< Plenn 1 >
1 A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!
ああ、むかしは、民の満ちみちていたこの都、国々の民のうちで大いなる者であったこの町、今は寂しいさまで座し、やもめのようになった。もろもろの町のうちで女王であった者、今は奴隷となった。
2 Li kriye byen anmè nan nwit lan. Dlo zye li kouri desann figi l. Pami tout sila ki te renmen l yo, nanpwen moun ki pou bay li rekonfò. Tout zanmi li yo fè l trèt; yo te tounen lènmi l.
これは夜もすがらいたく泣き悲しみ、そのほおには涙が流れている。そのすべての愛する者のうちには、これを慰める者はひとりもなく、そのすべての友はこれにそむいて、その敵となった。
3 Juda antre an egzil anba gwo opresyon; anba esklavaj byen di. Li demere pami nasyon yo; pou repo, nanpwen. Tout sila k ap pesekite l yo, fin sezi li nan mitan gwo twoub li.
ユダは悩みのゆえに、また激しい苦役のゆえに、のがれて行って、もろもろの国民のうちに住んでいるが、安息を得ず、これを追う者がみな追いついてみると、悩みのうちにあった。
4 Chemen Sion yo ap fè dèy; pèsòn pa rive nan fèt li yo. Tout pòtay li yo vin dezole. Prèt li yo ap plenn nan gòj, vyèj li yo vin aflije, e li menm, li vin anmè.
シオンの道は祭に上ってくる者のないために悲しみ、その門はことごとく荒れ、その祭司たちは嘆き、そのおとめたちは引かれて行き、シオンはみずからいたく苦しむ。
5 Advèsè li yo te vin mèt li. Lènmi li yo ap byen reyisi; paske SENYÈ a te koze doulè l, akoz gwo kantite transgresyon li yo. Pitit li yo se prizonye devan advèsè yo.
そのあだはかしらとなり、その敵は栄えている。そのとがが多いので、主がこれを悩まされたからである。その幼な子たちは捕われて、あだの前に行った。
6 Tout majeste fin kite fi a Sion an. Prens li yo vin tankou sèf ki pa t jwenn patiraj. Yo sove ale san rezistans devan mèt lachas la.
シオンの娘の栄華はことごとく彼女を離れ去り、その君たちは牧草を得ない、しかのようになり、自分を追う者の前に力なく逃げ去った。
7 Jérusalem sonje tout bagay presye li yo nan jou afliksyon li. Tout bèl bagay ki te la depi nan jou ansyen yo; lè pèp li a te tonbe nan men a advèsè a, e pat gen okenn ki pou ede l. Advèsè yo te wè l. Yo te giyonnen l akoz tristes li.
エルサレムはその悩みと苦しみの日に、昔から持っていたもろもろの宝を思い出す。その民があだの手に陥り、だれもこれを助ける者のない時、あだはこれを見て、その滅びをあざ笑った。
8 Jérusalem te fè gwo peche. Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp. Tout sila ki te konn louwe l yo, meprize l akoz yo te wè li toutouni. Menm li menm plenn nan gòj, e vire an ayè.
エルサレムは、はなはだしく罪を犯したので、汚れたものとなった。これを尊んだ者も皆その裸を見たので、これを卑しめる。これもまたみずから嘆き、顔をそむける。
9 Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Napwan moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt. Li vin ògeye!”
その汚れはその衣のすそにあり、これはその終りを思わなかった。それゆえ、これは驚くばかりに落ちぶれ、これを慰める者はひとりもない。「主よ、わが悩みを顧みてください、敵は勝ち誇っていますから」。
10 Advèsè a te lonje men l sou tout bagay presye fi a te genyen; li te wè ènmi yo antre nan sanktyè li a; sila ke Ou menm te kòmande pou yo pa antre nan asanble Ou a.
敵は手を伸べて、その財宝をことごとく奪った。あなたがさきに異邦人らはあなたの公会に、はいってはならないと命じられたのに、彼らがその聖所にはいるのをシオンは見た。
11 Tout pèp li a plenn nan gòj. Yap chache pen. Tout sa ak valè deja vèse bay pou manje, pou kenbe nanm yo vivan an. “Gade, O SENYÈ, paske mwen vin meprize.”
その民はみな嘆いて食物を求め、その命をささえるために、財宝を食物にかえた。「主よ、みそなわして、わたしの卑しめられるのを顧みてください」。
12 Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a? Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an, doulè ki te pase vin nan men m nan, avèk sila SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.
