< Levitik 22 >

1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
خداوند به موسی فرمود:
2 Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de bagay sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo, epi pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
«به هارون و پسرانش بگو که حرمت قربانیها و هدایای مقدّسی را که قوم به من وقف می‌کنند، نگه دارند و نام مقدّس مرا بی‌حرمت نسازند، زیرا من یهوه هستم.
3 “Di yo ke: ‘Si nenpòt moun pami tout jenerasyon nou yo vin pwoche de bagay sen yo, ke fis Israël yo te dedye bay SENYÈ a pandan li pa pwòp, moun sa a va koupe retire devan M. Mwen se SENYÈ a.
این دستورها را به آنها بده. در نسلهای شما اگر یک کاهن در حالی که نجس است به این هدایای مقدّسی که بنی‌اسرائیل به خداوند وقف کرده نزدیک شود، او باید از مقام کاهنی برکنار شود، زیرا من یهوه هستم.
4 “‘P ap gen yon nonm pami desandan Aaron yo ki gen lalèp oswa yon ekoulman ki kapab manje nan bagay sen yo jiskaske li vin pwòp. Konsa, si youn vin touche nenpòt bagay ki fèt pa pwòp pa yon moun mouri, oswa si yon nonm vin fè yon ekoulman,
«کاهنی که جذام داشته باشد یا از بدنش مایع ترشح شود، تا وقتی که طاهر نشده، حق ندارد از قربانیهای مقدّس بخورد. هر کاهنی که به جنازه‌ای دست بزند یا در اثر خروج مَنی نجس گردد،
5 oswa, si yon mesye vin touche nenpòt nan bèt ki trennen atè, oswa nenpòt moun ki fè l vin pa pwòp, nenpòt sa ki fè l pa pwòp;
و یا حیوان یا شخصی را که نجس است لمس کند،
6 ke yon moun ki touche nenpòt kalite bagay konsa va pa pwòp jis rive nan aswè, e li p ap kab patisipe nan manje nan bagay sen yo sof ke li benyen kò l nan dlo.
آن کاهن تا عصر نجس خواهد بود، و تا هنگام غروب که غسل می‌کند نباید از قربانیهای مقدّس بخورد.
7 Men lè solèy la kouche, li va pwòp. Konsa, apre, li ka manje nan bagay sen yo, paske se manje li.
وقتی که آفتاب غروب کرد، او دوباره طاهر می‌شود و می‌تواند از خوراک مقدّس بخورد، چون خوراک او همین است.
8 Li pa pou manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt, pou fè l vin pa pwòp.
کاهن نباید گوشت حیوان مرده یا حیوانی را که جانوران وحشی آن را دریده باشند بخورد، چون این عمل او را نجس می‌کند. من یهوه هستم.
9 “‘Konsa, yo va kenbe lòd Mwen, pou yo pa pote peche akoz li, e mouri konsa si yo souye li. Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.
کاهنان باید با دقت از این دستورها اطاعت کنند، مبادا به سبب سرپیچی از این قوانین به آن بی‌حرمتی کرده، مجرم شوند و در نتیجه بمیرند. من که یهوه هستم ایشان را تقدیس کرده‌ام.
10 “‘Okenn etranje pa pou manje kado sen an. Yon vwayajè k ap rete ak prèt la, oswa yon ouvriye pa pou manje nan kado sen an.
«هیچ‌کس غیر از کاهنان نباید از قربانیهای مقدّس بخورد. میهمان یا خدمتکار کاهن که از او مزد می‌گیرد نیز نباید از این خوراک بخورد.
11 Men si yon prèt achte yon esklav kòm pwòp byen pa li, avèk pwòp lajan pa li, sila a kapab manje nan li, e sila ki te ne nan kay li yo kapab manje manje li.
ولی اگر کاهن با پول خود غلامی بخرد، آن غلام می‌تواند از قربانیهای مقدّس بخورد. فرزندان غلام یا کنیزی نیز که در خانهٔ او به دنیا بیایند می‌توانند از آن بخورند.
12 Si fi a yon prèt vin marye avèk yon moun ki pa prèt, li pa pou manje nan kado ofrann yo.
اگر دختر یکی از کاهنان با شخصی که کاهن نیست ازدواج کند، نباید از هدایای مقدّس بخورد؛
13 Men si fi a yon prèt vin vèv, oswa divòse, e pa gen pitit, si li vin retounen lakay papa li, tankou lè l te jèn, li va manje nan manje papa li; men moun deyò p ap kab manje li.
ولی اگر بیوه شده یا طلاق گرفته باشد و فرزندی هم نداشته باشد که از او نگهداری کند و به خانهٔ پدرش بازگشته باشد، می‌تواند مانند سابق از خوراک پدرش بخورد. پس کسی که از خانوادهٔ کاهنان نیست، حق ندارد از این خوراک بخورد.
14 “‘Men si yon nonm manje yon kado sen san konnen, alò, li va mete sou fòs li yon senkyèm anplis valè li, e li va bay kado sen an bay prèt la.
«اگر کسی ندانسته از قربانیهای مقدّس بخورد، باید همان مقدار را به اضافۀ یک پنجم به کاهن بازگرداند.
15 Yo pa pou degrade kado sen ki pou fis Israël yo, ke yo ofri bay SENYÈ a,
کاهنان نباید نسبت به قربانیهای مقدّس که بنی‌اسرائیل به خداوند وقف می‌کنند بی‌حرمتی روا دارند،
16 epi konsa, fè yo pote pinisyon pou koupabilite akoz manje nan kado sen pa yo; paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”
و با خوردن قربانیهای مقدّس ایشان، سبب شوند که آنها مجرم گردند، زیرا من یهوه هستم که آنها را تقدیس کرده‌ام.»
