< Plenn 2 >

1 Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an ak yon nwaj nan kòlè li! Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la. Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.
Kako obastrije Gospod oblakom u gnjevu svom kæer Sionsku! svrže s neba na zemlju slavu Izrailjevu, i ne opomenu se podnožja nogu svojih u dan gnjeva svojega!
2 Senyè a te vale tout nèt. Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo. Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a. Li te bese yo nèt jis rive atè. Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.
Gospod potr nemilice sve stanove Jakovljeve, razvali u gnjevu svom gradove kæeri Judine, i na zemlju obori, oskvrni carstvo i knezove njegove.
3 Nan gwo chalè, Li te koupe tout fòs Israël la. Li te retire men dwat Li soti devan lènmi an. Konsa, Li te brile Jacob tankou flanm dife ki konsome toupatou.
Odbi u žestokom gnjevu sav rog Izrailju, obrati natrag desnicu svoju od neprijatelja, i raspali se na Jakova kao oganj plameni, koji proždire sve oko sebe.
4 Li te koube banza Li kon yon lènmi. Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè. Konsa, Li te touye tout ki bèl pou gade. Nan tant a fi a Sion an, Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.
Nateže luk svoj kao neprijatelj, podiže desnicu svoju kao protivnik, i pobi sve što bješe drago oèima; na šator kæeri Sionske prosu kao oganj gnjev svoj.
5 Senyè a vin tankou yon lènmi. Li te vale Israël nèt. Li te vale tout palè li yo. Li te detwi sitadèl li yo. Li te miltipliye doulè yo ak plent yo nan fi a Juda yo.
Gospod posta kao neprijatelj; potr Izrailja, potr sve dvore njegove, raskopa sve gradove njegove, i umnoži kæeri Judinoj žalost i jad.
6 Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an, konsi se yon tonèl jaden. Li te detwi kote ke Li menm te deziye pou asanble yo. SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo, e Li te meprize ni wa a, ni prèt la nan gwo kòlè Li a.
Razvali mu ogradu kao vrtu; potr mjesto sastancima njegovijem; Gospod vrže u zaborav na Sionu praznike i subotu, i u žestini gnjeva svojega odbaci cara i sveštenika.
7 Senyè a te rejte lotèl Li a. Li te abandone sanktyè Li a. Li te livre nan men lènmi an, miray a palè li yo. Yo te fè yon bri nan kay SENYÈ a, konsi li ta nan yon jou fèt deziye.
Odbaci Gospod oltar svoj, omrze na svetinju svoju, predade u ruke neprijateljima zidove dvora Sionskih; stade ih vika u domu Gospodnjem kao na praznik.
8 SENYÈ a te pran desizyon pou detwi miray a fi a Sion an. Li te lonje yon lign. Li pa t ralanti men l nan destriksyon. Li te fè ni ranpa, ni miray la plen tristès; y ap kriye ansanm.
Gospod naumi da raskopa zid kæeri Sionske, rasteže uže, i ne odvrati ruke svoje da ne zatre, i ojadi opkop i zid, iznemogoše skupa.
9 Pòtay li yo te fonse antre nan tè, Li te detwi e kraze fè fòje a. Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo; lalwa, nanpwen ankò. Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.
Utonuše u zemlju vrata njezina, polomi i potr prijevornice njezine; car njezin i knezovi njezini meðu narodima su; zakona nema, i proroci njezini ne dobijaju utvare od Gospoda.
10 Ansyen a fi a Sion yo chita atè. Yo rete an silans. Yo te jete pousyè sou tèt yo. Yo abiye yo ak twal sak. Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.
Starješine kæeri Sionske sjede na zemlji i muèe, posule su prahom glavu i pripasale kostrijet; oborile su k zemlji glave svoje djevojke Jerusalimske.
11 Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.
Išèilješe mi oèi od suza, utroba se moja uskolebala, prosipa se na zemlju jetra moja od pogibli kæeri naroda mojega, jer djeca i koja sisaju obamiru na ulicama gradskim.
