< Levitik 11 >

1 Senyè a te pale ankò a Moïse avèk Aaron, e Li te di yo:
וידבר יהוה אל משה ואל אהרן לאמר אלהם׃
2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Sa yo se kreyati ke nou kapab manje pami tout bèt ki sou latè yo.
דברו אל בני ישראל לאמר זאת החיה אשר תאכלו מכל הבהמה אשר על הארץ׃
3 Nenpòt bèt ki gen zago ki fann e ki remoute manje yo, nan bèt sa yo, nou kapab manje.
כל מפרסת פרסה ושסעת שסע פרסת מעלת גרה בבהמה אתה תאכלו׃
4 “‘Sepandan, nou pa pou manje nan sa yo, pami sila ki remoute manje e ki gen zago ki fann yo: chamo, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou.
אך את זה לא תאכלו ממעלי הגרה וממפריסי הפרסה את הגמל כי מעלה גרה הוא ופרסה איננו מפריס טמא הוא לכם׃
5 Menm jan an, daman an, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago, li pa pwòp pou nou;
ואת השפן כי מעלה גרה הוא ופרסה לא יפריס טמא הוא לכם׃
6 Lapèn tou, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou.
ואת הארנבת כי מעלת גרה הוא ופרסה לא הפריסה טמאה הוא לכם׃
7 Epi kochon an, paske malgre li divize zago, ki fè l yon zago fann, li pa remoute manje li; li pa pwòp pou nou.
ואת החזיר כי מפריס פרסה הוא ושסע שסע פרסה והוא גרה לא יגר טמא הוא לכם׃
8 Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou.
מבשרם לא תאכלו ובנבלתם לא תגעו טמאים הם לכם׃
9 “‘Sa yo nou kapab manje, nenpòt sa ki nan dlo: tout sa ki gen zèl ak kal, sa yo ki nan dlo, nan lanmè oswa nan rivyè, nou kapab manje yo.
את זה תאכלו מכל אשר במים כל אשר לו סנפיר וקשקשת במים בימים ובנחלים אתם תאכלו׃
10 Men nenpòt sa ki nan lanmè oswa nan rivyè ki pa gen zèl avèk kal pami tout sa ki gen lavi nan dlo yo, yo se bagay abominab pou nou.
וכל אשר אין לו סנפיר וקשקשת בימים ובנחלים מכל שרץ המים ומכל נפש החיה אשר במים שקץ הם לכם׃
11 Konsa, yo va abominab pou nou. Nou pa pou manje chè yo, ak kadav yo. Nou va deteste yo.
ושקץ יהיו לכם מבשרם לא תאכלו ואת נבלתם תשקצו׃
12 Nenpòt sa ki nan dlo ki pa gen zèl ak kal abominab pou nou.
כל אשר אין לו סנפיר וקשקשת במים שקץ הוא לכם׃
13 “‘Sa yo, anplis, nou va deteste pami zwazo yo; yo abominab, yo pa pou manje: èg, òfrè, avèk èg lanmè,
ואת אלה תשקצו מן העוף לא יאכלו שקץ הם את הנשר ואת הפרס ואת העזניה׃
14 malfini, karanklou avèk tout espès li yo,
ואת הדאה ואת האיה למינה׃
15 kòbo, avèk tout espès li yo,
את כל ערב למינו׃
16 otrich avèk janmichèt, poul dlo, malfini avèk tout espès li yo,
ואת בת היענה ואת התחמס ואת השחף ואת הנץ למינהו׃
17 koukou, plonjon ak frize,
ואת הכוס ואת השלך ואת הינשוף׃
18 gwo kana mawon blan, pelikan, chwèt,
ואת התנשמת ואת הקאת ואת הרחם׃
19 sigòy, krabye avèk tout espès li, chòchòt ak sèpantye.
ואת החסידה האנפה למינה ואת הדוכיפת ואת העטלף׃
20 “‘Tout ensèk avèk zèl ki mache sou kat pye abominab pou nou.
כל שרץ העוף ההלך על ארבע שקץ הוא לכם׃
21 Sepandan, sa yo nou kapab manje yo pami ensèk ak zèl; sa ki mache sou kat pye yo, ki gen anlè pye kole ak janm ki sèvi pou sote sou tè a.
אך את זה תאכלו מכל שרץ העוף ההלך על ארבע אשר לא כרעים ממעל לרגליו לנתר בהן על הארץ׃
22 Sa ladan yo, nou kapab manje: krikèt chan avèk tout espès li, krikèt voras avèk tout espès li yo, krikèt kay avèk tout espès li yo, e krikèt volan avèk tout espès li yo.
את אלה מהם תאכלו את הארבה למינו ואת הסלעם למינהו ואת החרגל למינהו ואת החגב למינהו׃
23 Men tout lòt ensèk a zèl ki gen kat pye abominab pou nou.
וכל שרץ העוף אשר לו ארבע רגלים שקץ הוא לכם׃
24 “‘Anplis, pa bagay sila yo, nou vin pa pwòp: nenpòt moun ki touche kadav yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.
ולאלה תטמאו כל הנגע בנבלתם יטמא עד הערב׃
25 Nenpòt moun ki ranmase kadav li yo va lave rad li e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
וכל הנשא מנבלתם יכבס בגדיו וטמא עד הערב׃
26 “‘Tout zannimo avèk zago ki divize, men ki pa fann nèt, oswa ki pa remoute manje yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche yo vin pa pwòp.
לכל הבהמה אשר הוא מפרסת פרסה ושסע איננה שסעת וגרה איננה מעלה טמאים הם לכם כל הנגע בהם יטמא׃
27 Nenpòt zannimo ki mache sou pat li; pami tout kreyati ki mache sou kat pat yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche kadav li yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.