17 Alò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
خداوند به موسی فرمود:
18 “Pale avèk Aaron, ak fis li yo, epi tout fis Israël yo. Di yo: ‘Nenpòt moun nan kay Israël la oswa pami etranje yo nan Israël ki prezante ofrann li, sof ke se youn nan ofrann sèman yo oswa ofrann bòn volonte yo, ke yo prezante bay SENYÈ a kòm yon ofrann brile—
«این دستورها را به هارون و پسرانش و تمامی قوم اسرائیل بده: اگر یک نفر اسرائیلی یا غریبی که در میان شما ساکن است، به خداوند هدیه‌ای برای قربانی سوختنی تقدیم کند، خواه نذری باشد خواه داوطلبانه،
19 pou nou ta aksepte li—li oblije ke se yon mal san defo ki sòti nan bèf, mouton, oswa kabrit.
فقط به شرطی مورد قبول خداوند خواهد بود که آن حیوان، گاو یا گوسفند یا بز، نر و بی‌عیب باشد.
20 Nenpòt bèt ki gen defo, nou pa pou ofri li, paske li p ap akseptab pou nou.
حیوانی که نقصی داشته باشد نباید تقدیم شود، چون مورد قبول خداوند نمی‌باشد.
21 Lè yon moun ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a pou ranpli yon ve espesifik, oswa yon ofrann bòn volonte ki sòti nan bann mouton oswa nan twoupo, fòk li bon nèt pou l kapab aksepte. Li pa pou gen defo menm nan li.
وقتی کسی از رمه یا گلهٔ خود حیوانی را به عنوان قربانی سلامتی به خداوند تقدیم می‌کند، خواه نذری باشد خواه داوطلبانه، آن حیوان باید سالم و بی‌عیب باشد و گرنه مورد قبول خداوند واقع نمی‌شود.
22 Sila ki avèg yo, ki gen zo kase, oswa donmaje yo, sila ki gen maleng ekoulman, ekzema, oswa kal yo, nou pa pou ofri yo bay SENYÈ a, ni fè yon ofrann pa dife sou lotèl bay SENYÈ a.
حیوان کور، شل یا مجروح و یا حیوانی که بدنش پر از زخم است و یا مبتلا به گری یا آبله می‌باشد، نباید به خداوند هدیه شود. این نوع هدیه را بر آتش مذبح به خداوند تقدیم نکنید.
23 Pou yon bèf, oswa yon jenn ti mouton ki gen youn nan manm li ki pi gwo oswa pi piti ke lòt yo, nou kapab prezante li kòm yon ofrann bòn volonte, men kòm yon ofrann ve, li p ap aksepte.
اگر گاو یا گوسفندی که تقدیم خداوند می‌شود عضوِ بیش از حد بلند یا کوتاه داشته باشد، آن را به عنوان قربانی داوطلبانه می‌توان ذبح کرد ولی نه به عنوان نذر.
24 Osi, nenpòt nan yo avèk boul grenn li brize oswa kraze, chire oswa koupe, nou pa pou ofri li bay SENYÈ a, ni fè sakrifis avèk li nan peyi nou an.
حیوانی را که بیضه‌اش نقص داشته باشد یعنی کوفته یا بریده باشد هرگز نباید در سرزمین خود برای خداوند قربانی کنید.
25 Ni nou p ap aksepte anyen ki konsa nan men a yon etranje kòm yon ofrann manje pou Bondye nou an, paske yo konwonpi. Yo gen defo. Yo pa pou aksepte pou nou.’”
این محدودیت، هم شامل قربانیهای غریبانی است که در میان شما ساکنند و هم قربانیهای خود شما، چون هیچ حیوان معیوبی برای قربانی پذیرفته نمی‌شود.»
26 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di:
خداوند به موسی فرمود:
27 “Lè yon bèf oswa yon mouton, oswa yon kabrit vin fèt, li va rete pandan sèt jou avèk manman li. Men depi nan uityèm jou a, li va vin aksepte kòm yon sakrifis pou yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
«وقتی گاو یا گوسفند یا بزی زاییده شود باید تا هفت روز پیش مادرش بماند ولی از روز هشتم به بعد می‌توان آن را بر آتش برای خداوند قربانی کرد.
28 Menm si se yon bèf, oswa yon mouton, nou pa pou touye li ansanm avèk pitit li nan yon sèl jou.
گاو یا گوسفند را با نوزادش در یک روز سر نبرید.
29 “Lè nou ofri yon sakrifis pou remèsiman bay SENYÈ a, nou va fè sakrifis la yon jan pou l aksepte.
وقتی که قربانی شکرگزاری به من که خداوند هستم تقدیم می‌کنید، باید طبق قوانین عمل کنید تا مورد قبول من واقع شوید.
30 Li va manje nan menm jou a, nou pa pou kite anyen de li pou rive jis nan maten. Mwen se SENYÈ a.
در همان روز تمام گوشت حیوان قربانی شده را بخورید و چیزی از آن را برای روز بعد باقی نگذارید. من یهوه هستم.
31 “Konsa nou va kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.
«شما باید تمام فرمانهای مرا به جا آورید، چون من یهوه هستم.
32 Nou pa pou degrade non sen Mwen an, men Mwen va sen pami fis Israël yo. Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an,
نام مقدّس مرا بی‌حرمت نکنید، زیرا من در میان بنی‌اسرائیل قدوسیت خود را ظاهر می‌سازم. من یهوه هستم که شما را تقدیس می‌کنم.
33 ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la, pou vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a.”
این من بودم که شما را از سرزمین مصر نجات دادم تا خدای شما باشم. من یهوه هستم.»

< Levitik 22 >