< Levitik 15 >

1 SENYÈ a osi te pale avèk Moïse avèk Aaron. Li te di yo:
خداوند به موسی و هارون فرمود: «این دستورها را به بنی‌اسرائیل بدهید: هرگاه بدن مردی ترشح غیرطبیعی داشته باشد، او نجس خواهد بود.
2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè yon moun vin gen yon ekoulman nan kò li, ekoulman li an pa pwòp.
3 Sila a, anplis, dwe pa pwòp nan ekoulman li an; li pa pwòp, menm si kò li kite ekoulman an koule, oswa li anpeche ekoulman an koule.
این مایع، چه از بدنش به بیرون ترشح کند و چه نکند، او را نجس می‌سازد.
4 “‘Tout kabann kote moun avèk ekoulman an kouche a va vin pa pwòp; e lè l chita sou nenpòt bagay, bagay sa a va vin pa pwòp.
هر رختخوابی که او در آن بخوابد و هر چیزی که روی آن بنشیند نجس خواهد شد.
5 Nenpòt moun, anplis, ki touche kabann sa a va lave rad li, benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
هر کس به رختخواب او دست بزند، تا غروب نجس خواهد بود و باید لباس خود را بشوید و غسل کند.
6 Nenpòt moun ki chita sou bagay kote nonm avèk ekoulman an te chita a, li va lave rad li, benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
هر کس روی چیزی بنشیند که آن مرد هنگام آلودگی خود روی آن نشسته بود، تا غروب نجس خواهد بود و باید لباس خود را بشوید و غسل کند.
7 “‘Osi, nenpòt moun ki touche moun avèk ekoulman an, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
هر کس به آن مرد دست بزند، باید همین دستورها را اجرا کند.
8 “‘Oswa, si gason avèk ekoulman an krache sou yon moun ki pwòp, li osi va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
به هر کس آب دهان بیفکند، آن شخص تا غروب نجس خواهد بود و باید لباس خود را بشوید و غسل کند.
9 “‘Si moun avèk ekoulman an chita sou nenpòt sèl cheval oswa bèt, li va vin pa pwòp.
روی هر زینی که بنشیند، آن زین نجس خواهد بود.
10 Nenpòt moun ki touche nenpòt nan bagay ki te anba li va pa pwòp jis rive nan aswè, e sila ki pote yo a, va lave rad li, li va benyen avèk dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
اگر کسی چیزی را که زیر این مرد بوده است بردارد یا به آن دست بزند، تا غروب نجس خواهد بود و باید لباس خود را بشوید و غسل کند.
11 “‘Menm jan an, nenpòt moun ke moun ekoulman an touche san ke li pa lave men l nan dlo, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
اگر این مرد نجس بی‌آنکه اول دستهای خود را بشوید، به کسی دست بزند، آن شخص باید لباس خود را بشوید و غسل کند و تا غروب نجس خواهد بود.
12 “‘Veso tè a ke moun nan te touche a, va kraze, e tout veso an bwa yo, va lave nan dlo.
اگر مرد نجس به یک ظرف سفالین دست بزند، آن ظرف باید شکسته شود؛ ولی اگر به ظرفی چوبی دست بزند آن ظرف را باید شست.
13 Alò, depi yon moun avèk yon ekoulman vin pwòp e kite ekoulman li an, alò, li va kontwole pou li menm sèt jou pou pirifikasyon li. Li va lave rad li, li va benyen kò li nan dlo k ap koule, e li va vin pwòp.
«وقتی ترشح او قطع شود، باید هفت روز صبر کند و بعد لباسهایش را بشوید و در آب روان غسل نماید تا طاهر شود.
14 Alò, nan uityèm jou a, li va pran pou li menm de toutrèl oswa de jenn pijon, e vini devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, pou bay yo a prèt la.
روز هشتم باید دو قمری یا دو جوجه کبوتر دم در خیمۀ ملاقات به حضور خداوند بیاورد و آنها را به کاهن بدهد.
15 Prèt la va ofri yo, youn pou yon ofrann peche, e lòt la pou yon ofrann brile. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a akoz ekoulman li an.
کاهن باید یکی را برای قربانی گناه و دیگری را برای قربانی سوختنی ذبح کند. به این ترتیب کاهن در حضور خداوند برای آن مرد به سبب ترشحی که داشته است کفاره می‌نماید.
16 “‘Alò, si yon gason ejakile, li va benyen tout kò li nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
«هر وقت از مردی منی خارج شود باید خود را کاملاً بشوید؛ او تا غروب نجس خواهد بود.
17 Nenpòt vètman oswa kwi ki gen spèm, li va lave avèk dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
هر پارچه یا چرمی که منی روی آن ریخته باشد باید شسته شود و آن پارچه یا چرم تا غروب نجس خواهد بود.
18 Si yon nonm kouche avèk yon fanm e li ejakile, yo va tou de va benyen nan dlo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
زن و مرد بعد از نزدیکی باید غسل کنند و تا غروب نجس خواهند بود.
