< Levitik 4 >
1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
Jehovha akati kuna Mozisi,
2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Si yon moun peche san movèz entansyon nan nenpòt bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè, e ki fèt pa nenpòt nan yo,
“Uti kuvana veIsraeri, ‘Kana munhu upi zvake akatadza nokusaziva akaita zvisingabvumirwi pamurayiro upi zvawo waJehovha,
3 si prèt onksyon an fè peche e mennen koupabilite sou pèp la, alò, kite li ofri bay SENYÈ a yon towo san defo, kòm ofrann peche pou peche ke li te komèt la.
kana muprista akazodzwa, akatadza akauyisa mhosva pamusoro pavanhu, anofanira kuuya kuna Jehovha nehando diki isina kuremara sechibayiro chechivi, nokuda kwechivi chaakaita.
4 “‘Li va pote towo a nan pòtay tant asanble a devan SENYÈ a. Li va poze men l sou tèt towo a e touye li devan SENYÈ a.
Anofanira kupa hando diki pamusuo weTende Rokusangana pamberi paJehovha. Anofanira kuisa ruoko rwake pamusoro payo agoibaya pamberi paJehovha.
5 Alò, prèt onksyone a dwe pran kèk nan san towo a pou pote li vè tant asanble a.
Ipapo muprista akazodzwa achatora rimwe reropa rehando iyi agoritakura agopinda naro muTende Rokusangana.
6 Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an, e flite kèk nan san an sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal sanktiyè a.
Anofanira kunyika munwe muropa agosasa rimwe racho kanomwe pamberi paJehovha; pamberi pechidzitiro chenzvimbo tsvene.
7 Prèt la va osi mete kèk nan san an sou kòn lotèl lansan santi bon a ki devan SENYÈ a nan tant asanble a, epi tout san towo a, li va vide li nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.
Muprista achatora rimwe ropa agoisa panyanga dzearitari yezvinonhuhwira zviri pamberi paJehovha muTende Rokusangana. Rimwe ropa rose acharidira mujinga mearitari yezvibayiro zvinopiswa pamusuo weTende Rokusangana.
8 Li va retire sou li tout grès towo ofrann peche a: grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo,
Achabvisa mafuta anofukidza zvose zvomukati kana akabatana nazvo,
9 ak de ren avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo,
itsvo mbiri namafuta ari padziri pedyo nechiuno nezvakafukidza chiropa, achazvibvisa pamwe chete neitsvo,
10 (jis jan ke li retire nan bèf sakrifis ofrann lapè a), epi prèt la dwe ofri yo nan lafimen sou lotèl ofrann brile a.
sokubviswa kunoitwa mafuta pahando inopiwa sechibayiro chokuwadzana. Ipapo muprista achazvipisa paaritari yezvipiriso zvinopiswa.
11 Men po towo a ak tout chè li avèk tèt li, janm li yo, zantray li yo ak watè li,
Asi dehwe rehando, nyama yose pamwe chete nomusoro namakumbo, ura zvomukati namazvizvi,
12 ki se, tout rès towo a, li dwe pote li yon kote ki pwòp deyò kan an, kote sann dife vide, epi brile li sou bwa avèk dife a. Kote sann yo vide, se la li va brile.
zvinoreva kuti zvose zvehando, anofanira kuzvibudisa kunze kwemisasa panzvimbo yakacheneswa, panorasirwa madota agozvipisa pamoto wehuni padurunhuru.
13 “‘Alò, si tout asanble Israël la vin fè yon erè, e bagay la chape atansyon asanble a, epi yo komèt nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou yo pa fè, e yo vin koupab;
“‘Kana ungano yose yaIsraeri ikatadza nokusaziva ikaita zvisingatenderwi pamirayiro ipi zvayo yaJehovha, kunyange ungano isingazivi kuti chii chakaitika, vose vane mhosva.
14 lè peche ke yo te komèt la, vin konnen, alò, asanble a va ofri yon towo nan twoupo a kòm yon ofrann peche, e yo va pote li devan tant asanble a.
Kana vakaziva chivi chavakaita, ungano ichapa hando diki sechipiriso chechivi vagouya nayo kuTende Rokusangana.
15 Answit, ansyen nan asanble yo va poze men yo sou tèt towo a devan SENYÈ a, epi towo a va touye devan SENYÈ a.
Vakuru veungano vanofanira kuisa maoko avo pamusoro wehando pamberi paJehovha uye hando ichabayiwa pamberi paJehovha.
16 Answit, prèt onksyone a dwe pote kèk nan san towo a nan tant asanble a.
Ipapo muprista akazodzwa achatora rimwe ropa rehando agopinda naro muTende Rokusangana.
17 Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an e flite li sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal la.
Achanyika munwe wake muropa agorisasa pamberi paJehovha kanomwe, pamberi pechidzitiro.
18 Li va mete kèk nan san sou kòn lotèl ki devan SENYÈ a nan tant asanble a; epi rès san li va vide nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.
Anofanira kuisa rimwe ropa panyanga dzearitari iri pamberi paJehovha muTende Rokusangana. Rimwe ropa rose acharidururira mujinga mearitari yechibayiro chinopiswa pamusuo weTende Rokusangana.
