< Levitik 27 >

1 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
And Yahweh spake unto Moses, saying:
2 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Lè yon nonm fin fè yon ve ki difisil, li va valorize selon valè moun nou ki apatyen a SENYÈ a.
Speak unto the sons of Israel and thou shall say unto them—When any man would consecrate and pay a vow by thine estimate of lives unto Yahweh,
3 Si valè ou a se yon gason antre ventan ak swasantan daj, valè ke nou va bay li a se senkant sik an ajan, dapre sik ki nan sanktyè a.
then shall, thine estimate be for the male from twenty years of age even to sixty years of age, yea thine estimate shall be—fifty shekels of silver by the shekel of the sanctuary;
4 Oubyen, si se yon fanm, alò valè nou va trant sik.
but if it be, a female, then shall thine estimate be thirty shekels.
5 Si li antre senkan jiska ventan, alò valè nou pou gason an va ven sik, e pou fanm nan dis sik.
And, if it be from five years of age even unto twenty years of age, then shall thine estimate be for the male, twenty shekels, —and, for the female, ten shekels.
6 Men si yo antre laj yon mwa jis rive nan senkan, valè nou va senk sik an ajan pou gason an, e pou fanm nan, valè nou va twa sik an ajan.
And, if it be from a month old even unto five years old, then shall thine estimate be—for the male, five shekels of silver, —and, for the female, thine estimate [shall be] three shekels of silver.
7 Si yo gen swasantan oswa plis, si se yon gason, alò valè li va kenz sik, e pou fanm lan, dis sik.
And if it be from sixty years of age and upwards, if a male, then shall thine estimate be fifteen shekels, —and, for the female, ten shekels.
8 Men si li manke rive nan valè ou, alò li va plase devan prèt ki va bay valè li a. Selon mwayen a sila ki te fè ve a, prèt la va ba li valè.
But if he be, too poor, for thine estimate, then shall he present himself before the priest, and the priest shall estimate him, —according to that which the hand of him who would vow can attain to, shall the priest estimate him.
9 “‘Alò, si se yon kalite bèt ke yon mesye ta kapab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, nenpòt sa ki bay a SENYÈ a, va sen.
And if it be a beast whereof men may bring near an oblation unto Yahweh, all that whereof aught is given to Yahweh, shall be holy.
10 Li pa pou ranplase li ni chanje li, yon bon pou yon move, ni yon move pou yon bon. Oswa, si li ta chanje bèt pou bèt, se tou de ki vin sen.
He shall not alter it, nor change it—good for bad or bad for good, —but if he, do, change beast for beast, then shall, both it and what was given in exchange for it be holy.
11 Si li se yon bèt ki pa pwòp nan kalite ke moun pa kab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, alò, li va plase bèt la devan prèt la.
And, if it be any unclean beast whereof men may not bring near an oblation to Yahweh, then shall he present the beast before the priest:
12 Prèt la va ba li valè kit li bon, kit li pa bon. Jan nou menm nan, prèt la ba li valè, se konsa li va ye.
and the priest shall estimate it, whether it is good or bad, —according to thine estimate, O priest, so, shall it be.
13 Men si li ta janmen vle peye ranson li an, alò li va ogmante yon senkyèm nan valè li.
But if he should please to redeem, it, then shall he add the fifth part thereof unto thine estimate.
14 “‘Alò, si yon mesye konsakre kay li kòm sen pou SENYÈ a, alò prèt la va ba li valè kòm bon, oswa pa bon. Jan prèt la ba li valè, se konsa li va kanpe.
And, when, any man, would hallow his house to be holy unto Yahweh, then shall the priest estimate it, whether it is good or bad, —as the priest shall estimate it, so, shall it stand.
15 Men si sila ki konsakre li a ta vle vin peye ranson li an, alò, li va mete yon senkyèm sou valè pri a pou l kapab vin pou li.
But, if he that halloweth it, would redeem his house, then shall he add the fifth part of the silver of thine estimate thereunto and it shall be his.
16 “‘Ankò, si yon mesye konsakre bay SENYÈ a yon pati nan pwòp chan pa li yo, alò, valè ke nou ba li a va selon fòs kantite semans ki nesesè pou simen li an: yon barik semans lòj vo senkant sik ajan.
And if of the field of his possession any man would hallow unto Yahweh, then shall thine estimate be according to the seed thereof, —the seed of a homer of barley, at fifty shekels of silver.
17 Si li konsakre chan li an nan menm ane jibile a, selon valè nou ba li, li va kanpe konsa.
If, from the year of jubilee, he would hallow his field, according to thine estimate, shall it stand.
18 Si li konsakre chan li an apre jibile a, alò, prèt la va kalkile pri a pou li selon ane ki rete yo jis rive nan ane jibile a; epi li va vin redwi nan valè ke nou bay la.