19 “‘Lè yon fanm gen yon ekoulman, si ekoulman nan kò li a se san, li va kontinye rete enpi avèk règ li a jis rive sèt jou. Konsa, nenpòt moun ki touche li va pa pwòp jis rive nan aswè.
«زن تا هفت روز بعد از عادت ماهانه‌اش نجس خواهد بود. در آن مدت هر کس به او دست بزند، تا غروب نجس خواهد شد،
20 “‘Anplis, nenpòt kote li kouche pandan règ li a va vin pa pwòp, e nenpòt bagay kote li vin chita va pa pwòp.
و او روی هر چیزی بخوابد یا بنشیند، آن چیز نجس خواهد شد.
21 Nenpòt moun ki touche kabann li va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
اگر کسی به رختخواب آن زن دست بزند باید لباس خود را بشوید و در آب غسل کند، و او تا غروب نجس خواهد بود.
22 Nenpòt moun ki touche nenpòt bagay kote li chita va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
اگر کسی به چیزی که آن زن روی آن نشسته است، دست بزند، باید لباس خود را بشوید و در آب غسل کند، و او تا غروب نجس خواهد بود.
23 Kit se sou kabann nan oswa sou bagay kote li chita, lè li touche li, li va pa pwòp jis rive nan aswè.
پس خواه رختخواب باشد و خواه هرآنچه او بر آن می‌نشیند، چون کسی به آن دست بزند، تا غروب نجس خواهد بود.
24 “‘Si yon gason vin kouche avèk li pou san an vin sou li, gason an va pa pwòp pandan sèt jou, e tout kabann kote li kouche a va vin pa pwòp.
مردی که در این مدت با او نزدیکی کند، تا هفت روز نجس خواهد بود و هر رختخوابی که او روی آن بخوابد نجس خواهد بود.
25 “‘Alò si yon fanm gen yon ekoulman san pandan anpil jou, pa sèlman nan tan règ la, oswa si li gen yon ekoulman anplis fwa sa a, li va kontinye aji kòmsi li gen règ. Li pa pwòp.
«اگر خونریزی عادت ماهانه بیش از حد معمول جریان داشته باشد یا در طول ماه، بی‌موقع عادت ماهانهٔ او شروع شود، همان دستورهای بالا باید اجرا گردد.
26 Nenpòt kabann kote li touche pandan tout jou ekoulman li yo, li va pou li tankou kabann li pandan règ la. Chak bagay kote li chita va vin pa pwòp, tankou pa pwòp a li menm nan tan sa a.
بنابراین در آن مدت او روی هر چیزی که بخوابد یا بنشیند، درست مثل دورهٔ عادت ماهانهٔ عادی نجس خواهد بود.
27 Menm jan an, nenpòt moun ki touche yo va vin pa pwòp. Li va lave rad yo, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
هر کس به رختخواب او یا به چیزی که او روی آن نشسته باشد دست بزند نجس خواهد شد و باید لباس خود را بشوید و غسل کند. او تا غروب نجس خواهد بود.
28 “‘Lè li vin pwòp de ekoulman li an, li va kontwole pou kont li sèt jou. Apre sa a, li va vin pwòp.
هفت روز بعد از تمام شدن عادت ماهانه، او دیگر نجس نیست.
29 Alò, nan uityèm jou a, li va pran pou li menm de toutrèl oswa de jenn pijon e li va mennen yo devan prèt la nan pòtay tant asanble a.
روز هشتم باید دو قمری یا دو جوجه کبوتر دم در خیمۀ ملاقات پیش کاهن بیاورد
30 Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li menm devan SENYÈ a akoz ekoulman enpi a.
و کاهن یکی را برای قربانی گناه و دیگری را برای قربانی سوختنی ذبح کند و در حضور خداوند برای نجاست عادت ماهانۀ آن زن کفاره نماید.
31 “‘Konsa, nou va kenbe fis Israël yo apa de pa pwòp yo, pou yo pa mouri akoz salte ki ta konwonpi tabènak Mwen ki pami yo a.’”
به این ترتیب قوم اسرائیل را از ناپاکی‌هایشان طاهر کنید مبادا به خاطر آلوده کردن خیمۀ ملاقات من که در میان ایشان است بمیرند.
32 Sa se lalwa pou sila ki gen ekoulman an, ak pou gason ki gen yon ejakilasyon spèm ki fè l vin pa pwòp la,
«این است قوانین برای مردی که به سبب ترشح غیرطبیعی یا خارج شدن مَنی نجس شود،
33 epi pou yon fanm ki malad akoz règ ki pa pwòp li a, ak pou sila ki gen ekoulman an, kit li mal kit li femèl, oswa yon nonm ki kouche avèk yon fanm ki pa pwòp.
و همچنین برای دورهٔ عادت ماهانهٔ زن و در مورد هر شخصی است که با آن زن قبل از طهارت وی نزدیکی کند.»

< Levitik 15 >