< Levitik 2 >

1 “‘Alò, lè yon moun prezante yon ofrann sereyal la kòm ofrann bay SENYÈ a, ofrann li an va avèk farin fen. Li va vide lwil sou li e mete lansan sou li.
Anima cum obtulerit oblationem sacrificii Domino, simila erit eius oblatio. fundetque super eam oleum, et ponet thus,
2 Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
ac deferet ad filios Aaron sacerdotis: quorum unus tollet pugillum plenum similae et olei, ac totum thus, et ponet memoriale super altare in odorem suavissimum Domino.
3 Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a.
quod autem reliquum fuerit de sacrificio, erit Aaron et filiorum eius, Sanctum sanctorum de oblationibus Domini.
4 “‘Alò, lè nou pote yon ofrann sereyal kwit nan yon fou, li va fèt avèk gato san ledven avèk farin fen melanje avèk lwil oubyen galèt san ledven ki kouvri avèk lwil.
Cum autem obtuleris sacrificium coctum in clibano: de simila, panes scilicet absque fermento, conspersos oleo, et lagana azyma oleo lita.
5 Si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt nan pwalon, li va fèt avèk farin fen, san ledven, melanje avèk lwil.
Si oblatio tua fuerit de sartagine, similae conspersae oleo et absque fermento,
6 Ou va kase li an miyèt mòso e vide lwil sou li. Li se yon ofrann sereyal.
divides eam minutatim, et fundes super eam oleum.
7 Alò si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt nan yon chodyè, li va fèt avèk farin fen avèk lwil.
Sin autem de craticula fuerit sacrificium, aeque simila oleo conspergetur:
8 Ou va pote yon ofrann ki fèt avèk bagay sa yo bay SENYÈ a. Li va prezante a prèt la, e li va pote li devan lotèl la.
quam offerens Domino, trades manibus sacerdotis.
9 Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
Qui cum obtulerit eam, tollet memoriale de sacrificio, et adolebit super altare in odorem suavitatis Domino,
10 Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann bay SENYÈ a pa dife yo.
quidquid autem reliquum est, erit Aaron, et filiorum eius, Sanctum sanctorum de oblationibus Domini.
11 “‘Okenn ofrann sereyal, ke nou pote devan SENYÈ a p ap fèt avèk ledven, paske nou pa pou lofri nan lafimen okenn ledven ni siwo myèl kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.
Omnis oblatio, quae offeretur Domino, absque fermento fiet, nec quidquam fermenti aut mellis adolebitur in sacrificio Domini.
12 Kòm ofrann premye fwi, nou va pote yo bay SENYÈ a, men yo p ap monte kòm ofrann santi dous sou lotèl la.
Primitias tantum eorum offeretis ac munera: super altare vero non imponentur in odorem suavitatis.
13 Chak ofrann sereyal de nou menm, anplis, nou va asezone li avèk sèl. Li fò ke sèl akò a Bondye nou an pa manke nan ofrann sereyal ou an. Avèk tout ofrann ou yo, ou va ofri sèl.
Quidquid obtuleris sacrificii, sale condies, nec auferes sal foederis Dei tui de sacrificio tuo. In omni oblatione offeres sal.
14 “‘Osi, si ou pote bay SENYÈ a, yon ofrann sereyal de bagay ofran premye fwi yo yo, ou va pote tèt sereyal yo byen fre, boukannen nan dife, grenn moulen a rekòlt avan lè a, kòm ofrann sereyal de ofran premye fwi yo.
Si autem obtuleris munus primarum frugum tuarum Domino de spicis adhuc virentibus, torrebis eas igni, et confringes in morem farris, et sic offeres primitias tuas Domino,
15 Alò, ou va mete lwil sou li e poze lansan sou li; li se yon ofrann sereyal.
fundens super ea oleum, et tus imponens, quia oblatio Domini est.
16 Prèt la va ofri nan lafimen pati pou tout moun sonje a, yon pati sereyal moulen ak lwil li, avèk tout lansan li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.
de qua adolebit sacerdos in memoriam muneris partem farris fracti, et olei, ac totum tus.

< Levitik 2 >