But if after the jubilee he would hallow his field, then shall the priest reckon to him the silver, according to the years that remain, until the year of the jubilee, —and it shall be abated from thine estimate.
19 Si sila ki konsakre li a ta janmen vle peye ranson chan an, alò li va adisyone yon senkyèm nan valè ke nou bay sou li a, pou li kapab vin pou li.
But, if he that hath hallowed it should be pleased to redeem, the field, then shall he add the fifth part of the silver of thine estimate thereunto and it shall be assured to him.
20 Malgre sa, si li pa peye ranson chan an, men te vann chan an a yon lòt moun, li p ap kapab peye ranson an ankò;
But if he will not redeem the field, but have sold the field to another man, it shall be redeemable no longer;
21 men lè li vin retounen nan jibile a, chan an va vin sen pou SENYÈ a, kòm yon chan ki mete apa. Li va pou prèt la kòm tè pa li.
so shall the field, when it goeth out in the jubilee, be holy unto Yahweh as a devoted, field, —to the priest, shall belong the possession thereof.
22 “‘Oswa, si li konsakre bay SENYÈ a, yon chan ke li te achte, ki se pa yon pati nan chan pwòp tè pa li a,
If, however, a field that he hath bought, which is not of the fields of his possession, he would hallow unto Yahweh,
23 alò, prèt la va kalkile pou li sòm valè chan an jis rive nan ane jibile a; epi li va nan jou sa a bannou valè nou kòm sen pou SENYÈ a.
then shall the priest reckon to him the amount of thine estimate until the year of the jubilee, —and he shall give thine estimate, in that day, as holy unto Yahweh.
24 Nan ane jibile a, chan an va retounen a sila sou li menm li te achte li a, e ki se pwòp mèt teren an.
In the year of the jubilee, shall the field return unto him from whom he bought it to him whose it was as a possession in the land.
25 Anplis, chak valè ke nou bay va baze sou sik sanktyè a. Sik la va ven gera (yon ventyèm sik la).
And, every estimate of thine, shall be by the holy shekel, —twenty gerahs, make the shekel.
26 “‘Malgre sa, yon premye pòtre pami bèt yo, ki se kòm premye ne, se pou SENYÈ a, pèsòn pa pou konsakre li; kit se yon bèf, kit se yon mouton, se pou SENYÈ a.
Only the firstling which is born a firstling to Yahweh, among beasts, no man shall hallow it, —whether ox or sheep, unto Yahweh, it belongeth.
27 Men si li pami bèt ki pa pwòp yo, alò li va rachte li selon valè ke nou ba li e mete yon senkyèm anplis; epi si li pa rachte li, alò li va vann li selon valè ke nou ba li a.
But, if it be among the beasts that are unclean, then shall he ransom it by thine estimate, and add the fifth part of it thereunto, —but, if it is not redeemed, then shall it be sold by thine estimate.
28 “‘Sepandan, nenpòt bagay ke yon nonm mete apa pou SENYÈ a nan tout sa ke li genyen, kit se moun, bèt, oswa chan nan pwòp tè li, li p ap janm vann ni peye ranson. Nenpòt bagay ki dedye pou destriksyon, pi sen pou SENYÈ a.
Only no devoted thing which any man shall devote unto Yahweh, of all that belongeth to him, —of man or beast, or of the field of his possession, shall be either sold or redeemed, —as to every devoted thing, most holy, it is unto Yahweh.
29 Okenn moun ki vin mete apa pami lèzòm p ap janm peye ranson. Li va asireman vin mete a lanmò.
As touching any one devoted, who may be devoted from among men he shall not be ransomed, —he must be, surely put to death.
30 “‘Konsa tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a.
And, as for all the tithe of the land whether of the seed of the land, [or] of the fruit of the trees, unto Yahweh, it belongeth, —as something holy unto Yahweh.
31 Alò, konsa, si yon moun vle peye ranson yon pati nan dim li, li va mete yon senkyèm sou li.
But, if any man should be pleased, to redeem, aught of his tithes, the fifth part thereof, shall he add thereunto.
32 Paske chak dizyèm pati nan twoupo, oswa nan bann mouton, nenpòt sa ki pase anba baton, dizyèm pati a va sen pou SENYÈ a.
And, as for all the tithe of herd and flock, all that passeth under the rod, the tenth, shall be holy unto Yahweh.
33 Li pa konsènan si li bon oswa pa bon, ni li pa pou chanje li. Alò, li menm, ni sa ki ranplase li a, va vin sen. Li pa pou peye ranson.’”
He shall not examine whether it be good or bad neither shall he change it, —or, if he do in anywise change, it, then shall both, it and what is given in exchange for it, be holy, it shall not be redeemed.
34 Sa yo se kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fis Israël yo nan mòn Sinai a.
These are the commandments which Yahweh commanded Moses for the sons of Israel, —in Mount Sinai.

< Levitik 27 >