< Levitik 23 >

1 SENYÈ a te pale ankò avèk Moïse. Li te di:
Bwana akamwambia Mose,
2 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Fèt chwazi SENYÈ a, ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen yo—fèt chwazi Mwen yo se sa yo.
“Sema na Waisraeli na uwaambie: ‘Hizi ndizo sikukuu zangu zilizoamriwa, sikukuu zilizoamriwa za Bwana, ambazo mtazitangaza kuwa makusanyiko matakatifu.
3 “‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.
“‘Kuna siku sita mnazoweza kufanya kazi, lakini siku ya saba ni Sabato ya kupumzika, siku ya kusanyiko takatifu. Hamtafanya kazi yoyote. Popote mnapoishi, ni Sabato kwa Bwana.
4 “‘Sa yo se lè fèt chwazi pou SENYÈ a, konvokasyon sen ke nou va pwoklame nan lè ki apwente pou yo.
“‘Hizi ni sikukuu za Bwana zilizoamriwa, makusanyiko matakatifu mtakayoyatangaza kwa nyakati zilizoamriwa:
5 Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a.
Pasaka ya Bwana huanza jioni ya siku ya kumi na nne ya mwezi wa kwanza.
6 Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven.
Siku ya kumi na tano ya mwezi huo wa kwanza, Sikukuu ya Bwana ya Mikate Isiyotiwa Chachu huanza; kwa siku saba, mtakula mikate isiyotiwa chachu.
7 Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou p ap fè okenn travay di.
Katika siku ya kwanza, mtakuwa na kusanyiko takatifu, na msifanye kazi zenu za kawaida.
8 Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’”
Kwa siku saba mtamletea Bwana sadaka ya kuteketezwa kwa moto. Kwenye siku hiyo ya saba mtafanya kusanyiko takatifu, na msifanye kazi zenu za kawaida.’”
9 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
Bwana akamwambia Mose,
10 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la.
“Sema na Waisraeli na uwaambie: ‘Mtakapoingia katika nchi nitakayowapa na kuvuna mazao ya nchi hiyo, leteni kwa kuhani mganda wa nafaka ya kwanza mtakayovuna.
11 Li va fè sign voye pake a anlè devan SENYÈ a pou nou, pou l kapab aksepte. Nan jou apre Saba a, prèt la va voye li anlè.
Naye atauinua huo mganda mbele za Bwana ili ukubaliwe kwa niaba yenu; kuhani ataupunga siku inayofuata Sabato.
12 Alò, nan jou lè nou voye pake a anlè a, nou va ofri yon jenn mouton ki gen laj ennan(1 an) ki san defo pou yon ofrann brile bay SENYÈ a.
Siku hiyo mtakapoinua huo mganda, lazima mtoe kwa Bwana dhabihu ya kuteketezwa kwa moto ya mwana-kondoo wa mwaka mmoja asiye na dosari,
13 Ofrann sereyal li, alò, va 2 dizyèm yon efa farin melanje avèk lwil, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, yon bagay santi bon, avèk ofrann bwason li, yon ka in diven.
pamoja na sadaka yake ya nafaka ya sehemu mbili za kumi za efa za unga laini uliochanganywa na mafuta, sadaka iliyotolewa kwa Bwana kwa kuteketezwa kwa moto, harufu nzuri ya kupendeza, na sadaka yake ya kinywaji ya robo ya hini ya divai.
14 Jis rive nan jou sa a, jiskaske nou pote ofrann Bondye nou an, nou pa pou manje ni pen, ni sereyal boukannen, ni nouvo tij vèt. Sa dwe rete yon règleman ki la pou tout tan pami tout jenerasyon nou yo, nan tout domisil nou yo.
Kamwe msile mkate wowote, au nafaka iliyokaangwa au nafaka mpya, mpaka siku ile mtakayomletea Mungu wenu sadaka hii. Hili litakuwa agizo la kudumu kwa vizazi vijavyo, popote mnapoishi.
15 “‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè.
“‘Tangu siku ile iliyofuata Sabato, siku mliyotoa sadaka ya mganda wa kuinuliwa, hesabuni majuma saba kamili.
16 Nou va kontwole senkant jou jis rive nan jou apre setyèm Saba a, epi nou va prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a.
