< Levitik 3 >

1 “‘Alò, si ofrann li an se yon ofrann lapè, si li pral ofri sòti nan twoupo a, kit se mal, kit se femèl, li va ofri li san defo devan SENYÈ a.
ואם זבח שלמים קרבנו אם מן הבקר הוא מקריב אם זכר אם נקבה תמים יקריבנו לפני יהוה׃
2 Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la.
וסמך ידו על ראש קרבנו ושחטו פתח אהל מועד וזרקו בני אהרן הכהנים את הדם על המזבח סביב׃
3 Soti nan sakrifis ofrann lapè yo, li va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, avèk grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache a zantray yo,
והקריב מזבח השלמים אשה ליהוה את החלב המכסה את הקרב ואת כל החלב אשר על הקרב׃
4 epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo.
ואת שתי הכלית ואת החלב אשר עלהן אשר על הכסלים ואת היתרת על הכבד על הכליות יסירנה׃
5 Answit, fis Aaron yo va ofri li nan lafimen sou lotèl la sou ofrann brile ki sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
והקטירו אתו בני אהרן המזבחה על העלה אשר על העצים אשר על האש אשה ריח ניחח ליהוה׃
6 “‘Men si ofrann li an pou yon sakrifis ofrann lapè pou SENYÈ a, sòti nan bann bèt la, li va ofri li, mal oswa femèl san defo.
ואם מן הצאן קרבנו לזבח שלמים ליהוה זכר או נקבה תמים יקריבנו׃
7 Si li pral ofri yon jenn mouton pou ofrann li an, alò, li va ofri li devan SENYÈ a.
אם כשב הוא מקריב את קרבנו והקריב אתו לפני יהוה׃
8 Epi li va poze men li sou tèt ofrann li an e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la.
וסמך את ידו על ראש קרבנו ושחט אתו לפני אהל מועד וזרקו בני אהרן את דמו על המזבח סביב׃
9 Soti nan ofrann sakrifis lapè a, li va pote kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a, grès li, tout grès ke li menm, moun nan va retire pre zo do a, ak grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo.
והקריב מזבח השלמים אשה ליהוה חלבו האליה תמימה לעמת העצה יסירנה ואת החלב המכסה את הקרב ואת כל החלב אשר על הקרב׃
10 Epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gran bout fwa a, ke li va retire avèk ren yo.
ואת שתי הכלית ואת החלב אשר עלהן אשר על הכסלים ואת היתרת על הכבד על הכלית יסירנה׃
11 Answit, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
והקטירו הכהן המזבחה לחם אשה ליהוה׃
12 “‘Anplis, si ofrann li an se yon kabrit, alò, li va ofri li devan SENYÈ a.
ואם עז קרבנו והקריבו לפני יהוה׃
13 Li va poze men l sou tèt li e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la.
וסמך את ידו על ראשו ושחט אתו לפני אהל מועד וזרקו בני אהרן את דמו על המזבח סביב׃
14 Soti nan li, li va prezante ofrann li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a; grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo,
והקריב ממנו קרבנו אשה ליהוה את החלב המכסה את הקרב ואת כל החלב אשר על הקרב׃
15 ak de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo bout fwa a, ke li va retire avèk ren yo.
ואת שתי הכלית ואת החלב אשר עלהן אשר על הכסלים ואת היתרת על הכבד על הכלית יסירנה׃
16 Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bagay ki santi dous; tout grès se pou SENYÈ a.
והקטירם הכהן המזבחה לחם אשה לריח ניחח כל חלב ליהוה׃
17 “‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”
חקת עולם לדרתיכם בכל מושבתיכם כל חלב וכל דם לא תאכלו׃

< Levitik 3 >