12 Yo mande manman yo: “Kote sereyal ak diven an?” Konsa, yo fennen tankou yon nonm ki blese nan lari vil yo, pandan lavi yo menm vin vide nan sen manman yo.
Govore materama svojim: gdje je žito i vino? obamiru kao ranjenici na ulicama gradskim, i ispuštaju dušu svoju u naruèju matera svojih.
13 Kisa pou m ta di ou? A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan? A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen ap mennen rekonfò bay ou a, O fi vyèj a Sion an? Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè. Se kilès ki ka geri ou?
Koga æu ti uzeti za svjedoka? s èim æu te izjednaèiti, kæeri Jerusalimska? kaku æu ti priliku naæi, da te utješim, djevojko, kæeri Sionska? jer je nesreæa tvoja velika kao more, ko æe te iscijeliti?
14 Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo; ki te plen foli. Yo pa t dekouvri inikite ou pou restore ou sòti an kaptivite, men yo te wè pou ou vizyon pòt pawòl ki te fo, ki te egare ou.
Proroci tvoji prorokovaše ti laž i bezumlje, i ne otkrivaše bezakonja tvojega da bi odvratili ropstvo tvoje; nego ti kazivaše utvare lažne i koje æe te prognati.
15 Tout moun ki pase akote chemen an bat men yo pou moke ou. Yo sifle anlè kon koulèv sou fi Jérusalem nan, epi yo di: “Men èske se vil sa a yo te konn rele ‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”
Pljeskaju rukama nad tobom svi koji prolaze, zvižde i mašu glavom za kæerju Jerusalimskom: to li je grad, za koji govorahu da je prava ljepota, radost svoj zemlji?
16 Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou. Yo sifle anlè kon koulèv. Yo fwote dan yo. Yo di: “Nou te vale l nèt! Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan. Nou gen tan jwenn li. Nou gen tan wè l.”
Razvaljuju usta na te svi neprijatelji tvoji, zvižde i škrguæu zubima govoreæi: proždrijesmo; ovo je doista dan koji èekasmo; doèekasmo, vidjesmo.
17 SENYÈ a te acheve objektif Li; Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li te kòmande soti nan jou ansyen yo. Li te jete ba, Li pat fè pitye. Li te fè lènmi an rejwi sou ou. Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.
Uèini Gospod što naumi, ispuni rijeè svoju, koju kaza odavna; razori nemilice, i razveseli tobom neprijatelja, podiže rog protivnicima tvojim.
18 Kè yo te kriye fò a Senyè a. O miray a fi Sion an, kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit. Pa aksepte okenn soulajman; 'Pa kite zye ou pran repo.
Vièe srce njihovo ka Gospodu: zide kæeri Sionske, proljevaj potokom suze dan i noæ, ne daj sebi mira, i zjenica oka tvojega da ne staje.
19 Leve, kriye fò nan nwit lan, nan kòmansman vèy nwit lan! Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a. Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.
Ustani, vièi obnoæ; u poèetku straže, proljevaj srce svoje kao vodu pred Gospodom, podiži k njemu ruke svoje za dušu djece svoje koja obamiru od gladi na uglovima svojih ulica.
20 Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa? Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo, pitit yo ki te fèt an bòn sante? Èske prèt la ak pwofèt la dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?
Pogledaj, Gospode, i vidi, kome si ovako uèinio. Eda li žene jedu porod svoj, djecu koju nose u naruèju? eda li se ubija u svetinji Gospodnjoj sveštenik i prorok?
21 Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.
Leže na zemlji po ulicama djeca i starci, djevojke moje i mladiæi moji padoše od maèa, pobio si ih u dan gnjeva svojega i poklao ne žaleæi.
22 Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli, gwo laperèz mwen yo tout kote. Nanpwen moun ki te chape sòti vivan nan jou kòlè SENYÈ a. Sila ke m te fè e leve yo, lènmi m te anile yo nèt.
Sazvao si kao na praznik strahote moje otsvuda, i u dan gnjeva Gospodnjega niko ne uteèe niti osta. Koje na ruku nosih i othranih, njih mi neprijatelj moj pobi.

< Plenn 2 >