< Levitik 18 >

1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
耶和華對摩西說:
2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
「你曉諭以色列人說:我是耶和華-你們的上帝。
3 Pinga nou fè sa ki te fèt nan peyi Égypte kote nou te rete a, ni pinga nou fè sa ki fèt nan peyi Canaan kote Mwen ap mennen nou an. Pinga nou mache nan règleman pa yo.
你們從前住的埃及地,那裏人的行為,你們不可效法,我要領你們到的迦南地,那裏人的行為也不可效法,也不可照他們的惡俗行。
4 Se pou nou aji selon jijman pa M e kenbe règleman pa M, pou mache nan yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
你們要遵我的典章,守我的律例,按此而行。我是耶和華-你們的上帝。
5 Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.
所以,你們要守我的律例典章;人若遵行,就必因此活着。我是耶和華。
6 “‘Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li: Mwen se SENYÈ a.
「你們都不可露骨肉之親的下體,親近他們。我是耶和華。
7 “‘Nou pa pou dekouvri nidite papa nou, ni nidite a manman nou. Li se manman nou; nou pa pou dekouvri nidite li.
不可露你母親的下體,羞辱了你父親。她是你的母親,不可露她的下體。
8 “‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou. Li se nidite a papa nou.
不可露你繼母的下體;這本是你父親的下體。
9 “‘Nidite a sè nou, oswa fi papa nou, oswa fi manman nou, kit li fèt nan kay la, kit li fèt deyò; nidite pa yo, nou pa pou dekouvri yo.
你的姊妹,不拘是異母同父的,是異父同母的,無論是生在家生在外的,都不可露她們的下體。
10 “‘Nidite fi a fis nou, oswa fi a fi nou; nidite yo, nou pa pou dekouvri yo; paske nidite pa yo se pa nou.
不可露你孫女或是外孫女的下體,露了她們的下體就是露了自己的下體。
11 “‘Nidite a pitit fi madanm a papa nou, fèt pou papa nou, li se sè nou, nou pa pou dekouvri nidite li.
你繼母從你父親生的女兒本是你的妹妹,不可露她的下體。
12 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè papa nou. Li se pwòp relasyon san papa nou.
不可露你姑母的下體;她是你父親的骨肉之親。
13 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, paske li se pwòp san manman nou.
不可露你姨母的下體;她是你母親的骨肉之親。
14 “‘Nou pa pou dekouvri nidite frè papa nou. Nou pa pou pwoche madanm li. Li se matant nou.
不可親近你伯叔之妻,羞辱了你伯叔;她是你的伯叔母。
15 “‘Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou. Li se madanm a fis nou. Nou pa pou dekouvri nidite li.
不可露你兒婦的下體;她是你兒子的妻,不可露她的下體。
16 “‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm frè nou. Li se nidite a frè nou.
不可露你弟兄妻子的下體;這本是你弟兄的下體。
17 “‘Nou pa pou dekouvri nidite a yon fanm avèk fi li. Ni nou pa pou pran fi a fis li, ni fi a fi li, pou dekouvri nidite li. Yo se relasyon san. Sa vrèman lèd.
不可露了婦人的下體,又露她女兒的下體,也不可娶她孫女或是外孫女,露她們的下體;她們是骨肉之親,這本是大惡。
18 “‘Nou pa pou marye yon fanm ansanm avèk sè li pou fè jalouzi pandan sè li toujou vivan an, pou dekouvri nidite li.
你妻還在的時候,不可另娶她的姊妹作對頭,露她的下體。
19 “‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li fè l pa pwòp.
「女人行經不潔淨的時候,不可露她的下體,與她親近。
20 “‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.
不可與鄰舍的妻行淫,玷污自己。
21 “‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.
不可使你的兒女經火歸與摩洛,也不可褻瀆你上帝的名。我是耶和華。
22 “‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm. Li se yon abominasyon.
不可與男人苟合,像與女人一樣;這本是可憎惡的。
23 “‘Osi, nou pa pou fè zak seksyèl avèk okenn bèt pou nou ta vin degrade avèk li. Ni okenn fanm pa pou kanpe devan yon bèt pou kwaze avèk li. Sa se yon pèvèsyon.
不可與獸淫合,玷污自己。女人也不可站在獸前,與牠淫合;這本是逆性的事。
24 “‘Pa konwonpi tèt nou avèk okenn nan bagay sa yo; paske, se pou tout bagay sa yo, nasyon ke Mwen ap mete deyò devan nou yo, te vin konwonpi.
「在這一切的事上,你們都不可玷污自己;因為我在你們面前所逐出的列邦,在這一切的事上玷污了自己;
25 Paske peyi a gen tan vin konwonpi. Pou sa, Mwen te fè pinisyon li rive sou li, jiskaske peyi a vin krache moun ki rete la yo, mete yo deyò.
連地也玷污了,所以我追討那地的罪孽,那地也吐出它的居民。
26 Men pou nou, se pou nou kenbe règleman Mwen yo, jijman Mwen yo, e pa fè okenn nan abominasyon sa yo, ni moun peyi a, ni etranje ki viv pami nou yo
故此,你們要守我的律例典章。這一切可憎惡的事,無論是本地人,是寄居在你們中間的外人,都不可行,(
27 (paske moun peyi a ki te devan nou yo, te fè tout abominasyon sa yo, e peyi a te vin konwonpi);
在你們以先居住那地的人行了這一切可憎惡的事,地就玷污了,)
28 pou peyi a pa krache mete nou deyò, si nou ta vin konwonpi li, tankou li te krache mete deyò nasyon ki te devan nou yo.
免得你們玷污那地的時候,地就把你們吐出,像吐出在你們以先的國民一樣。
29 “‘Paske nenpòt moun ki fè okenn nan abominasyon sa yo, moun sa yo va vin koupe retire de pèp li a.
無論甚麼人,行了其中可憎的一件事,必從民中剪除。
30 Konsa, se pou nou kenbe lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’”
所以,你們要守我所吩咐的,免得你們隨從那些可憎的惡俗,就是在你們以先的人所常行的,以致玷污了自己。我是耶和華-你們的上帝。」

< Levitik 18 >