< Levitik 16 >

1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse apre lanmò fis Aaron yo, lè yo te pwoche prezans SENYÈ a e yo te mouri an.
RAB'bin huzuruna yaklaştıkları için ölen Harun'un iki oğlunun ölümünden sonra RAB Musa'ya şöyle dedi: “Ağabeyin Harun'a de ki, perdenin arkasındaki En Kutsal Yer'e ikide bir girmesin, Antlaşma Sandığı'nın üzerindeki Bağışlanma Kapağı'na yaklaşmasın. Yoksa ölür. Çünkü ben kapağın üstünde, bulut içinde görünüyorum.
2 SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a.
3 “Aaron va antre nan lye sen an avèk yon towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile.
Harun En Kutsal Yer'e ancak günah sunusu olarak bir boğa, yakmalık sunu olarak da bir koç sunarak girebilir.
4 Li va mete sou li tinik sen an. Li va mete sou li pantelon fèt an len yo, ak sou-vètman an len ki va toupre kò li a, epi li va mare senti li an len, e li va abiye avèk tiban len an. Sa yo se vètman sen yo. Li va benyen kò li nan dlo, e li va vin abiye ak yo.
Kutsal keten mintan, keten don giyecek, keten kuşak bağlayacak, keten sarık saracak. Bunlar kutsal giysilerdir. Bunları giymeden önce yıkanacak.
5 Li va pran soti nan asanble Israël la de mal kabrit kòm yon ofrann peche ak yon belye kòm yon ofrann brile.
İsrail topluluğu günah sunusu olarak Harun'a iki teke, yakmalık sunu olarak bir koç verecek.
6 “Konsa, Aaron va ofri towo a kòm ofrann peche ki pou li menm nan, pou li kapab fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li.
“Harun boğayı kendisi için günah sunusu olarak sunacak. Böylece kendisinin ve ailesinin günahlarını bağışlatacak.
7 Li va pran de kabrit yo, e li va prezante yo devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a.
Sonra iki tekeyi alıp RAB'bin huzuruna, Buluşma Çadırı'nın giriş bölümüne götürecek.
8 Aaron va fè tiraj osò pou de kabrit sa yo, yon osò pou SENYÈ a, e lòt osò a pou kabrit ekspiyatwa a.
İkisi üzerine kura çekecek. Biri RAB için, biri Azazel için.
9 Alò, Aaron va ofri kabrit la sou sila osò SENYÈ a tonbe a, e fè li vin yon ofrann peche.
Harun kurada RAB'be düşen tekeyi getirip günah sunusu olarak sunacak.
10 Men kabrit la sou sila osò kabrit ekspiyatwa a vin tonbe a, li va vin prezante vivan devan SENYÈ a, pou fè ekspiyasyon sou li, e pou voye li nan dezè a kòm kabrit ekspiyatwa a.
Azazel'e düşen tekeyi ise halkın günahlarını bağışlatmak için canlı olarak RAB'be sunacak. Onu çöle salıp Azazel'e gönderecek.
11 “Alò Aaron va ofri towo ofrann peche ki pou li menm nan, li va fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li, e li va touye towo ofrann peche ki pou li menm nan.
“Harun kendisi için günah sunusu olarak boğayı getirecek. Böylece kendisinin ve ailesinin günahlarını bağışlatacak. Bu günah sunusunu kendisi için kesecek.
12 Li va pran yon plato pou resevwa san ki ranpli avèk chabon cho ki sòti sou lotèl la devan SENYÈ a, de men plen avèk lansan dous moulen byen fen, e mennen li anndan vwal la.
RAB'bin huzurunda bulunan sunağın üzerindeki korları buhurdana koyup iki avuç dolusu ince öğütülmüş güzel kokulu buhurla perdenin arkasına geçecek.
13 Li va mete lansan an sou dife a devan SENYÈ a, pou nwaj lafimen lansan an kapab kouvri twòn ekspiyatwa ki sou lach temwayaj la; otreman, li va mouri.