וכל הולך על כפיו בכל החיה ההלכת על ארבע טמאים הם לכם כל הנגע בנבלתם יטמא עד הערב׃
28 Sila ki ranmase kadav yo va lave rad yo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Yo pa pwòp pou nou.
והנשא את נבלתם יכבס בגדיו וטמא עד הערב טמאים המה לכם׃
29 “‘Men sa ki pa pwòp pou nou pami bagay ki trennen atè yo: zagoudi, sourit, gran leza ak tout espès li yo,
וזה לכם הטמא בשרץ השרץ על הארץ החלד והעכבר והצב למינהו׃
30 zandolit, gwo kayiman, zandolit gongolo avèk kameleyon.
והאנקה והכח והלטאה והחמט והתנשמת׃
31 Sa yo pa pwòp pou nou pami sa ki trennen atè yo. Nenpòt moun ki touche yo lè yo mouri vin pa pwòp jis rive nan aswè.
אלה הטמאים לכם בכל השרץ כל הנגע בהם במתם יטמא עד הערב׃
32 Nenpòt bagay sou li ke youn nan yo ta tonbe lè l mouri, bagay sa a va vin pa pwòp, enkli nenpòt bagay an bwa, vètman, po, yon sak—nenpòt bagay pou itilizasyon li fèt la—li va mete nan dlo, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè, e apre sa li va vin pwòp ankò.
וכל אשר יפל עליו מהם במתם יטמא מכל כלי עץ או בגד או עור או שק כל כלי אשר יעשה מלאכה בהם במים יובא וטמא עד הערב וטהר׃
33 Osi, pou nenpòt veso ki fèt avèk ajil kote yon bèt ta tonbe; nenpòt bagay ki ladann va vin pa pwòp. Epi nou va kraze veso a.
וכל כלי חרש אשר יפל מהם אל תוכו כל אשר בתוכו יטמא ואתו תשברו׃
34 Nan nenpòt manje ki kapab manje, ki vin gen dlo sou li, sa vin pa pwòp, e nenpòt likid ke nou kapab bwè de li, nan tout veso, li va vin pa pwòp.
מכל האכל אשר יאכל אשר יבוא עליו מים יטמא וכל משקה אשר ישתה בכל כלי יטמא׃
35 Anplis, tout bagay ladann yon pati nan kadav bèt la ta kapab tonbe, li vin pa pwòp; yon chodyè oswa yon fou va kraze an mòso. Yo pa pwòp e yo va kontinye rete pa pwòp pou nou.
וכל אשר יפל מנבלתם עליו יטמא תנור וכירים יתץ טמאים הם וטמאים יהיו לכם׃
36 Sepandan, yon sitèn oswa yon sous va rete pwòp, malgre ke sila ki touche kadav bèt yo va pa pwòp.
אך מעין ובור מקוה מים יהיה טהור ונגע בנבלתם יטמא׃
37 Si yon pati nan kadav yo vin tonbe sou nenpòt semans ki dwe plante, li toujou pwòp.
וכי יפל מנבלתם על כל זרע זרוע אשר יזרע טהור הוא׃
38 Men si dlo vin sou grenn semans lan, e yon pati nan kadav la tonbe sou li, li vin pa pwòp pou nou.
וכי יתן מים על זרע ונפל מנבלתם עליו טמא הוא לכם׃
39 “‘Si youn nan bèt ki pwòp pou manje yo, vin mouri, moun ki touche kadav li a vin pa pwòp jis rive nan aswè.
וכי ימות מן הבהמה אשר היא לכם לאכלה הנגע בנבלתה יטמא עד הערב׃
40 Sila a tou, ki manje kèk nan kadav li a va lave rad li, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Anplis sila ki ranmase kadav li a va lave rad li, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
והאכל מנבלתה יכבס בגדיו וטמא עד הערב והנשא את נבלתה יכבס בגדיו וטמא עד הערב׃
41 “‘Alò, tout bagay trennen ki trennen atè abominab, li pa pou manje.
וכל השרץ השרץ על הארץ שקץ הוא לא יאכל׃
42 Nenpòt bèt ki rale sou vant li, e nenpòt bèt ki mache sou kat pye, nenpòt bèt ki gen anpil pye, an rapò ak tout sa ki trennen atè, nou pa pou manje yo, paske yo abominab.
כל הולך על גחון וכל הולך על ארבע עד כל מרבה רגלים לכל השרץ השרץ על הארץ לא תאכלום כי שקץ הם׃
43 Pa rann tèt nou vin abominab pa okenn nan bagay ki trennen atè yo. Pa fè tèt nou pa pwòp avèk yo pou nou pa vin pa pwòp.
אל תשקצו את נפשתיכם בכל השרץ השרץ ולא תטמאו בהם ונטמתם בם׃
44 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè.
כי אני יהוה אלהיכם והתקדשתם והייתם קדשים כי קדוש אני ולא תטמאו את נפשתיכם בכל השרץ הרמש על הארץ׃
45 Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou. Konsa nou va sen, paske Mwen sen.’”
כי אני יהוה המעלה אתכם מארץ מצרים להית לכם לאלהים והייתם קדשים כי קדוש אני׃
46 “‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè,
זאת תורת הבהמה והעוף וכל נפש החיה הרמשת במים ולכל נפש השרצת על הארץ׃
47 pou fè yon distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp, e antre kreyati ki kab manje ak sa ki pa kab manje.’”
להבדיל בין הטמא ובין הטהר ובין החיה הנאכלת ובין החיה אשר לא תאכל׃

< Levitik 11 >