< Levitik 9 >

1 Alò, li te vin rive nan uityèm jou a ke Moïse te rele Aaron, fis li yo ak ansyen an Israël yo.
Facto autem octavo die, vocavit Moyses Aaron et filios eius, ac maiores natu Israel, dixitque ad Aaron:
2 Konsa, li te di a Aaron: “Pran pou nou menm yon jenn kabrit, yon jenn towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile, tou de san defo, e ofri yo devan SENYÈ a.
Tolle de armento vitulum pro peccato, et arietem in holocaustum, utrumque immaculatum, et offer illos coram Domino.
3 Epi a fis Israël yo nou va pale pou di: ‘Pran yon mal kabrit pou yon ofrann peche, ak yon jenn kabrit avèk yon jenn mouton, toude nan laj yon ane, san defo, pou yon ofrann brile,
Et ad filios Israel loqueris: Tollite hircum pro peccato, et vitulum, atque agnum anniculum, et sine macula in holocaustum,
4 epi yon bèf avèk yon belye pou ofrann lapè a, pou fè sakrifis devan SENYÈ a; e yon ofrann sereyal melanje avèk lwil: paske jodi a, SENYÈ a va parèt a nou menm.’”
bovem et arietem pro pacificis: et immolate eos coram Domino, in sacrificio singulorum similam conspersam oleo offerentes. hodie enim Dominus apparebit vobis.
5 Donk, yo te pran sa ke Moïse te kòmande devan tant asanble a. Tout asanble a te rapwoche pou kanpe devan SENYÈ a.
Tulerunt ergo cuncta quae iusserat Moyses ad ostium tabernaculi: ubi cum omnis multitudo astaret,
6 Moïse te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande nou pou fè, pou glwa SENYÈ a kapab parèt a nou menm.”
ait Moyses: Iste est sermo, quem praecepit Dominus: facite, et apparebit vobis gloria eius.
7 Konsa, Moïse te di a Aaron: “Vin toupre lotèl la, e ofri ofrann peche ak ofrann brile nou yo, pou nou kapab fè ekspiyasyon pou nou menm, ak pou pèp la; pou nou kapab fè ekspiyasyon pou yo, jan SENYÈ a te kòmande a.”
Et dixit ad Aaron: Accede ad altare, et immola pro peccato tuo: offer holocaustum, et deprecare pro te et pro populo. cumque mactaveris hostiam populi, ora pro eo, sicut praecepit Dominus.
8 Donk, Aaron te vin toupre lotèl la. Li te touye jenn kabrit la, ofrann peche ki te pou li menm nan.
Statimque Aaron accedens ad altare, immolavit vitulum pro peccato suo:
9 Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la.
cuius sanguinem obtulerunt ei filii sui: in quo tingens digitum, tetigit cornua altaris, et fudit residuum ad basim eius.
10 Grès la, ren yo avèk gwo mòso fwa ofrann peche a, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Adipemque et renunculos, ac reticulum iecoris, quae sunt pro peccato, adolevit super altare, sicut praeceperat Dominus Moysi:
11 Men chè a avèk po a, li te brile yo avèk dife deyò kan an.
carnes vero et pellem eius extra castra combussit igni.
12 Answit, li te touye ofrann brile a; epi fis Aaron yo te lonje bay li san an, e li te flite li toupatou sou lotèl la.
Immolavit et holocausti victimam: obtuleruntque ei filii sui sanguinem eius, quem fudit per altaris circuitum.
13 Yo te lonje ofrann brile a ba li an mòso avèk tèt la, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la.
ipsam etiam hostiam in frusta concisam, cum capite et membris singulis obtulerunt. quae omnia super altare cremavit igni,
14 Li te lave zantray yo avèk janm yo, e li te ofri yo nan lafimen avèk ofrann brile yo sou lotèl la.
lotis aqua prius intestinis et pedibus.
15 Answit, li te prezante ofrann pèp la, e li te pran kabrit ofrann peche ki te pou pèp la. Li te touye li e li te ofri li pou peche, tankou premye a.
Et pro peccato populi offerens, mactavit hircum: expiatoque altari,
16 Li te prezante osi ofrann brile a. Li te ofri li selon òdonans lan.
fecit holocaustum,
17 Apre, li te prezante ofrann sereyal la, li te plen men li avèk kèk ladann. Konsa, li te ofri li nan lafimen sou lotèl la, anplis de ofrann brile nan maten an.
addens in sacrificio libamenta, quae pariter offeruntur, et adolens ea super altare, absque ceremoniis holocausti matutini.
18 Answit, li te touye bèf la avèk belye a, sakrifis lapè ki te pou pèp la. Fis Aaron yo te lonje ba li san an pou li te flite li toupatou sou lotèl la;
Immolavit et bovem atque arietem, hostias pacificas populi: obtuleruntque ei filii sui sanguinem, quem fudit super altare in circuitum.
19 ak pati grès ki sòti nan bèf la, nan belye a, grès ke a ak grès ki kouvri ren yo avèk gwo mòso fwa a,
Adipem autem bovis, et caudam arietis, renunculosque cum adipibus suis, et reticulum iecoris
20 epi yo te plase pati grès sou pwatrin yo. Konsa, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la.
posuerunt super pectora. cumque cremati essent adipes super altare,
21 Men pwatrin yo avèk kwis dwat la, Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a, jis jan ke Moïse te kòmande a.
pectora eorum, et armos dextros separavit Aaron, elevans coram Domino, sicut praeceperat Moyses.
22 Alò, Aaron te leve men li anlè vè pèp la e li te beni yo. Konsa, li te desann lè l te fin fè ofrann peche a, ofrann brile a ak ofrann lapè yo.
Et extendens manum ad populum, benedixit ei. Sicque completis hostiis pro peccato, et holocaustis, et pacificis, descendit.
23 Moïse avèk Aaron te antre nan tant asanble a. Lè yo te sòti e te beni pèp la, laglwa SENYÈ a te parèt a tout pèp la.
Ingressi autem Moyses et Aaron in tabernaculum testimonii, et deinceps egressi benedixerunt populo. Apparuitque gloria Domini omni multitudini:
24 Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.
et ecce egressus ignis a Domino, devoravit holocaustum, et adipes qui erant super altare. Quod cum vidissent turbae, laudaverunt Dominum, ruentes in facies suas.

< Levitik 9 >