Mtahesabu siku hamsini mpaka siku inayofuata Sabato ya saba, ndipo mtatoa sadaka ya nafaka mpya kwa Bwana.
17 Nou va pote soti nan domisil nou yo de pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a.
Kutoka popote mnapoishi, mtaleta mikate miwili ya unga laini, sehemu mbili za kumi za efa, uliookwa kwa chachu, kuwa sadaka ya kuinuliwa ya malimbuko kwa Bwana.
18 Ansanm avèk pen an, nou va prezante sèt jenn mouton nan laj 1 nan, mal san defo, ak yon towo twoupo avèk de belye. Yo dwe yon ofrann brile bay SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, yon ofrann pa dife ki dous e santi bon a SENYÈ a.
Toeni pamoja na hiyo mikate wana-kondoo saba, kila mmoja wa mwaka mmoja asiye na dosari, na fahali mchanga, na kondoo dume wawili. Watakuwa sadaka ya kuteketezwa kwa moto iliyotolewa kwa Bwana, pamoja na sadaka za nafaka na sadaka za vinywaji, sadaka iliyotolewa kwa moto yenye harufu nzuri ya kumpendeza Bwana.
19 Nou va osi ofri yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, ak de mal mouton ki gen laj 1 nan kòm yon sakrifis ofrann lapè.
Kisha toeni dhabihu ya mbuzi dume mmoja kwa ajili ya sadaka ya dhambi, na wana-kondoo wawili, kila mmoja wa mwaka mmoja, kwa ajili ya sadaka ya amani.
20 Konsa, prèt la va voye yo anlè avèk pen premye fwi yo kòm yon ofrann voye anlè avèk de jenn mouton yo devan SENYÈ a. Yo dwe sen a SENYÈ a pou prèt la.
Kuhani atawainua hao wana-kondoo wawili mbele za Bwana kuwa sadaka ya kuinuliwa, pamoja na mkate wa malimbuko. Ni sadaka takatifu kwa Bwana kwa ajili ya kuhani.
21 Nan menm jou sa a, nou va osi fè yon pwoklamasyon ke nou va gen yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay di. Se yon règleman pou tout tan nan tout domisil nou yo pandan tout jenerasyon nou yo.
Siku iyo hiyo mtatangaza kusanyiko takatifu, na msifanye kazi zenu za kawaida. Hili litakuwa agizo la kudumu kwa vizazi vijavyo, popote mnapoishi.
22 “‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
“‘Mnapovuna mavuno ya ardhi yenu, msivune hadi mpakani mwa shamba lenu, au kukusanya masazo ya mavuno yenu. Hayo utayaacha kwa ajili ya maskini na mgeni. Mimi ndimi Bwana Mungu wenu.’”
23 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
Bwana akamwambia Mose,
24 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va fè yon repo, yon tan pou sonje avèk son twonpèt yo, yon konvokasyon sen.
“Waambie Waisraeli: ‘Katika siku ya kwanza ya mwezi wa saba mtakuwa na siku ya mapumziko, kusanyiko takatifu la ukumbusho litakaloadhimishwa kwa kupiga tarumbeta.
25 Nou pa pou fè okenn travay di, men nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.’”
Msifanye kazi zenu zozote za kawaida, lakini toeni sadaka kwa Bwana iliyoteketezwa kwa moto.’”
26 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
Bwana akamwambia Mose,
27 Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
“Siku ya kumi ya mwezi huu wa saba ni Siku ya Upatanisho. Mtafanya kusanyiko takatifu, mfunge, nanyi mtoe sadaka kwa Bwana ya kuteketezwa kwa moto.
28 Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an.
Msifanye kazi siku hiyo, kwa sababu ni Siku ya Upatanisho, ambapo upatanisho unafanyika kwa ajili yenu mbele za Bwana Mungu wenu.
29 Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, li va koupe retire de pèp li a.
Mtu yeyote ambaye hatafunga siku hiyo ni lazima akatiliwe mbali na watu wake.
30 Pou nenpòt moun ki fè yon travay nan menm jou sa a, moun sa a, Mwen va detwi li pami pèp li a.
Mtu yeyote atakayefanya kazi siku hiyo nitamwangamiza kutoka miongoni mwa watu wake.
31 Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo.
Hamtafanya kazi kamwe. Hili litakuwa agizo la kudumu kwa vizazi vijavyo popote mnapoishi.