19 Li va retire tout grès li ladann e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la.
Achabvisa mafuta ose pairi agoapisa paaritari
20 Li va osi fè avèk towo a menm bagay li te fè avèk towo ofrann peche a; se konsa li va fè avè l. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou yo, e yo va vin padone.
agoita nehando iyi zvaakaita nehando yechipiriso chezvivi. Nenzira iyi muprista anofanira kuvayananisira, uye vacharegererwa.
21 Answit, li dwe pote towo a yon kote deyò kan an pou brile li jan li te brile premye towo a. Li se ofrann peche pou asanble a.
Ipapo achaenda nehando kunze kwomusasa agoipisa sokupisa kwaakaita hando yokutanga. Ichi ndicho chipiriso chezvivi cheungano yavanhu.
22 “‘Lè yon dirijan fè peche, e san movèz entansyon vin fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a, Bondye te kòmande pou li pa fè yo, e li vin koupab,
“‘Kana mutungamiri akatadza nokusaziva, akaita zvinorambidzwa pamirayiro ipi zvayo yaJehovha Mwari wake, ane mhosva.
23 si peche ke li te fè a vin konnen a li menm, li va pote pou ofrann li, yon kabrit, yon mal san defo.
Kana akaziviswa chivi chaakaita, anofanira kuuya nechipiriso chake chenhongo yembudzi isina kuremara.
24 Li va poze men li sou tèt mal kabrit la e touye li nan plas kote yo touye ofrann brile devan SENYÈ a. Li se yon ofrann peche.
Anofanira kuisa ruoko rwake pamusoro wembudzi agoibayira panzvimbo panobayirwa chipiriso chinopiswa pamberi paJehovha. Ichi chipiriso chezvivi.
25 Answit, prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl pou ofrann brile a. Konsa, rès san li an, prèt la va vide nan baz lotèl ofrann brile a.
Ipapo muprista achatora rimwe ropa rechibayiro chezvivi nomunwe wake agoriisa panyanga dzearitari yechibayiro chinopiswa agodurura rimwe rose mujinga mearitari.
26 Tout grès li a, prèt la va ofri nan lafimen sou lotèl la menm jan an nan ka grès sakrifis ofrann lapè a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche pa li, e li va vin padone.
Achapisa mafuta ose paaritari sokupisa kwaakaita mafuta echibayiro chokuwadzana. Nenzira iyi muprista achayananisira munhu pazvivi zvake uye acharegererwa.
27 “‘Alò, si nenpòt moun pami pèp òdinè a peche san movèz entansyon nan fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, e li vin koupab,
“‘Kana nhengo yeungano yavanhu ikatadza nokusaziva uye ikaita zvisingabvumirwi mumurayiro upi noupi waJehovha, ine mhosva.
28 si peche li a vin konnen a li menm, alò, li va pote pou ofrann pa li a, yon kabrit, yon femèl san defo, pou peche ke li te komèt la.
Kana akaziviswa chivi chaakaita, anofanira kuuya nechibayiro chake chechivi chaakaita mbudzi hadzi isina kuremara.
29 Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye ofrann peche a nan menm plas ofrann brile a.
Anofanira kuisa ruoko rwake pamusoro wechibayiro chechivi agochiuraya panzvimbo yechipiriso chinopiswa.
30 Prèt la va pran kèk nan san li an avèk dwèt li, e li va mete li sou kòn lotèl ofrann brile a; epi tout rès san li an, prèt la va vide l nan baz lotèl la.
Ipapo muprista achatora rimwe ropa nomunwe wake agoriisa panyanga dzearitari yechibayiro chinopiswa agodira rimwe ropa rose mujinga mearitari.
31 Answit, li va retire tout grès li, jis jan grès la te retire nan sakrifis ofrann lapè yo; epi prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la pou yon odè santi bon pou SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin padone.
Achabvisa mafuta ose sokubviswa kunoitwa mafuta pachibayiro chokuwadzana uye muprista achazvipisa paaritari sezvinonhuhwira zvinofadza kuna Jehovha. Nenzira iyi muprista achamuyananisira uye acharegererwa.
32 “‘Men si li pote yon jenn mouton kòm ofrann li pou ofrann peche a, li va pote li, yon femèl san defo.
“‘Kana akauya negwayana rechipiriso chake chezvivi, anofanira kuuya nesheshe isina kuremara.
33 Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye li kòm yon ofrann peche nan plas kote yo touye ofrann brile a.
Anofanira kuisa ruoko rwake pamusoro waro agoribaya sechibayiro chezvivi panzvimbo inobayirwa chipiriso chinopiswa.
34 Prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl ofrann brile a, epi tout rès san li an, prèt la va vide li nan baz lotèl la.
Ipapo muprista achatora rimwe ropa racho nomunwe wake agoriisa panyanga dzearitari yechibayiro chinopiswa agodurura rimwe ropa rose mujinga mearitari.
35 Answit, li va retire tout grès li, menm jan grès jenn mouton an te retire nan sakrifis ofrann lapè yo, epi prèt la va ofri yo nan lafimen bay SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche li, sa ke li te komèt la, e li va vin padone.
Achabvisa mafuta ose sokubviswa kunoitwa mafuta pagwayana rechibayiro chokuwadzana, uye muprista achazvipisa paaritari pamusoro pezvipiriso zvinoitwa kuna Mwari nomoto. Nenzira iyi muprista achamuyananisira pachivi chaakaita, uye acharegererwa.