< Plenn 3 >

1 Mwen se moun ki te wè afliksyon akoz baton kòlè Li a.
Ich bin der Mann, der tief gebeugt worden ist durch die Rute seines Zorns.
2 Li te mennen mwen, e te fè m mache nan tenèb, pa nan limyè.
Mich hat er verjagt und in die Finsternis geführt und nicht ans Licht.
3 Anverite, li te vire men L kont mwen plizyè fwa, tout jounen an.
Nur gegen mich kehrt er immer wieder den ganzen Tag seine Hand.
4 Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen, Li te kase zo m yo.
Er hat mein Fleisch und meine Haut verschlungen und meine Knochen zermalmt.
5 Li te jennen mwen e te antoure m ak ametim ak difikilte.
Er hat rings um mich her Gift und Drangsal aufgebaut.
6 Nan kote ki fènwa, li te fè m abite, tankou sila ki fin mouri lontan yo.
In dunkeln Höhlen läßt er mich wohnen wie längst Verstorbene.
7 Li te antoure m anndan pou m pa ka sòti. Li te fè chenn mwen an byen lou.
Er hat mich eingemauert, daß ich nicht herauskommen kann; mit ehernen Ketten hat er mich beschwert.
8 Menm lè m kriye e rele sekou, Li fèmen lapriyè m deyò.
Ob ich auch schreie und rufe, verstopft er doch die Ohren vor meinem Gebet.
9 Li te bloke wout mwen yo ak wòch taye. Li te fè chemen mwen yo vin kwochi.
Quadersteine legt er mir in den Weg, krümmt meine Pfade.
10 Li pou mwen tankou yon lous ki kouche ap tann, tankou yon lyon nan kote an kachèt.
Er lauert mir auf wie ein Bär, wie ein Löwe im Dickicht.
11 Li te detounen tout chemen mwen yo e Li te chire mwen an mòso; Li te fè m vin dezole nèt.
Er hat mich auf Abwege gebracht, ist über mich hergefallen und hat mich arg zugerichtet.
12 Li te koube banza Li, e Li te chwazi m kon pwen final pou flèch Li.
Er hat seinen Bogen gespannt und mich dem Pfeile zum Ziel gesetzt.
13 Li te fè flèch nan fouwo L yo antre nan ren mwen.
Er hat mir seines Köchers Söhne in die Nieren gejagt.
14 Mwen te vin yon rizib pou tout pèp mwen an, chante giyonnen yo sonnen tout lajounen.
Ich bin allem Volk zum Gelächter geworden, ihr Liedlein den ganzen Tag.
15 Li te plen mwen ak anmetim. Li te fè m sou ak dlo absent.
Er hat mich mit Bitterkeit gesättigt, mit Wermut getränkt.
16 Li te kase dan m ak gravye. Li fè m kache nan pousyè.
Er ließ meine Zähne sich an Kies zerbeißen, er hat mich mit Asche bedeckt.
17 Nanm mwen p ap jwenn lapè ankò. Bonè vin bliye pou mwen.
Und du hast meine Seele aus dem Frieden verstoßen, daß ich des Glückes vergaß.
18 Konsa mwen di: “Fòs mwen fin peri, ansanm ak espwa m ki sòti nan SENYÈ a.”
Und ich sprach: Meine Lebenskraft ist dahin, meine Hoffnung auf den HERRN.
19 Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an; dlo absent ak anmetim ki nan kè m nan.
Sei eingedenk meines Elends, meiner Verfolgung, des Wermuts und des Gifts!
20 Anverite, nanm mwen sonje yo. Li vin koube anndan mwen.
Beständig denkt meine Seele daran und ist tief gebeugt!
21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen; pou sa, mwen gen espwa.
Dieses aber will ich meinem Herzen vorhalten, darum will ich Hoffnung fassen:
22 Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann, paske mizerikòd Li p ap janm manke.
Gnadenbeweise des HERRN sind's, daß wir nicht gänzlich aufgerieben wurden, denn seine Barmherzigkeit ist nicht zu Ende;
23 Yo renouvle chak maten. Gran se fidelite Ou.
sie ist alle Morgen neu, und deine Treue ist groß!
24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.” Se sa nanm mwen di m. Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
Der HERR ist mein Teil, spricht meine Seele; darum will ich auf ihn hoffen.
25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo, a moun ki chache Li a.
Der HERR ist gütig gegen die, welche auf ihn hoffen, gegen die Seele, die nach ihm fragt.
26 Se bon pou yon nonm gen espwa, e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
Gut ist's, schweigend zu warten auf das Heil des HERRN.
27 Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.
Es ist einem Manne gut, in seiner Jugend das Joch zu tragen.
28 Kite li chita apa pou kont li, e rete an silans, akoz Li te poze sa sou li.
Er sitze einsam und schweige, wenn man ihm eines auferlegt!
29 Kite li mete bouch li nan pousyè, si se konsa, pou l ka gen espwa.
Er stecke seinen Mund in den Staub; vielleicht ist noch Hoffnung vorhanden!
30 Kite li lonje machwè li, bay sila k ap frape l la. Kite li ranpli ak repwòch.
Schlägt ihn jemand, so biete er ihm den Backen dar und lasse sich mit Schmach sättigen!
31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.
Denn der Herr wird nicht ewig verstoßen;
32 Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive; alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.
sondern wenn er betrübt hat, so erbarmt er sich auch nach der Größe seiner Gnade.
33 Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije, oswa pou atriste fis a lòm yo.
Denn nicht aus Lust plagt und betrübt ER die Menschenkinder.