「すべて道行く人よ、あなたがたはなんとも思わないのか。主がその激しい怒りの日にわたしを悩まして、わたしにくだされた苦しみのような苦しみが、また世にあるだろうか、尋ねて見よ。
13 Soti anwo, Li te voye dife antre nan zo m, e lap dominen yo. Li te ouvri yon pèlen pou pye m; Li te fè m vire fè bak. Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.
主は上から火を送り、それをわが骨にくだし、網を張ってわが足を捕え、わたしを引き返させ、ひねもす心わびしく、かつ病み衰えさせられた。
14 Jouk transgresyon mwen yo vin mare; ak men Li yo koude nèt ansanm. Yo te rive jis nan kou m; Li te fè fòs mwen vin kraze disparèt. Senyè a te livre m nan men a sila yo; kont yo, mwen pa ka kanpe.
わたしのとがは、つかねられて、一つのくびきとせられ、主のみ手により固く締められて、わたしの首におかれ、わたしの力を衰えさせられた。主はわたしを、立ちむかい得ざる者の手に渡された。
15 Senyè a te rejte tout mesye pwisan ki nan mitan m yo. Li te rele yon asanble solanèl kont mwen pou kraze jennonm mwen yo. Senyè a te foule, konsi se nan yon pèz rezen, fi vyèj a Juda a.
主はわたしのうちにあるすべての勇士を無視し、聖会を召集して、わたしを攻め、わが若き人々を打ち滅ぼされた。主は酒ぶねを踏むように、ユダの娘なるおとめを踏みつけられた。
16 Pou bagay sa yo, mwen ap kriye. Zye m koule ak dlo. Konsolatè kap refreshi nanm mwen lwen m, Nanpwen okenn ki ta ka konsole mwen, okenn ki ta ka restore nanm mwen. Pitit mwen yo vin dezole akoz ènmi an te vin genyen.
このために、わたしは泣き悲しみ、わたしの目は涙であふれる。わたしを慰める者、わたしを勇気づける者がわたしから遠く離れたからである。わが子らは敵が勝ったために、わびしい者となった」。
17 Sion lonje men l ouvri nèt. Nanpwen ki pou konsole l. SENYÈ a te bay lòd konsènan Jacob, ke sila ki antoure l yo ta lènmi avè l. Jérusalem te devni yon bagay pa pwòp pami yo.
シオンは手を伸ばしても、これを慰める者はひとりもない。ヤコブについては、主は命じて、その周囲の者を、これがあだとせられた。エルサレムは彼らの中にあって、汚れた物のようになった。
18 SENYÈ a jis; paske mwen te fè rebèl kont lòd Li. Tande koulye a, tout pèp yo e gade byen doulè m nan. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te antre an kaptivite.
「主は正しい、わたしは、み言葉にそむいた。すべての民よ、聞け、わが苦しみを顧みよ。わがおとめらも、わが若人らも捕われて行った。
19 Mwen te rele vè renmen mwen yo, men yo te fè m desi. Prèt mwen yo ak ansyen mwen yo te peri nan vil la pandan yo t ap chache manje pou restore fòs yo pou kont yo.
わたしはわが愛する者を呼んだが、彼らはわたしを欺いた。わが祭司および長老たちは、その命をささえようと、食物を求めている間に、町のうちで息絶えた。
20 Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Lespri m twouble anpil; kè m boulvèse anndan m, paske mwen te fè rebèl anpil. Nan lari, se nepe k ap touye; nan kay, se tankou lanmò.
主よ、顧みてください、わたしは悩み、わがはらわたはわきかえり、わが心臓はわたしの内に転倒しています。わたしは、はなはだしくそむいたからです。外にはつるぎがあって、わが子を奪い、家の内には死のようなものがある。
21 Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj; men nanpwen ki pou konsole m. Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan. Yo kontan Ou te fè sa. O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a, pou yo ka vin tankou mwen.
わたしがどんなに嘆くかを聞いてください。わたしを慰める者はひとりもなく、敵はみなわたしの悩みを聞いて、あなたがこれをなされたのを喜んだ。あなたがさきに告げ知らせたその日をきたらせ、彼らをも、わたしのようにしてください。
22 Kite tout mechanste yo vini devan Ou. Konsa, aji avèk yo kon Ou te aji avè m nan, pou tout transgresyon mwen yo. Paske plent k ap sòti anndan m yo anpil e kè m vin fèb nèt.
彼らの悪をことごとくあなたの前にあらわし、さきにわがもろもろのとがのために、わたしに行われたように、彼らにも行ってください。わが嘆きは多く、わが心は弱りはてているからです」。