< Levitik 12 >
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
Zatem rzekł Pan do Mojżesza, mówiąc:
2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè yon fanm ansent e vin fè yon pitit gason, alò, li va pa pwòp pandan sèt jou. Tankou nan jou règ li yo, li va pa pwòp.
Powiedz synom Izraelskim, i rzecz: Niewiasta, która by poczęła i urodziła mężczyznę, nieczysta będzie przez siedem dni: według dni, których odłączona bywa dla choroby swej, nieczysta będzie.
3 Nan uityèm jou a, chè ti pijon pitit gason an va vin sikonsi.
A dnia ósmego obrzezane będzie ciało nieobrzeski jego.
4 Alò, manman li va rete nan pirifikasyon san li pandan trant-twa jou. Li pa pou touche okenn bagay ki konsakre, ni antre nan sanktyè a jiskaske jou pirifikasyon li yo fin akonpli.
Ale ona przez trzydzieści dni i trzy dni zostanie we krwi oczyszczenia; żadnej rzeczy świętej nie dotknie się, i ku świątnicy nie pójdzie, aż się wypełnią dni oczyszczenia jej.
5 Men si li pote yon pitit fi, li va pa pwòp pandan de semèn, tankou nan lè règ li. Konsa, li va rete nan san pirifikasyon li an pandan swasann-si jou.
A jeźli dzieweczkę urodzi, nieczysta będzie przez dwie niedziele według oddzielenia swego, a sześćdziesiąt dni i sześć dni zostanie we krwi oczyszczenia swego.
6 “‘Lè jou pirifikasyon li yo fin akonpli, pou yon fis, oswa yon fi, li va pote kote prèt la nan pòtay tant asanble a, yon jenn mouton sou laj en an kòm yon ofrann brile, ak yon jenn pijon oswa toutrèl kòm yon ofrann peche.
A gdy się wypełnią dni oczyszczenia jej po synu albo po córce, przyniesie baranka rocznego na ofiarę całopalenia, i gołąbiątko, albo synogarlicę na ofiarę za grzech do drzwi namiotu zgromadzenia do kapłana;
7 Prèt la, va ofri li devan SENYÈ a. Li va fè ekspiyasyon pou fi a, e konsa, li va netwaye de flo san li an. “‘Sa se lalwa pou sila ki pote pitit yo, kit li mal, kit li femèl.
Którego ofiarować będzie przed obliczem Pańskiem, i oczyści ją; a tak oczyszczona będzie od pływania krwi swojej. Tać jest ustawa tej, która porodziła mężczyznę albo dzieweczkę.
8 Men si li pa gen mwayen achte yon jenn mouton, alò, li va pote de toutrèl, oswa de jenn pijon, youn pou ofrann brile a, e lòt la pou ofrann peche a. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li e li va vin pwòp.’”
A jeźli nie przemoże dać baranka, tedy weźmie parę synogarlic, albo parę gołąbiąt, jedno na ofiarę całopalenia a drugie na ofiarę za grzech; i oczyści ją kapłan, a tak oczyszczona będzie.