Orada, RAB'bin huzurunda buhuru korların üzerine koyacak; buhurun dumanı Levha Sandığı'nın üzerindeki Bağışlanma Kapağı'nı kaplayacak. Öyle ki, Harun ölmesin.
14 Anplis, li va pran kèk nan san towo a e li va flite li avèk dwèt li sou twòn pwopiyatwa sou kote lès la; anplis, pa devan nan twòn pwopiyatwa a, li va flite kèk nan san an avèk dwèt li sèt fwa.
Sonra boğanın kanını alıp parmağıyla kapağın üzerine, doğuya doğru serpecek. Kapağın önünde yedi kez bunu yineleyecek.
15 “Epi li va touye kabrit ofrann peche ki pou pèp la. Li va mennen san li anndan vwal la, e li va fè avèk san li jan li te fè avèk san towo a. Li va flite li sou twòn pwopiyatwa a.
“Bundan sonra, halk için günah sunusu olarak tekeyi kesecek. Kanını perdenin arkasına götürecek. Boğanın kanıyla yaptığı gibi tekenin kanını da Bağışlanma Kapağı'nın üzerine ve önüne serpecek.
16 Li va fè ekspiyasyon pou lye sen an akoz salte fis Israël yo, akoz transgresyon pa yo avèk tout peche yo. Konsa, li va fè pou tant asanble ki rete avèk yo nan mitan tout salte pa yo.
Böylece En Kutsal Yer'i İsrail halkının kirliliklerinden, isyanlarından, bütün günahlarından arındıracak. Buluşma Çadırı için de aynı şeyi yapacak. Çünkü kirli insanların arasında bulunuyor.
17 Lè li antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, pèsòn pa pou nan tant asanble a jiskaske li sòti, pou li kapab fè ekspyasyon an pou li menm, pou lakay li, ak pou tout asanble Israël la.
Harun kendisi, ailesi ve bütün İsrail topluluğunun günahlarını bağışlatmak için En Kutsal Yer'e girdiğinde, dışarı çıkıncaya kadar Buluşma Çadırı'nda hiç kimse bulunmayacak.
18 “Konsa, li va ale deyò vè lotèl ki devan SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou li. Li va pran kèk nan san towo a, san kabrit la pou mete li sou kòn yo sou tout kote nan lotèl la.
Harun RAB'bin huzurunda bulunan sunağa çıkıp sunağı arındıracak, boğanın ve tekenin kanını sunağın boynuzlarına çepeçevre sürecek.
19 Avèk dwèt li, li va flite kèk nan san an sou li sèt fwa pou fè l vin pwòp, soti nan salte a fis Israël yo, e konsakre li.
Kanı parmağıyla yedi kez sunağa serpecek. Böylece sunağı İsrail halkının kirliliğinden arındırıp kutsal kılacak.
20 “Lè li fin fè ekspiyasyon pou lye sen an, tant asanble a, ak lotèl la, li va ofri kabrit vivan an.
“Harun En Kutsal Yer'i, Buluşma Çadırı'nı, sunağı arındırdıktan sonra, canlı tekeyi sunacak.
21 Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa.
İki elini tekenin başına koyacak, İsrail halkının bütün suçlarını, isyanlarını, günahlarını açıklayarak bunları tekenin başına aktaracak. Sonra bu iş için atanan bir adamla tekeyi çöle gönderecek.
22 Kabrit la va pote sou li menm tout inikite pa yo pou rive nan yon peyi izole. Li va lage kabrit la nan dezè a.
Teke İsrail halkının bütün suçlarını yüklenerek ıssız bir ülkeye taşıyacak. Adam tekeyi çöle salacak.
23 “Epi Aaron va vini nan tant asanble a pou retire vètman len ke li te mete lè li te antre nan sen lye an, e li va kite yo la.
