< Plenn 5 >
1 Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an. Gade pou wè repwòch nou.
耶和華啊,求你記念我們所遭遇的事, 觀看我們所受的凌辱。
2 Eritaj nou te bay kon don a etranje yo, kay nou yo a moun nou pa konnen.
我們的產業歸與外邦人; 我們的房屋歸與外路人。
3 Nou te devni òfelen san papa. Manman nou yo tankou vèv.
我們是無父的孤兒; 我們的母親好像寡婦。
4 Nou oblije achte dlo pou nou bwè. Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
我們出錢才得水喝; 我們的柴是人賣給我們的。
5 Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou. Nou vin bouke nèt. Nanpwen repo pou nou.
追趕我們的,到了我們的頸項上; 我們疲乏不得歇息。
6 Nou te vin soumèt devan Egypte ak Assyrie pou nou jwenn ase pen.
我們投降埃及人和亞述人, 為要得糧吃飽。
7 Papa zansèt nou yo te peche, men yo pa la ankò; se nou menm ki te pote inikite pa yo.
我們列祖犯罪,而今不在了; 我們擔當他們的罪孽。
8 Se esklav yo k ap domine sou nou; nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
奴僕轄制我們, 無人救我們脫離他們的手。
9 Nou riske lavi nou pou jwenn pen akoz nepe nan dezè a.
因為曠野的刀劍, 我們冒着險才得糧食。
10 Po nou vin kwit tankou yon fou, akoz gwo chalè grangou a.
因飢餓燥熱, 我們的皮膚就黑如爐。
11 Yo te ravaje tout fanm Sion yo; vyèj lavil a Juda yo.
敵人在錫安玷污婦人, 在猶大的城邑玷污處女。
12 Prens yo te pann pa men yo; ansyen yo te vin pa respekte.
他們吊起首領的手, 也不尊敬老人的面。
13 Jennonm yo te fòse travay devan moulen an e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
少年人扛磨石, 孩童背木柴,都絆跌了。
14 Ansyen yo ale kite pòtay la; jennonm yo ale kite mizik yo.
老年人在城門口斷絕; 少年人不再作樂。
15 Jwa nan kè nou vin sispann; danse vin ranplase pa fè dèy.
我們心中的快樂止息, 跳舞變為悲哀。
16 Kouwòn nan soti sou tèt nou; malè a nou menm, paske nou te peche!
冠冕從我們的頭上落下; 我們犯罪了,我們有禍了!
17 Akoz sa, kè nou febli; akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
這些事我們心裏發昏, 我們的眼睛昏花。
18 Akoz Mòn Sion ki kouche dezole nèt, rena yo fè patwouj ladann.
錫安山荒涼, 野狗行在其上。
19 Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan; twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
耶和華啊,你存到永遠; 你的寶座存到萬代。
20 Poukisa Ou bliye nou jis pou tout tan? Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
你為何永遠忘記我們? 為何許久離棄我們?
21 Restore nou a Ou menm O SENYÈ, pou nou ka vin restore. Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
耶和華啊,求你使我們向你回轉, 我們便得回轉。 求你復新我們的日子,像古時一樣。
22 Men Ou deja fin rejte nou nèt. Ou rete byen fache nèt ak nou.
你竟全然棄絕我們, 向我們大發烈怒?