32 Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou.
Ni Sabato ya mapumziko kwenu ninyi, na lazima mfunge. Tangu jioni ya siku ya tisa ya mwezi hadi jioni inayofuata, mtaishika Sabato yenu.”
33 Ankò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
Bwana akamwambia Mose,
34 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a.
“Waambie Waisraeli: ‘Katika siku ya kumi na tano ya mwezi wa saba, Sikukuu ya Bwana ya vibanda itaanza, nayo itaadhimishwa kwa siku saba.
35 Nan premye jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn kalite travay ki di.
Siku ya kwanza ni kusanyiko takatifu, msifanye kazi zenu za kawaida.
36 Pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan uityèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen e prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Se yon asanble solanèl. Nou pa pou fè okenn travay di.
Kwa siku saba toeni sadaka kwa Bwana za kuteketezwa kwa moto. Kwenye siku ya nane fanyeni kusanyiko takatifu, na mtoe sadaka kwa Bwana ya kuteketezwa kwa moto. Ni kusanyiko la mwisho, msifanye kazi zenu za kawaida.
37 “‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a—ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, zafè chak jou nan pwòp jou pa li—
(“‘Hizi ni sikukuu za Bwana zilizoamriwa, ambazo mtazitangaza kuwa makusanyiko matakatifu kwa kuleta sadaka kwa Bwana za kuteketeza kwa moto: sadaka za kuteketezwa na sadaka za nafaka, dhabihu na sadaka za vinywaji zitahitajika kila siku.
38 apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo.
Sadaka hizi ni nyongeza ya zile mnazozitoa katika Sabato za Bwana, na pia ni nyongeza ya matoleo yenu ya chochote mlichoweka nadhiri, na sadaka zenu zote za hiari mnazozitoa kwa Bwana.)
39 “‘Byen jis nan kenzyèm jou nan setyèm mwa a, lè nou gen tan antre rekòlt nan peyi a, nou va fete fèt ki pou SENYÈ a pandan sèt jou. Nou va fè yon repo solonèl nan premye jou a, e yon repo solonèl nan uityèm jou a.
“‘Basi kuanzia siku ya kumi na tano ya mwezi wa saba, baada ya kuvuna mazao yote ya nchi, mtaadhimisha sikukuu kwa Bwana kwa siku saba; siku ya kwanza ni mapumziko, pia siku ya nane ni mapumziko.
40 Alò, nan premye jou a, nou va pran pou nou menm fèy ki sòti nan pyebwa ki bèl yo, branch pal yo avèk branch nan pyebwa ki gen fèy yo, pyebwa ki pann sou kote rivyè a ak ti dlo yo, e nou va rejwi devan SENYÈ a Bondye nou an pandan sèt jou.
Siku ya kwanza mtachukua matunda mazuri ya miti, matawi ya mitende, matawi yenye majani mengi, na matawi ya mirebi, nanyi mtashangilia mbele za Bwana Mungu wenu kwa siku saba.
41 Nou va selebre li konsa kòm yon fèt bay SENYÈ a pandan sèt jou nan ane a. Sa va yon règleman k ap dire nèt pandan tout jenerasyon nou yo. Nou va selebre li nan setyèm mwa a.
Mtaadhimisha siku hii kuwa sikukuu kwa Bwana kwa siku saba kila mwaka. Hili litakuwa agizo la kudumu kwa vizazi vijavyo; iadhimisheni mwezi wa saba.
42 Nou va viv nan tonèl yo pandan sèt jou. Tout natif Israël yo va viv nan tonèl yo,
Mtaishi katika vibanda kwa siku saba: Wazawa wote wa Waisraeli wataishi katika vibanda,
43 pou jenerasyon nou yo kapab vin konnen ke fis Israël yo te viv nan tonèl lè Mwen te mennen yo, fè yo sòti nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
ili wazao wenu wajue kuwa niliwafanya Waisraeli waishi kwenye vibanda nilipowatoa Misri. Mimi ndimi Bwana Mungu wenu.’”
44 Se konsa Moïse te deklare a fis Israël yo tout lè ki te deziye pa Bondye yo.
Kwa hiyo Mose akawatangazia Waisraeli sikukuu zilizoamriwa na Bwana.

< Levitik 23 >