“Sonra Harun Buluşma Çadırı'na girecek. En Kutsal Yer'e girerken giydiği keten giysileri çıkarıp orada bırakacak.
24 Li va benyen kò li avèk dlo nan yon lye sen. Li va mete vètman li yo pou vin parèt e ofri ofrann brile pa li avèk ofrann brile ki pou pèp la, epi pou fè ekspiyasyon pou li menm ak pou pèp la.
Kutsal bir yerde yıkanıp kendi giysilerini giyecek. Sonra çıkıp kendisi ve halk için getirilen yakmalık sunuları sunacak, kendisinin ve halkın günahlarını bağışlatacak.
25 Li va ofri nan lafimen grès ofrann peche a sou lotèl la.
Günah sunusunun yağını sunakta yakacak.
26 “Sila ki te lage kabrit la kòm kabrit ekspiyasyon an, gen pou lave rad li, e benyen kò li avèk dlo. Alò apre, li va antre nan kan an.
“Tekeyi Azazel'e gönderen adam giysilerini yıkayıp kendisi de yıkandıktan sonra ordugaha girecek.
27 Men towo ofrann peche a ak kabrit ofrann peche a, san sila li te mennen antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, va vin pote deyò lavil la. Li va brile po yo, chè yo, avèk poupou yo nan dife.
Günah sunusu olarak sunulan ve kanları günahları bağışlatmak için En Kutsal Yer'e getirilen boğa ile teke ordugahın dışına çıkarılacak. Derileri, etleri, gübreleri yakılacak.
28 Epi sila ki brile yo a, va lave rad li, benyen kò l nan dlo, e apre, li va vin antre nan kan an.
Bunları yakan kişi giysilerini yıkayıp kendisi de yıkandıktan sonra ordugaha girecek.
29 “Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo.
“Aşağıdakiler sizin için sürekli bir yasa olacak: Yedinci ayın onuncu günü isteklerinizi denetleyeceksiniz. Gerek İsrailliler'den, gerekse aranızda yaşayan yabancılardan hiç kimse çalışmayacak.
30 Paske se nan jou sa a ke ekspiyasyon an va fèt pou nou pou fè nou vin pwòp. Nou va netwaye de tout peche nou yo devan SENYÈ a.
Çünkü o gün, Kâhin Harun sizi pak kılmak için günahlarınızı bağışlatacaktır. RAB'bin huzurunda bütün günahlarınızdan arınacaksınız.
31 Se va yon Saba repo solanèl pou nou, pou nou kapab vin imilye nanm nou. Sa se yon règleman ki pou tout tan.
O gün Şabat'tır, sizin için dinlenme günüdür. İsteklerinizi denetleyeceksiniz. Bu sürekli bir yasadır.
32 Alò prèt ki onksyone e òdone pou sèvi kòm prèt nan plas papa li a va fè ekspiyasyon an. Li va abiye ak vètman len yo, vètman sen yo.
Babasının meshedip kendi yerine atadığı kâhin günahları bağışlatacak. Kutsal keten giysileri giyecek.
33 Konsa, li va fè ekspiyasyon pou sanktyè sen an, e li va fè ekspiyasyon pou tant asanble a ak pou lotèl la. Li va osi fè ekspiyasyon pou prèt yo ak pou tout pèp asanble a.
En Kutsal Yer'i, Buluşma Çadırı'nı, sunağı arındıracak; kâhinlerin ve bütün topluluğun günahlarını bağışlatacak.
34 “Alò, nou va gen sa kòm yon règleman pou tout tan, pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo pou tout peche pa yo, yon fwa chak ane.” Epi jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa sa te fèt.
“Bu sizin için sürekli bir yasadır: İsrail halkının bütün günahlarını yılda bir kez bağışlatmak için verildi.” Ve Harun RAB'bin Musa'ya buyurduğu gibi yaptı.

< Levitik 16 >