< Plenn 4 >
1 A la briyans lò a vin bese! Lò pi a pa menm ankò! Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.
ああ、黄金は光を失い、純金は色を変じ、聖所の石はすべてのちまたのかどに投げ捨てられた。
2 Pyè presye a fis a Sion yo; ki gen valè kon lò fen, gade kijan yo konsidere kon veso tè, travay a potye a!
ああ、精金にも比すべきシオンのいとし子らは、陶器師の手のわざである土の器のようにみなされる。
3 Menm chen mawon yo konn bay tete; yo kite pitit yo souse yo. Men fi a pèp mwen an te vin mechan kon yon otrich nan dezè.
山犬さえも乳ぶさをたれて、その子に乳を飲ませる。ところが、わが民の娘は、荒野のだちょうのように無慈悲になった。
4 Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo, tèlman yo swaf; ti piti yo mande pen, men pèsòn pa kase bay yo.
乳のみ子の舌はかわいて、上あごに、ひたとつき、幼な子らはパンを求めても、これに与える者がない。
5 Sila ki te konn manje ti manje delika yo, vin abandone nan lari. Sila ki te leve nan abiman an mov yo ap degaje yo chèche kaka bèf.
うまい物を食べていた者は、落ちぶれて、ちまたにおり、紫の着物で育てられた者も、今は灰だまりの上に伏している。
6 Paske inikite a fi a pèp mwen an pi gwo ke peche Sodome, ki te boulvèse nan yon moman, san pa t gen men ki boulvèse l.
わが民の娘のうけた懲しめは、ソドムの罰よりも大きかった。ソドムは昔、人の手によらないで、またたくまに滅ぼされたのだ。
7 Prens li yo te pi pwòp ke lanèj. Yo te pi blan ke lèt. Yo te pi wouj pase koray. Yo te poli tankou pyè safì.
わが民の君たちは雪よりも清らかに、乳よりも白く、そのからだは、さんごよりも赤く、その姿の美しさはサファイヤのようであった。
8 Aparans yo koulye a pi nwa ke poud chabon. Yo pa menm rekonèt yo nan lari. Chè yo vin kole sou zo yo. Li fennen nèt. Li vin tankou bwa.
今はその顔はすすよりも黒く、町の中にいても人に知られず、その皮膚は縮んで骨につき、かわいて枯れ木のようになった。
9 Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo, ke sila ki touye ak grangou yo; paske yo vin chagren e epwize akoz mank fwi chan an.
つるぎで殺される者は、飢えて死ぬ者よりもさいわいである。彼らは田畑の産物の欠乏によって、刺された者のように衰え行くからである。
10 Men a fanm ki te konn plen konpasyon yo te bouyi pwòp pitit yo. Yo te devni manje pou yo, akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
わが民の娘の滅びる時には情深い女たちさえも、手ずから自分の子どもを煮て、それを食物とした。
11 SENYÈ a te acheve gwo kòlè Li a. Li te vide gwo kòlè Li a. Li te limen yon dife nan Sion, ki te manje tout fondasyon Li yo.
主はその憤りをことごとく漏らし、激しい怒りをそそぎ、シオンに火を燃やして、その礎までも焼き払われた。
12 Wa latè yo pa t kwè, ni okenn abitan nan mond lan, ke advèsè ak ènmi an ta ka antre nan pòtay Jérusalem nan.
地の王たちも、世の民らもみな、エルサレムの門に、あだや敵が、討ち入ろうとは信じなかった。
13 Akoz peche a pwofèt li yo ak inikite a prèt li yo, ki te vèse nan mitan li san a moun ladwati yo.
これはその預言者たちの罪のため、その祭司たちの不義のためであった。彼らは義人の血をその町の中に流した者である。
14 Yo egare e avèg nan lari yo. Yo te vin souye ak san, jiskaske pèsòn pa t ka manyen abiman yo.
彼らは盲人のように、ちまたにさまよい、血で汚れている。だれもその衣にさわることができない。
15 “Sòti! Pa pwòp!” Yo te kriye a yo menm. “Sòti, sòti, pa touche!” Konsa yo te sove ale, e te mache toupatou. Pami nasyon yo, yo te di: “Yo p ap ka kontinye rete pami nou”.
人々は彼らにむかって、「去れよ、けがらわしい」、「去れよ、去れよ、さわるな」と叫んだので、彼らは逃げ去って放浪者となったが、異邦人の中でも人々は「もうわれわれのうちに宿ってはならない」と言った。
16 Prezans a SENYÈ a te gaye yo. Li p ap kontinye bay yo swen. Yo pa t onore prèt yo, Yo pa t respekte ansyen yo.
主はみずから彼らを散らして、再び彼らを顧みず、祭司を尊ばず、長老をいたわられなかった。
17 Malgre sa, zye nou febli. Chache sekou te vin initil. Nan chache, nou te chache pou yon nasyon ki pa t ka sove.
われわれの目は、むなしく助けを待ち望んで疲れ衰えた。われわれは待ち望んだが、救を与え得ない国びとを待ち望んだ。
18 Konsa, yo te fè lachas dèyè nou jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo. Lafen nou vin pwòch. Jou nou yo fin ranpli, paske dènye moman nou vin rive.
人々がわれわれの歩みをうかがうので、われわれは自分の町の中をも、歩くことができなかった。われわれの終りは近づいた、日は尽きた。われわれの終りが来たからである。
19 Sila ki te kouri dèyè nou yo te pi vit pase èg k ap volè anlè. Yo te fè lachas sou nou nan mòn yo. Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.
われわれを追う者は空のはげたかよりも速く、彼らは山でわれわれを追い立て、野でわれわれを待ち伏せる。
20 Souf lè ki nan nen nou, nou menm ki onksyone de SENYÈ a, te vin kaptire nan twou fòs yo, de sila nou te konn di: “Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.
われわれが鼻の息とたのんだ者、主に油そそがれた者は、彼らの落し穴で捕えられた。彼はわれわれが「異邦人の中でもその陰に生きるであろう」と思った者である。
21 Rejwi e fè kè kontan, O fi a Edom nan, ki rete nan peyi Uts la. Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou. Ou va vin sou. Ou va vin toutouni.
ウズの地に住むエドムの娘よ、喜び楽しめ、あなたにもまた杯がめぐって行く、あなたも酔って裸になる。
22 Pinisyon pou inikite nou yo fin konplete, O fi a Sion an. Li p ap ekzile nou ankò. Li va pini inikite nou an, O fi Edom an. Li va fè parèt tout peche ou yo!
シオンの娘よ、あなたの不義の罰は終った。主は重ねてあなたを捕え移されない。エドムの娘よ、主はあなたの不義を罰し、あなたの罪をあらわされる。