nou: Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou.
Ime name nikuwambila, kumbile, mi mowane; ngane, mi mowane; ngongote, mi mowi yalwilwe.
10 Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.
Muntu yense yokumbila uhewa; mi muntu yongana uwana; mi kumuntu yo ngongota, mweyalwilwe.
11 “Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon kolèv?
Mushemi inzi wechi kwame hakati kenu, haiba mwanakwe wechi swesu hamu kumbila inswi, momuhe izoka kapa inswi?
12 Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon?
Kapa hakumbila iye, kana momuhe kabumwe?
13 Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”
Nihakubabulyo, haiba inwe mwina buvi mwizi kuha impo zilotu kubana benu, linu Ishenu yowina kwiulu, kahe zikuma kuhi ku bamukumbila luhuho lujolola?”
14 Answit, Li t ap chase yon dyab nan yon bèbè. Lè dyab la te fin sòti, gason bèbè a te pale. Konsa, foul la te etone.
Imwi inako, Jesu aba kuhindikira hanze indimona, mi ibali satambi. Chikupangahala kuti indimona halizwa, mukwame abali satambi chatanga kuwamba. Chisi chicha komokwa!
15 Men kèk nan yo te di: “Li chase dyab yo pa Béelzébul, mèt dyab yo.”
Linu bamwi bantu chibawamba, Cheziho za Beelzebule, simwine wa madimona, uzwesa madimona.
16 Gen Lòt yo, pou teste L, t ap mande L yon sign ki sòti nan syèl la.
Bamwi chibamulika kuti aba tondeze chisupo chizwa kwiulu.
17 Men Li te konnen panse yo. Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont tèt li va detwi. E yon kay divize kont tèt li ap tonbe.
Linu Jesu kokwiziba mihupulo yabo, chabawambila kuti, “Mubuso ni mubuso ose olikauhanya ushala niu kauhene, Mi inzubo ili kauhanya iyo ine kaiwe.
18 Si Satan osi divize kont tèt li, kijan wayòm li an va kanpe? Paske nou di ke Mwen chase dyab yo pa Béelzébul.
Haiba Satani uli kauhanya iye mwine, mubuso wakwe uzimana bule? Inwe muwamba kuti ime ni zwisa ihuho ca Beelzebule.
19 Men si Mwen menm pa Béelzébul chase dyab yo, pa kilès fis nou yo konn chase yo? Konsa, se yo menm k ap jij nou yo.
Haiba nini zwisa mandimona ca Beelzebule, chwale balutwani benu ba zwisa chani hanze? Bakeñi chezi, mubabe baatuli benu.
20 Men, si Mwen chase dyab yo ak dwèt Bondye a, alò, wayòm syèl la gen tan vini sou nou.
Kono haiba nizwesa mandimona chomunwe we Ireza, linu muvuso we Ireza chiweza kwenu.
21 Lè yon nonm fò, plen zam, veye pwòp kay li, byen li yo rete ansekirite.
Linu mukwame yokolete yokwete zilwiso namamela izubo yakwe, zibya zakwe zina mwipabalelo ina hande,
22 Men lè yon moun avèk plis fòs pase l vin atake l, li bat li, e li retire nan men li tout zam li yo, pou l vin divize piyaj la.
Linu mukwame yokolete hamukoma, mukwame yokolete uhinda zilwaniso zakwe, mi uzenenga chifumu chakwe.
23 Sila ki pa avèk Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa rasanble avè Mwen an, ap gaye.
Yase yasena name unisandukile, yasakunganyi name uhasanya.
24 Lè lespri enpi a kite yon nonm, li travèse kote ki sèch pou chache repo. Lè l pa twouve, li di: ‘Mwen va retounen lakay mwen kote m sòti a.’
Luhuho lubi haluzwa kumutu, lu yenda muchibaka chisena menzi ni kungana chibaka cho kupumwira. Halubula, luli wambila, 'Munibole kwizubo kunakazwa.'
25 “Lè l vini, li touve l byen bale, e mete an lòd.
Halubola, lukawana kuti izubo ifiyelwe ni kubikwa hande.
26 Answit li sòti pou chache pran sèt lòt dyab pi mal pase li menm, e yo vin antre pou viv la. Konsa, dènye eta a nonm sa a pi mal pase premye a.”
Mi lubola ni kukahinda amwi madimona akwana iyaza nio bele alihita kulunya mi onse enjila nikuhala mwateni. Linu bwikalo bwama manimani bozo muntu mubube bubilala nikuhita bwe ntanzi.”