34 Pou kraze anba pye, tout prizonye nan mond la,
Wenn alle Gefangenen eines Landes mit Füßen getreten,
35 pou retire jistis sou yon nonm nan prezans a Pi Wo a,
wenn das Recht eines Mannes vor dem Angesicht des Höchsten gebeugt,
36 pou fè yon nonm tò nan pwosè legal pa li, sou bagay sa yo, Senyè a p ap dakò.
die Rechtssache eines Menschen verdreht wird, sollte der Herr es nicht beachten?
37 Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive, amwenske Senyè a te pase lòd la?
Wer hat je etwas gesagt und es ist geschehen, ohne daß der Herr es befahl?
38 Èske sa ki bon ak sa ki mal pa soti nan bouch a Pi Wo a?
Geht nicht aus dem Munde des Höchsten das Böse und das Gute hervor?
39 Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen, yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?
Was beklagt sich der Mensch? Es hätte sich wahrlich jeder über seine Sünde zu beklagen!
40 Annou egzamine e sonde wout nou yo pou nou retounen kote SENYÈ a.
Lasset uns unsere Wege erforschen und durchsuchen und zum HERRN zurückkehren!
41 Annou leve kè nou ak men nou vè Bondye nan syèl la;
Lasset uns unsere Herzen samt den Händen zu Gott im Himmel erheben!
42 Nou te peche e nou te fè rebèl; Ou pa t padone.
Wir sind abtrünnig und widerspenstig gewesen; das hast du nicht vergeben;
43 Ou te kouvri nou ak kòlè e te kouri dèyè nou. Ou te touye. Ou pa t gen pitye menm.
du hast dich im Zorn verborgen und uns verfolgt; du hast uns ohne Gnade erwürgt;
44 Ou te kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakolè, pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.
du hast dich in eine Wolke gehüllt, daß kein Gebet hindurchdrang;
45 Ou fè nou kon poupou bèt ak fatra ki rejte nan mitan lòt nasyon yo.
du hast uns zu Kot und Abscheu gemacht unter den Völkern!
46 Tout lènmi nou yo te ouvri bouch yo laj kont nou.
Alle unsere Feinde haben ihr Maul gegen uns aufgesperrt.
47 Sezisman ak pyèj tonbe sou nou, ravaj ak destriksyon.
Grauen und Grube wurden uns beschieden, Verwüstung und Untergang.
48 Zye m koule nèt ak flèv dlo akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
Es rinnen Wasserbäche aus meinen Augen wegen des Untergangs der Tochter meines Volkes.
49 Zye m koule san sès, san rete menm pou yon ti moman,
Mein Auge tränt unaufhörlich; denn da ist keine Ruhe,
50 jiskaske SENYÈ a gade anba soti nan wotè syèl la pou wè.
bis der HERR vom Himmel herabschauen und dareinsehen wird.
51 Zye m pote doulè rive nan nanm mwen, akoz tout fi nan vil mwen.
Was ich sehen muß, tut meiner Seele weh ob aller Töchter meiner Stadt.
52 Lènmi m yo san koz te fè lachas dèyè m tankou zwazo. Se lènmi m san koz.
Die mich ohne Ursache hassen, stellten mir heftig nach wie einem Vogel;
53 Yo te fè m rete an silans nan twou fòs la e te poze yon wòch sou mwen.
sie wollten mich in der Grube ums Leben bringen und warfen Steine auf mich.
54 Dlo yo te koule depase tèt mwen. Mwen te di: “Mwen fin koupe retire nèt”!
Die Wasser gingen über mein Haupt; ich sagte: Ich bin verloren!
55 Mwen te rele non Ou, O SENYÈ, depi nan twou fòs pi ba a.
Aber ich rief, HERR, deinen Namen an, tief unten aus der Grube.
56 Ou te tande vwa m: pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou, ak kriyè mwen an.
Du hörtest meine Stimme: «Verschließe dein Ohr nicht vor meinem Seufzen, vor meinem Hilferuf!»
57 Ou te vin rapwoche lè m te rele Ou a. Ou te di: “Pa pè!”
Du nahtest dich mir des Tages, als ich dich anrief, du sprachest: Fürchte dich nicht!
58 O Senyè, Ou te plede ka pou nanm mwen an. Ou te rachte lavi mwen.
Du führtest, o Herr, die Sache meiner Seele, du rettetest mir das Leben!
59 O SENYÈ, Ou te wè jan m oprime. Jije ka m nan.
Du hast, o HERR, meine Unterdrückung gesehen; schaffe du mir Recht!
60 Ou te wè tout vanjans pa yo; tout manèv yo kont mwen.
Du hast all ihre Rachgier gesehen, alle ihre Anschläge wider mich;
61 Ou te tande repwòch yo, O SENYÈ, tout manèv yo kont mwen.
du hast, o HERR, ihr Schmähen gehört, alle ihre Pläne gegen mich,
62 Lèv a sila k ap atake m yo ak konplo yo kont mwen tout lajounen.
die Reden meiner Widersacher und ihr beständiges Murmeln über mich.
63 Gade jan yo chita ak jan yo leve; se mwen ki sijè chan giyonnen yo a.
Siehe doch: ob sie niedersitzen oder aufstehen, so bin ich ihr Spottlied.
64 Ou va rekonpanse yo, O SENYÈ, selon zèv men yo.
Vergilt ihnen, o HERR, nach dem Werk ihrer Hände!
65 Ou va bay yo yon kè ki di; madichon pa yo va sou yo.
Gib ihnen Verstockung ins Herz, dein Fluch komme über sie!
66 Ou va kouri dèyè yo nan kòlè Ou e detwi yo soti anba syèl SENYÈ a!
Verfolge sie in deinem Zorn und vertilge sie unter dem Himmel des HERRN hinweg!

< Plenn 3 >