27 Pandan Jésus t ap di bagay sa yo, youn nan fanm yo nan foul la te leve vwa li. Li te di Li: “Beni se vant ki te pote Ou a, e tete kote Ou te souse a.”
Kubapangahali vuti, habakuwamba inzi zintu, mwanakazi zumwi aba huwelezi kuhita mazwe a chisi, ni kuwamba kwali, “Lina itohonolo ibumo liba ku hwizumuki ni beere libakunyonsi.”
28 Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”
Linu iye chati, “Chobulyo, bena itohonolo njabana bazuwa linzwi lya Ireza nikulili vikira.”
29 Pandan foul la t ap ogmante, Li te kòmanse di: “Jenerasyon sila a se yon jenerasyon pèvès; l ap chache yon sign, men okenn sign p ap bay, sof ke sign a Jonas la.
Linu chisi hachibali kukopana nanga bantu bangi, chotanga kuwamba, “Uwu murahi - murahi mubilala. Usaka chisupo, kono kakwina chisupo chite chihewe kuwuli konji chisupo cha Jonasi.
30 Paske menm jan ke Jonas te vin yon sign pou Ninivit yo, menm jan an Fis a Lòm nan va ye pou jenerasyon sila a.
Sina mwababiri Jonasi chisupo kuvene Nenive, Linu ku Mwana wa Muntu mwabe chisupo kounu murahi.
31 “Rèn Sid la va leve avèk lèzòm a jenerasyon sila a nan jijman, e kondane yo; akoz li menm te vini soti nan lekstremite tè a pou tande sajès a Salomon, e konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran pase Salomon isit la.
Simwine wa mwanakazi welu hati lwa chilyo mwazimane hekatulo ni mukwame wowuni murahi niku banyansa, linu aba kazwi kuma mani - mani a nkanda kwiza kuzuwa maano a Solomoni, mi mubone zumwi kuhita Solomoni kwena hanu.
32 “Lèzòm Niniv yo va kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman an, e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche. Konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran ke Jonas isit la.
Mukwame wa Nenibe kazimane he nkatulo nowu murahi wa batu ni kuunyaza, Linu baba baki henkutazo ya Jonasi, mi mubone, zumwi mukando kwa Jonasi zunu hanu.
33 “Pèsòn, lè l fin limen yon lanp pa mete li nan yon kote an kachèt, ni anba yon panyen, men sou yon chandelye, pou sila ki antre yo kapab wè limyè a.
Kakwina zumwi, hamana kumunik i lambi, nokulibika mukerima, kamba mwikonde lye chitanda, kono hama biko a lambi iri kuti benjila bawane iseri.
34 “Lanp a kò nou se zye nou. Lè zye nou klè, tout kò nou osi ranpli avèk limyè; men lè l pa bon, kò nou osi ranpli avèk tenèb.
Menso ako nji lambi yomubili. Haiba menso ako ena hande, mubili ose wizwire iseli. Kono haiba linso lyako ivi, mubili wako wiizwere kerima.
35 “Alò, veye ke limyè nan nou an pa tenèb.
Nihakwinabulyo, mutokomere kuti iseli lina kwenu kena kerima.
36 “Si donk, tout kò nou ranpli avèk limyè, san tenèb ladann, li va klere nèt, tankou lè lanp klere nou avèk reyon li.”
Nihakwinabulyo, mubili wako ose wina iseli, nikusena i mbali yomubili wako mu kerima, Linu mubili wako onse muuswane ubu i lambi haibenya choku njoloza kwako.”
37 Alò, lè L fin pale, yon Farizyen te mande Li pou dine avè L. Li te antre e te repoze sou tab la.
Hamana kuwamba, Mufalisi chomukumbira kuti bakalye naye kwizubo yakwe, mi Jesu choyenda chokekala ha zilyo.
38 Lè Farizyen an te wè sa, li te etone, paske Li pa t fè devwa lave men L avan manje a.
Mufarisi chokomokwa kuti kena aba tangi kusambi naseni kulalila.
39 Men Senyè a te di: “Nou menm Farizyen yo netwaye tas la pa deyò, ansanm ak plato a. Men anndan nou ranpli avèk vòl ak mechanste.
Kono Simwine chali kwali, “hanu chwale, inwe Mafarisi muchenise inkomoki ni tusuba hanze, kono mukati kenu mwina feela belyavi, nibubilala.
40 Nou menm bann ensanse, èske Sila ki te fè deyò a, pa t fè anndan an tou?
Inwe bantu musena ingana! Kena kuti yaba pangi hanze njiyena hape yopanga mukati?
41 Men bay sa ki anndan an kòm charite, e konsa tout bagay ap pwòp pou nou.
Muhe ku babotana zina mukati, mi zintu zonse njisezi chene kwenu.
42 “Men malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou peye ladim, mant, ak lari de tout epis jaden an. Malgre sa, nou neglije lajistis avèk lanmou Bondye. Men bagay sa yo nou te dwe fè, san neglije lòt yo.
Kono bumayi kwenu inwe Mafarisi, kakuli muzwisa chintu chonke kuze kumi, minta ni kumini mwiwa lyezi byalantu, kono kamu bileli niswanero ni lato lya Ireza. Kwina hande kupanga nceswanero ni kusaka Ireza, nikusa kangwa kupanga zimwi zintu nazo.
43 Malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou renmen chèz a chèf nan sinagòg yo, ak salitasyon respè nan mache yo.
Bumaiye kwenu inwe mafarisi, kakuli musaka zipula zokubusu mu masinagoge ni kulu meriswa chekute kuzibaka zemusika.
44 Malè a nou menm! Paske nou tankou tonm kache, pou moun mache sou yo san ke yo pa menm konnen.”
Bumaye kwenu, kakuli muswana sina makumbu asena maswayo, bantu baalyata niba sezi.”
45 Youn nan avoka yo te reponn Li: “Mèt, lè Ou di sa, W ap ensilte nou osi.”
Mi muruti zumwi omu lao wama juda chamwitaba nokuwamba kuti, “Muruti, zowamba zitu tuka neswe.”
46 Konsa, Li te di: “Malè a nou menm, avoka yo osi! Paske nou chaje kò a moun avèk chaj ki lou, pandan nou menm, nou p ap menm manyen chaj sa yo avèk youn nan dwèt nou.
Jesu chawamba, “Bumaye kwenu, baruti bomulao! Linu mulemeza batu ni miziyo ibasa oli kuhinda, kono inwe mani kamukwati iyo miziyo ni kanwe kenu konke.
47 “Malè a nou menm! Paske nou bati tonm a pwofèt yo, pandan se zansèt nou yo ki te touye yo.
Bumaye kwenu, kakuli muzakila ba polofita' makumbu, akubazezela ho, mi bazimu benu ba babehayi.
48 Konsa, nou vin temwen yo, e vin dakò avèk zak a zansèt nou yo. Paske se te yo menm ki te touye yo, e se nou ki bati tonm yo.
Mi mwipaki hape niku zumina misebizi yaba ziimu benu, kakuli cheniti luli babe hayi Baporofita, avo makumbu abo akuba zezela ho.
49 “Pou rezon sa, sajès a Bondye te di: “Mwen va voye bay yo pwofèt ak apòt. Kèk yo va touye, e kèk yo va pèsekite;
Cheri ibaka nalyo, butali bwe Ireza vuva cho, 'Muni tumine kubali bapolofita ni ba apositola, mi mubaba nyandise ni kwihaya bamwi.
50 jiskaske tout san a pwofèt yo ki te vèse depi fondasyon mond lan kapab chaje kont jenerasyon sila a,
Uwu murazi, chwale, kababe nikulitabilira, kuamana ni malaha aba polofita avava tiri chinga libatangi ifasi.
51 soti nan san Abel la, jis rive nan san a Zacharie, ki te peri antre nan otèl la ak kay Bondye a. Wi, Mwen di nou, li va chaje kont jenerasyon sila a.
kuzwa kumalaha a Abele kuya kumalaha a Zakaria, yabe hailwa hakati ka katala ni chihalaleho. Eni, niwamba kwenu, Owu murahi kaulitabilile.
52 “Malè a nou menm, avoka yo! Paske yo pran nan men nou kle konesans lan. Nou pa t antre nou menm, e sila ki t ap antre ladann yo, nou te anpeche yo.”
Bumayi kwenu maruti bo mulao wa Majuda, kakuti chimubahindi inkii yenzibo; inwe mubene kamwinjili mwateni, mi mukanisa abo basaka kwinjila.
53 Lè L te kite la, skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse vin move anpil. Yo te kesyone L byen pre sou anpil sijè,
Jesu hachazwele kwateni, bañoli ni Mafarisi chiba mukananisa ni kumu lwanisa kuamana zintu zingi,
54 paske yo t ap eseye fòme yon konplo kont Li pou kenbe L nan yon pawòl ke Li ta petèt pale.
Kulika kumuchesa mumanzwi akwe.

< Lik 11 >